Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske n ap chèche rive nan nivo Kris ye a?

Èske n ap chèche rive nan nivo Kris ye a?

“Pou nou [...] rive nan nivo Kris ye a, pou nou vin konplè, menm jan avè l.” — EFE. 4:13.

KANTIK: 69, 70

1, 2. Ki kalite matirite tout kretyen ta dwe fè efò pou yo rive genyen? Bay yon egzanp.

LÈ YON madanm ki gen eksperyans ap chwazi fwi ki fre nan yon makèt, li pa toujou chwazi sa ki pi gwo a oswa sa k gen pi bon pri a. Olye de sa, li chèche jwenn sa ki mi yo. Li vle jwenn fwi ki gen bon gou, ki santi bon e ki chaje ak vitamin ki bon pou lasante. Vrèmanvre, li chwazi fwi ki mi e ki byen rèk. Se sa ki matirite a.

2 Apre yon moun fin pwogrese jis li rive vwe lavi l bay Jewova epi l batize, li kontinye grandi. Objektif li se vin tounen yon sèvitè Bondye ki gen matirite. Matirite n ap pale a se pa matirite nan domèn fizik, men, se matirite espirityèl. Apot Pòl te montre jan l te enpòtan pou kretyen Efèz yo grandi nan domèn espirityèl. Li te ankouraje yo pou yo travay jis yo “rive fè yon sèl nan lafwa ak nan konesans egzak sou Pitit Bondye a, pou [yo] fin grandi nèt, jis [yo] rive nan nivo Kris ye a, pou [yo] vin konplè, menm jan avè l”. — Efe. 4:13.

3. Ki sitiyasyon ki te egziste nan kongregasyon Efèz la nou ka jwenn nan mitan pèp Jewova a jodi a?

3 Lè Pòl te ekri lèt li a, kongregasyon Efèz la te gentan gen plizyè ane depi l egziste. Gen anpil disip ki te nan kongregasyon sa a ki te atenn yon wo nivo nan domèn espirityèl. Sepandan, gen kèk nan yo ki te toujou bezwen kontinye travay pou yo vin gen matirite. Jodi a, sitiyasyon ki egziste pami Temwen Jewova yo sanble anpil ak sitiyasyon kretyen Efèz yo. Gen anpil frè ak sè ki gen lontan depi y ap sèvi Bondye e ki gen anpil matirite espirityèl. Men, nòmalman, se pa yo tout ki rive atenn nivo sa a. Pa egzanp, gen plizyè milye nouvo ki batize chak ane, donk, gen kèk ki toujou bezwen fè efò pou yo vin gen matirite. E ou menm? — Kol. 2:6, 7.

MATIRITE KRETYEN

4, 5. Nan ki sans kretyen ki gen matirite yo ka diferan youn ak lòt, men, ki sa yo tout gen lakay yo? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

4 Lè w ap egzamine yon grap fwi nan yon makèt, ou ka wè se pa tout fwi nan grap la ki menm. Sepandan, yo tout gen kèk karakteristik idantik ki pèmèt yon moun wè yo fè pati grap la. Menm jan an tou, kretyen ki gen matirite yo ka pa gen menm nasyonalite, yo ka pa leve menm jan, yo ka pa gen menm sante e yo ka pa fè menm eksperyans. Yo ka diferan menm nan pèsonalite yo oswa kilti yo. Aktout sa, tout moun ki grandi nan domèn espirityèl yo vin gen yon seri kalite ki pèmèt moun wè yo gen matirite. Kòman sa?

5 Yon sèvitè Jewova ki gen matirite ap bati lavi l sou egzanp Jezi ki kite yon modèl pou nou “pou nou suiv tras li pye pou pye”. (1 Pyè 2:21.) Ki bagay Jezi te montre ki vrèman enpòtan? Li te di pou n renmen Jewova ak tout kè n, tout nanm nou, tout lespri n epi pou n renmen pwoche n menm jan n renmen tèt nou (Mat. 22:37-39). Yon kretyen ki gen matirite ap fè gwo efò pou l viv ann amoni ak konsèy sa a. L ap chèche viv yon fason ki montre l bay relasyon l gen ak Jewova a premye plas, ki montre l renmen lòt moun e l dispoze fè sakrifis pou yo.

Kretyen aje yo ka demontre imilite ki sanble ak pa Kris la lè yo ede jèn ki pran latèt kounye a. (Gade paragraf 6.)

6, 7. a) Bay kèk kalite ki ka fè n idantifye yon kretyen ki gen matirite. b) Ki sa n pral egzamine?

6 Sepandan, yon kretyen ki gen matirite dwe konprann lanmou se sèlman yon aspè nan fwi lespri li bezwen demontre a (Gal. 5:22, 23). Lòt aspè yo enpòtan tou, tankou: dousè, metriz ak pasyans. Yo ka ede l fè fas ak sitiyasyon ki difisil san l pa vin an kòlè e yo ka ede l andire desepsyon san l pa pèdi espwa. Nan pwogram etid pèsonèl li, l ap kontinye chèche jwenn prensip nan Ekriti yo ki ka ede l distenge sa ki byen ak sa ki mal. Apre sa, lè l ap pran desizyon, l ap bay prèv ki montre l gen matirite. Pa egzanp, l ap koute konsyans li ki fòme grasa Bib la. Kretyen ki gen matirite a ap montre l gen imilite lè l rekonèt chemen Jewova yo ak prensip li yo toujou pi bon pase pa l yo *. L ap preche bon nouvèl la avèk zèl e l ap travay pou gen inite nan kongregasyon an.

7 Kèlkeswa kantite tan nou genyen depi n ap sèvi Jewova, nou chak ka mande tèt nou: ‘Èske gen kèk domèn kote m ta dwe imite Jezi plis toujou yon fason pou m kontinye pwogrese nan domèn espirityèl?’

“GWO MANJE SE POU MOUN KI GEN MATIRITE”

8. Ki sa n ka di konsènan konesans Jezi te gen sou Ekriti yo ansanm ak fason l te konprann yo?

8 Jezi Kris te konn Pawòl Bondye a byen. Menm lè l te gen 12 an sèlman, li te ka pale sou kèk pasaj nan Ekriti yo ak anseyan yo nan tanp lan. Bib la di: “Tout moun ki t ap koute l [yo] te ret bouch ouvè devan entèlijans li e devan repons li t ap bay.” (Lik 2:46, 47). Annapre, pandan ministè l sou tè a, li te sèvi ak referans ki apwopriye nan Pawòl Bondye a pou l fèmen bouch moun ki te opoze avè l yo. — Mat. 22:41-46.

9. a) Ki woutin yon moun k ap etidye Bib la e ki vle grandi nan domèn espirityèl dwe suiv? b) Ki objektif yon etid Labib?

9 Pou yon kretyen ki vle grandi nan domèn espirityèl suiv modèl Jezi kite a, li pap kontante l annik gen yon konesans konsa konsa sou Bib la. Piske l ap vin rann li kont “gwo manje se pou moun ki gen matirite”, l ap fouye byen fon ladan l regilyèman (Ebre 5:14). Vrèmanvre, yon kretyen ki gen matirite vle gen “konesans egzak sou Pitit Bondye a”. (Efe. 4:13.) Èske w gen yon pwogram pou w li Bib la chak jou? Èske w gen abitid fè etid pèsonèl ou, èske w fè bonjan efò pou w rezève yon ti tan chak semèn pou adorasyon an fanmi an? Toutpandan w ap egzamine Pawòl Bondye a, chèche jwenn prensip nan Ekriti yo k ap ede w pi byen wè fason Jewova panse ak sa l santi. Epi, eseye aplike prensip biblik yo, konte sou yo lè w ap pran desizyon yon fason pou w vin pi pwòch Jewova.

10. Ki fason konesans yon kretyen ki gen matirite ka gen enfliyans sou li chak jou nan lavi a?

10 Yon kretyen ki gen matirite konprann li dwe gen plis pase konesans. Anplis de konesans li genyen an, jis nan ki pwen l renmen sa l konnen sou chemen ak prensip Bondye yo? Youn nan fason kalite lanmou sa a aji se pouse moun fikse priyorite nan lavi a ki ann amoni ak volonte Jewova olye de fason lèzòm panse. Anplis de sa, kretyen an pa gen okenn dout li “voye” tout atitid ak konduit li te genyen yo “jete”. Toutpandan yon kretyen ap fè chanjman sa yo, l ap abiye l ak nouvo pèsonalite a ki sanble ak pa Kris la, yon pèsonalite “ki te kreye selon volonte Bondye e ki konfòm ak sa vrè jistis ak vrè fidelite a mande”. (Li Efezyen 4:22-24.) Bib la te ekri anba enfliyans lespri sen Bondye. Lè yon kretyen ap ogmante konesans li sou prensip biblik yo e l ap pi renmen yo, se kè l ak lespri l l ap ouvè pou lespri sen enfliyanse. Sa kontribye pou ede l grandi nan domèn espirityèl.

VIN FÈ YON SÈL NAN INITE

11. Ki eksperyans Jezi te fè nan relasyon l te gen ak fanmi l ansanm ak disip li yo?

11 Antanke moun pafè, pandan Jezi t ap viv sou tè a li te chaje ak moun enpafè toutotou l. Se paran ki enpafè ki te leve l e l te pase plizyè ane ap viv nan kay ak manm fanmi l ki enpafè. Tandans anbisyon ak tandans manipile moun ki te egziste nan epòk la te gen enfliyans menm sou disip ki te pi pwòch li yo. Pa egzanp, jou swa anvan yo te touye Jezi a, “yo te pete yon gwo diskisyon [...] pou yo konnen kiyès nan yo ki pi enpòtan”. (Lik 22:24.) Men, Jezi te gen konfyans disip li yo ki enpafè te kapab grandi nan domèn espirityèl pou yo vin fè yon sèl antanke yon kongregasyon. Nan menm jou swa sa a, Jezi te priye pou apot li yo vin fè yon sèl nan lanmou. Men sa l te di Papa l ki nan syèl la: “Pou yo tout ka vin youn, menm jan ou menm, Papa, ou ann inyon avè m e mwen ann inyon avèk ou, pou yo menm tou ka vin ann inyon avèk nou [...] dekwa pou yo ka vin youn menm jan mwen menm avè w nou fè youn.” — Jan 17:21, 22.

12, 13. a) Ki fason Efezyen 4:15, 16 met aksan sou enpòtans pou n kontribye pou gen inite nan kongregasyon an? b) Ki jan yon frè te rive venk yon feblès yon fason pou l aprann travay pou gen inite?

12 Yon sèvitè Jewova ki gen matirite ap kontribye pou gen inite nan kongregasyon an. (Li Efezyen 4:1-6, 15, 16.) Objektif nou se pou pèp Bondye a rive “byen kole ansanm” epi pou tout manm yo kowopere youn ak lòt. Selon Pawòl Jewova a, pou n rive atenn inite sa a, nou bezwen gen imilite. Avèk imilite, yon frè oswa yon sè ki gen matirite ap travay pou gen inite menm lè l ap fè fas ak enpèfeksyon lòt moun. Ki jan w reyaji lè w ap fè fas ak enpèfeksyon yon frè oswa yon sè nan kongregasyon an? Oswa, ki sa w ap fè si yon moun nan kongregasyon an blese santiman w? Èske tandans ou oswa abitid ou se bati yon mi pou separe w ak moun ki ofanse w la? Oswa èske w eseye konstwi yon pon ki pou relye nou de a? Yon kretyen ki gen matirite ap vle, wi l ap eseye konstwi yon pon, li pap bati yon mi.

13 Ann konsidere egzanp Uwe. Anvan sa, li te gen tandans kite enpèfeksyon kwayan parèy li yo gen efè sou li. Annapre, li te deside sèvi ak Bib la ansanm ak liv Étude perspicace des Écritures la pou l etidye lavi David. Poukisa se David li chwazi? Men sa Uwe fè konnen: “David te wè jan kèk kwayan parèy li te gen yon konpòtman Bib la kondane. Pa egzanp, wa Sayil te eseye touye l, gen kèk moun nan pèp la ki te vle touye l ak kout wòch epi menm pwòp madanm li te pase l nan rizib (1 Sam. 19:9-11; 30:1-6; 2 Sam. 6:14-22). Men, David pa t janm kite konpòtman lòt moun febli lanmou l te gen pou Jewova a. Anplis de sa, David te gen mizèrikòd nan kè l, yon kalite mwen dwe chèche genyen. Sa m aprann nan etid mwen an fè m chanje pwennvi m genyen sou enpèfeksyon kwayan parèy mwen yo. M pa kontinye konte erè yo fè ankò. Olye de sa, mwen eseye kontribye pou gen inite nan kongregasyon an.” Èske ou menm tou w gen objektif kontribye pou gen inite nan kongregasyon an?

FÈ ZANMI AK MOUN K AP FÈ VOLONTE BONDYE

14. Ki kalite moun Jezi te chwazi pou vin zanmi l?

14 Jezi Kris te amikal anvè tout kalite moun. Tout kalite moun te santi yo alèz bò kote l, kit se gason, fi, jèn, granmoun e menm timoun. Men, lè l t ap chwazi bon zanmi l yo, li pa t chwazi yo konsa konsa. Men sa l te di apot fidèl li yo: “Nou se zanmi m si nou fè sa mwen ban nou lòd fè.” (Jan 15:14). Jezi te chwazi zanmi sa yo pami moun ki t ap suiv li fidèlman e ki t ap sèvi Jewova ak tout kè yo. Èske ou menm tou w chwazi bon zanmi w yo pami moun k ap sèvi Jewova ak tout kè yo? Poukisa sa enpòtan?

15. Ki byenfè jèn yo ka jwenn lè yo fè zanmi ak kretyen ki gen matirite yo?

15 Gen anpil kalite fwi ki vin pi byen mi lè yo pran chalè solèy. Menm jan an tou, anbyans ki gen nan kominote frè nou fòme a ka ede w pwogrese pou w vin gen matirite. Petèt ou se yon jèn k ap eseye deside ki sa w pral fè ak lavi w. Se pa ti saj w ap montre w saj si w fè zanmi ak kwayan parèy ou ki gentan fè anpil eksperyans nan sèvis Jewova a ak nan fason yo kontribye pou gen inite nan kongregasyon an! Tank ane yo ap pase, moun sa yo ka viv kèk bon moman oswa move moman nan lavi a e yo ka menm fè fas ak difikilte nan sèvis Bondye a. Moun sa yo ka ede w chwazi pi bon fason pou w viv. Bonjan zanmitay ak frè ak sè sa yo ka ede w pran desizyon ki saj epi grandi pou w atenn matirite. — Li Ebre 5:14.

16. Ki fason moun aje nan kongregasyon an te ede yon jèn sè?

16 Pa egzanp, Helga sonje pandan dènye ane lekòl li, elèv nan klas li yo te toujou konn ap pale konsènan objektif yo. Anpil nan yo te konsidere jwenn yon fòmasyon nan inivèsite kòm sèl mwayen ki ka ede gen yon bèl karyè. Helga te pale sou sa ak zanmi l gen nan kongregasyon an. Men sa l di: “Anpil nan yo te pi gran pase m e yo te ede m anpil. Yo te ankouraje m antre nan sèvis aplentan. Annapre, m te pase senkan nan sèvis pyonye a. Kounye a, plizyè ane annapre, m kontan dèske m te konsantre m plis sou sèvis Jewova a lè m te jèn. M pa gen okenn rezon pou m regrèt m te fè sa.”

17, 18. Ki jan lè n gen matirite espirityèl sa ka ede n atenn objektif nou gen nan lavi a?

17 Lè n eseye konsantre lavi n sou egzanp Jezi, sa ap ede n grandi antanke kretyen. N ap vin pi pwòch Jewova epi anvi nou genyen pou n sèvi l la ap vin pi plis toujou. Yon sèvitè Jewova ka ba l sa l genyen ki pi bon an lè l chèche grandi nèt nan domèn espirityèl ak lè l vin yon kretyen ki gen matirite. Men ki ankourajman Jezi te bay disip li yo: “Se pou limyè nou briye devan lèzòm, konsa y ap ka wè bèl aksyon nou yo e y ap ka bay Papa nou ki nan syèl la glwa.” — Mat. 5:16.

18 Jan nou remake sa, yon kretyen ki gen matirite ka gen yon gwo enfliyans pozitif nan kongregasyon an. Matirite espirityèl sa a ap parèt nan fason yon kretyen sèvi ak konsyans Bondye ba li a. Ki jan konsyans nou ka ede n pran desizyon ki saj? Epi, ki jan n ka montre n respekte desizyon kwayan parèy nou yo pran ki baze sou konsyans yo? Nou pral reponn kesyon sa yo nan atik ki vin apre a.

^ § 6 Pa egzanp, frè aje ki gen eksperyans yo ka chwazi kite kèk responsablite yo genyen epi yo ka chwazi ede frè ki pi jèn yo ranpli responsablite sa yo.