Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | ÈSKE L VRÈMAN ITIL POU NOU PRIYE?

Poukisa moun priye?

Poukisa moun priye?

“Mwen te renmen jwe pou lajan anpil. Mwen te priye pou m gen yon mago lajan. Men, sa pa t janm rive.” — Samuel *, Kenya.

“Nan lekòl la, sèl sa nou te gen pou n fè se annik resite yon seri priyè yo te aprann nou pakè.” — Teresa, Filipin.

“Mwen priye lè m gen pwoblèm. Mwen priye pou m mande Bondye padon pou peche m yo e pou m vin yon pi bon kretyen.” — Magdalene, Gana.

Pawòl Samuel, Teresa ak Magdalene di yo montre moun priye pou divès rezon. Nan rezon sa yo, genyen ki pi valab pase lòt. Gen priyè moun yo fè ki soti nan kè yo, men gen lòt priyè ki pa soti nan kè yo. Sepandan, gen plizyè santèn milyon moun ki santi yo bezwen priye. Yo priye pou yo pase yon egzamen nan lekòl yo, yo priye pou ekip yo renmen genyen oswa pou Bondye bay fanmi yo direksyon, e yo priye pou yon pakèt lòt rezon. Anfèt, gen kèk sondaj ki montre menm moun ki pa nan okenn relijyon konn priye regilyèman.

Èske w konn priye? Si w konn fè sa, pou ki bagay ou konn priye? Kit ou abitye priye, kit ou pa abitye priye, ou ka mande tèt ou: ‘Èske l vrèman itil pou nou priye? Èske gen yon moun k ap koute nou?’ Gen yon ekriven ki fè konnen lapriyè se “yon fòm terapi [...] menm jan yon moun ap pale ak pwason l gade kòm zannimo domestik”. Gen kèk espesyalis nan domèn medikal ki panse menm bagay la tou, yo di lapriyè se yon lòt “fason yon moun ka chèche tretman”. Èske moun k ap priye yo se yon egzèsis y ap fè ki pa gen okenn sans oubyen omwen èske moun k ap fè terapi sa a ka jwenn byenfè ladan l?

Yon lòt bò, Bib la montre lapriyè se yon bagay ki pi enpòtan lontan pase yon terapi, sètadi egzèsis oubyen tretman yon moun fè pou l santi l byen. Bib la fè konnen gen yon moun k ap koute priyè moun fè yo toutbon depi yo fè l bon fason an e yo mande l bagay ki kòrèk. Èske sa Bib la di a se vre? Annou egzamine kèk prèv.

^ § 3 Gen non moun yo chanje.