Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w te konnen?

Èske w te konnen?

Ki sa ki te diferan nan fason Jezi te boule ak moun ki te gen lèp yo?

Juif nan tan lontan yo te pè yon kalite lèp moun te konn genyen nan tan biblik yo. Maladi sa a te konn atake nè ki anba po moun nan oubyen nè ki nan mis nan kò moun nan e li andomaje moun nan e li defigire l pou lavi. Nan epòk la, pa t gen tretman pou moun ki gen lèp. Okontrè, yo te mete moun nan an karantèn e li te oblije avèti lòt moun pou l fè yo konnen li gen lèp. — Levitik 13:45, 46.

Chèf relijye Juif yo te bay yon pakèt lwa pou moun ki gen lèp yo e lwa sa yo te ale pi lwen pase sa Ekriti yo te di. Konsa, yo te rann lavi moun ki gen lèp yo vin pi difisil toujou san nesesite. Pa egzanp, lwa raben yo te fè yo te entèdi yon moun rive nan yon distans 4 koude (6 pye oubyen 2 mèt) parapò ak yon moun ki gen lèp. Men, si te gen van k ap soufle, pèsòn pa t dwe rive nan yon distans ki pi piti pase 100 koude (150 pye oubyen 45 mèt). Gen kèk nan raben ki te ekri Talmid yo ki te esplike pasaj nan Ekriti yo ki te mande pou moun ki gen lèp yo “rete deyò kan an” vle di pou moun yo rete pa deyò miray vil yo. Se sa k fè, gen yon raben ki te wè yon moun ki gen lèp anndan yon vil, li te kalonnen l ak kout wòch e li te di l: “Al nan plas ou, epi pa vin kontamine lòt moun.”

Ala sa te diferan parapò ak jan Jezi te boule ak moun sa yo! Olye Jezi te chase moun ki gen lèp yo, li te aksepte touche yo e li te menm geri yo. — Matye 8:3.

Sou ki baz chèf relijye Juif yo te konn fè divòs?

Yon papye divòs ki la depi 71/72 epòk nou an

Nan premye syèk epòk nou an, kesyon divòs la te konn leve diskisyon pami lidè relijye Juif yo. Se sa k fè, yon lè, te gen kèk Farizyen ki te vin poze Jezi yon kesyon pou yo ka fè diskisyon avè l. Yo te di l: “Èske yon gason gen dwa divòse ak madanm li pou nenpòt rezon?” — Matye 19:3.

Lwa Moyiz la te pèmèt yon gason divòse ak madanm li si l te “jwenn yon bagay nan li ki pa kòrèk”. (Detewonòm 24:1.) Nan epòk Jezi a, te gen de lekòl sou fason raben yo te konn panse ki te entèprete lwa sa a yon fason diferan. Lekòl ki te pi strik la se te lekòl Chamayi a, pou yo menm, selon lwa sa a, sèl rezon valab pou yon gason divòse se si gen “enfidelite”, sètadi si gen adiltè. Yon lòt bò, pou lekòl Hilèl la, yon gason gen dwa divòse si gen nenpòt dezakò nan maryaj la piti kou l ye. Dapre yo menm, yon gason ka divòse ak madanm li si l gate yon manje li t ap fè pou li oubyen si l jwenn yon lòt fi ki pi bèl nan je l.

Bon, ki jan Jezi te reponn kesyon Farizyen yo te poze l la? Yon fason klè, li te di yo: “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, eksepte pou imoralite seksyèl, e k al marye ak yon lòt fi, moun sa a fè adiltè.” — Matye 19:6, 9.