Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fason ansyen yo fòme lòt moun pou yo vin kalifye

Fason ansyen yo fòme lòt moun pou yo vin kalifye

“Bagay ou te tande m di w yo, [...] konfye yo bay gason ki fidèl.” — 2 TIM. 2:2.

1. a) Anrapò ak kesyon bay fòmasyon an, ki sa sèvitè Bondye yo gen lontan depi yo konprann, e ki jan sa konsène nou jodi a? b) Ki sa n pral egzamine nan atik sa a?

SÈVITÈ Bondye yo gen lontan depi yo konprann fòmasyon kontribye pou moun jwenn rezilta. Patriyach Abram te ‘rasanble mesye lakay li ki te aprann batay’ yo pou l t al sove Lòt, e mesye yo te rive sove l vre (Jen. 14:14-16, NW). Nan epòk wa David la, gen moun ki te jwenn fòmasyon pou yo “chante pou Jewova” nan kay li a e yo te konn fè louwanj pou li (1 Kwo. 25:7, NW). Jodi a, n ap lite nan yon gè espirityèl kont Satan ak patizan l yo (Efe. 6:11-13). Anplis de sa, nou pran detèminasyon pou n fè tout sa n kapab pou n fè Jewova jwenn louwanj (Ebre 13:15, 16). Kidonk, menm jan ak moun ki t ap sèvi Bondye nan tan lontan yo, nou bezwen jwenn fòmasyon pou n ka reyisi. Jewova bay ansyen nan kongregasyon yo responsablite pou yo fòme lòt moun (2 Tim. 2:2). Ki metòd ansyen sa yo ki gen eksperyans konn itilize pou yo fòme frè yo pou yo vin kalifye pou pran swen twoupo a?

EDE MOUN W AP FÒME A VIN PI DJANM NAN DOMÈN ESPIRITYÈL

2. Ki sa yon ansyen ka bezwen fè anvan l ede yon moun l ap bay fòmasyon vin gen yon seri kapasite, e poukisa?

2 Antanke ansyen, ou sanble ak yon kiltivatè. Anvan yon kiltivatè simen semans yo, li kapab wè l nesesè pou l met angrè nan tè a yon fason pou tè a ka bay pi bon rannman. Menm jan an tou, anvan w ede yon frè ki pa gen anpil eksperyans vin gen yon seri kapasite, ou kapab twouve l nesesè pou w pataje kèk panse ki soti nan Ekriti yo avè l yon fason pou w pouse kè l pi byen reyaji devan fòmasyon l pral resevwa a. — 1 Tim. 4:6.

3. a) Ki jan n ka sèvi ak pawòl Jezi te di nou jwenn nan Mak 12:29, 30 yo nan konvèsasyon nou gen ak yon moun n ap bay fòmasyon? b) Ki efè yon priyè yon ansyen fè kapab genyen sou yon moun l ap bay fòmasyon?

3 Pou w rive wè jis nan ki pwen verite Wayòm nan gen enfliyans sou fason moun w ap fòme a panse ak fason l aji, ou gendwa mande l: ‘Ki jan ve w te fè bay Jewova a chanje fason w ap itilize lavi w?’ Kesyon sa a ka mennen nan yon bèl konvèsasyon konsènan fason n ka bay Jewova yon sèvis sakre ak tout kè n. (Li Mak 12:29, 30.) Petèt ou ka fè yon priyè pou w fini yon konvèsasyon konsa. Ou ka mande Jewova pou l bay moun w ap fòme a lespri sen l bezwen pou fòmasyon l lan vin konplè. Se pa ti ankouraje frè a ap santi l ankouraje lè l tande w k ap priye Jewova ak tout kè w pou li!

4. a) Bay kèk istwa biblik ki ka ankouraje yon moun y ap bay fòmasyon pwogrese nan domèn espirityèl. b) Ki objektif ansyen yo gen nan lespri yo lè y ap bay lòt moun fòmasyon?

4 Nan premye faz fòmasyon an, egzamine kèk istwa biblik ki ka ede moun w ap fòme a wè jan l enpòtan pou l montre l vle aprann, pou l montre l se yon moun k ap aplike sa w di l epi pou l montre l gen imilite (1 Wa 19:19-21; Ney. 7:2; 13:13; Tra. 18:24-26). Menm jan angrè enpòtan pou tè a, se konsa tou, li enpòtan anpil pou moun w ap bay fòmasyon an gen kalite sa yo. Y ap pèmèt li pwogrese pi vit nan domèn espirityèl. Men sa yon ansyen ki rele Jean-Claude k ap viv an Frans fè konnen: “Premye objektif mwen lè m ap bay fòmasyon se ede moun m ap fòme a vin gen yon pwennvi espirityèl. Mwen chèche jwenn moman pou m li yon vèse byen presi avè l yon fason pou m ‘louvri je’ l pou l wè ‘bèl bagay’ ki gen nan Pawòl Bondye a.” (Sòm 119:18). Ki lòt fason ankò nou ka ede moun n ap bay fòmasyon an?

EDE YO FIKSE OBJEKTIF EPI BA YO REZON POU YO FÈ SA

5. a) Jis nan ki pwen l enpòtan pou n pale konsènan objektif espirityèl yo ak yon moun n ap bay fòmasyon? b) Ki sa k fè ansyen yo ta dwe bay jèn yo fòmasyon? (Gade nòt anba paj la.)

5 Mande yon moun w ap bay fòmasyon: ‘Ki objektif ou genyen nan domèn espirityèl?’ Si l pa gen yon objektif byen klè nan lespri l, ede l fikse youn ki rezonab e l ka rive atenn. Pale avè l konsènan yon objektif espirityèl byen presi ou te fikse yon lè epi pran tan pou w esplike l kantite jwa w te jwenn lè w te atenn objektif sa a. Byenke sa ka sanble yon metòd ki senp, men, li vrèman efikas. Men sa Victor k ap sèvi kòm ansyen e kòm pyonye ann Afrik fè konnen: “Lè m te jèn, gen yon ansyen ki te poze m kèk kesyon l te byen chwazi konsènan objektif mwen. Kesyon sa yo te ede m kòmanse reflechi toutbon ak ministè m.” Ansyen ki gen eksperyans yo wè l enpòtan tou pou yo kòmanse fòme frè yo pandan yo jèn, sa vle di nan kòmansman adolesans yo, lè yo ba yo kèk asiyasyon nan kongregasyon an selon laj yo. Fòmasyon sa a jèn yo kòmanse jwenn nan ap ede yo kenbe je yo fikse sou objektif espirityèl lè yo rive nan fen adolesans yo kote gen anpil bagay ki pral vin distrè yo *. — Li Sòm 71:5, 17.

Esplike yo rezon ki fè yo dwe fè yon travay epi felisite yo pou efò yo fè pou akonpli travay sa a. (Gade paragraf 5-8.)

6. Bay yon aspè enpòtan nan fason Jezi te konn bay lòt moun fòmasyon.

6 W ap ka ankouraje yon moun w ap fòme pou l sèvi tou lè w esplike l nonsèlman sa pou l fè men rezon ki fè l dwe fè l. Lè w ba l rezon yo se imite w imite Jezi, gran Anseyan an. Pa egzanp, anvan Jezi te bay apot li yo misyon pou yo fè disip la, li te ba yo rezon ki fè yo ta dwe obeyi. Li te di yo: “Mwen resevwa tout pouvwa ni nan syèl la ni sou tè a.” Apre sa l te ajoute: “Ale, epi fè disip pami moun tout nasyon.” (Mat. 28:18, 19). Ki jan w ka imite Jezi nan fason l te konn bay fòmasyon?

7, 8. a) Jodi a, ki fason ansyen yo ka imite Jezi nan fason l te konn bay fòmasyon? b) Jis nan ki pwen l enpòtan pou n felisite moun n ap bay fòmasyon yo? c) Bay kèk sijesyon ki ka ede ansyen yo fòme lòt moun? (Gade kare ki gen tit “ Fason pou n fòme lòt moun” nan.)

7 Esplike moun w ap fòme a ki kote nan Ekriti yo ki montre l dwe fè sa yo mande l fè a. Konsa, w ap aprann li reflechi ann amoni ak prensip ki nan Bib la. Pa egzanp, ann sipoze w ta mande yon frè pou l netwaye antre Sal Wayòm nan pou moun ka antre san pwoblèm. Ou ta ka egzamine Tit 2:10 avè l epi w ta ka esplike l jan travay l ap fè pou l fè Sal Wayòm nan vin pi bèl la ap “anbeli ansèyman Bondye, Sovè nou an”. Anplis de sa, mande moun w ap fòme a pou l panse ak moun aje ki nan kongregasyon an epi pou l wè kòman lè l ranpli asiyasyon sa a sa ap pwofitab pou yo. Konvèsasyon sa yo ap ede moun nan konsantre l plis sou moun yo olye l konsantre l sou règ yo. L ap rive pwofite lajwa sa bay pou l wè fason frè ak sè nan kongregasyon an jwenn byenfè grasa travay l ap fè a.

8 Mete sou sa, toujou asire w ou felisite moun w ap bay fòmasyon an pou efò l fè pou l aplike sijesyon w ba l yo. Jis nan ki pwen l enpòtan pou w fè sa? Lè w felisite moun w ap fòme a ak tout kè w, sa ap gen menm efè sou li ak efè yon dlo fè sou yon plant, sa vle di l ap anvi fè plis. — Konpare ak Matye 3:17.

YON LÒT DIFIKILTE

9. a) Nan kesyon bay fòmasyon an, ak ki difikilte kèk ansyen k ap viv nan peyi rich yo ap fè fas? b) Ki rezon ki fè laverite pa janm gen premye plas la nan lavi kèk jèn?

9 Ansyen k ap viv nan peyi rich yo ap fè fas ak yon lòt difikilte ki gen rapò ak fason yo ka ankouraje frè batize ki nan ventèn oswa trantèn yo pou yo patisipe nan aktivite kongregasyon an. Nou te mande kèk ansyen ki gen eksperyans ki soti nan anviwon 20 peyi oksidantal pou yo di ki rezon yo panse ki fè gen kèk jèn frè ki yon ti jan renka pou yo aksepte privilèj nan kongregasyon an. Pami repons yo te bay yo, gen youn ki te di: Toutpandan jèn sa yo t ap grandi, gen kèk nan yo ki pa t jwenn ankourajman pou yo pousuiv objektif espirityèl. Anfèt, nan kèk ka, paran yo te pito ankouraje jèn ki te anvi fè sa yo pousuiv objektif materyèl! Laverite pa t janm gen premye plas nan lavi jèn sa yo. — Mat. 10:24.

10, 11. a) Ki fason yon ansyen ka ede yon frè ki sanble renka pou l aksepte responsablite chanje pwennvi l tikras pa tikras? b) Bay kèk vèsè nan Ekriti yo yon ansyen te ka egzamine ak yon frè, e poukisa? (Gade nòt anba paj la.)

10 Si yon frè ta sanble renka pou l aksepte responsablite, sa ka mande anpil efò ak anpil pasyans pou w rive fè l chanje fason l panse a, men, sa pa enposib. Menm jan yon kiltivatè ka ede kèk plant pran bon direksyon lè l redrese yo tikras pa tikras, konsa tou, tikras pa tikras ou ka ede kèk frè rann yo kont jan l enpòtan pou yo chanje pwennvi yo genyen anrapò ak kesyon aksepte privilèj la. Ki jan w ka fè sa?

11 Pran tan pou w chèche vin zanmi frè a. Fè l konnen kongregasyon an bezwen l. Annapre, toutpandan tan ap pase, chita avè l pou n rezone sou kèk vèsè byen presi epi ede l reflechi sou ve l te fè Jewova a (Ekl. 5:4; Iza. 6:8; Mat. 6:24, 33; Lik 9:57-62; 1 Kor. 15:58; 2 Kor. 5:15; 13:5). Ou gendwa mande l: ‘Ki pwomès ou te fè Jewova lè w t ap vwe vi w ba li?’ Eseye touche kè l lè w mande l: ‘Ki jan w panse Jewova dwe te santi l lè w te batize?’ (Pwo. 27:11). ‘Ki jan Satan te santi l?’ (1 Pyè 5:8). Pa janm souzestime jis nan ki pwen yon frè kapab santi l touche lè l li kèk pasaj nan Bib la ou te byen pran san w pou w chwazi *. — Li Ebre 4:12.

ANTANKE MOUN Y AP BAY FÒMASYON, MONTRE W FIDÈL

12, 13. a) Ki etadespri Elicha te demontre antanke moun y ap bay fòmasyon? b) Ki fason Jewova te rekonpanse Elicha pou fidelite l?

12 E ou menm jèn ki bezwen èd? Ki etadespri k ap ede w reyisi? Pou n reponn kesyon sa a, ann egzamine kèk evènman ki te rive nan lavi yon moun yo t ap fòme nan tan lontan.

13 Sa gen prèske 3 000 an, pwofèt Eliya te mande Elicha ki te yon jèn gason pou l vin sèvitè l. San pèdi tan, Elicha te aksepte envitasyon an epi, avèk fidelite, li te aksepte fè yon seri travay ki parèt rabesan pou l te sèvi pwofèt la ki te aje (2 Wa 3:11). Apre Elicha te fin fè anviwon sizan ap pran fòmasyon, li te aprann travay Eliya t ap fè ann Izrayèl la te rive nan bout li. Lè sa a, Eliya te ankouraje zanmi l te byen fòme a pou l sispann suiv li, men, pandan twa fwa Elicha te di Eliya: “Mwen pap kite w.” Li te pran detèminasyon pou l ret ak moun ki t ap fòme l la otank posib. Kòm rezilta, Jewova te rekonpanse Elicha pou lanmou l ak fidelite l lè l te kite l wè Eliya ki te monte nan yon gwo toubiyon. — 2 Wa 2:1-12, NW.

14. a) Jodi a, ki fason moun y ap bay fòmasyon yo ka imite Elicha? b) Ki sa k fè l enpòtan anpil pou yon moun y ap bay fòmasyon montre l fidèl?

14 Ki jan w ka imite Elicha jodi a? San pèdi tan, ou dwe dispoze aksepte nenpòt asiyasyon yo ba w, san wete travay ki parèt rabesan yo. Ou bezwen konsidere moun k ap ba w fòmasyon an kòm zanmi w epi w bezwen montre l jis nan ki pwen w apresye efò l fè pou ou yo. Anfèt, selon fason w ap reyaji a, se kòmsi w te di l: “Mwen pap kite w.” Sa k pi enpòtan an, montre w fidèl nan fason w ap ranpli nenpòt asiyasyon yo ba w. Poukisa sa enpòtan anpil? Se paske se sèlman apre w fin montre w se yon moun ki fidèl, yon moun yo ka fè konfyans, ansyen yo ap gen asirans Jewova vle pou yo konfye w plis responsablite nan kongregasyon an. — Sòm 101:6; li 2 Timote 2:2.

DEMONTRE BONJAN RESPÈ

15, 16. a) Nan ki sans Elicha te demontre respè pou anseyan l lan? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Ki sa Elicha te fè ki te pèmèt pwofèt parèt li yo fè l konfyans?

15 Istwa Elicha a, moun ki te ranplase Eliya a, aprann nou tou ki fason frè yo jodi a ka demontre bonjan respè pou ansyen yo ki gen eksperyans. Apre Eliya ak Elicha te fin vizite yon gwoup pwofèt nan vil Jeriko, de mesye yo te mèt tèt nan direksyon rivyè Jouden an. Lè yo rive bò rivyè a, ‘Eliya pran rad pwofèt ki te sou li a, li woule l, li frape dlo rivyè a e rivyè a fann de bò’. Apre yo fin travèse rivyè a san yo pa mouye, de mesye yo te kontinye ‘pale toutpandan y ap mache’. Sa klè, nan moman sa a, Elicha pa t panse l fin konn tout bagay. Elicha te kontinye reflechi ak tout kè l sou chak pawòl anseyan l lan te di l yo rive jis nan moman Eliya te separe avè l la. Apre sa, Eliya te monte nan yon toubiyon. Nan pita, lè Elicha tounen bò Jouden an li frape dlo rivyè a ak rad Eliya a epi l rele byen fò, li di: “Kote Jewova, Bondye Eliya a?” Yon lòt fwa ankò, dlo yo te fann de bò. — 2 Wa 2:8-14, NW.

16 Èske w remake premye mirak Elicha te fè a se egzakteman menm mirak ak dènye mirak Eliya te fè a? Poukisa sa enteresan? Sanble Elicha pa t panse piske se li menm kounye a ki gen responsablite a li dwe chanje fason bagay yo dwe fèt la. Olye de sa, lefètke Elicha te kontinye suiv menm fason Eliya te ranpli asiyasyon l lan, li te demontre bonjan respè pou anseyan l lan e sa te fè pwofèt parèy li yo fè l konfyans (2 Wa 2:15). Sepandan, annapre, pandan 60 an Elicha te fè ap sèvi kòm pwofèt la, Jewova te pèmèt li fè plis mirak lontan pase Eliya. Antanke moun y ap bay fòmasyon, ki leson w ka aprann nan sa jodi a?

17. a) Jodi a, ki fason moun y ap bay fòmasyon yo ka imite etadespri Elicha te genyen an? b) Rive yon lè, ki fason Jewova ka sèvi ak moun y ap bay fòmasyon ki montre yo fidèl yo?

17 Pa panse depi w fin resevwa kèk responsablite nan kongregasyon an ou oblije chanje fason bagay yo konn fèt la, sa vle di pou w fè bagay yo yon fason ki diferan nèt parapò ak fason yo te konn fèt anvan an. Pou gen chanjman, sa pa depann de dezi w genyen pou w chanje bagay yo, men, sa depann de bezwen kongregasyon an ansanm ak direksyon nou resevwa nan òganizasyon Jewova a. Menm jan aksyon Elicha te fè yo te pèmèt pwofèt parèy li yo fè l konfyans epi menm jan l te montre bonjan respè pou moun li te ranplase a lè l te kontinye suiv metòd Eliya yo, se menm jan an tou, ou kapab pèmèt kwayan parèy ou yo fè w konfyans e w ka demontre respè pou ansyen yo ki gen eksperyans lè w kontinye sèvi ak metòd ansyen yo itilize ki baze sou Bib la. (Li 1 Korentyen 4:17.) Sepandan, pa gen dout nan sa, tank w ap gen eksperyans se tank w ap aplike tout chanjman k ap ede kongregasyon an rete sou menm wout ak òganizasyon Jewova a k ap pwogrese. Anfèt, menm jan sa te ye nan ka Elicha a, rive yon lè, lefètke w montre w fidèl antanke moun y ap fòme Jewova ka menm pèmèt ou akonpli pi gwo travay lontan pase anseyan w yo. — Jan 14:12.

18. Ki sa k fè jodi a li vrèman enpòtan pou n bay frè nan kongregasyon yo fòmasyon?

18 Nou swete pou sijesyon yo bay nan atik sa a ak nan atik ki vin anvan an ankouraje plis ansyen pou yo pran tan pou yo fòme lòt moun. Nou swete tou pou frè ki kalifye yo chofe pou yo aksepte fòmasyon sa a epi pou yo byen sèvi avè l toutpandan y ap bay èd nan pran swen mouton Jewova yo. Lè n fè sa, sa ap ede kongregasyon yo ki nan lemonnantye vin pi djanm epi sa ap ede nou chak pou n rete fidèl pandan gwo evènman ki gen pou rive yo.

^ § 5 Si yon jèn montre l gen matirite antanke kretyen, si l gen imilite epi l ranpli lòt kalifikasyon nou jwenn nan Ekriti yo, ansyen yo ka rekòmande l pou l sèvi kòm asistan ministeryèl menmsi l poko gen 20 an. — 1 Tim. 3:8-10, 12; gade Toudegad 1ye jiyè 1989, paj 29, fransè.