Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon dispozisyon ki demontre lanmou

Yon dispozisyon ki demontre lanmou

MEN sa Julian fè konnen: “Lè m te tande anons ki fè konnen pitit gason m nan eskominye a, se kòmsi tout lavi m te fini. Li se premye pitit mwen e n te vrèman pwòch youn lòt. Nou te konn fè anpil aktivite ansanm. Li te toujou montre l se yon pitit ki bay bon egzanp, epi bridsoukou, li te kòmanse aji yon fason ki pa konvnab. Madanm mwen pa t janm sispann kriye e m pa t konn ki jan pou m konsole l. Nou toujou ap mande tèt nou si gen yon bagay nou pa t fè antanke paran.”

Si lè yon moun eskominye sa lakòz tout chagren sa yo, ki jan n ka fè di l se yon dispozisyon ki demontre lanmou? Ki rezon nou jwenn nan Ekriti yo ki fè n oblije pran desizyon difisil sa a? Epi, ki bagay egzakteman ki ka lakòz yon moun eskominye?

DE BAGAY KI KA FÈ YO ESKOMINYE YON MOUN

Pou yo eskominye yon Temwen Jewova, gen de bagay ki dwe mache youn ak lòt. Premye a se lè yon Temwen ki batize komèt yon peche grav. Dezyèm nan se lè l pa repanti pou peche l fè a.

Aktout Jewova pa atann lapèfeksyon nan men sèvitè l yo, li atann pou yo respekte prensip li bay anrapò ak sa ki pwòp. Pa egzanp, Jewova pa janm sispann mande n pou n evite kèk peche grav tankou fònikasyon, idolatri, vòlè, dechèpiyè, touye moun ak pratik ki gen rapò ak movèzespri. — 1 Kor. 6:9, 10; Rev. 21:8.

Èske w pa dakò prensip Jewova bay anrapò ak sa ki pwòp yo se prensip ki rezonab e yo la pou pwoteje nou? Ki moun ki pa ta renmen viv nan mitan moun ki renmen fè lapè, moun ki onèt e yo ka fè konfyans? Grasa pwomès nou te fè jou nou t ap vwe lavi n bay Bondye pou n viv ann amoni ak prensip nou jwenn nan Pawòl li a, nou jwenn yon anbyans konsa pami frè ak sè nou yo.

Men, e si yon kretyen ki batize ta komèt yon peche grav akoz feblès lachè? Gen kèk moun nan tan lontan ki t ap sèvi Jewova fidèlman ki te konn fè kèk erè konsa, sepandan, Bondye pa t voye yo jete nèt. Wa David se yon egzanp tout moun byen konnen. Nonsèlman David te fè adiltè, men l te fè touye moun tou. Aktout sa, pwofèt Natàn te di l: “Jewova [...] kite peche w la pase.” — 2 Sam. 12:13, NW.

Bondye te padone peche David te fè a paske David te repanti ak tout kè l (Sòm 32:1-5). Menm jan an tou, jodi a, se sèlman si yon sèvitè Jewova pa repanti oswa l kontinye fè sa k mal y ap eskominye l (Tra. 3:19; 26:20). Si ansyen ki nan komite disiplin relijye a pa wè moun nan repanti toutbon, yo dwe eskominye l.

Lè n fèk gade, nou gendwa panse desizyon pou eskominye moun ki fè sa k mal la se yon desizyon ki twò di oswa ki egzajere, sitou si n vrèman pwòch ak moun sa a. Sepandan, Pawòl Jewova a ban nou bonjan rezon pou n kwè yon desizyon konsa se yon desizyon ki plen lanmou.

TOUT MOUN KI KONSÈNE YO KA JWENN BYENFÈ LADAN L

Jezi te fè konnen “se bagay ki jis yon moun fè ki montre li gen sajès”. (Mat. 11:19.) Lè yo pran yon desizyon ki saj pou eskominye yon moun ki fè sa k mal e ki pa repanti sa ap pote bon rezilta. Ann konsidere twa pwen sa yo.

Dispozisyon pou eskominye yon moun ki fè yon bagay ki mal la onore non Jewova. Etandone nou pote non Jewova, fason nou aji ap gen efè sou non l san mank (Iza. 43:10). Menm jan fason yon pitit gason aji kapab swa fè moun onore paran l oswa l fè yo lage vèni sou yo, konsa tou, nan kèk aspè, fason moun yo konsidere Jewova pral depann de bon bagay oswa move bagay yo wè pèp ki pote non l lan ap fè. Repitasyon Jewova ap rete pwòp si pèp ki pote non l lan respekte prensip moral li yo. Nan kèk pwen, sitiyasyon an sanble ak sitiyasyon ki te egziste nan epòk Ezekyèl la lè moun nan nasyon yo te asosye non Jewova ak Juif yo. — Eze. 36:19-23.

Si n ta tonbe nan fè imoralite, nou t ap lage vèni sou non Bondye ki sen. Men ki konsèy apot Pyè te bay kretyen yo: “Tankou timoun ki obeyisan, sispann aji selon dezi nou te genyen anvan yo, lè nou te nan inyorans. Men, se pou nou menm tou nou vin sen nan tout konduit nou ann akò ak Sen an ki rele nou an, paske men sa ki ekri: ‘Nou dwe sen, paske mwen sen.’” (1 Pyè 1:14-16). Yon konduit ki pwòp e ki sen ap fè yo onore non Bondye.

Sepandan, si yon Temwen Jewova ap pratike sa ki mal, sandout zanmi l yo ansanm ak moun li konnen yo ap vin konn sa. Dispozisyon pou eskominye a montre Jewova gen yon pèp ki pwòp k ap suiv direksyon ki nan Ekriti yo yon fason pou yo ka kontinye rete sen. Yon lè, gen yon moun ki te vin nan yon Sal Wayòm nan peyi Laswis epi l te di l vle vin fè pati kongregasyon an. Li gen yon sè l ki te eskominye akoz imoralite. Li te fè konnen l vle vin fè pati yon òganizasyon ki “pa tolere move konduit”.

Dispozisyon pou eskominye a pèmèt kongregasyon an kontinye rete pwòp. Apot Pòl te avèti Korentyen yo kont danje ki genyen lè yo kontinye tolere yon moun ki deside fè peche nan mitan yo. Li te konpare move enfliyans yon moun konsa ka genyen sou kongregasyon an ak fason ledven ka fè yon pat leve. Li te di yo: “Yon tikras ledven fè tout pat la leve.” Apre sa, li te konseye yo pou yo “retire mechan an nan mitan” yo. — 1 Kor. 5:6, 11-13.

Sanble “mechan” Pòl te pale de li a t ap pratike imoralite devan je tout moun. Epi, sanble gen lòt moun nan kongregasyon an ki te menm kòmanse ap defann konduit li te genyen an (1 Kor. 5:1, 2). Si yo ta tolere yon kalite peche grav konsa, gen lòt kretyen ki te gendwa gen tandans suiv abitid imoral ki te gen nan vil ki chaje debòch kote yo t ap viv la. Lè yo fèmen je sou peche moun chwazi fè sa ap fè moun pa pran prensip Bondye yo oserye (Ekl. 8:11). Sa k pi mal la, moun ki peche e ki pa repanti yo kapab vin tounen “resif ki kache anba dlo” e yo ka fè lafwa lòt moun nan kongregasyon an fè nofraj. — Jid 4, 12.

Dispozisyon pou eskominye a kapab ede moun ki peche a retounen nan bonsans li. Yon lè, Jezi te pale konsènan yon jèn gason ki te kite kay papa l epi l t al gaspiye eritaj li a nan debòch. Yon fason terib, tigason gaspiyè sa a te vin aprann jan lavi a di ak jan l pa gen sans kontrèman ak lè l te lakay papa l. Finalman, tigason an te retounen nan bonsans li, li te repanti epi l te deside retounen kay fanmi l (Lik 15:11-24). Fason Jezi te montre jan papa a ki plen lanmou te kontan lefètke pitit gason l lan te chanje etadespri a ede n wè jan Jewova santi l. Men ki asirans Jewova ban nou: “Mwen pa pran okenn plezi nan wè mechan yo mouri. Mwen ta pito wè yo sispann fè sa ki mal pou yo ka viv.” — Eze. 33:11.

Menm jan an tou, moun eskominye ki pa fè pati kongregasyon kretyen an ankò, ki se fanmi espirityèl yo, kapab vin rann yo kont sa yo pèdi. Move konsekans yo sibi akoz peche yo te fè a met ansanm ak souvni yo genyen konsènan bèl ti moman yo te konn pase lè yo te gen yon bon relasyon ak Jewova ansanm ak pèp Jewova a kapab fè yo retounen nan bonsans yo.

Pou n rive jwenn rezilta nou swete a, nou bezwen gen lanmou ak fèmte. Men sa salmis David te di: “Si moun ki jis la ta frape m, li t ap montre li renmen m e li fidèl ak mwen. Si li ta korije m, se t ap kòmsi li lage luil sou tèt mwen.” (Sòm 141:5, NW). Ann pran yon egzanp pou n montre sa: Imajine yon moun ki ta vin fatige pandan l ap fè yon ti pwomnad yon jou nèj ap tonbe. Li kòmanse soufri akoz tanperati kò l ki vin bese anpil epi l vin santi l anvi dòmi. Si l ta kite dòmi pran l nan nèj la, li t ap mouri. Toutpandan l ap tann pou yo vin pote l sekou, detanzantan moun ki avè l la ap ba l kèk kalòt nan figi pou l pa dòmi. Kalòt yo ka fè l mal anpil, men, yo ka sove lavi l tou. Menm jan an tou, David te rann li kont yon moun ki jis te ka oblije ba l kèk disiplin ki fè l lapenn pou pwòp byen l.

Nan anpil ka, dispozisyon pou eskominye a pèmèt moun ki fè erè a jwenn disiplin li bezwen an. Apre anviwon dizan, pitit gason Julian nou te pale de li pi wo a te met lòd nan lavi l, li te retounen nan kongregasyon an epi kounye a l ap sèvi kòm ansyen. Men sa l fè konnen: “Lefètke m te eskominye, sa te fè m sibi konsekans lavi m t ap viv la. Se yon disiplin konsa m te bezwen.” — Ebre 12:7-11.

BON FASON POU N BOULE AK MOUN KI ESKOMINYE YO

Vrèmanvre, lè yon moun eskominye se yon katastwòf sa ye nan domèn espirityèl, men, nou pa dwe kite pwoblèm sa a rete la pou toutan. Nou chak dwe jwe wòl pa nou pou n asire n dispozisyon pou eskominye a ap atenn objektif li.

Gen efò ki fèt pou ede moun ki repanti yo retounen jwenn Jewova.

Ansyen ki gen responsablite difisil pou fè moun ki eskominye a konnen desizyon yo pran an fè bonjan efò pou yo reflete lanmou Jewova. Lè y ap fè moun nan konnen desizyon yo pran an, avèk jantiyès e yon fason ki klè, yo esplike l ki etap li dwe suiv pou l reyentegre. Pou ansyen yo ka fè moun ki eskominye yo sonje fason yo ka retounen vin jwenn Jewova, pafwa, yo ka rann moun ki bay prèv ki montre yo fè chanjman nan lavi yo kèk vizit *.

Tout moun nan fanmi an ka demontre lanmou pou kongregasyon an ak moun ki fè erè a lè yo respekte desizyon yo pran pou eskominye moun sa a. Men sa Julian fè konnen: “Li te toujou pitit gason m, men, lavi l t ap mennen an te met yon baryè nan mitan nou.”

Tout moun nan kongregasyon an ka montre yo gen lanmou ki baze sou prensip lè yo evite tout kontak ak moun ki eskominye a (1 Kor. 5:11; 2 Jan 10, 11). Konsa, yo montre yo kore disiplin Jewova bay pa mwayen ansyen yo. Sa k pi enpòtan an, yo ka ede fanmi moun ki eskominye a, yo ka demontre bonjan konsiderasyon anvè yo piske y ap soufri anpil e yo pa ta dwe santi se kòmsi moun nan kongregasyon an anpeche yo pran kontak ak kwayan parèy yo. — Wom. 12:13, 15.

Men sa Julian di pou fini: “Dispozisyon pou eskominye a se yon dispozisyon nou bezwen, li ede n viv ann amoni ak prensip Jewova yo. Menmsi sa fè n mal anpil, n ap jwenn bon rezilta pi devan. Si m te sitire move konduit pitit gason m nan, li pa t ap janm retounen nan bonsans li.”

^ § 24 Gade paj 21-23 nan Toudegad 15 avril 1991, fransè.