Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kiyès oswa ki sa Dyab la ye?

Kiyès oswa ki sa Dyab la ye?

Kiyès oswa ki sa Dyab la ye?

ÈSKE W T AP DI Dyab la se...

  • Yon espri?

  • Yon senbòl ki reprezante sa ki mal ki anndan yon moun?

  • Yon bagay moun imajine?

MEN SA BIB LA DI

Dyab la te pale ak Jezi e li te “tante” l (Matye 4:1-4). Donk, Dyab la pa yon bagay moun imajine, ni li pa tou senpleman yon senbòl ki reprezante sa ki mal. Li se yon espri mechan.

KI LÒT BAGAY NOU KA APRANN NAN BIB LA?

  • Okòmansman, Dyab la te yon zanj ki sen, men “li pa t kenbe fèm nan laverite”. (Jan 8:44.) Li te vin yon mantè e li te rebele kont Bondye.

  • Gen lòt zanj ki te suiv Satan nan rebelyon l lan. — Revelasyon 12:9.

  • Dyab la bouche lespri anpil moun, li fè yo pa kwè li egziste. — 2 Korentyen 4:4.

Èske Dyab la ka gen pouvwa sou moun?

GEN MOUN KI DI zafè Dyab la gen pouvwa sou moun nan se blag, alòske gen lòt moun ki pè pou movèzespri pa antre sou yo. Ki sa w panse?

MEN SA BIB LA DI

“Lemonnantye anba pouvwa Mechan an.” ​(1 Jan 5:19). Dyab la gen gwo enfliyans sou lèzòm, men li pa gen pouvwa sou tout moun.

KI LÒT BAGAY NOU KA APRANN NAN BIB LA?

  • Dyab la sèvi ak riz pou l ka gen plis enfliyans sou moun. — 2 Korentyen 11:14.

  • Nan kèk ka, espri mechan yo kapab gen pouvwa sou moun. — Matye 12:22.

  • Avèk èd Bondye, nou ka reyisi “opoze ak Dyab la”. — Jak 4:7.