Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kris — Se pisans Bondye

Kris — Se pisans Bondye

“Kris se pisans Bondye.” — 1 KOR. 1:24.

1. Sa k fè Pòl te ka di “Kris se pisans Bondye”?

PA MWAYEN Jezi, Jewova demontre pisans li plizyè fason ki estrawòdinè. Toule kat Evanjil yo bay bonjan enfòmasyon konsènan kèk nan mirak Kris te fè yo e enfòmasyon sa yo fè lafwa n vin pi solid. Sepandan, Jezi te fè anpil lòt mirak ankò (Mat. 9:35; Lik 9:11). Vrèmanvre, Jezi te gen pisans Bondye sou li. Se sa k fè Pòl te gen bonjan rezon pou l te pale konsènan Jezi lè l te di: “Kris se pisans Bondye.” (1 Kor. 1:24). Men, ki efè mirak Jezi te fè yo ka gen sou lavi nou?

2. Ki sa n ka aprann nan mirak Jezi te fè yo?

2 Apot Pyè fè konnen Jezi te fè anpil mirak oswa “bagay etonan”. (Tra. 2:22.) Zèv pisans Jezi te fè sou tè a te bay yon apèsi konsènan pi gwo byenfè l pral pote lè l ap dirije antanke Wa. Zèv sa yo te sèvi kòm lonbray pou pi gwo mirak Jezi pral fè nan monn nouvo Bondye a. Anplis de sa, mirak li te fè yo ede n rive byen konprann ki kalite moun li menm ak Papa l ye. Ann konsidere kèk nan mirak Jezi te fè yo epi ann wè ki efè yo ka gen sou vi nou depi kounye a e alavni.

YON MIRAK KI ANSEYE N POU N APRANN BAY

3. a) Fè yon ti pale konsènan sikonstans ki te pouse Jezi fè premye mirak li a. b) Ki fason Jezi te montre l renmen bay pandan l te nan vil Kana?

3 Jezi te fè premye mirak li a nan yon resepsyon maryaj ki te fèt nan vil Kana nan Galile. Sanble kantite moun ki te nan resepsyon sa a te pi plis lontan pase kantite yo te atann nan. Antouka, kèlkeswa jan sa te ye, nou konnen te vin manke diven. Mari, manman Jezi, te pami moun ki te nan resepsyon an. Pandan plizyè ane, li pa t gen okenn dout konsènan tout pwofesi Bondye te bay ki gen rapò ak pitit gason l lan, yon pitit li te konnen yo t apral rele “Pitit Trèwo a”. (Lik 1:30-32; 2:52.) Èske Mari te kwè pitit li a te gen pisans epi l te konnen pitit la potko sèvi ak pisans sa a? Yon bagay ki sèten, sèke Mari ak Jezi te gen konpasyon pou de moun ki te fèk marye yo e yo te vle ede yo pou yo pa wont. Jezi te konnen se devwa l pou l demontre ospitalite. Konsa, li te fè yon mirak kote l te fè 100 galon dlo (380 lit) vin tounen “bon diven”. (Li Jan 2:3, 6-11.) Èske Jezi te oblije fè mirak sa a? Non. Li te fè l tou senpleman paske l te gen pitye pou moun yo e l te montre l renmen bay menm jan ak Papa l ki nan syèl la.

4, 5. a) Ki leson nou aprann nan premye mirak Jezi te fè a? b) Ki sa mirak Jezi te fè nan vil Kana a aprann nou konsènan lavni?

4 Grasa mirak sa a, Jezi te pèmèt vin gen anpil diven bon kalite e te gen ase diven pou yon bon valè moun. Èske w wè leson mirak sa a aprann nou? Lefètke Jezi te dispoze fè kokennchenn zèv sa a, sa fè n konprann jan santiman lòt moun gen anpil enpòtans pou li menm ak Papa l. Ni Papa a ni Pitit la pa moun ki chich. Kounye a, eseye imajine ki fason Jewova pral sèvi ak pisans li nan monn nouvo a pou l fè yon gwo festen pou “tout pèp” (NW) sou tè a. — Li Izayi 25:6.

5 Fè yon ti reflechi! Gen yon tan k ap vini kote bezwen nou genyen ki nòmal yo ak dezi chak moun pral satisfè nèt, tankou bezwen pou n jwenn bonjan manje ak yon bon kote pou n rete. Se pou n gen plis kè kontan toujou lè n reflechi ak tout kantite bon bagay Jewova pral ban nou nan Paradi ki pral gen sou tè a.

Lè n renmen bay tan nou, nou montre n aprann nan men Jezi. (Gade paragraf 6.)

6. Anvè kiyès Jezi te itilize pisans li genyen pou l fè mirak la, e kòman nou ka imite l nan sans sa a?

6 Li enteresan pou n konnen nan moman Dyab la te tante Jezi pou l fè wòch tounen pen an, Kris te refize sèvi ak pisans li genyen pou l fè mirak la pou l satisfè dezi pèsonèl li (Mat. 4:2-4). Sepandan, li te sèvi ak pisans sa a pou l aji byen anvè lòt moun e pou l satisfè bezwen yo. Ki jan n ka imite Jezi nan fason l te montre l enterese nan lòt moun san l pa t wè tèt li? Jezi te ankouraje sèvitè Bondye yo pou yo “pran abitid bay”. (Lik 6:38.) Èske n ka demontre bèl kalite sa a ki se aprann bay lè n envite lòt moun vin pataje yon repa ak yon festen espirityèl lakay nou? Èske n ka montre n renmen bay lè n byen sèvi ak tan nou apre yon reyinyon, lè n ede yon moun ki nan bezwen, pa egzanp lè n koute yon frè k ap repete diskou l? Ki jan n ta ka ede moun ki bezwen èd yo lè n nan travay predikasyon an? Nou montre nou aprann nan men Jezi lè n bay lòt moun nan domèn materyèl ak nan domèn espirityèl toutotan nou kapab.

“TOUT MOUN MANJE VANT PLEN”

7. Ki sitiyasyon k ap toujou egziste toutotan sistèm sa a la toujou?

7 Povrete pa yon bagay nou fèk tande pale de li. Jewova te fè nasyon Izrayèl tan lontan an konnen t ap toujou gen moun ki pòv nan peyi a (Det. 15:11). Men ki sa Jezi te rekonèt plizyè syèk annapre: “N ap toujou gen pòv yo avèk nou.” (Mat. 26:11). Èske Jezi te vle di t ap toujou gen moun ki pòv sou tè a? Non, li te vle fè konnen t ap toujou gen moun ki pòv toutotan sistèm kòwonpi sa a la toujou. Kidonk, se pa ti rekonfòtan sa rekonfòtan pou n konnen mirak Jezi te fè yo te bay yon apèsi sou bèl moman k ap tann nou anba dominasyon Wayòm nan lè tout moun pral jwenn tout kalite bagay pou yo manje vant deboutonnen!

8, 9. a) Ki sa k te pouse Jezi fè mirak pou l bay plizyè milye moun manje? b) Ki sa k touche w nan mirak Jezi te fè pou l bay plizyè milye moun manje a?

8 Men ki sa yon salmis te di konsènan Jewova: “Ou ouvri men w e w bay tout kreyati vivan sa yo bezwen.” (Sòm 145:16, NW). Lefètke ‘Kris, pisans Bondye a’, te reflete kalite Papa l, li te konn ouvri men l souvan pou l bay moun ki te konn suiv li yo sa yo bezwen. Li pa t fè sa tou senpleman pou l demontre pisans li. Se bonjan sousi l te gen pou lòt moun ki te pouse l fè sa. Ann konsidere Matye 14:14-21. (Li vèsè yo.) Disip Jezi yo te vin kote l pou yo pale avè l sou pwoblèm manje a. Sanble nonsèlman disip yo te grangou, men, yo t ap bay tèt yo pwoblèm tou pou foul moun ki te grangou e ki te fatige ki t ap suiv Jezi apye depi nan vil yo (Mat. 14:13). Ki sa Jezi t apral fè?

9 Jezi te sèvi ak senk pen ak de pwason e l te bay anviwon 5 000 gason manje, san konte fi ak timoun! Lè n reflechi ak fason sa a Jezi te sèvi ak pisans li genyen pou l fè mirak la pou l demontre konpasyon pou plizyè fanmi ann antye, san wete timoun piti, èske n pa santi sa touche n? Foul moun yo te “manje vant plen”. Sa montre te gen yon pakèt manje. Jezi pa t annik bay moun yo yon bout pen, men, li te bay foul moun yo yon repa ki t ap kore yo pou jounen byen long yo t apral fè ap mache pou tounen lakay yo a (Lik 9:10-17). Epi, rès ki te rete yo te plen 12 pànye!

10. Ki chanjman ki pral fèt nan kesyon povrete a talè konsa?

10 Jodi a, akoz lwa lèzòm yo ki enjis, gen plizyè santèn milyon moun ki pa ka jwenn sa yo bezwen ki nesesè. Menm gen kèk nan frè nou yo ki pa fin satisfè byenke yo gen ase pou yo viv. Sepandan, moman an toupre rive kote tout moun ki obeyisan yo pral jwi byenfè nan yon monn ki libere anba koripsyon ak povrete. Si w te gen pisans, èske w pa t ap bay lèzòm sa yo bezwen? Nonsèlman Bondye Toupisan an gen pisans pou l fè sa, men l anvi fè sa talè konsa tou. Vrèmanvre, delivrans nou pa twò lwen! — Li Sòm 72:16.

11. Ki sa k fè w gen konviksyon talè konsa Kris pral itilize pisans li sou tout tè a, e ki sa sa pouse w fè?

11 Lè Jezi te sou tè a, li te fè mirak li yo nan yon tèritwa ki piti anpil epi nan yon tan limite ki se twazan edmi (Mat. 15:24). Antanke yon Wa ki gen glwa, tèritwa l la etann nan kat kwen tè a (Sòm 72:8). Mirak Jezi te fè yo fè n gen konfyans nan kapasite ak anvi l genyen pou l sèvi ak pouvwa l genyen an pou l fè sa k byen talè konsa. Se vre n pa ka fè mirak, men, nou ka chofe pou n atire atansyon moun yo sou Pawòl Bondye te fè ekri a. Pwofesi biblik yo ban nou garanti gen bon moman k ap tann nou. Antanke Temwen Jewova ki vwe lavi n ba li e ki posede bèl konesans sa a konsènan lavni, èske n pa santi n gen yon dèt anvè lòt moun yo (Wom. 1:14, 15)? Se pou meditasyon nou fè sou pwen sa a pouse n pataje bon nouvèl Wayòm Bondye a ak lòt moun! — Sòm 45:1; 49:3.

LI GEN KONTWÒL SOU FÒS NATIRÈL YO

12. Ki sa k fè n kapab gen asirans Jezi byen konprann fason tè a fonksyone?

12 Pa mwayen sèl Pitit gason Bondye te fè a e ki t ap sèvi bò kote l kòm “yon bon bòs”, Bondye te kreye tè a ansanm ak tout sa k sou li (Pwo. 8:22, 30, 31, NW; Kol. 1:15-17). Konsa, Jezi byen konprann fason tè a fonksyone. Li konn ki jan pou l byen itilize resous tè a, pou l byen sèvi avè yo epi pou l byen distribye yo yon fason ki ekilibre.

Ki sa k touche w nan fason Jezi te sèvi ak pisans li pou l fè mirak? (Gade paragraf 13, 14.)

13, 14. Bay yon egzanp ki montre fason Kris ka kontwole fòs natirèl yo.

13 Lè Jezi te sou tè a, li te montre l se “pisans Bondye” nan fason l te kontwole fòs natirèl yo. Ann wè kòman Jezi te reyaji devan yon gwo van tanpèt ki te menase lavi disip li yo. (Li Mak 4:37-39.) Gen yon biblis ki fè konnen: “Yo sèvi ak mo grèk [yo met “van tanpèt” pou li nan Mak 4:37] la pou yon van ki fin dechennen oswa yon siklòn. Mo sa a pa janm fè referans ak yon van ki pase yon sèl kou [...], men l fè referans ak yon tanpèt ki fèt ak gwo nyaj ak zèklè kote gen gwo van k ap soufle ak anpil lapli e ki chavire tout sa l jwenn sou wout li.” Istwa Matye a dekri tanpèt sa a kòm ‘yon tanpèt ki move anpil’. — Mat. 8:24.

14 Eseye imajine sèn nan: Kris fatige anpil akoz travay predikasyon an. Vag lanmè a ap frape bato a byen fò e sa lakòz dlo kòmanse antre nan bato a. Sepandan, malgre tout bri tanpèt la ansanm ak fason vag lanmè yo ap frape bato a byen fò, Jezi kontinye ap dòmi. Kò l bezwen repo. Etandone disip yo vin pè anpil, yo reveye Jezi epi yo di l: “Nou sanlè peri!” (Mat. 8:25). Jezi reveye epi l kòmande van an ak lanmè a, li di yo: “Silans! Ret trankil!” Epi gwo van an sispann (Mak 4:39). Anfèt, Jezi te bay van an ak lanmè a lòd pou yo fè silans epi pou yo ret trankil. Ki jan sa te fini? Bib la di: “Vin gen yon gwo kalmi.” Se pa ti pisans Jezi genyen!

15. Ki fason Bondye Toupisan an montre l ka kontwole fòs natirèl yo?

15 Se Jewova li menm ki bay Kris pisans sa a. Donk, nou gen bonjan rezon pou n kwè Bondye Toupisan an ka kontwole tout fòs natirèl yo. Ann pran kèk egzanp. Men sa Jewova te di anvan delij la: “Nan sèt jou ankò, m ap fè lapli tonbe sou tè a pandan 40 jou ak 40 nuit.” (Jen. 7:4, NW). Menm jan an tou, men sa nou li nan Egzòd 14:21 (NW): “Jewova sèvi ak yon gwo van ki te soti nan direksyon lès [...] pou l fè lanmè a fè bak.” Epi, nan Yona 1:4 (NW), Bib la fè konnen: “Jewova voye yon gwo van sou lanmè a, e te vin gen yon gwo tanpèt sou lanmè a, sa te fè bato a prèske koule.” Sa vrèman ankourajan dèske n konnen Jewova ka kontwole fòs natirèl yo. Vrèmanvre, avni planèt tè a nan men yon bon moun.

16. Lefètke n konnen Kreyatè nou an ak premye Pitit gason l lan gen pouvwa sou fòs natirèl yo, poukisa sa ban nou asirans?

16 Se pa ti asirans nou genyen lè n ap reflechi ak kokennchenn pisans Kreyatè nou an ansanm ak “bon bòs” li a genyen! Lè yo pral konsantre tout atansyon yo sou tè a pandan 1 000 ane yo tout moun sou tè a pral abite an sekirite. Pap gen gwo katastwòf natirèl ki fè moun pè ankò. Nou pap gen rezon pou n pè pou tifon, sounami, vòlkan oswa tranblemanntè pa touye nou nan monn nouvo a. Se pa ti bèl sa bèl lè n panse ak moman kote pap gen okenn fòs natirèl ki pral touye oswa fè moun andikape paske “tant Bondye a [pral] avèk lèzòm”. (Rev. 21:3, 4.) Nou kapab gen asirans, pandan Rèy mil an an, pisans Bondye pral demontre pa mwayen Kris la ap kontwole tout fòs natirèl yo.

ANN IMITE BONDYE AK KRIS DEPI KOUNYE A

17. Bay youn nan fason nou ka imite Bondye ak Kris depi kounye a.

17 Nòmalman, kontrèman ak Jewova ak Jezi, nou pa ka prevwa okenn katastwòf natirèl, men, nou gen pisans kanmenm. Ki fason n ka sèvi ak pisans sa a? Youn nan fason nou ka sèvi avè l se lè n suiv sa ki di nan Pwovèb 3:27 la. (Li vèsè a.) Lè frè nou yo ap soufri akoz difikilte, nou ka rekonfòte yo nan domèn fizik, afektif ak espirityèl (Pwo. 17:17). Pa egzanp, nou ka ede yo fè fas ak sa yo te pèdi nan yon katastwòf natirèl. Tande ki pawòl sensè yon vèv te di pou l eksprime rekonesans li apre yon siklòn te fin sakaje kay li anpil: “M vrèman rekonesan dèske m fè pati òganizasyon Jewova a nonsèlman pou èd mwen jwenn nan domèn fizik, men, pou èd espirityèl yo tou.” Gen yon sè selibatè ki te pèdi espwa nèt e l pa t konn sa pou l fè apre l te fin wè tout dega yon tanpèt te fè lakay li. Men sa sè a te di pandan l ap resevwa èd: “M pa ka kwè sa! M pap janm ka fin esplike ki jan m santi m [...]. Mèsi Jewova!” Nou kontan dèske n fè pati yon fanmi entènasyonal frè ak sè ki gen bonjan sousi pou bezwen lòt moun. Pi gwo rezon nou genyen pou n kontan sèke Jewova ak Jezi Kris vrèman sousye yo de pèp Bondye a.

18. Ki sa k enpresyone w konsènan sa k te motive Jezi pou l fè mirak?

18 Jezi te pwouve l se “pisans Bondye” pandan ministè l. Men, ki sa k te motive Jezi pou l fè mirak li te fè yo? Nou pa t janm wè l ap sèvi ak pisans li genyen an pou l enpresyone lòt moun oswa pou l satisfè tèt li. Konsa, mirak Jezi yo te montre jan l gen lanmou pou lèzòm. Nou pral pale de sa nan atik ki vin apre a.