Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | KÒMAN BONDYE KONSIDERE LAGÈ?

Fason Bondye te konsidere lagè nan tan lontan

Fason Bondye te konsidere lagè nan tan lontan

Yo t ap toupizi pèp la. Se pa ni youn ni de fwa pèp la te priye Bondye pou mande l sekou, men yo pa t jwenn okenn sekou, omwen yo pa t jwenn repons tousuit. Pèp sa a se te Izrayelit yo, ki te pèp Bondye nan tan lontan. Se nasyon ejipsyen an ki te pisan ki t ap toupizi moun yo (Egzòd 1:13, 14). Izrayelit yo te fè anpil ane ap tann pou Bondye mete fen nan rejim boutdi Ejipsyen yo. Finalman, moman Bondye te fikse pou l aji a te rive (Egzòd 3:7-10). Labib fè n konnen se Bondye li menm ki te fè lagè ak Ejipsyen yo. Li te lage yon pakèt flewo terib sou yo youn dèyè lòt, epi li te detwi wa Ejip la ak lame l la nan Lanmè Wouj (Sòm 136:15). Konsa, Jewova te montre li se “Sila a ki pisan ki konn fè lagè” pou pèp li a. — Egzòd 15:3, 4.

Lefètke Bondye te fè lagè ak Ejipsyen yo, sa montre li pa kont tout lagè. Nan kèk lòt okazyon, li te otorize pèp Izrayèl la, pèp li a, fè lagè. Pa egzanp, li te ba yo lòd pou yo fè lagè ak moun Kanaran yo ki te mechan anpil (Detewonòm 9:5; 20:17, 18). Li te bay David, wa Izrayèl la, direksyon sou fason pou l te fè lagè ak moun Filisti yo ki t ap toupizi Izrayelit yo. Bondye te menm bay David yon estrateji pou l fè lagè ki te pèmèt li pot laviktwa. — 2 Samyèl 5:17-25.

Istwa sa yo ki nan Bib la fè n wè lè lòt nasyon t ap fè Izrayelit yo mechanste e yo t ap toupizi yo, Bondye te otorize Izrayelit yo fè lagè pou pwoteje yo antanke pèp li e pou vrè adorasyon an te kontinye egziste. Men, remake twa pwen kle ki vin apre yo sou lagè sa yo Bondye te konn bay lòd pou yo fè.

  1. SE BONDYE SÈLMAN KI TE KONN DESIDE KIYÈS KI DWE FÈ LAGÈ. Yon lè, men sa Bondye te di Izrayelit yo: “Nou pap gen pou nou goumen.” Poukisa l te di sa? Paske se Bondye li menm ki t ap fè lagè pou yo (2 Kwonik 20:17; 32:7, 8). Li te fè sa souvan, tankou nan okazyon nou te mansyone nan kòmansman atik la. Nan kèk lòt okazyon, Bondye te bay pèp li a, ki t ap viv nan Izrayèl tan lontan an, lòd pou yo fè yon seri lagè li te aksepte, sètadi lagè yo t ap fè pou yo te ka pwoteje Latè pwomiz e pou yo te ka defann li. — Detewonòm 7:1, 2; Jozye 10:40.

  2. SE BONDYE SÈLMAN KI TE KONN DESIDE KI LÈ POU YO FÈ LAGÈ. Avèk pasyans, sèvitè Bondye yo te dwe tann lè Bondye fikse a rive pou yo te fè lagè ak nasyon ozalantou yo ki t ap toupizi yo e ki t ap fè yo mechanste. Toutotan moman sa a pa t rive, yo pa t gendwa pran libète al fè lagè. Lè yo te aji san otorizasyon, yo te pèdi apwobasyon Bondye. Anfèt, Labib montre lè Izrayelit yo te chwazi al fè lagè san se pa Bondye ki te otorize yo fè sa, byen souvan sa te fini mal pou yo *.

  3. Byenke Bondye te fè lagè ak Kananeyen yo, li te epaye kèk nan yo, tankou Rahab ak fanmi l.

    BONDYE PA PRAN PLEZI NAN LANMÒ OKENN MOUN, MECHAN YO LADAN L TOU. Jewova Dye se Sous lavi a e li se Kreyatè limanite (Sòm 36:9). Se sa k fè li pa vle moun mouri. Men, malerezman, gen moun ki fè plan pou yo maltrete lòt moun avèk mechanste e yo menm touye yo (Sòm 37:12, 14). Pou Bondye te fè mechanste sa yo sispann, pafwa, li te konn otorize moun fè lagè ak mechan yo. Epoutan, pandan ane Izrayelit yo t ap fè lagè sa yo, li te toujou “yon Bondye ki gen mizèrikòd” e “ki pa fè kòlè fasil” nan jan l te boule ak moun ki t ap toupizi pèp Izrayèl la (Sòm 86:15). Pa egzanp, anvan Izrayelit yo te fè lagè ak yon vil, Bondye te mande yo pou yo fè moun yo “konnen ki sa yo dwe fè si yo vle fè lapè” avèk yo. Konsa, moun ki nan vil sa a t ap gen posiblite pou yo chanje fason yo aji pou yo te ka evite lagè a (Detewonòm 20:10-13). Nan sans sa a, Bondye te montre l “pa pran plezi nan lanmò moun ki mechan, e [li] ta pito wè yon moun ki mechan chanje fason l ap aji pou l ka rete an vi”. — Ezekyèl 33:11, 14-16 *.

Jan nou sot wè sa, nan tan lontan Bondye te konsidere lagè kòm yon mwayen legal pou l mete fen nan tout kalite enjistis ak mechanste. Men, se Bondye sèlman ki te gen dwa pou l deside ki lè pou yo fè lagè sa yo e kiyès ki te dwe patisipe ladan yo, se pa t lèzòm. Men, èske Bondye te konn fè lagè paske l te anvi wè vyolans? Okontrè, li vrèman rayi vyolans (Sòm 11:5). Èske fason Bondye te konsidere lagè a chanje lè Jezi, Pitit li a, te kòmanse ministè l sou tè a nan premye syèk la?

^ § 7 Pa egzanp, yon lè, Izrayelit yo te pèdi lagè yo t al fè ak moun Amalèk yo ansanm ak moun Kanaran yo piske Bondye te ba yo lòd pou yo pa t fè sa (Nonb 14:41-45). Anpil ane apre, wa Jozyas ki te yon wa fidèl t al fè lagè san Bondye pa t ba l dwa fè sa, aksyon sa a li te fè san reflechi te lakòz li pèdi lavi l. — 2 Kwonik 35:20-24.

^ § 8 Anvan Izrayelit yo t al fè lagè ak Kananeyen yo, yo pa t fè Kananeyen yo konnen sa yo dwe fè si yo vle fè lapè avèk yo. Poukisa yo pa t fè sa? Paske Bondye te bay Kananeyen yo 400 an pou yo te chanje move fason yo t ap aji. Nan moman Izrayelit yo te vin fè lagè ak Kananeyen yo, antanke gwoup, Kananeyen yo te mechan yo pa t vle chanje (Jenèz 15:13-16). Konsa, Izrayelit yo te dwe elimine yo nèt. Sepandan, lè yon Kananeyen te chanje fason li te konn aji yo te epaye l. — Jozye 6:25; 9:3-27.