Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | LÈ W GEN YON MOUN PA W KI MOURI

Moun ki mouri yo pral tounen viv ankò!

Moun ki mouri yo pral tounen viv ankò!

Gail se youn nan moun nou te mansyone nan kòmansman seri atik sa yo. Petèt ou sonje li te panse li pa t ap janm rive reprann li apre lanmò mari l. Men, avèk enpasyans, l ap tann moman kote li pral rewè Robert, mari l la, nan monn nouvo Bondye pwomèt la. Men sa l di: “Vèsè m pi renmen se Revelasyon 21:3, 4.” Men sa nou li nan vèsè sa a: “Bondye li menm ap avèk yo. L ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò. Ansyen bagay yo disparèt.”

Men sa Gail di: “Pwomès sa a se espwa nou pou lavni. Mwen santi sa fè m mal toutbon lè m wè moun ki gen moun pa yo ki mouri, men ki pa konnen esperans sa a nou genyen pou n rewè moun pa nou yo ki mouri.” Gail aji ann amoni ak kwayans li, li sèvi kòm volontè nan travay predikasyon an aplentan, konsa, li fè pwochen l yo konnen pwomès Bondye fè pou lavni an: “Pap gen lanmò ankò.”

Jòb te gen konfyans li t ap tounen viv ankò.

Petèt ou ka di: ‘M pa ka kwè yon bagay konsa!’ Men, ann egzamine egzanp yon moun yo te rele Jòb. Li te malad grav (Jòb 2:7). Byenke Jòb te mande lanmò, li te toujou gen lafwa nan pouvwa Bondye genyen pou l resisite l pou l vin viv sou tè a ankò. Avèk konfyans, li te di: “O! Pito w ta sere m nan Tonm [...] W ap rele m, e m ap reponn ou. Se pa ti anvi w ap anvi wè travay ou fè ak men w!” ​(Jòb 14:13, 15). Jòb te gen konfyans Bondye t ap sonje l e li t ap gen gwo anvi pou l reba l lavi ankò.

Talè konsa, Bondye pral fè sa ni pou Jòb, ni pou yon kantite lòt moun nou pa ka konte, lè l fè tè sa a tounen yon paradi (Lik 23:42, 43). Men sa Labib fè nou konnen nan Travay 24:15: “Pral gen yon rezirèksyon.” Men asirans Jezi ban nou: “Nou pa bezwen sezi pou sa, paske lè a ap rive kote tout moun ki nan tonm yo pral tande vwa l, e y ap soti.” ​(Jan 5:28, 29). Jòb pral wè pwomès sa a reyalize. Li pral gen posiblite pou l “gen menm fòs li te genyen lè l te jèn nan” e pou kò l “pi fre pase lè l te jèn” pou tout tan (Jòb 33:24, 25). Se menm bagay la ki pral rive pou tout moun ki te montre yo apresye dispozisyon Bondye ki gen mizèrikòd la pran pou l resisite moun pou yo vin viv sou tè a.

Si w ap soufri paske w pèdi yon moun ki chè pou ou, enfòmasyon nou sot egzamine yo gendwa pa retire lapenn ou genyen an nèt. Men, si w medite sou pwomès Bondye yo ki nan Bib la, w ap gen yon esperans ki reyèl e w ap jwenn fòs pou w kontinye viv. — 1 Tesalonisyen 4:13.

Èske w ta renmen aprann plis bagay sou fason pou w fè fas ak lapenn ou genyen? Oubyen èske gen kesyon w konn poze ki gen rapò ak sijè sa a, tankou “Poukisa Bondye pèmèt mechanste ak soufrans?” Tanpri, ale sou sit Entènèt nou an, jw.org, pou w ka jwenn repons ki pratik e k ap ba w fòs.