Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | KI KOTE NOU KA JWENN KONSOLASYON?

Konsolasyon nou jwenn nan moman difisil

Konsolasyon nou jwenn nan moman difisil

Pwoblèm yo vini sou anpil fòm. Nou pa kapab egzamine tout kalite pwoblèm nou jwenn nan atik sa a, men annou egzamine kat kalite pwoblèm nou te deja mansyone yo pi byen toujou. Gade ki jan moun ki rankontre divès kalite pwoblèm rive jwenn bonjan konsolasyon nan men Bondye.

LÈ NOU PÈDI TRAVAY NOU

“Mwen te aprann aksepte nenpòt travay, e nou te elimine tout depans ki pa nesesè.” — Jonathan

Men sa Eric * di: “Madanm mwen avè m te pèdi travay nou nan menm moman. Pandan dezan, nou te oblije viv sou sa fanmi nou te ban nou ak kèk ti djòb nou te jwenn. Kòm rezilta, madanm mwen, Priscille, te vin dekouraje anpil, epi mwen te santi m pa vo anyen.

“Ki jan n te fè? Priscille te toujou sonje sa Jezi te di nan Matye 6:34. Jezi te di nou pa ta dwe bay tèt nou pwoblèm pou demen, paske chak jou ap gen pwòp pwoblèm pa l. E priyè l te fè ak tout kè l yo te ba l fòs pou l kontinye kenbe. Nan ka pa m, Sòm 55:22 te konsole m. Menm jan ak moun ki te ekri sòm sa a, mwen te lage chay mwen sou Jewova, e mwen te wè l ede m. Kounye a, byenke mwen gen yon travay, nou kontinye mennen yon vi senp ann amoni ak konsèy Jezi te bay nan Matye 6:20-22 a. Sa k pi enpòtan an, nou vin pi pwòch Bondye e nou vin pi pwòch youn lòt.”

Men sa Jonathan fè konnen: “Mwen te pè lavni lè m te wè ti biznis fanmi nou te genyen an te kraze. Akoz yon kriz ekonomik, 20 ane nou te fè ap travay di yo te gaspiye. Mwen menm ak madanm mwen te vin ap goumen sou kesyon lajan. Nou pa t ka menm achte anyen ak kat kredi, paske nou te pè pou yo pa t aksepte kat la.

“Men, Pawòl Bondye a ak lespri sen l te ede nou pran bon desizyon. Mwen te aprann aksepte nenpòt travay, e nou te elimine tout depans ki pa nesesè. Antanke Temwen Jewova, nou te resevwa èd nan men kwayan parèy nou yo. Yo te ede n kontinye gen konfyans nan tèt nou e yo te ban nou yon ti kout men lè bagay yo te vrèman difisil.”

LÈ MARYAJ NOU KRAZE

Men sa Raquel fè konnen: “Lè mari m te kite m sanzatann, mwen te santi sa fè m mal e mwen te an kòlè. Epi, yon gwo tristès te anvayi m. Men, mwen te vin pi pwòch Bondye, e li te konsole m. Lapè Bondye te pwoteje kè m lè m te priye Bondye chak jou. Pou mwen, sanble se repare Bondye te repare kè m ki te fann.

“E grasa Bib la, Pawòl li a, mwen pote laviktwa sou kòlè ak rankin. Mwen te pran pawòl apot Pòl te di nan Women 12:21 yo trèzoserye. Li te di: ‘Pa kite sa ki mal pot laviktwa sou ou, men kontinye pot laviktwa sou sa ki mal lè w fè sa ki byen.’

“Gen moman pou n ‘aksepte pèdi sa n te chèche’. [...] Kounye a, mwen gen kèk nouvo objektif nan lavi m.” — Raquel

“Yon bon zanmi ki saj, yon frè, te ede m wè li nesesè pou m avanse. Li te montre m Eklezyas 3:6, epi avèk jantiyès, li te di m gen moman pou n ‘aksepte pèdi sa n te chèche’. Se te yon konsèy ki te difisil pou m aksepte, men se te konsèy sa mwen te bezwen. Kounye a, mwen gen kèk nouvo objektif nan lavi m.”

Yon lòt sè ki rele Elizabeth te di: “Lè maryaj ou kraze, ou bezwen èd. Mwen gen yon bon zanmi m ki te ban m èd sa a jou apre jou. Li te kriye avè m, li te konsole m epi li te fè m santi m gen moun ki renmen m olye yo rejte m. Mwen gen konviksyon Jewova te sèvi ak sè sa a ki zanmi m pou l geri blese mwen te genyen nan domèn afektif yo.”

LÈ NOU MALAD OSWA NOU VIN GRANMOUN

“Epi lè m fin priye Bondye, mwen santi lespri l ban m fòs.” — Luis

Luis, frè nou te site nan premye atik la, gen yon pwoblèm kè ki grav, epi li te manke mouri pandan de fwa. Kounye a, li bezwen nan oksijèn 16 èdtan chak jou. Men sa l di: “Mwen toujou priye Jewova. Epi lè m fin priye Bondye, mwen santi lespri l ban m fòs. Lapriyè ban m kouraj pou m kontinye kenbe, paske mwen fè Bondye konfyans e mwen konnen li gen sousi pou mwen.”

Men sa Maria, ki gen plis pase katreventan, rakonte: “Mwen vle fè anpil bagay, men m pa kapab. Lè m wè fason fòs mwen ap diminye sa fè m mal anpil. Mwen santi m faya epi mwen oblije depann de medikaman. Souvan, mwen sonje jan Jezi te mande Papa l pou yon eprèv pase lwen l, si sa te posib. Sepandan, Jewova te fòtifye Jezi, epi li fòtifye m tou. Lapriyè se yon medikaman mwen pran chak jou. Mwen santi m pi byen apre m fin pale ak Bondye.” — Matye 26:39.

Julian, k ap goumen depi prèske 30 an ak yon maladi ki atake yon pati nan sèvo l ak mis li yo e ki paralize, pataje menm santiman sa a. Men sa l di: “Mwen chanje chèz, mwen soti sou yon chèz antanke direktè pou m vin sou yon chèz woulan antanke yon moun andikape. Men lavi m gen sans paske mwen toujou ap sèvi lòt moun. Lè nou renmen bay, sa kapab soulaje soufrans nou, e Jewova kenbe pwomès li kote l ap ban nou fòs nan moman nou bezwen l. Menm jan ak apot Pòl, mwen kapab di toutbonvre: ‘Mwen gen fòs pou tout bagay grasa Sila a ki ban m pisans lan.’” — Filipyen 4:13.

LÈ NOU GEN MOUN PA NOU KI MOURI

Men sa Antonio fè konnen: “Lè yon machin te frape papa m, e li te mouri, okòmansman, mwen pa t ka kwè sa. Sa pa t jis paske se jis yon inosan ki t ap travèse yon lari. Men, m pa t ka fè anyen. Li te nan koma pandan senk jou anvan l mouri. M pa konnen ki jan sa te fè rive, mwen te pran kè pou m pa t kriye devan manman m, men lè m te poukont mwen, mwen te kriye anpil. Mwen te kontinye ap mande tèt mwen: ‘Poukisa? Poukisa?’

“Pandan jou sa yo ki te terib anpil, mwen te toujou mande Jewova pou l ede m kontwole santiman m epi pou l ban m lapè. Tikras pa tikras, mwen te santi m vin pi kalm. Mwen te sonje Bib la esplike ‘malè rive’ nenpòt moun. Piske Bondye pa ka bay manti, mwen gen konviksyon m ap wè papa m ankò nan rezirèksyon an.” — Eklezyas 9:11; Jan 11:25; Tit 1:2.

“Byenke pitit gason nou an pèdi lavi l nan aksidan avyon sa a, nou toujou sonje anpil bèl moman nou te pase ansanm.” — Robert

Men sa Robert, nou te pale de li nan premye atik la, ki te gen menm santiman an, fè konnen: “Madanm mwen, Maribelle, ansanm avè m te vin gen lapè nan lespri nou, jan yo pale de sa nan Filipyen 4:6, 7. Nou te rive gen lapè sa a paske nou te konn priye Jewova. Lefètke nou te gen lapè sa a anndan nou, nou te kapab pale ak jounalis yo konsènan esperans rezirèksyon nou genyen an. Byenke pitit gason nou an pèdi lavi l nan aksidan avyon sa a, nou toujou sonje anpil bèl moman nou te pase ansanm. Nou eseye konsantre sou souvni sa yo.

“Lè Temwen parèy nou yo te di yo te wè nou esplike lafwa nou yon fason ki kalm sou televizyon, nou te di yo pa gen dout se grasa tout priyè yo te fè pou nou yo ki te ede n fè sa. Mwen kwè toutbonvre Jewova te soutni nou pa mwayen anpil mesaj konsolasyon frè ak sè yo te voye ban nou, yon kantite mesaj nou pa ka konte.”

Jan egzanp nou egzamine yo montre sa, Bondye kapab konsole moun ki gen tout kalite pwoblèm ak tout kalite tètchaje. E ou menm? Kèlkeswa pwoblèm ou ka jwenn nan lavi a, ou ka jwenn konsolasyon k ap ede w nan moman difisil yo *. Donk, pou ki rezon ou pa mande Jewova pou l ede w? Li se “Bondye tout konsolasyon an”. — 2 Korentyen 1:3.

^ § 5 Gen non moun yo chanje nan atik sa a.

^ § 23 Si ou ta renmen jwenn èd pou w pwoche bò kote Bondye pou w ka jwenn konsolasyon li bay, tanpri, kontakte Temwen Jewova ki nan zòn bò lakay ou oswa ekri biwo filyal ki pi pre zòn kote w ye a.