Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Se kay kote nou adore

Se kay kote nou adore

“Lanmou m gen pou kay ou a ap tankou yon dife k ap boule anndan m.” — JAN 2:17.

KANTIK: 127, 118

1, 2. a) Nan tan lontan, ki kote sèvitè Jewova yo te konn itilize pou yo adore? b) Ki santiman Jezi te genyen pou tanp Jerizalèm nan? c) Ki objektif atik sa a?

DEPI lontan, sèvitè Bondye yo te toujou gen kote pou yo pratike adorasyon ki pwòp la. Petèt Abèl te konn sèvi ak yon lotèl lè l te konn fè ofrann bay Bondye (Jen. 4:3, 4). Kit se Noye, Abraram, Izarak, Jakòb ak Moyiz, yo tout te konn bati lotèl (Jen. 8:20; 12:7; 26:25; 35:1; Egz. 17:15). Izrayelit yo te konstwi tabènak la anba direksyon Jewova (Egz. 25:8). Pi devan, yo te konstwi yon tanp pou adorasyon Jewova a (1 Wa 8:27, 29). Apre Juif yo te retounen sot ann egzil nan peyi Babilòn, yo te konn reyini regilyèman nan sinagòg yo (Mak 6:2; Jan 18:20; Tra. 15:21). Premye kretyen yo te konn reyini kay moun ki nan kongregasyon yo (Tra. 12:12; 1 Kor. 16:19). Jodi a, pèp Jewova a toujou reyini nan plizyè dizèn milye Sal Wayòm toupatou nan monn nan pou yo resevwa fòmasyon e pou yo adore Jewova.

2 Jezi te tèlman renmen tanp Jewova a ki te Jerizalèm epi l te tèlman apresye l opwen gen youn nan moun ki te ekri Evanjil yo ki te aplike pawòl pwofetik sa yo nan ka pa l: “Lanmou m gen pou kay ou a tankou yon dife k ap boule anndan m.” (Sòm 69:9, NW; Jan 2:17). Pa gen okenn rezon valab ki te ka fè n rele yon Sal Wayòm “kay Jewova” nan menm sans pawòl sa yo te aplikab pou tanp lan ki te Jerizalèm (2 Kwo. 5:13; 33:4). Sepandan, gen kèk prensip nan Bib la ki montre kòman nou ta dwe sèvi ak kote n reyini pou n adore nan epòk nou an ak ki jan n ta dwe demontre respè pou kote sa yo. Objektif atik sa a se ede n egzamine kèk nan prensip sa yo ankò epi ede n wè kòman prensip sa yo gen rapò ak fason nou ta dwe konsidere Sal Wayòm nou yo, fason pou n finanse konstriksyon yo ak fason pou n pran swen yo *.

DEMONTRE RESPÈ POU ADORASYON KI PWÒP LA

3-5. Ki wòl yon Sal Wayòm, e ki jan sa ta dwe gen efè sou fason nou konsidere reyinyon k ap fèt ladan l yo?

3 Yon Sal Wayòm se kote nou pratike adorasyon ki pwòp la nan zòn kote nou ye a. Pami tout dispozisyon Jewova pran pou nouri nou nan domèn espirityèl, nou gen reyinyon ki fèt chak semèn nan Sal Wayòm nan. Se la nou resevwa ankourajman espirityèl ak direksyon pa mwayen òganizasyon l lan. Anfèt, se Jewova ak Pitit gason l lan ki envite tout moun ki vin asiste reyinyon yo. Menm lè n jwenn yon envitasyon pou n toujou vin manje sou “tab Jewova” a, nou pa dwe janm pran sa alalejè. — 1 Kor. 10:21.

4 Okazyon sa yo nou genyen pou n adore Jewova epi pou n ankouraje youn lòt la tèlman enpòtan pou Jewova opwen l te enspire apot Pòl pou l egzòte nou pou n pa janm abandone reyinyon yo. (Li Ebre 10:24, 25.) Èske n t ap montre n gen respè pou Jewova si n pa ta asiste reyinyon yo san okenn rezon valab? Kidonk, nou kapab demontre jis nan ki pwen nou renmen Jewova ak dispozisyon l pran yo lè n prepare nou pou n patisipe ak tout kè n nan reyinyon sa yo. — Sòm 22:22.

5 Nou ta dwe demontre bonjan respè nan fason nou konpòte n nan Sal Wayòm nan, kit se anrapò ak lokal la kit se anrapò ak aktivite espirityèl k ap fèt ladan l yo. Èske se pa vre, fason n konpòte n nan sans sa a gen yon rapò sere sere ak fason nou konsidere non Bondye ki parèt souvan sou Sal Wayòm nan? — Konpare ak 1 Wa 8:17.

6. Ki sa kèk moun di konsènan Sal Wayòm nou yo ansanm ak moun k ap asiste reyinyon nan Sal yo? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

6 Byen souvan, gen moun ki pa Temwen ki konn remake respè nou demontre pou kote n ap adore Jewova a. Pa egzanp, gen yon mesye nan peyi Tiki ki te di: “Mwen vrèman enpresyone lè m wè jan Sal Wayòm nan pwòp ak fason l gen lòd. Moun yo byen abiye, yo tout ap souri epi yo kontan akeyi m. Sa vrèman enpresyone m.” Mesye a te kòmanse asiste reyinyon regilyèman e l pa t pran tan pou l batize. Nan yon vil nan peyi Endonezi, gen yon kongregasyon ki te envite ofisyèl nan gouvènman an ansanm ak lòt moun nan vil la vin vizite yon nouvo Sal Wayòm anvan l inogire. Majistra vil la te vini. Li te tèlman enpresyone lè l wè bon kalite konstriksyon an, bèl jaden sal la epi lefètke sal la gen tout sa k nesesè opwen l te di: “Pwòpte ki gen nan sal la reflete vrè lafwa nou genyen an.”

Konduit nou ka montre n pa gen respè pou Bondye. (Gade paragraf 7, 8.)

7, 8. Ki bagay enpòtan moun k ap asiste reyinyon yo ta dwe kenbe nan lespri yo?

7 Respè n genyen pou Dye ki envite n nan reyinyon kretyen yo ta dwe parèt aklè nan fason nou abiye ak nan aparans nou. Demontre respè vle di evite ekstrèm tou. Selon sa yo remake, toutpandan gen kèk moun ki vrèman strik nan sa ki gen rapò ak ki konpòtman nou dwe genyen pandan n ap asiste reyinyon kongregasyon an, gen lòt moun yo menm, ki gendwa parèt twò rilaks nan Sal Wayòm nan. Nòmalman, Jewova vle pou sèvitè l yo ansanm ak lòt envite yo santi yo alèz nan Sal Wayòm nan. Anmenmtan tou, moun k ap asiste reyinyon yo pa dwe montre yo pa gen respè pou reyinyon yo lè yo parèt twò rilaks nan abiman yo, lè y ap voye mesaj tèks, y ap pale, y ap manje oswa y ap bwè pandan reyinyon yo elatriye. Paran yo ta dwe anseye pitit yo pou yo konprann Sal Wayòm nan pa yon kote pou y ap kouri pasipala oswa pou y ap jwe. — Ekl. 3:1.

8 Jezi te tèlman fache lè l te wè moun ap fè komès nan tanp Bondye a opwen l te met yo tout deyò (Jan 2:13-17). Menm jan an tou, Sal Wayòm nou yo se kote nou pratike adorasyon ki pwòp la ak kote nou resevwa fòmasyon espirityèl. Donk, nou dwe al fè tout aktivite biznis ki pa gen anyen pou wè ak objektif espirityèl yon lòt kote. — Konpare ak Neyemya 13:7, 8.

KONSTRIKSYON AK FINANSMAN SAL WAYÒM

9, 10. a) Ki moun ki travay nan konstriksyon nouvo Sal Wayòm yo e ki kote yo jwenn lajan pou konstwi yo? b) Ki rezilta sa bay? c) Ki dispozisyon yo te pran ki te yon gwo èd pou kongregasyon ki pa gen ase lajan pou konstwi yon Sal Wayòm?

9 Òganizasyon Jewova a pa janm sispann fè gwo efò pou konstwi Sal Wayòm ki modès epi pou finanse konstriksyon sa yo. Se yon seri volontè yo pa peye senkòb ki desine plan sal sa yo, ki konstwi yo epi ki renove yo. Ki rezilta sa bay? Depi 1ye novanm 1999, yo te konstwi plis pase 28 000 bèl lokal pou pratike adorasyon ki pwòp la pou kèk kongregasyon toupatou sou tè a. Sa vle di, pandan 15 ane ki sot pase yo, an mwayèn, yo te konstwi anviwon senk Sal Wayòm chak jou nan yon ane.

10 Gen anpil efò ki fèt pou soutni yon konstriksyon Sal Wayòm kèlkeswa kote ki gen bezwen an. Dispozisyon sa a ki demontre lanmou se yon dispozisyon ki baze sou yon prensip nan Ekriti yo ki montre sa kèk moun gen anplis kapab kouvri sa lòt moun manke yon fason pou “bagay yo [...] ka vin egal”. (Li 2 Korentyen 8:13-15.) Kòm rezilta, yo te konstwi yon seri bèl lokal tounèf pou anpil kongregasyon ki pa t ap janm ka jwenn ase lajan pou konstwi yon Sal Wayòm ka pratike adorasyon ki pwòp la.

11. Ki sa kèk frè di konsènan nouvo Sal Wayòm yo, e ki jan sa fè w santi w?

11 Men ki sa yon kongregasyon nan peyi Kostarika ki te benefisye dispozisyon sa a te fè konnen: “Lè n kanpe devan Sal Wayòm nan, nou panse se nan rèv nou ye! Nou pa ka kwè sa! Yo te fin ak tout ti detay nan bèl sal nou an nan sèlman uit jou! Sa rive fèt grasa benediksyon Jewova, dispozisyon òganizasyon l lan pran ansanm ak èd frè nou yo nou renmen anpil. Anfèt, kay sa a pou n adore Jewova a se yon kado ki gen anpil valè, se yon bijou Jewova ban nou. Nou vrèman kontan dèske n genyen l.” Èske sa pa touche kè w lè w tande pawòl sa yo kèk moun di pou demontre rekonesans yo pou nouvo Sal Wayòm yo? Èske sa pa touche kè w tou lè w konnen frè nou yo ki nan plizyè milye lokal toupatou sou tè a gen menm jwa sa a? Travay sa a se travay Jewova e se sa k fè, byen souvan, tousuit apre yo fin konstwi yon nouvo Sal Wayòm, gen anpil moun ki gen kè sensè e ki vle konn plis bagay sou Kreyatè nou an ki gen lanmou ki vin an foul nan Sal sa a. — Sòm 127:1.

12. Ki jan w ka bay èd ou nan konstriksyon Sal Wayòm yo?

12 Gen anpil frè ak sè ki kontan anpil dèske yo gen posiblite patisipe nan konstriksyon Sal Wayòm yo. Kit nou ka bay èd nou sou chantye konstriksyon sa yo kit nou pa kapab, nou tout ka jwenn privilèj pou n soutni pwojè sa yo grasa ofrann nou fè. Nan tan lontan, zèl moun yo te genyen pou adorasyon ki pwòp la te pouse yo bay lajan pou pwojè teyokratik yo e se menm bagay la tou pou nou jodi a. — Egz. 25:2; 2 Kor. 9:7.

NETWAYAJ NAN SAL WAYÒM NAN

13, 14. Ki prensip nou jwenn nan Ekriti yo nou ka aplike pou n kenbe Sal Wayòm yo pwòp epi annòd?

13 Yonfwa yon nouvo Sal Wayòm fin konstwi, nou bezwen kenbe l pwòp epi annòd yon fason pou l reflete kalite ak pèsonalite Bondye n ap adore a ki se yon Bondye ki gen lòd. (Li 1 Korentyen 14:33, 40.) Bib la fè yon lyen ant sen ak pwòpte espirityèl ak lè yon moun pwòp fizikman (Rev. 19:8). Donk, moun ki vle jwenn apwobasyon Jewova yo dwe gen bon ijyèn.

14 Ann amoni ak prensip sa yo, nou ta dwe toujou santi n alèz pou n envite moun ki enterese yo nan reyinyon nou yo toutpandan n gen konfyans kondisyon sal la ap ajoute sou bon nouvèl nou te preche yo a. Konsa, y ap wè n ap adore yon Dye ki sen e ki pral fè tè a tounen yon paradi ki pwòp talè konsa. — Iza. 6:1-3; Rev. 11:18.

15, 16. a) Ki sa k fè l ka difisil pou n kenbe Sal Wayòm nan pwòp, men, ki sa k fè l enpòtan pou n fè sa? b) Ki dispozisyon kongregasyon yo pran pou fè netwayaj nan sal la, e ki privilèj nou chak genyen?

15 Gen kèk moun ki gendwa bay kesyon netwayaj la plis enpòtans pase lòt. Fason kèk moun konsidere kantite fwa yo ta dwe netwaye yon sal depann de kote yo te leve ak kèk faktè tankou labou, pousyè, kondisyon wout yo ansanm ak posiblite pou yo jwenn kantite dlo ak pwodui netwayaj ki nesesè. Kèlkeswa atitid moun nan zòn nan genyen oswa sitiyasyon yo, Sal Wayòm nou an dwe sèvi kòm egzanp pou sa ki gen rapò ak netwayaj etandone l pote non Jewova e l se kote nou pratike adorasyon ki pwòp la. — Det. 23:14.

16 Netwayaj Sal Wayòm nan pa ka fèt yon lè konsa. Chak gwoup ansyen dwe asire yo gen yon pwogram ki la pou sa epi gen pwodui ki apwopriye ak ekipman ki disponib pou kenbe kote kongregasyon an reyini pou adore Jewova a nan bon kondisyon. Etandone gen kèk travay netwayaj ki bezwen fèt apre chak reyinyon epi gen lòt ki pa oblije fèt souvan, li enpòtan pou gen bonjan kolaborasyon ak siveyans yon fason pou n asire n pa gen anyen ki manke. Tout moun nan kongregasyon an gen privilèj pou kolabore nan sans sa a.

REPARE KAY KOTE NOU ADORE A

17, 18. a) Ki egzanp nou jwenn nan Ekriti yo ki montre l enpòtan pou n repare kote n ap pratike adorasyon ki pwòp la? b) Poukisa n dwe kenbe Sal Wayòm yo nan bon kondisyon?

17 Sèvitè Jewova yo fè gwo efò tou pou yo fè bon reparasyon nan kay kote y ap adore a. Wa Yewoach, yon wa nan peyi Jida, te bay prèt yo lòd pou yo sèvi ak ofrann pèp la te fè pou kay Jewova a pou yo “repare kay la, [e] pou yo repare kèlkeswa kote ki andomaje a”. (2 Wa 12:4, 5.) Plis pase 200 an annapre, wa Yochiya li menm tou te sèvi ak ofrann yo fè pou tanp lan pou l bay lajan pou fè reparasyon ki te nesesè yo. — Li 2 Kwonik 34:9-11.

18 Selon sa biwo filyal yo fè konnen, nan kèk peyi, gen moun ki pa toujou bay reparasyon bilding yo oswa ekipman yo twòp enpòtans. Petèt se yon tikras moun nan peyi sa yo ki konn ki jan pou yo fè travay sa yo oswa ki gen lajan pou fè sa. Sepandan, sa klè, si n neglije reparasyon Sal Wayòm nan, neglijans sa a ap lakòz konstriksyon an kòmanse deteryore e sa pap ka bay moun nan zòn nan bon temwayaj. Yon lòt bò, lè moun nan kongregasyon an fè tout sa yo kapab pou kenbe Sal Wayòm nan nan bon kondisyon, sa ap fè Jewova jwenn louwanj e sa ap pèmèt nou pa gaspiye ofrann kwayan parèy nou yo fè yo.

Nou pa dwe neglije netwaye Sal Wayòm nan epi repare l. (Gade paragraf 16, 18.)

19. Ki detèminasyon w pran anrapò ak kote nou itilize pou n pratike adorasyon ki pwòp la?

19 Yon Sal Wayòm se yon konstriksyon nou vwe bay Jewova. Konsa, nou pa gen okenn rezon pou n ta di konstriksyon sa a se pou yon moun oswa yon kongregasyon kèlkeswa sa ki ta ekri nan tit pwopriyete a. Prensip kretyen yo montre nou ta dwe byen kowopere yon fason pou n asire n konstriksyon sa a rive atenn objektif ki fè yo konstwi l la. Tout moun nan kongregasyon an ka kontribye nan sans sa a lè yo demontre bonjan respè pou kay kote n ap adore a, lè yo fè ofrann pou gen nouvo sal ak lè yo dispoze bay tan yo ak enèji yo pou kenbe Sal Wayòm ki deja konstwi yo pwòp epi pou yo fè reparasyon ladan yo. Lè n soutni dispozisyon sa yo, n ap montre nou zele pou kay kote n ap bay Jewova adorasyon ki pwòp la menm jan Jezi te fè sa. — Jan 2:17.

^ § 2 Toutpandan atik sa a fè referans ak Sal Wayòm yo an premye, menm prensip la valab pou Sal Asanble yo ak lòt kote nou itilize pou adorasyon ki pwòp la.