Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Rete fidèl anvè Wayòm Bondye a

Rete fidèl anvè Wayòm Bondye a

“Yo pa fè pati monn nan.” — JAN 17:16.

KANTIK: 63, 129

1, 2. a) Ki sa k fè l enpòtan pou kretyen yo ret fidèl anvè Bondye, e ki rapò sa genyen ak netralite? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Ki kalite fidelite anpil moun demontre, e ki rezilta sa bay?

SE PA sèlman lè gen lagè vrè kretyen yo bezwen kenbe netralite yo epi rete fidèl. Sa k fè sa? Se paske tout moun ki vwe lavi yo bay Jewova pwomèt li pou yo renmen l, pou yo ret fidèl anvè l epi pou yo obeyi l (1 Jan 5:3). Nou vle viv ann amoni ak prensip Bondye yo nenpòt kote nou ye, kèlkeswa fason n te leve, nasyonalite nou oswa kilti nou. Rete fidèl anvè Jewova ak Wayòm li an pi enpòtan lontan pase nenpòt lòt bagay nou atache avè l (Mat. 6:33). Pou kretyen yo demontre yon kalite fidelite konsa, sa mande pou yo rete separe ak tout konfli oswa polemik ki gen nan monn nan. — Iza. 2:4; li Jan 17:11, 15, 16.

2 Moun ki pa gen menm fwa avè n yo gendwa santi yon atachman espesyal pou peyi yo, tribi yo, kilti yo oswa menm ekip nasyonal peyi yo. Pou yo demontre kalite atachman sa a, yo konn antre nan konpetisyon, nan rivalite, e nan kèk ka, yo konn lakòz san koule oswa jenosid. Fason moun yo regle pwoblèm sa yo, kit li bon kit li pa bon, kapab gen efè sou nou oswa fanmi nou etandone n ap viv nan monn nan. Piske Bondye te kreye lèzòm ak kapasite pou yo demontre jistis, desizyon gouvènman lèzòm yo pran yo ka gen efè sou sans nou genyen pou n distenge sa ki byen ak sa ki mal la (Jen. 1:27; Det. 32:4). Ki jan nou reyaji nan sitiyasyon sa yo? Li te ka fasil pou n antre nan zafè monn nan epi pou n antre nan polemik.

3, 4. a) Ki sa k fè kretyen yo rete net nan zafè monn sa a? b) Ki sa n pral egzamine nan atik sa a?

3 Enstitisyon lèzòm yo ka fè presyon sou sitwayen yo pou yo antre nan konfli ki konn genyen yo. Vrè kretyen yo pa nan bagay konsa. Nou pa patisipe nan konfli politik monn nan ni nou pa pote zam (Mat. 26:52). Efò y ap fè pou pouse n soutni nenpòt pati nan monn Satan an pa gen okenn enfliyans sou nou (2 Kor. 2:11). Etandone n pa fè pati monn nan, nou pa antre nan konfli ki gen nan monn nan. — Li Jan 15:18, 19.

4 Sepandan, piske nou enpafè gen kèk nan nou ki gendwa ap lite pou n retire tout panse ki lakòz divizyon nou te konn genyen anvan sa (Jer. 17:9; Efe. 4:22-24). Se sa k fè, nan atik sa a nou pral egzamine kèk prensip ki ka ede n venk tandans sa yo. Anplis de sa, nou pral wè ki fason nou ka fòme lespri nou ak konsyans nou pou n rete fidèl anvè Wayòm Bondye a.

REZON KI FÈ N PA ANTRE KÒ N NAN ZAFÈ MONN NAN

5, 6. Ki jan Jezi te reyaji devan divizyon ki te egziste nan mitan nasyon l t ap viv la, e poukisa?

5 Si w pa fin byen konn fason w ta dwe konpòte w nan yon sitiyasyon kèlkonk, li t ap saj pou w mande tèt ou: ‘Ki sa Jezi t ap fè?’ Nasyon Jezi te fèt la te chaje ak moun ki soti nan tout zòn: Jide, Galile, Samari ak lòt ankò. Selon sa Bib la fè konnen, te konn gen tansyon nan mitan moun sa yo ki te soti plizyè kote (Jan 4:9). Te gen pwoblèm ant Farizyen yo ak Sadiseyen yo (Tra. 23:6-9), ant pèp la ak pèseptè yo (Mat. 9:11), epi ant moun ki te resevwa fòmasyon nan lekòl raben yo ak moun ki pa t resevwa fòmasyon sa yo (Jan 7:49). Nan premye syèk la, nasyon Izrayèl la te anba dominasyon women yo ki t ap toupizi pèp la. Byenke Jezi t ap defann laverite e l t ap fè konnen delivrans lan se nan Juif yo l ap soti, li pa t janm ankouraje disip li yo antre nan rivalite (Jan 4:22). Olye de sa, li te ankouraje yo pou yo renmen tout moun kòm pwochen yo. — Lik 10:27.

6 Poukisa Jezi pa t ankouraje prejije ki te egziste pami Juif yo? Se paske li menm ak Papa l pa antre nan konfli ki gen nan monn sa a. Lè Jewova te sèvi ak Pitit gason l lan pou l kreye gason ak fi, entansyon Jewova se te pou tè a ranpli ak moun (Jen. 1:27, 28). Bondye te kreye lèzòm yon fason pou yo te ka pwodui plizyè ras. Ni Jewova ni Jezi pa bay yon ras, yon nasyonalite oswa yon lang plis enpòtans pase yon lòt (Tra. 10:34, 35; Rev. 7:9, 13, 14). Nou dwe suiv egzanp pafè yo bay la. — Mat. 5:43-48.

7, 8. a) Ki pozisyon kretyen yo dwe pran? b) Anrapò ak solisyon pou pwoblèm sosyal ak politik, ki sa kretyen yo dwe rekonèt?

7 Sepandan, gen yon kesyon ki mande pou n montre ki kote n kanpe: se kesyon ki gen rapò ak soutni dwa Jewova genyen pou l dirije linivè a. Premye fwa yon polemik te soulve anrapò ak kesyon sa a se lè Satan te konteste fason Jewova ap dirije a. Kounye a, se tout moun ki dwe deside si wi ou non yo kwè fason Bondye fè bagay yo pi bon lontan pase fason Satan fè bagay yo. Sensèman, èske w pran pozisyon pou Jewova lè w chwazi obeyi lwa l yo ak prensip li yo olye w fè bagay yo fason pa w? Èske w konsidere Wayòm li an kòm sèl solisyon pou pwoblèm lèzòm yo? Oswa èske w kwè lèzòm ka dirije tèt yo poukont yo? — Jen. 3:4, 5.

8 Se repons ou bay pou kesyon sa yo k ap montre ki fason w ap aji lè yo mande w opinyon w sou sijè polemik yo. Sa fè lontan depi gen politisyen, militan ak moun ki vle fè refòm k ap chèche solisyon pou sa k lakòz divizyon. Yo gendwa sensè e yo gendwa gen bon mobil nan efò y ap fè yo. Sepandan, kretyen yo rekonèt se sèl Wayòm Bondye a ki ka rezoud pwoblèm lèzòm yo e ki ka garanti vrè jistis la. Nou bezwen kite bagay yo nan men Jewova. Anplis de sa, si chak kretyen ta nan chèche solisyon l wè k ap pi bon pou li a, èske kongregasyon nou an pa t ap divize nan yon bat je?

9. Ki pwoblèm ki te egziste nan kongregasyon Korent lan nan premye syèk la, men, ki egzòtasyon apot Pòl te bay?

9 Ann wè kòman kèk kretyen nan premye syèk la te reyaji devan yon kesyon ki te soulve nan kongregasyon an. Gen kèk nan yo ki te di: “‘Mwen pou Pòl’, ‘mwen pou Apolòs’, ‘mwen pou Sefas’, ‘mwen pou Kris.’” Kèlkeswa rezon ki te lakòz yo divize a, apot Pòl pa t renmen efè divizyon sa a te genyen. Se sa k fè l te mande yo: “Èske Kris divize?” Ki fason yo te ka konbat move panse sa a? Men ki egzòtasyon Pòl te ba yo: “Kounye a, m ap ankouraje nou, frè m yo, nan non Jezi Kris, Seyè nou an, pou nou tout gen menm pawòl, pou pa gen divizyon nan mitan nou, men pou nou byen ini nan menm panse ak nan menm opinyon.” Menm jan an tou, pa dwe gen divizyon sou kèlkeswa fòm nan nan kongregasyon kretyen an. — 1 Kor. 1:10-13; li Women 16:17, 18.

10. Ki egzanp apot Pòl te pran pou l montre rezon ki fè kretyen yo dwe rete net nan pwoblèm monn sa a?

10 Pòl te ankouraje kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo pou yo fikse lespri yo sou sitwayènte yo pral jwenn nan syèl la olye yo fikse l sou bagay ki sou tè a (Flp. 3:17-20) *. Yo te dwe aji antanke anbasadè ki reprezante Kris. Anbasadè yo pa mele nan zafè peyi kote y ap sèvi a. Fidelite yo se pou peyi yo (2 Kor. 5:20). Menm jan an tou kretyen ki gen esperans pou yo viv sou tè a se moun ki pral viv anba dominasyon Wayòm Bondye a, donk, yo pa ka mele nan zafè monn nan.

FÒME TÈT OU POU W RET FIDÈL ANVÈ JEWOVA

11, 12. a) Ki kalite anviwònman ki ka fè l difisil pou kretyen yo rete fidèl anvè Wayòm Bondye a? b) Ak ki difikilte yon kretyen t ap fè fas, e ki fason l te rive venk li?

11 Nan pifò peyi nan monn nan, gen anpil kominote ki gen yon relasyon sere sere youn ak lòt. Yo ini grasa istwa yo, kilti yo ak lang yo pale ki gen anpil enpòtans pou yo. Nan sikonstans sa yo, kretyen yo dwe fòme lespri yo ak konsyans yo pou yo reyaji yon fason ki apwopriye lè gen kèk kesyon ki soulve konsènan netralite. Ki jan yo ka fè sa?

12 Ann pran egzanp Mirjeta * ki soti nan yon zòn nan ansyen Yougoslavi a. Toutpandan l t ap grandi, yo te aprann li rayi moun peyi Sèbi yo. Lè l te vin aprann Jewova pa gen patipri e se Satan ki lakòz pwoblèm rasis, li te fè anpil efò pou l rejte santiman nasyonalis li te genyen an. Sepandan, lè te vin gen vyolans rasyal nan zòn bò lakay li, lahèn li te genyen an te kòmanse parèt ankò, sa ki te vin lakòz li difisil pou l preche moun peyi Sèbi yo. Sepandan, li te rann li kont li pa ka ret de bra kwaze epi pou l gen espwa vye santiman sa yo ap annik rete yo disparèt. Li te sipliye Jewova pou ede l fè fas ak difikilte sa a, pou ede l ogmante patisipasyon l nan ministè a epi kalifye pou l vin pyonye. Men sa l di: “M rann mwen kont lè m ret konsantre nan ministè a se pi bon èd m te ka jwenn. Lè m ap preche mwen eseye imite lanmou Jewova, e m wè jan panse negatif mwen yo ap disparèt.”

13. a) Ki sitiyasyon ki te met yon Temwen malalèz, men, ki jan l te reyaji? b) Ki leson nou ka aprann nan egzanp Zoila?

13 Kounye a, ann pran egzanp Zoila ki soti nan peyi Meksik, e ki nan yon kongregasyon ann Ewòp kounye a. Nan kongregasyon an, li te remake gen kèk frè ki soti nan kèk zòn ann Amerik latin ki konn ap fè kèk move remak sou peyi l, koutim peyi a e menm sou mizik yo. Ki jan w t ap reyaji? Nou konprann li nòmal pou remak sa yo te met Zoila malalèz. Sepandan, li merite felisitasyon paske l te priye Jewova pou ede l elimine nenpòt panse negatif ki te ka pran rasin nan kè l. Nou dwe admèt gen kèk moun pami nou ki toujou ap goumen ak menm pwoblèm nan. Nou pap janm vle di oswa fè okenn bagay ki ka lakòz divizyon oswa ki ka fè pwopagann pou yon fidelite ki pa apwopriye pami frè nou yo oswa pami nenpòt lòt moun. — Wom. 14:19; 2 Kor. 6:3.

14. Anrapò ak kesyon fidelite a, ki jan kretyen yo ka fòme panse yo ak konsyans yo?

14 Èske edikasyon nou oswa kote n te leve gen tandans fè n fyè de yon nasyon oswa yon zòn? Èske n toujou gen nenpòt nan santiman sa yo nan kè n? Kretyen yo pa dwe kite kesyon nasyonalis gen efè sou fason yo wè lòt moun? Men, ki sa w ka fè si w rann ou kont ou gen panse negatif anvè moun ki soti nan lòt nasyon, lòt kilti, lòt lang oswa lòt ras? Ebyen, sandout li t ap bon pou w medite sou pwennvi Jewova genyen sou nasyonalis ak prejije? Li kapab bon pou w fè rechèch sou sijè sa a ansanm ak lòt sijè menm jan an nan kad etid pèsonèl oswa adorasyon an fanmi. Epi annapre, sipliye Jewova pou l ede w gen menm pwennvi avè l sou kesyon sa yo. — Li Women 12:2.

Pou n ret fidèl anvè Jewova nou dwe kanpe tennfas devan presyon. (Gade paragraf 15, 16.)

15, 16. a) Ki jan n dwe atann pou lòt moun reyaji lè yo wè n ret fidèl anvè Bondye? b) Ki fason paran yo ka ede pitit yo fè fas ak pwoblèm yo jwenn pou yo kenbe fidelite yo antanke kretyen?

15 Towouta, tout sèvitè Jewova yo gen pou twouve yo nan sitiyasyon kote konsyans yo pral oblije yo met tèt yo apa antanke moun ki diferan ak moun ki toutotou yo: kit se kolèg travay yo, kamarad lekòl yo, vwazen yo, fanmi yo oswa lòt moun (1 Pyè 2:19). Wi, nou dwe met tèt nou apa! Nou pa dwe sezi si monn nan rayi nou dèske n apa paske Jezi te gentan avèti nou. Pifò moun ki opoze avèk nou yo pa bay sijè ki gen rapò ak netralite kretyen an okenn enpòtans. Sepandan, sijè sa yo gen anpil enpòtans pou nou.

16 Pou n ret fidèl anvè Jewova sa mande pou n kanpe tennfas devan presyon (Dàn. 3:16-18). Lakrentif pou lòm ka gen efè sou moun tout laj, men, se sitou jèn yo ki ka twouve l difisil pou yo fè fas ak pwoblèm nan. Si pitit ou ap fè fas ak kèk pwoblèm tankou salye drapo oswa fèt nasyonalis, pa ezite ede yo. Sèvi ak adorasyon an fanmi an pou w ede pitit ou konprann ki sa kesyon sa yo enplike yon fason pou yo ka fè fas ak difikilte sa yo avèk kouraj. Ede yo pou yo esplike kwayans yo yon fason ki klè e avèk respè (Wom. 1:16). Pou w ede pitit ou, pran inisyativ pale ak pwofesè yo sou kesyon sa yo si sa nesesè.

RENMEN TOUT SA JEWOVA KREYE

17. Ki atitid nou dwe evite, e poukisa?

17 Nou konprann nou gendwa gen kèk atachman pou peyi nou, kilti nou, lang nou oswa manje peyi nou. Sepandan, nou dwe evite atitid “pa m pi bon” an. Pou plezi nou, Jewova kreye yon pakèt varyete nan tout bagay (Sòm 104:24; Rev. 4:11). Donk, poukisa pou n ta plede ap di fason kèk bagay fèt pi bon pase yon lòt?

18. Lè n montre nou gen menm pwennvi ak Jewova, ki jan sa ap fè n jwenn benediksyon?

18 Bondye vle pou tout kalite moun vin gen yon konesans egzak sou laverite epi pou yo jwenn lavi ki pap janm fini an (Jan 3:16; 1 Tim. 2:3, 4). Lè n toujou pare pou n koute lòt ide e n aksepte yo sa ap fè n konn plis bagay e sa ap pwoteje inite nou genyen antanke kretyen an. Toutpandan n ap kenbe fidelite nou anvè Jewova, nou pa dwe mele nan zafè monn nan. Pa gen plas pou polemik nan mitan nou. Se pa ti rekonesan nou rekonesan dèske Jewova libere n anba lespri divizyon, fyète, konpetisyon k ap domine monn Satan an! Annou pran detèminasyon pou n montre nou vle fè lapè menm jan ak salmis la ki te di: “Ala bon sa bon e ala sa bay kè kontan lè frè abite ansanm e yo gen tèt ansanm!” — Sòm 133:1, NW.

^ § 10 Vil Filip te yon pwovens Women. Petèt gen kèk moun nan kongregasyon an ki te gen yon fòm sitwayènte Women, sa ki te pèmèt yo jwi kèk privilèj anplis pase lòt frè yo.

^ § 12 Gen non moun yo chanje.