Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ANNOU IMITE LAFWA YO | DAVID

“Batay la se batay Jewova”

“Batay la se batay Jewova”

DAVID te met gason sou li pou l kenbe kont anpil pousad sòlda yo ki t ap pase devan l te ba li. Pandan sòlda yo t ap kouri pou batay la, yo te sezi e yo te pè. Ki sa k te fè yo pè konsa? Plizyè fwa, David dwe te tande yo ki enkyete anpil e k ap plede repete yon mo. Se non yon mesye. E se mesye sa ki kanpe nan vale a avèk awogans, petèt David pa t janm wè yon moun ki pi wo pase misye.

Non li se Golyat! David te kapab wè poukisa sòlda yo te pè l. Misye te parèt byen wo tankou yon gwo mòn. Menmsi li pa t gen gwo ekipman konba sou li, sandout, li te peze plis pase de gwo mesye. Men, li te gen kèk gwo zam, li te yon sòlda ki gen anpil eksperyans e li te fò anpil. Golyat t ap fè rèl lè l t ap bay yon defi. Imajine vwa li ki tankou yon loray k ap fè eko nan vale a pandan l ap fawouche lame Izrayelit yo ak Sayil, wa yo a. Li te bay nenpòt moun defi ki kapab pou vin goumen avè l, yon fason pou l pa t al fè lòt gè ankò avèk yo! — 1 Samyèl 17:4-10.

Tout Izrayelit yo te renka renka, e wa Sayil te renka kò l tou. David te aprann sitiyasyon an te gen plis pase yon mwa. De lame yo, lame moun Filisti yo ak lame Izrayelit yo, te kanpe san yo pa t fè anyen pandan Golyat t ap moke Izrayelit yo jou apre jou. David te santi sa ba l pwoblèm. Sa te imilyan pou l wè fason ni wa Izrayèl la, ni sòlda yo, ansanm ak twa nan frè l yo ki te pi gran pase l e ki te sòlda, te renka kò yo akoz yo te pè! Nan je David, Golyat, yon payen, pa t sèlman fè lame Izrayèl la wont, men tou li te manke Jewova, Bondye Izrayelit yo, dega! Sepandan, ki sa David te ka fè, paske li te senpleman yon jèn? Jodi a, ki sa nou kapab aprann nan lafwa David? — 1 Samyèl 17:11-14.

“VIDE LUIL SOU TÈT LI, PASKE SE LI M CHWAZI”

Annou fè yon ti bak sou sa k te pase kèk mwa anvan moman sa a. Lè l t apral aswè, David t ap pran swen mouton papa l yo nan yon mòn toupre Betleyèm. Li te yon bèl jèn gason, petèt li te nan adolesans li. Po l te woz, li te gen bèl je e li te atiran. Nan moman li pap fè anyen, li te pase tan ap jwe hap. Li te konn gade kreyasyon Bondye a ki bèl, e sa te pouse l konpoze kèk mizik, epi avèk letan, li te vin pi maton nan fè mizik paske l te konn pase anpil tan ap pratike l ak kè kontan. Men, nan aswè, yo te rele David. Papa l te vle wè l tousuit. — 1 Samyèl 16:12.

Li t al jwenn papa l, Jese, ki t ap pale ak yon mesye ki te granmoun anpil. Se te Samyèl, yon pwofèt fidèl. Jewova te voye l pou l al vide luil sou tèt youn nan pitit gason Jese yo pou vin pwochen wa Izrayèl la! Samyèl te deja wè sèt frè David yo ki te pi gran pase David, men Jewova te fè Samyèl konprann byen klè se pa t youn ladan yo li te chwazi. Men, kou David te rive, Jewova te di Samyèl: “Vide luil sou tèt li, paske se li m chwazi.” Devan tout gran frè David yo, Samyèl te ouvri yon kòn ki te gen yon luil espesyal ladan l, epi li te vide ladan l sou tèt David. Apre moman sa a, lavi David pa t janm menm jan an. Bib la di: “Lespri Jewova te kòmanse aji sou David depi jou sa a.” — 1 Samyèl 16:1, 5-11, 13.

Avèk imilite, David te rekonèt se Jewova ki te fè l pot laviktwa sou bèt sovaj yo.

Èske David te kòmanse gen anbisyon pou l vin wa? Non, li te kontante l pou l tann direksyon lespri sen Jewova ap ba li pou fè l konnen ki lè l ap gen plis responsablite. Annatandan, li te kontinye fè travay li kòm yon senp bèje. Li te konn fè travay sa a avèk anpil devouman e ak anpil kouraj. Nan de okazyon, twoupo bèt papa l yo te menase. Yon fwa se te yon lyon ki te menase l, epi yon lòt fwa se te yon lous. David pa t senpleman kouri dèyè bèt mechan sa yo pou fè yo al lwen. Okontrè, li te kòmanse goumen lamenm ak bèt yo pou pwoteje mouton papa l yo ki te san defans. Nan de okazyon sa yo, li te touye bèt sovaj sa yo ki te mechan poukont li! — 1 Samyèl 17:34-36; Ezayi 31:4.

Avèk letan, yo te rele David ankò. Wa Sayil te gentan tande pale de repitasyon l. Menmsi Sayil te yon sòlda ki pisan, li te pèdi apwobasyon Jewova lè l te rebele kont enstriksyon Bondye te bay. Jewova te retire lespri l sou Sayil, e souvan wa a te vin gen yon move mantalite, li te konn ap fè gwo kòlè, li pa t fè moun konfyans e li te vyolan. Lè Sayil te gen move mantalite a, yon bagay ki te ka kalme l se mizik. Gen kèk mesye ki te konn travay pou Sayil ki te aprann David se yon mizisyen e li konn batay. Donk, yo te rele David, epi nan yon ti tan li te vin youn nan mizisyen nan palè Sayil la e youn nan moun ki te konn pot zam li yo. — 1 Samyèl 15:26-29; 16:14-23.

Jèn yo, an patikilye, kapab aprann anpil nan lafwa David nan domèn sa yo. Remake li te konn pase tan lib li nan aktivite ki te fè l vin pi pwòch ak Jewova. Anplis, avèk pasyans, li te vin aprann fè yon seri de travay ki pratik, e sa te fè l fasil pou l jwenn travay pou l fè. Men, sa ki pi enpòtan, li te aksepte direksyon lespri sen te ba l. Sa se yon bèl egzanp pou nou tout! — Eklezyas 12:1.

“PINGA PÈSONN PÈDI KOURAJ AKOZ SÒLDA FILISTI SA A”

Pandan David t ap sèvi Sayil, souvan, li te retounen lakay li pou l pran swen mouton yo, pafwa, pandan anpil tan. Se te pandan youn nan fwa sa yo Jese te voye David al wè twa pitit gason li yo ki te pi gran ki te nan lame Sayil. David te obeyi papa l, epi li te pote anpil pwovizyon pou frè l yo nan Vale Ela. Lè l te rive, li te kontrarye lè l te wè de lame yo ret kanpe san yo pap fè anyen, jan nou te esplike nan kòmansman atik la. Youn te anfas lòt la sou chak bò nan vale a, yon vale ki te laj e ki te gen yon fòm won. — 1 Samyèl 17:1-3, 15-19.

Pou David, sitiyasyon sa a te ensipòtab. Ki jan lame Jewova a, Bondye vivan an, kapab ap kouri pou yon senp moun, yon payen, tèlman yo te pè? David te wè defi Golyat te bay la se manke l t ap manke Jewova dega dirèkteman. Donk, li te kòmanse pale ak lòt sòlda yo avèk fòs sou fason pou yo venk Golyat. Apre yon ti tan, pi gran frè David la, Elyab, te tande sa David di. Li te pale di ak ti frè l la, li te akize l, li te di l li vini la sèlman pou l te kapab wè pakèt moun k ap mouri nan batay la. Men, David te reponn li: “Kot sa m fè la a? Se yon kesyon m annik poze!” Apre sa, li te kontinye pale avèk konfyans sou fason yo te ka pot laviktwa sou Golyat, jiskaske yon moun t al repete sa l te di yo pou Sayil. Wa a te bay lòd pou yo mennen David devan l. — 1 Samyèl 17:23-31.

Men pawòl ankourajan David te di wa a konsènan Golyat: “Pinga pèsonn pèdi kouraj akoz sòlda Filisti sa a.” An reyalite, Sayil ak mesye l yo te pèdi kouraj akoz Golyat. Petèt yo te fè yon erè ki nòmal lè yo te konpare tèt yo ak gwo mesye sa a, yo te wè se te sèlman nan wotè tay li oswa nan wotè lestomak li yo te rive lè yo kanpe. Yo te imajine jeyan sa a ki byen ame a t ap bat yo byen fasil e byen rapid. Men, David pa t panse konsa. Jan nou pral wè sa, li te wè sitiyasyon an yon lòt jan nèt. Donk, li te ofri tèt li pou l goumen ak Golyat. — 1 Samyèl 17:32.

Sayil pa t dakò, li te di l: “Ou pap ka batay ak sòlda Filisti sa a paske se yon timoun ou ye, e li menm li se yon sòlda depi l tou jèn.” Èske David te yon timoun toutbonvre? Non, men li te twò jèn pou l antre nan lame a, e petèt li te gen aparans yon timoun. Sepandan, moun yo te konn David kòm yon moun ki konn batay e ki gen kran, byenke petèt li te nan fen adolesans li lè sa a. — 1 Samyèl 16:18; 17:33.

David te bay Sayil asirans lè l te rakonte l sa l fè yon lyon ak yon lous. Èske se vante li t ap vante tèt li? Non. David konnen ki sa k fè l te genyen batay sa yo. Li te di: “Jewova ki te sove m anba pat lyon an ak anba pat lous la se li menm k ap sove m anba men sòlda Filisti sa a.” Finalman, Sayil te aksepte, e li te reponn: “Ou mèt ale. Mwen swete pou Jewova avè w!” — 1 Samyèl 17:37.

Èske w ta renmen gen lafwa menm jan ak David? Donk, remake lafwa David pa t senpleman yon bagay li te imajine. Li te gen lafwa nan Bondye l la paske l te gen konesans sou li e l te fè eksperyans avè l. Li te konnen Jewova kòm yon Moun ki pwoteje sèvitè l avèk amou e ki kenbe pwomès li fè yo. Si nou vle gen yon lafwa konsa, nou bezwen kontinye aprann konnen Bondye Bib la pale de li a. Toutpandan n ap viv ann amoni ak sa nou aprann yo, n ap jwenn bon rezilta k ap fòtifye lafwa nou. — Ebre 11:1.

“JEWOVA AP LAGE W NAN MEN M”

Okòmansman, Sayil te eseye mete ekipman konba pa l yo sou David. Yo te sanble ak ekipman konba Golyat yo ki te fèt an kuiv, e sanble li te gen yon gwo jile ki te fèt ak pyès metal, youn te kole ak lòt menm jan ak kal pwason. Sepandan, David te eseye fè mouvman pandan gwo ekipman konba sa yo te sou li, men li pa t pran tan pou l wè yo pa t bon pou li. Li pa t jwenn fòmasyon yon sòlda, donk, li pa t abitye pote ekipman konba. Sitou yon ekipman konba ki te pou Sayil, ki te pi wo nan tout nasyon Izrayèl la (1 Samyèl 9:2). Li te retire tout sa k te sou li yo, epi li te chwazi mete ekipman li abitye mete yo, bagay bèje yo konn mete pou yo pwoteje twoupo yo. — 1 Samyèl 17:38-40.

David te pote yon baton bèje yo konn pote, yon sak sou zepòl li ak yon flonn. Petèt yon flonn pa sanble anyen, men, an reyalite, se te yon zam ki efikas. Flonn nan te tankou yon ti sak ki fèt an kui ki ouvè de bò, li gen yon kòd oubyen yon lasèt ki mare chak pwent li yo, se te yon zam ki byen itil pou yon bèje. Li t ap mete yon wòch nan ti sak sa a, vire l sou tèt li rapid rapid, apre sa, li lage youn nan pwent yo, konsa wòch la t ap pati ak tout fòs pou l t al tonbe egzakteman kote li te vle voye l la. Zam sa a te vrèman efikas, sa te fè pafwa gen kèk lame ki te gen gwoup sòlda ki sèvi avè l.

David te byen ekipe, e li te kouri sou ènmi l lan. Nou pa bezwen imajine jan David te priye anpil pandan l te bese nan rivyè a ki te sèch, e li t ap chèche senk ti wòch ki lis. Apre sa, li te ale nan chan batay la, li pa t ap mache, men li t ap kouri!

Lè Golyat wè advèsè l la, ki sa l te panse? Men sa nou li nan Bib la: “Li pase l nan rizib, paske David te yon bèl tigason ak ti po l byen woz.” Golyat te di byen fò: “Se yon chen m ye ki fè w ap vin sou mwen ak baton an?” Sanble li te wè baton David la, men li pa t wè flonn nan. Li te lage malediksyon sou David nan non dye Filisti yo, epi li te di li t ap bay zwazo yo ak bèt yo vye kadav advèsè l la pou yo manje l. — 1 Samyèl 17:41-44.

Jis jounen jodi a, repons David la se yon bèl deklarasyon lafwa. Imajine jèn gason sa a k ap di Golyat: “W ap vin sou mwen ak yon epe ak de lans, men mwen menm, m ap vin sou ou nan non Jewova, Chèf lame yo, Bondye lame Izrayèl la, w ap bay defi a.” David te konnen pouvwa lèzòm ak zam lèzòm yo pa t twò enpòtan. Golyat te montre li pa t respekte Jewova Dye, e Jewova t apral ba l yon repons. Jan David te di sa, “batay la se batay Jewova”. — 1 Samyèl 17:45-47.

David pa t avèg pou l pa t wè wotè Golyat ak zam li te genyen yo. Men, David pa t kite bagay sa yo kraponnen l. Li pa t fè menm erè Sayil ak lòt manm lame l yo te fè a. David pa t konpare tèt li ak Golyat. Okontrè, li te konpare Golyat ak Jewova. Golyat, ki te mezire 2,9 mèt wotè, te pi wo lontan pase lòt mesye yo, men an konparezon ak Souvren linivè a, èske Golyat te parèt yon bagay? Alaverite, menm jan ak nenpòt moun, li pa t plis pase yon ti moustik, e nan ka sa a, yon ti moustik Jewova te pare pou l kraze!

David kouri al sou advèsè l la, li pran yon wòch nan sak li a. Li mete l nan flonn nan epi li te vire l sou tèt li jiskaske li fè bri ki tankou lè yon moun ap soufle. Petèt Golyat te dèyè moun ki te pote boukliye l la e l t ap avanse sou David. Anfèt, wotè Golyat la te yon feblès pou li, paske moun ki pote boukliye l la te gen yon wotè nòmal, donk, li pa t ka leve boukliye a pou l te pwoteje tèt jeyan an. Epi, se egzakteman kote David te vize a. — 1 Samyèl 17:41.

David te wè menm yon jeyan te tou piti devan Jewova Dye.

David te voye wòch la. Imajine silans ki te genyen pandan wòch la te anlè pou l rive frape kote l te vize a. Sandout, Jewova te veye aske David pa t bezwen voye yon lòt wòch ankò. Wòch la te frape Golyat dirèkteman nan fwon l. Jeyan an te tonbe fas atè! Moun ki te pote boukliye l la kouri. David ale epi l koupe tèt Golyat avèk menm epe l la. — 1 Samyèl 17:48-51.

Finalman, Sayil ak sòlda l yo te santi yo vin gen kouraj. Yo te fè yon gwo rèl pou montre yo genyen lagè a, epi yo kouri dèyè moun Filisti yo. Batay la te fini egzakteman fason David te di Golyat li t ap fini an, li te di l: “Jewova [...] ap lage nou tout nan men nou.” — 1 Samyèl 17:47, 52, 53.

Jodi a, sèvitè Bondye yo pa patisipe nan lagè. Yo pa nan moman sa yo ankò (Matye 26:52). Sepandan, nou bezwen imite lafwa David. Menm jan avè l, nou bezwen wè Jewova kòm yon Pèsòn reyèl, kòm sèl Dye nou dwe sèvi e nou dwe admire. Pafwa, nou kapab santi nou toupiti devan pwoblèm nou yo, men pwoblèm nou yo toupiti tou devan pisans Jewova genyen an ki san limit. Si nou chwazi Jewova kòm Dye pa nou, e nou mete lafwa nan li menm jan ak David, pa gen okenn defi ni okenn pwoblèm k ap rive dekouraje nou. Pisans Jewova kapab pote laviktwa sou kèlkeswa pwoblèm nan!