Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann aprann nan parabòl talan yo

Ann aprann nan parabòl talan yo

“Li bay youn senk talan, li bay yon lòt de talan, epi li bay yon dènye yon sèl talan.” — MAT. 25:15.

1, 2. Poukisa Jezi te bay parabòl talan yo?

NAN parabòl talan yo, Jezi te montre aklè ki responsablite disip li yo Bondye chwazi pou al nan syèl la genyen. Nou bezwen konprann siyifikasyon parabòl sa a paske l gen efè sou lavi tout vrè kretyen yo kit se sa ki gen esperans pou yo jwenn rekonpans yo nan syèl la kit se sa ki gen esperans pou yo jwenn rekonpans yo sou tè a.

2 Jezi te bay parabòl talan yo nan repons li te bay pou kesyon disip li yo te poze l konsènan “siy k ap siy prezans [li] e k ap siy fen sistèm nan”. (Mat. 24:3.) Donk, parabòl sa a ap akonpli nan epòk nou an e l fè pati siy ki montre Jezi prezan e l ap dirije antanke Wa a.

3. Ki leson nou aprann nan parabòl Jezi te bay nan Matye chapit 24 ak chapit 25 yo?

3 Parabòl talan yo se youn nan kat parabòl Jezi te bay nan Matye 24:45 rive nan Matye 25:46. Lòt twa parabòl yo ki pale konsènan esklav fidèl ki prevwayan an, dis fi vyèj yo epi mouton ak kabrit yo fè pati repons Jezi te bay pou kesyon konsènan siy k ap siy prezans li an tou. Nan toule kat parabòl sa yo, Jezi te met aksan sou kèk pwen ki t ap pèmèt nou rive idantifye vrè disip li yo nan dènye jou yo. Parabòl esklav la, parabòl fi vyèj yo ak parabòl talan yo konsène disip li yo Bondye chwazi pou al nan syèl la. Nan parabòl esklav fidèl la, Jezi te met aksan sou jan l enpòtan pou ti gwoup moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki gen responsablite pou bay domestik li yo manje nan dènye jou yo montre yo fidèl e pou yo montre yo prevwayan. Nan parabòl dis fi vyèj yo, Jezi te montre jan l enpòtan pou tout disip li yo Bondye chwazi pou al nan syèl la montre yo pare e pou yo kontinye veye etandone yo konnen Jezi ap vini men yo pa konn jou ak lè l ap vini an. Nan parabòl talan yo, Jezi montre jan l enpòtan pou moun Bondye chwazi pou al nan syèl la fè bonjan efò nan fason y ap ranpli responsablite yo genyen antanke kretyen an. Dènye parabòl Jezi te bay la ki se parabòl mouton ak kabrit yo konsène moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a. Nan parabòl sa a, li te montre jan l enpòtan pou moun sa yo rete fidèl e pou yo bay tout yo menm nan fason y ap ede frè Jezi yo ki sou tè a *. Kounye a, ann konsidere parabòl talan yo.

MÈT LA BAY ESKLAV LI YO YON RICHÈS

4, 5. Kiyès mesye oswa mèt ki nan parabòl la reprezante, e ki valè yon talan te genyen?

4 Li Matye 25:14-30. Piblikasyon nou yo gen lontan depi y ap fè konnen mesye oswa mèt ki nan parabòl la reprezante Jezi e se nan moman l te monte nan syèl nan ane 33 epòk nou an li te vwayaje al nan peyi etranje a. Nan yon lòt parabòl Jezi te bay anvan sa, li te fè konnen rezon ki fè l vwayaje al nan peyi etranje a se “pou yo ka mete l wa”. (Lik 19:12.) Se pa tousuit apre Jezi te fin monte nan syèl la yo te mete l wa *. Olye de sa, li te ‘chita adwat Bondye e depi lè sa a li t ap tann jiskaske Bondye met ènmi l yo tankou yon tabourè anba pye l’. — Ebre 10:12, 13.

5 Mesye ki nan parabòl la te gen uit talan ki te reprezante yon kokennchenn richès nan epòk sa a *. Anvan mesye a te vwayaje al nan peyi etranje, li te distribye talan yo bay esklav li yo e l te atann pou yo fè lajan an travay pandan l pa la a. Menm jan ak mesye sa a, anvan Jezi te monte nan syèl la li te posede yon bagay ki gen anpil valè. Ki sa l ye? Repons lan gen rapò ak travay li te fè pandan l t ap viv sou tè a.

6, 7. Ki sa talan yo reprezante?

6 Jezi te bay travay predikasyon an ak travay fè disip la anpil enpòtans. (Li Lik 4:43.) Pa mwayen travay sa a, li te vin gen yon jaden ki gen anpil valè. Men sa l te di disip li yo kèk tan anvan sa: “Leve je nou gade jaden yo, yo pare pou rekòt la.” (Jan 4:35-38). Jezi te gen nan tèt li pou l rasanble anpil lòt moun ki gen kè sensè ki t ap vin disip li. Menm jan ak yon bon kiltivatè, Jezi pa t ap annik vire do l kite yon jaden ki te gentan pare pou rekòt. Pou rezon sa a, yon ti tan apre rezirèksyon l epi anvan l te monte nan syèl, li te konfye disip li yo yon travay ki gen anpil enpòtans lè l te di yo: “Ale, epi fè disip.” (Mat. 28:18-20). Konsa, Jezi te konfye disip li yo yon trezò ki gen anpil valè anpalan de travay predikasyon an. — 2 Kor. 4:7.

7 Kidonk, ki konklizyon nou ka tire? Lè Jezi te konfye disip li yo travay fè disip la, anfèt se konfye l te konfye yo talan l yo anpalan de “byen l yo”. (Mat. 25:14.) Yon fason senp, nou ka di talan yo reprezante responsablite disip yo genyen pou yo preche e pou yo fè disip la.

8. Menm lè chak esklav pa t resevwa menm kantite talan, ki sa mèt la te atann?

8 Nan parabòl talan yo, nou aprann mèt la te bay youn nan esklav yo senk talan, li te bay yon lòt de talan epi l te bay yon dènye yon sèl talan (Mat. 25:15). Byenke chak esklav pa t resevwa menm kantite talan, mèt la te atann pou tout esklav yo byen sèvi ak talan yo, sa ki vle di pou disip yo sèvi ak tout kapasite yo nan travay predikasyon an (Mat. 22:37; Kol. 3:23). Nan premye syèk la, disip Kris yo te kòmanse fè talan yo travay apati Pannkòt ane 33 epòk nou an. Liv biblik ki rele Travay apot yo byen esplike fason yo te fè bonjan efò nan travay predikasyon an ak travay fè disip la *. — Tra. 6:7; 12:24; 19:20.

ESKLAV YO FÈ TALAN YO TRAVAY NAN TAN LAFEN AN

9. a) Ki sa de esklav ki fidèl yo te fè ak talan yo, e ki sa sa montre? b) Ki wòl “lòt mouton” yo jwe nan sa?

9 Nan tan lafen an, sitou apati ane 1919, esklav fidèl Kris yo Bondye chwazi pou al nan syèl ki sou tè a ap fè talan Mèt la fè lajan. Menm jan ak de premye esklav yo, frè ak sè Bondye chwazi pou al nan syèl la fè tout sa yo kapab pou yo fè sa yo gen nan men yo a travay. Li pa enpòtan pou n ap chèche konnen kiyès ki te resevwa senk talan ak kiyès ki te resevwa de talan. Nan parabòl la, toule de esklav yo te double kantite talan mèt la te ba yo a, kidonk, yo toule de te travay di. Ki wòl moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a jwe nan sa? Yo jwe yon wòl enpòtan! Parabòl Jezi te bay konsènan mouton ak kabrit yo aprann nou moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a gen gwo privilèj pou yo ede frè Jezi yo Bondye chwazi pou al nan syèl la nan travay predikasyon ak ansèyman an fidèlman. Pandan dènye jou sa yo ki difisil, toule de gwoup moun sa yo ap travay ansanm kòm “yon sèl twoupo” nan fason y ap akonpli travay fè disip la avèk zèl. — Jan 10:16.

10. Bay yon eleman enpòtan ki gen nan siy ki montre Jezi prezan an.

10 Mèt la gen rezon pou l atann rezilta. Jan nou te di sa pi wo a, se sèten disip fidèl li yo te fè byen l yo vin pi plis nan premye syèk la. Ki sa n ka di konsènan tan lafen an ki se epòk kote parabòl talan yo ap akonpli a? Sèvitè Jezi yo ki fidèl e k ap travay di ap akonpli pi gwo travay predikasyon ak travay fè disip k ap fèt nan listwa. Efò yo fè yo pèmèt gen plizyè santèn milye nouvo disip k ap vin fè pati pwoklamatè Wayòm nan chak ane, sa ki pèmèt travay predikasyon an ak travay fè disip la vin yon eleman enpòtan nan siy ki montre Jezi prezan antanke Wa a. Pa gen dout nan sa, Mèt la kontan anpil!

Kris konfye sèvitè l yo travay predikasyon an ki se yon responsablite ki gen anpil valè. (Gade paragraf 10.)

KI LÈ MÈT LA AP VIN FÈ REGLEMAN?

11. Ki sa k fè n di se pandan gwo tribilasyon an Jezi ap vin fè regleman?

11 Jezi ap vin fè regleman ak esklav li yo nan fen gwo tribilasyon ki toupre rive a. Ki sa k fè n di sa? Nan pwofesi Jezi te bay nou jwenn nan Matye chapit 24 ak chapit 25 yo li pa t sispann pale konsènan vini l ap vini an. Anrapò ak jijman ki pral fèt pandan gwo tribilasyon an, li te di moun yo “pral wè Pitit lòm nan k ap vini sou nyaj nan syèl la”. Li te ankouraje disip li yo k ap viv nan dènye jou yo pou yo kontinye veye lè l te di yo: “Nou pa konnen ki jou Seyè nou an ap vini.” E l te di yo: “Se nan yon lè nou pa panse Pitit lòm nan ap vini.” (Mat. 24:30, 42, 44). Donk, lè Jezi te di “mèt esklav sa yo retounen e li fè regleman” an, sa klè li t ap fè referans ak moman l ap vin egzekite jijman l nan fen sistèm sa a *. — Mat. 25:19.

12, 13. a) Ki sa Mèt la te di de premye esklav yo, e poukisa? b) Ki lè moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ap resevwa dènye so a? (Gade kare ki gen tit: “ Y ap rann kont jiska lamò” a.) c) Ki rekonpans moun yo pral jije antanke mouton yo pral resevwa?

12 Selon parabòl la, lè mèt la retounen li te jwenn de premye esklav yo, sa l te bay senk talan yo ak sa l te bay de talan yo, te montre yo fidèl e yo chak te double kantite talan yo te resevwa a. Mèt la te di toule de esklav yo menm bagay la. Li te di: “Trè byen, ou se yon bon esklav, e ou fidèl! Ou te fidèl nan kèk bagay, m ap mete w responsab anpil bagay.” (Mat. 25:21, 23). Donk, ak ki sa n ka atann nou lè Mèt la, anpalan de Jezi ki nan glwa li, vin fè jijman an alavni?

13 Moun de premye esklav yo reprezante yo, anpalan de disip Bondye chwazi pou al nan syèl k ap travay di yo, ap gentan resevwa dènye so yo a anvan gwo tribilasyon an eklate (Rev. 7:1-3). Anvan gè Amagedòn nan, Jezi ap ba yo rekonpans selès yo te pwomèt yo a. Moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a ki te ede frè Kris yo nan travay predikasyon an pral jije antanke mouton e yo pral gen privilèj pou yo viv sou tè a anba dominasyon Wayòm nan. — Mat. 25:34.

YON ESKLAV KI MECHAN E KI PARESE

14, 15. Èske Jezi te vle di t ap gen yon bon valè nan frè l yo Bondye chwazi pou al nan syèl la ki t ap vin mechan e ki t ap parese? Esplike.

14 Nan parabòl la, dènye esklav la te pito al antere talan l te resevwa a olye l te fè l fè lajan oswa menm pou l t al mete l labank. Esklav sa a te gen yon move etadespri paske l te chwazi travay kont enterè mèt la. Mèt la te gen rezon di l: “Ou se yon move esklav, ou parese.” Mèt la te pran talan an nan men l epi l te lonje l bay esklav ki te gen dis talan an. Apre sa, yo te voye esklav ki mechan an “nan fènwa deyò a”. E “se la li pral kriye e li pral manje dan”. — Mat. 25:24-30; Lik 19:22, 23.

15 Etandone youn nan twa esklav yo t al sere talan mèt la, èske Jezi te vle fè konnen gen yon tyè nan disip li yo Bondye chwazi pou al nan syèl la ki t ap montre yo mechan e yo parese? Non. Ann konsidere kontèks la. Nan parabòl esklav fidèl ki prevwayan an, Jezi te pale konsènan yon esklav mechan ki t ap bat esklav parèy li yo. Nan parabòl sa a Jezi pa t fè konnen t ap gen yon klas esklav mechan ki t ap vin parèt. Olye de sa, se avèti l t ap avèti esklav fidèl li a pou l pa aji tankou yon esklav mechan. Menm jan an tou, nan parabòl dis fi vyèj yo, Jezi pa t fè konnen mwatye nan disip li yo Bondye chwazi pou al nan syèl la t ap gen pou yo aji tankou senk fi vyèj ki sòt yo. Olye de sa, se avèti l t ap avèti frè espirityèl li yo konsènan sa k ka rive si yo pa kontinye veye e si yo pa montre yo pare *. Nan kontèks sa a, sanble l rezonab pou n di nan parabòl talan yo Jezi pa t vle di gen yon bon valè nan frè l yo Bondye chwazi pou al nan syèl k ap viv nan dènye jou yo ki t ap vin mechan e ki t ap parese. Olye de sa, se konnen Jezi t ap fè disip li yo Bondye chwazi pou al nan syèl la konnen jan l enpòtan pou yo kontinye fè bonjan efò pou yo fè talan yo gen nan men yo a “travay” e pou yo pa aji menm jan ak yon esklav ki mechan. — Mat. 25:16.

16. a) Ki leson nou aprann nan parabòl talan yo? b) Ki fason atik sa a ede n pi byen konprann parabòl talan yo? (Gade kare ki gen tit “ Ann chèche konprann parabòl talan yo”.)

16 Èske n wè de leson nou aprann nan parabòl talan yo? Premyèman, Kris, Mèt la, konfye esklav li yo Bondye chwazi pou al nan syèl la yon bagay ki gen anpil valè pou li ki se travay predikasyon an ak travay fè disip la. Dezyèmman, Kris atann pou nou tout fè bonjan efò nan travay predikasyon an. Si nou fè sa, nou kapab gen konfyans Mèt la ap rekonpanse nou pou lafwa, vijilans ak fidelite nou demontre. — Mat. 25:21, 23, 34.

^ § 3 Yo pale konsènan idantite esklav fidèl ki prevwayan an nan Toudegad 15 jiyè 2013, paj 21-22, paragraf 8-10. Yo esplike ki moun dis fi vyèj yo reprezante nan atik ki vin anvan atik n ap etidye a. Yo esplike parabòl mouton yo ak kabrit yo nan Toudegad 15 oktòb 1995, paj 23-28, fransè, e yo bay esplikasyon sou li tou nan atik ki vin apre atik sa a.

^ § 5 Nan epòk Jezi a, yon talan te vo anviwon 6 000 denye. Yon moun k ap travay te konn touche yon denye pa jou e l te bezwen fè anviwon 20 an ap travay pou l rive fè yon talan.

^ § 8 Apre lanmò apot yo, Satan te simen apostazi ki te vin gaye pandan plizyè syèk. Pandan tan sa a, pa t gen anpil efò ki te fèt pou akonpli travay fè vrè disip pou Kris la. Men, t apral gen yon gwo chanjman nan sezon “rekòt la” anpalan de dènye jou yo (Mat. 13:24-30, 36-43). Gade Toudegad 15 jiyè 2013, paj 9-12.

^ § 15 Gade paragraf 13 ki nan atik “Èske w ap ‘kontinye veye’?” a ki nan Toudegad sa a.