Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Travay pou n anbeli paradi espirityèl la

Travay pou n anbeli paradi espirityèl la

“M ap fè kote m met pye m nan gen anpil glwa.” — IZA. 60:13, NW.

KANTIK: 102, 75

1, 2. Nan Liv ki te ekri ann ebre yo, ak ki sa ekspresyon “ti ban” an ka fè referans?

JEWOVA DYE gen tout dwa l pou l di: “Syèl la se twòn mwen e tè a se ti ban m mete pye m.” (Iza. 66:1, NW). Men sa l di ankò konsènan “ti ban” l lan: “M ap fè kote m met pye m nan gen anpil glwa.” (Iza. 60:13, NW). Ki jan l fè sa? Etandone se sou “ti ban” Bondye a n ap viv, ki sa sa vle di pou nou?

2 Nonsèlman ekspresyon “ti ban” an gen rapò ak tè a, men, nan Liv ki te ekri ann ebre yo, yo sèvi ak ekspresyon sa a yon fason senbolik pou pale de ansyen tanp Izrayelit yo te konn itilize a (1 Kwo. 28:2; Sòm 132:7). Se nan tanp sa a ki te sou tè a yo te konn pratike vrè adorasyon an. Pou rezon sa a, li te vrèman bèl nan je Jewova e l te vrèman fè kote Jewova met pye l la jwenn glwa.

3. Ki sa gran tanp espirityèl Bondye a ye, e ki lè l te vin egziste?

3 Jodi a, se pa nan yon tanp literal sou tè a yo pratike vrè adorasyon an. Men, se nan yon tanp espirityèl ki bay Jewova plis glwa lontan pase kèlkeswa bilding nan. Tanp sa a se yon dispozisyon ki fè l posib pou moun rekonsilye ak Bondye pa mwayen klas prèt la ansanm ak sakrifis Jezi Kris la. Tanp sa a te vin egziste nan ane 29 epòk nou an lè Jezi te batize epi Jewova te chwazi l kòm Gran prèt pou sèvi nan gran tanp espirityèl li a. — Ebre 9:11, 12.

4, 5. a) Ki fason Sòm 99 montre gwo anvi vrè adoratè Jewova yo genyen? b) Ki kesyon nou dwe poze tèt nou?

4 Pou n montre nou rekonesan pou dispozisyon Jewova pran pou gen yon tanp espirityèl la, nou louwe Jewova lè n fè konn non l epi n glorifye l pou ranson an ki se yon dispozisyon ki demontre mizèrikòd. Se pa ti kontan nou kontan lefètke n konnen gen plis pase uit milyon vrè kretyen ki pa janm sispann bay Jewova glwa jodi a! Kontrèman ak kèk moun nan relijyon yo ki nan erè lè yo panse yo pral bay Bondye glwa apre yo fin kite tè a pou y al nan syèl, tout Temwen Jewova yo rann yo kont yo dwe louwe Jewova sou tè a depi kounye a.

5 Konsa, nou suiv egzanp sèvitè fidèl Jewova yo pale de yo nan Sòm 99:1-3, 5 yo. (Li vèsè yo.) Jan sòm sa a montre sa, Moyiz, Arawon ak Samyèl te bay tout yo menm pou soutni dispozisyon Bondye te pran pou vrè adorasyon an nan epòk yo a (Sòm 99:6, 7). Jodi a, anvan rès frè Jezi yo al sèvi antanke prèt ak Jezi nan syèl la, yo kontinye sèvi Jewova fidèlman nan lakou tanp espirityèl la ki sou tè a. Gen plizyè milyon “lòt mouton” k ap ede yo fidèlman (Jan 10:16). Byenke yo pa gen menm esperans, toule de gwoup sa yo met tèt yo ansanm pou yo adore Jewova sou ti ban l lan. Sepandan, l ap bon pou nou chak poze tèt nou kesyon sa a: ‘Èske m soutni dispozisyon Jewova pran pou adorasyon ki pwòp la ak tout kè m?’

IDANTIFYE MOUN K AP SÈVI NAN TANP ESPIRITYÈL BONDYE A

6, 7. Ki pwoblèm ki te vin egziste nan mitan kretyen premye syèk yo, e ki sa k te vin nesesè plizyè syèk annapre?

6 Mwens pase yon syèk apre kongregasyon kretyen an te fin tabli, gen yon apostazi yo te predi ki te kòmanse devlope (Tra. 20:28-30; 2 Tes. 2:3, 4). Apre sa, li te vin difisil anpil pou yo idantifye moun ki t ap sèvi Bondye toutbon nan tanp espirityèl li a. Se sèlman kèk syèk apre sa moman an te resi rive pou Jewova fè bagay yo parèt aklè pa mwayen Jezi Kris, nouvo Wa li nome a.

7 Rive nan ane 1919, yo te ka idantifye moun Jewova apwouve pou sèvi nan tanp espirityèl li a byen klè. Moun sa yo te vin rafine nan domèn espirityèl yon fason pou Bondye te ka plis aksepte sèvis y ap ba l la (Iza. 4:2, 3; Mal. 3:1-4). Nan yon sèten degre, sa apot Pòl te anonse depi plizyè syèk la te kòmanse akonpli.

8, 9. Fè yon ti pale konsènan twa aspè ki gen rapò ak “paradi” Pòl te wè nan vizyon an.

8 2 Korentyen 12:1-4 pale konsènan yon vizyon Pòl te fè. (Li vèsè yo.) Nou ka di sa Pòl te wè nan vizyon sa a se te yon revelasyon. Li gen rapò ak yon evènman ki gen pou rive e ki pa t egziste nan epòk li a. Ki kalite “paradi” Pòl te wè lè l te “transpòte jis nan twazyèm syèl” la? Paradi Pòl t ap pale de li a ta dwe gen rapò ak yon seri bagay ki t ap gen pou egziste anmenmtan alavni ki konsène yon akonplisman fizik, espirityèl ak selès. Li ka fè referans ak Paradi fizik ki pral gen sou tè a (Lik 23:43). Li ka fè referans ak paradi espirityèl nou pral jwi nan monn nouvo a tou. Mete sou sa, li ka gen rapò ak benediksyon ki pral gen nan syèl la nan “paradi Bondye a”. — Rev. 2:7.

9 Donk, poukisa Pòl di li te “tande pawòl moun pa ka pale, pawòl moun pa gen dwa pale”? Se paske nan moman sa a, li potko lè pou l bay tout detay sou bèl bagay li te wè nan vizyon an. Sepandan, jodi a nou gen dwa pou n pale konsènan benediksyon ki egziste kounye a nan mitan pèp Bondye a!

10. Ki sa k fè ekspresyon “paradi espirityèl” la pa menm ak “tanp espirityèl” la? Esplike.

10 Ekspresyon “paradi espirityèl” la vin fè pati ekspresyon nou itilize nan ministè a. Li gen rapò ak bèl anviwònman oswa kondisyon espirityèl san parèy nou genyen an ki pèmèt nou viv anpè ak Bondye ansanm ak frè ak sè nou yo. Nòmalman, nou pa dwe kouri panse “paradi espirityèl” la se menm ak “tanp espirityèl” la. Tanp espirityèl la se dispozisyon Bondye pran pou vrè adorasyon an. Paradi espirityèl la li menm, li la pou idantifye byen klè moun Bondye apwouve yo ak moun k ap sèvi l nan tanp espirityèl la jodi a. — Mal. 3:18.

11. Ki privilèj nou genyen jodi a ki gen rapò ak paradi espirityèl la?

11 Se pa ti kontan nou kontan dèske n konnen depi ane 1919, Jewova pèmèt moun enpafè kolabore avè l nan travay pou anbeli paradi espirityèl la ki sou tè a, pou fè l vin pi djanm epi pou etann li! Èske w wè tèt ou k ap jwe yon wòl nan kokennchenn travay sa a? Èske w santi w vle kontinye travay ak Jewova pou w fè ‘kote l met pye l la’ jwenn glwa?

ÒGANIZASYON JEWOVA A VIN PI BÈL

12. Ki konviksyon nou tout genyen anrapò ak akonplisman Izayi 60:17? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

12 Izayi 60:17 te predi yon kokennchenn travay ki gen rapò ak chanjman ki t apral fèt nan pati òganizasyon Jewova a ki sou tè a. (Li vèsè a.) Jèn yo oswa moun ki fèk vin nan laverite yo ka te li kèk prèv konsènan chanjman sa yo oswa yo ka te tande lòt moun ap pale de yo. Sepandan, se pa ti privilèj frè ak sè ki te viv chanjman sa yo genyen! Sandout yo gen konviksyon Jewova ap gide òganizasyon l lan epi l ap dirije l pa mwayen Wa li nome a! Yo konnen se yon konviksyon ki byen fonde, yon konviksyon nou tout genyen. Lè w tande pawòl yo di ak tout kè yo, sa ap fòtifye lafwa w e sa ap fè w gen plis konfyans nan Jewova.

13. Selon Sòm 48:12-14, ki obligasyon nou genyen?

13 Kèlkeswa kantite tan nou genyen depi nou nan laverite, nou dwe pale ak lòt moun konsènan òganizasyon Jewova a. Nan epòk n ap viv la, se yon mirak sèlman ki ka fè yon paradi espirityèl egziste nan monn mechan sa a ki kòwonpi e ki pa gen lanmou! Nou dwe pran plezi pou n fè “jenerasyon k ap vini yo” konnen bèl bagay nou aprann konsènan òganizasyon Jewova a oswa “mòn Siyon” ansanm ak verite nou aprann konsènan paradi espirityèl la. — Li Sòm 48:12-14.

14, 15. Nan ane 1970 yo, ki ajisteman yo te fè nan fason bagay yo òganize, e ki byenfè ajisteman sa yo te pote?

14 Pandan ane ki pase yo, moun aje ki nan mitan nou yo te viv kèk ajisteman yo te fè nan fason yo òganize bagay yo yon fason pou yo anbeli pati òganizasyon Jewova a ki sou tè a. Yo sonje epòk kote se yon sèvitè kongregasyon ki te gen nan kongregasyon yo olye de yon gwoup ansyen, yo sonje lè se yon sèvitè filyal ki te gen nan peyi yo olye de yon komite filyal ak lè se prezidan Watch Tower Society a ki t ap dirije travay la olye de Kolèj santral Temwen Jewova yo. Byenke tout frè sa yo ki te gen bòn volonte te jwenn èd nan men kèk moun fidèl, se yon sèl moun ki te responsab pou pran desizyon nan kongregasyon yo, nan biwo filyal yo epi syèj mondyal la. Pandan ane 1970 yo, yo te fè kèk ajisteman ki te pèmèt vin gen yon gwoup ansyen pou pran swen kongregasyon an olye de yon sèl moun.

15 Èske ajisteman sa yo te pote byenfè? Wi. Sa k fè sa? Se paske ajisteman sa yo te baze sou plis konesans nou vin genyen konsènan metòd ki nan Ekriti yo. Olye pou se yon sèl moun k ap dirije, òganizasyon an jwenn byenfè grasa bèl kalite tout “gason” Jewova bay “kòm kado” yo. — Efe. 4:8; Pwo. 24:6.

Jewova fè moun tout kote jwenn direksyon yo vrèman bezwen. (Gade paragraf 16, 17.)

16, 17. Ki ajisteman yo fèk sot fè ki enpresyone w an patikilye, e sa k fè sa?

16 Fè yon ti reflechi tou ak ajisteman ki fèk sot fèt yo, tankou chanjman ki fèt nan fason yo fè piblikasyon nou yo, nan sa ki gen ladan yo ak nan fason yo distribye yo. Nan travay predikasyon an, se pa ti kontan n kontan ofri moun yo piblikasyon ki pratik, ki touche kè yo e ki atiran! Anplis de sa, lè n sèvi ak dènye teknoloji ki genyen an, pa egzanp sit Entènèt jw.org la, pou n gaye verite a nou reflete enterè Jewova demontre anvè moun tout kote paske n fè pifò nan yo jwenn direksyon yo bezwen men yo pa genyen.

17 Nou pa ka bliye sajès ki genyen nan dispozisyon yo te pran pou pèmèt nou gen yon sware adorasyon an fanmi oswa plis tan pou n fè etid pèsonèl. Anplis de sa, nou apresye chanjman ki fèt nan pwogram kongrè ak pwogram asanble yo. Byen souvan nou konn di yo vin pi bèl chak ane! E sandout nou kontan resevwa bonjan fòmasyon y ap bay nan pakèt lekòl teyokratik nou yo. Nou wè men Jewova byen klè nan tout chanjman sa yo. Tikras pa tikras, Jewova ap anbeli òganizasyon l lan ak paradi espirityèl nou ladan l jodi a!

PATISIPASYON PA W NAN PARADI ESPIRITYÈL LA

18, 19. Ki jan nou ka kontribye pou n anbeli paradi espirityèl la?

18 Nou santi nou onore lefètke Jewova pèmèt nou kontribye pou n anbeli paradi espirityèl nou an. Nou fè sa lè n zele pou n preche bon nouvèl Wayòm nan epi pou n fè plis disip. Chak fwa nou ede yon moun pwogrese pou l vin yon kretyen ki vwe lavi l bay Jewova, se travay nou travay pou n etann limit paradi espirityèl la. — Iza. 26:15; 54:2.

19 Nou kapab anbeli paradi espirityèl nou an tou lè n fè bonjan efò pou n amelyore pèsonalite nou antanke kretyen. Nan sans sa a, nou fè paradi a vin pi atiran pou moun k ap gade yo. Byen souvan, se pa konesans nou gen nan Bib la ki konn premye bagay ki atire moun yo vin nan òganizasyon an e ki pouse yo vin jwenn Bondye ak kris, men, se lefètke n gen yon konduit ki pwòp e nou viv anpè.

Ou ka bay èd pou etann limit paradi espirityèl la. (Gade paragraf 18, 19.)

20. Ann amoni ak Pwovèb 14:35, ki anvi nou dwe genyen?

20 Se pa ti kontan Jewova ak Jezi dwe kontan lè y ap gade bèl paradi espirityèl nou an jodi a! Lajwa nou genyen kounye a lefètke n ap travay pou n anbeli paradi espirityèl nou an se jis yon avangou konsènan lajwa nou pral genyen lè n pral travay pou n fè tout tè a vin yon paradi. Annou toujou sonje pawòl nou jwenn nan Pwovèb 14:35 (NW) lan ki di: “Yon wa kontan lè yon sèvitè l aji ak entèlijans.” Kidonk, se pou nou toujou aji ak entèlijans toutpandan n ap travay di pou n anbeli paradi espirityèl nou an!