Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lè w koute avètisman, sa ka sove lavi w!

Lè w koute avètisman, sa ka sove lavi w!

NAN dat 26 desanm 2004, te gen yon tranblemanntè 9.1 ki te frape Simeulue, yon zile ki nan nòdwès kot Soumatra, nan peyi Endonezi. Je tout moun t ap gade lanmè a. Nivo dlo lanmè a te bese e dlo a t al pi lwen yon fason ki pa nòmal. San pran tan, tout moun te kòmanse kouri, yo te pran mòn pou yo, yo t ap rele “Smong! Smong!” Se konsa yo di sounami. Nan 30 minit, gen yon seri gwo vag ki te anvayi zòn ki bò lanmè a, yo kraze pifò kay ak vilaj ki genyen yo.

Zile Simeulue se te premye kote sounami sa a te frape, yon sounami ki te fè yon pakèt ravaj. Sepandan, nan 78 000 moun ki t ap viv kote sa a se sèlman 7 moun ki te mouri. Lè w tande ravaj sounami sa a te fè, sa k fè se vyepti kantite moun sa a ki te mouri? * Gen yon pawòl moun k ap viv sou zile a konn di: ‘Si gen gwo tranblemanntè e lanmè a rale kò l, kouri pran mòn, paske lanmè a ap vin sou kot yo san pèdi tan.’ Dapre eksperyans pèp sou zile Simeulue a te fè, yo aprann rekonèt yon sounami ap vini lè yo wè gen chanjman nan lanmè a. Lefètke yo te koute avètisman yo te ba yo, sa te sove lavi yo.

Bib la pale de yon dezas k ap vini, yon “gwo tribilasyon, yon tribilasyon ki poko janm rive depi monn nan egziste pou jiska prezan, non, e ki pap rive ankò”. (Matye 24:21.) Men, lè gwo tribilasyon sa a se pa tè a ki pral detwi akoz bagay lèzòm ki pa gen sans responsablite fè, ni se pa yon katastwòf natirèl, paske objektif Bondye se pou tè a ret la pou toutan (Eklezyas 1:4). Okontrè, tribilasyon k ap vini an se yon aksyon Bondye pral fè pou l “detwi moun k ap detwi tè a”. Tout mechanste ak tout soufrans pral fini (Revelasyon 11:18; Pwovèb 2:22). Se pa ti benediksyon sa pral ye!

Mete sou sa, kontrèman ak jan sa konn fèt lè gen sounami, tranblemanntè oswa lè yon vòlkan eklate, moun ki inosan yo pap mouri nan destriksyon k ap vini an. Bib la di “Bondye se lanmou”, e Bondye sa a, non l se Jewova a, pwomèt “moun ki jis yo gen pou yo posede tè a e yo gen pou yo viv sou li pou toutan”. (1 Jan 4:8; Sòm 37:29.) Men, ki sa w ka fè pou w chape nan gwo tribilasyon sa a pou w ka jwenn benediksyon Bondye pwomèt yo? Men sa ki enpòtan pou w fè: Koute avètisman w jwenn!

PRETE BONJAN ATANSYON AK TOUT CHANJMAN K AP FÈT NAN MONN NAN

Nou pa ka di egzakteman ki lè tout mechanste ak soufrans ap fini, paske Jezi te di: “Kanta pou jou sa a ak lè sa a, pèsonn pa konnen yo, ni zanj ki nan syèl la, ni Pitit la, men se sèl Papa a ki konnen yo.” Sepandan, Jezi te ankouraje nou pou nou “kontinye veye”. (Matye 24:36; 25:13.) Poukisa? Labib dekri pou nou sitiyasyon ki t ap egziste anvan Bondye fè lafen an. Menm jan dlo ki t ap vini sanzatann yo te fè moun k ap viv nan zile Simeulue yo wè gen sounami k ap vini, se konsa tou, pakèt gwo evènman k ap rive nan monn nan ban nou yon siyal ki fè n wè lafen an toupre. Kare ki nan atik la mete aksan sou kèk gwo chanjman Labib pale de yo k ap fèt.

Se vre, gen kèk nan evènman oswa sitiyasyon yo site nan kare a ki te deja konn rive nan tan lontan nan yon sèten degre, si nou pran chak evènman sa yo poukont yo. Men, Jezi te di lè nou wè “tout bagay sa yo”, nou ta dwe konnen lafen an toupre rive (Matye 24:33). Mande tèt nou: ‘Ki lè nan listwa tout bagay yo dekri yo 1) te rive sou tout tè a, 2) te rive nan menm epòk la, e 3) te vin pi mal konsa?’ Sa klè, n ap viv nan tan sa a.

YON BAGAY KI DEMONTRE LANMOU BONDYE GEN POU OU

Gen yon ansyen prezidan Etazini ki te di: “Pa gen dout nan sa, sistèm yo mete pou bay moun avètisman byen bonè yo [...], se bagay ki sove lavi moun.” Apre sounami ki te rive nan ane 2014 la, yo te mete yon sistèm pou bay avètisman nan zòn ki te touche a pou yo evite pil moun pèdi lavi yo nan evènman konsa alavni. Menm jan an tou, Bondye pran dispozisyon pou l bay avètisman anvan lafen an rive. Men sa Labib te anonse: “Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon. Apre sa, lafen an ap vini.” — Matye 24:14.

Nan ane ki sot pase a sèlman, Temwen Jewova yo te pase plis pase 1,9 milya èdtan ap preche bon nouvèl la nan 240 peyi e nan plis pase 700 lang. Travay sa a k ap fèt nan epòk nou an se yon gwo prèv ki montre lafen an toupre. Piske Temwen Jewova yo renmen pwochen yo, yo fè tout sa yo kapab pou yo bay lòt moun avètisman sou jou jijman Bondye a k ap pwoche byen vit (Matye 22:39). Lefètke w kapab jwenn enfòmasyon sa yo se yon prèv ki montre Jewova renmen w. Sonje, “[Bondye] pa ta renmen pèsonn moun detwi, men li ta renmen pou tout moun rive repanti”. (2 Pyè 3:9.) Èske w ap byen reyaji devan lanmou Jewova gen pou ou a e èske w ap koute avètisman li ba ou alavans?

KOURI VINI YON KOTE KI AN SEKIRITE!

Pa bliye moun ki t ap viv nan vilaj ki sou kot zile Simeulue yo te kouri pran mòn pou yo te ka an sekirite nan moman yo te wè nivo dlo a t ap bese e dlo a t al pi lwen; yo pa t tann dlo a retounen. Se aksyon enpòtan sa a yo te fè ki te fè yo chape. Pou w ka chape nan gwo tribilasyon an, nan yon sans, ou menm tou, ou bezwen kouri pran mòn pou ou anvan l twò ta. Ki jan? Bondye te enspire pwofèt Ezayi pou l ekri konsènan yon bèl envitasyon Bondye ap fè moun “nan dènye jou yo”, sa vle di tan n ap viv kounye a. Men sa pwofèt Ezayi te ekri: “Vini, annou monte sou mòn Jewova a [...]. L ap fè nou konnen wout li yo, e n ap mache nan chemen l yo.” — Ezayi 2:2, 3.

Lè w monte sou tèt yon mòn, ou vin nan yon pozisyon ki pi wo pou w wè e w vin yon kote w an sekirite. Nan menm sans lan, jodi a, gen plizyè milyon moun sou tout tè a ki aprann konnen chemen Jewova yo nan Bib la pou yo ka fè chanjman nan lavi yo, sa pote anpil byenfè pou yo (2 Timote 3:16, 17). Lefètke yo fè sa, yo kòmanse “mache nan chemen [Bondye] yo” e yo jwenn favè Bondye ak pwoteksyon l.

Èske w ap byen reyaji devan envitasyon sa a e w ap aksepte pwoteksyon Bondye ap ba ou avèk amou nan tan difisil sa yo? Nou ankouraje w pou w byen egzamine prèv Bib la bay ki nan kare ki nan atik sa a ki montre n ap viv nan “dènye jou yo”. Temwen Jewova nan zòn bò lakay ou ap kontan ba w èd ou ka bezwen pou w rive byen konprann vèsè yo bay ladan l yo e pou w rive byen konprann fason pou w aplike yo. Oubyen ou ka jwenn repons kesyon w genyen yo sou sit Entènèt nou an, www.pr418.com/fr. Gade anba ribrik LA BIBLE ET VOUS > QUESTIONS BIBLIQUES.

^ § 3 Sounami sa a ki te pase an 2004 la te lakòz plis pase 220 000 moun mouri. Se youn nan pi gwo sounami ki pase nan listwa.