Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LABIB CHANJE LAVI MOUN

Mwen te echwe plizyè fwa anvan m reyisi

Mwen te echwe plizyè fwa anvan m reyisi
  • ANE LI FÈT 1953

  • PEYI KOTE LI SOTI OSTRALI

  • ANVAN MWEN PA T KA SISPANN GADE PÒNOGRAFI

VI MWEN T AP MENNEN ANVAN:

Papa m te demenaje, li te kite Almay li t al viv ann Ostrali nan ane 1949. Li t al chèche travay nan endistri kote moun yo travay nan min ak kote yo pwodui elektrisite. Li te rete nan yon ti zòn andeyò ki rele Viktorya. Se la li te marye ak manman m e se la m te fèt nan ane 1953.

Kèk ane apre, manman m te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo, konsa, ansèyman ki nan Bib la vin fè pati premye souvni mwen genyen yo. Sepandan, papa m pa t tolere okenn relijyon. Li te vin yon moun ki vyolan e ki brital, e manman m te vin pè l anpil. Manman m te kontinye etidye Bib la an kachèt e l te vin renmen ansèyman ki ladan l yo. Lè papa m soti, manman m te anseye mwen menm ak sè m nan sa l t ap aprann yo. Li te konn pale avèk nou konsènan yon paradi ki pral gen sou tè a alavni e li te aprann nou jan nou ka gen kè kontan si nou suiv prensip Bib la bay sou zafè konduit. — Sòm 37:10, 29; Ezayi 48:17.

Lè m te gen 18 an, mwen te oblije kite kay la poutèt jan papa m te vyolan an. Byenke m te kwè nan sa manman m t ap anseye m nan Bib la, mwen pa t konprann enpòtans yo. Mwen pa t rive viv ann amoni ak sa m te aprann yo. Mwen te kòmanse travay antanke elektrisyen nan min chabon. Lè m te gen 20 an, mwen te marye. Premye pitit fi nou an te fèt twazan apre, e mwen te reegzamine sa ki te enpòtan nan lavi m. Mwen te konnen Labib ka ede fanmi nou, se sa k fè mwen te kòmanse etidye Labib ak yon Temwen Jewova. Men, madanm mwen te opoze anpil ak Temwen yo. Yon lè, m t al asiste yon reyinyon, li te ban mwen yon iltimatòm, li te di m swa m kite etid la oubyen m kite kay la. Piske m te santi m pa t ka fè anyen, mwen te aksepte fè sa l te mande a, m te koupe tout relasyon ak Temwen yo. Pi devan, mwen te gen gwo remò paske m pa t fè sa m te konnen ki dwat la.

Yon jou, kòlèg travay mwen yo te fè m kòmanse gade pònografi. Se yon bagay ki te atiran e ki te repiyan anmenmtan. E lefètke m te gade yon bagay konsa, m te santi m koupab amò. Lè m sonje sa m te aprann nan Bib la, mwen te kwè toutbonvre Bondye t ap pini m. Men, kòm mwen te kontinye gade vye imaj sal sa yo pi souvan toujou, fason m te konsidere pònografi a te vin chanje. Avèk letan, mwen te vin pa t ka sispann gade pònografi.

Pandan 20 ane ki te vin apre yo, tank jou yo t ap pase, se tank mwen t ap kite prensip manman m te fè efò pou l anseye m yo. Sa m t ap mete nan lespri yo te parèt nan konduit mwen. Mwen te vin itilize mo sal lè m ap pale, e m te konn bay blag betiz. Mwen te vin gen yon pwennvi defòme sou relasyon seksyèl. Byenke mwen t ap viv ak madanm mwen toujou, mwen te gen relasyon ak lòt fi. Yon jou, mwen te gade tèt mwen nan yon glas, mwen te di tèt mwen: ‘Mwen pa renmen w.’ Respè m te gen pou tèt mwen an pa t la ankò, mwen te vin gen degoutans pou tèt mwen pito.

Maryaj mwen te kraze, e lavi m te tèt anba. Epi, mwen te priye Jewova ak tout kè m. Mwen te rekòmanse etidye Labib, byenke te gen ventan depi m te kanpe etid la. Antretan, papa m te mouri, e manman m te batize, li te vin Temwen Jewova.

FASON LABIB CHANJE LAVI M:

Te gen yon gwo diferans ant lavi mwen t ap mennen an ak prensip wo nivo ki nan Bib la. Men, fwa sa a, mwen te detèmine pou m gen lapè nan lespri m, lapè Bib la pwomèt la. Mwen te kòmanse korije fason m pale e m te kòmanse chanje move tanperaman mwen te genyen an. Mete sou sa, mwen te deside kite vi imoral mwen t ap mennen an, mwen te sispann jwe aza, mwen te sispann bwè twòp, e m pa t vòlè bagay patwon m nan ankò.

Kòlèg travay mwen yo pa t ka konprann poukisa m te vle fè tout gwo chanjman sa yo nan lavi m. Pandan twazan, toutan yo t ap tingting mwen pou m tounen nan ansyen vi mwen t ap mennen an. Si m ta fè yon ti neglijans, tankou m ta montre m an kòlè oubyen m ta di yon vye pawòl, yo te rele tèlman yo kontan, yo te di: “Anhan! Ansyen Joe a tounen.” Se pa ti mal pawòl sa yo te konn fè m mal! Byen souvan, yo te fè m santi m echwe.

Biwo m te chaje ak imaj pònografi ni sou fòm elektwonik ni sou papye. Kòlèg travay mwen yo te konn voye vye imaj yo gen sou òdinatè yo youn bay lòt toutan, menm jan m te konn fè sa anvan. Mwen t ap fè anpil efò pou m kite vye abitid mwen te genyen an, men sanble yo te detèmine pou yo fè m toujou echwe. Mwen te pale ak moun ki t ap etidye Labib avè m nan sou sa pou l te ka ede m e pou l te ka ankouraje m. Avèk pasyans, li te koute m pandan m t ap vide kè m ba li. Li te sèvi ak vèsè byen presi nan Bib la pou l montre m jan pou m fè fas ak move abitid mwen genyen an, e li te ankouraje m pou m toujou chèche èd nan men Jewova nan lapriyè. — Sòm 119:37.

Yon jou, mwen te fè yon reyinyon ak kèk nan kòlèg travay mwen yo. Lè yo te rasanble, mwen te mande yo pou yo bay de nan mesye yo yon byè, de mesye sa yo se moun ki te rekonèt yo bwè twòp. Yo tout te rele pou yo montre yo pa dakò, yo te di: “Ou pa ka fè yon bagay konsa! Mesye sa yo ap batay pou yo kite move abitid sa a!” Mwen te reponn yo: “Trè byen, se menm bagay la pou mwen tou.” Depi lè sa a, mesye yo te admèt mwen t ap lite kont pònografi e yo pa t janm fè presyon sou mwen ankò pou m tounen nan vye abitid mwen yo.

Avèk letan, e grasa èd Jewova, mwen te ranpòte laviktwa sou move abitid mwen te genyen pou m gade pònografi a. Nan ane 1999, mwen te batize, mwen te vin Temwen Jewova. Mwen kontan lefètke m te vin gen yon dezyèm chans pou m mennen yon vi ki pwòp e ki bay satisfaksyon.

Kounye a, mwen konprann poukisa Jewova rayi bagay mwen te renmen pandan tout tan sa yo. Antanke yon Papa ki gen lanmou, li te vle pwoteje m kont dezas pònografi lakòz yo. Se pa ti verite ki gen nan pawòl nou jwenn nan Pwovèb 3:5, 6 la! Vèsè sa yo di: “Fè Jewova konfyans ak tout kè w, e pinga w konte sou entèlijans ou. Sonje l nan tout sa w ap fè, e l ap fè tout bagay mache byen nan lavi w.” Nonsèlman prensip ki nan Bib la se yon pwoteksyon, men, definitivman, yo se yon garanti pou yon moun reyisi. — Sòm 1:1-3.

BYENFÈ MWEN JWENN:

Lontan, mwen te gen degoutans pou tèt mwen an, men kounye a, mwen gen respè pou tèt mwen e m gen lapè nan lespri m. M ap mennen yon lavi ki pwòp, mwen santi Jewova padone m e li ede m. Nan ane 2000, mwen te marye ak Karolin, yon bèl sè ki renmen Jewova menm jan avè m. Lakay nou se yon ti kote ki gen lapè. Se vrèman yon privilèj pou nou fè pati yon fanmi frè ak sè k ap mennen yon vi ki pwòp, yon fanmi ki gaye toupatou nan monn nan!