Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Vale Ela

David kont Golyat — Èske batay sa a te fèt toutbonvre?

David kont Golyat — Èske batay sa a te fèt toutbonvre?

Gen kèk moun k ap mande si istwa David ak Golyat la se yon bagay ki te fèt toutbonvre oswa si se yon lejann. Èske sa te vin nan lespri w pandan w t ap li atik ki vin anvan an? Si wi, tanpri, egzamine twa kesyon ki vin apre yo.

1 | Èske yon moun kapab mezire anviwon 2,9 mèt toutbonvre?

Bib la di Golyat te “mezire sis koude wotè plis lajè yon men”. (1 Samyèl 17:4.) Koude yo pale la a te egal 44,5 santimèt longè e lajè yon men se te 22,2 santimèt. Lè n mete yo ansanm, sa ban nou prèske 2,9 mèt. Gen kèk moun ki fè konnen Golyat pa t kapab gen wotè sa a, men annou reflechi sou sa: nan epòk nou an, mesye ki pi wo a mezire plis pase 2,7 mèt. Èske sa te posib pou Golyat te gen anviwon 15 santimèt anplis li? Li te soti nan ras moun Refayim yo, yon ras moun jeyan. Gen yon dokiman ann Ejip ki te egziste depi nan 13yèm syèk anvan epòk nou an ki fè wè te gen kèk sòlda ki te enpresyonan nan zòn Kanaran an ki te mezire plis pase 2,4 mèt. Donk, wotè Golyat la pa t nòmal, men se pa yon bagay ki te enposib.

2 | Èske David te yon moun reyèl?

Te gen yon moman kote kèk biblis te eseye pran wa David kòm yon lejann, men sa vin pi difisil pou yo fè sa. Akeyològ yo jwenn yon ansyen enskripsyon ki pale konsènan “lakay David”. Epitou, Jezi Kris te pale de David kòm yon moun reyèl (Matye 12:3; 22:43-45). Pou montre byen klè Jezi se Mesi a, yo bay de liy fanmi byen detaye ki montre Jezi soti nan liy fanmi wa David (Matye 1:6-16; Lik 3:23-31). Sa klè, David se te yon moun reyèl.

3 | Èske evènman yo bay nan istwa a te fèt yon kote ki te egziste toutbonvre?

Bib la di batay la te fèt nan Vale Ela. Men, Bib la bay detay ki pi egzak toujou, li di moun Filisti yo te tabli kan yo sou yon ti mòn ki ant de vil, Soko ak Azeka. Izrayelit yo te rete sou lòt bò vale a sou lòt ti mòn ki anfas la. Èske kote sa yo te egziste toutbonvre?

Remake sa yon touris ki te vizite zòn nan, sa pa gen twò lontan, te di: “Gid nou an, ki pa t yon moun ki nan relijyon, te mennen nou al wè Vale Ela. Nou te monte nan yon chemen ki mennen nou sou tèt yon ti mòn. Pandan nou t ap gade nan vale a, li te fè nou li 1 Samyèl 17:1-3. Apre sa, li te dirije atansyon nou sou lòt bò vale a, e li te di: ‘La a, agoch nou, se dekonm vil Soko.’ Li vire, li di, ‘Lòt bò a, adwat nou, se dekonm vil Azeka. Moun Filisti yo te tabli kan yo ant de vil sa yo, yon kote ki sou ti mòn ki anfas nou an. Donk, petèt kote nou kanpe la a se menm kote Izrayelit yo te tabli kan yo a’. Mwen panse m te kanpe menm kote Sayil ak David te kanpe a. Apre sa, nou te desann epi n al nan vale a, nou te janbe yon rivyè ki te prèske sèch nèt e ki te plen wòch. Mwen te ka imajine David lè l t ap bese isit la pou l pran senk wòch lis, e se ak youn ladan yo li te touye Golyat.” Tankou anpil lòt moun, touris sa a te vrèman enpresyone pou l wè jan enfòmasyon ki nan Bib la egzak.

Pa gen okenn baz pou yon moun gen dout sou istwa sa a ki te fèt toutbonvre. Ni moun ki ladan l yo ni kote yo mansyone yo te egziste toutbonvre. Sa ki pi enpòtan an, istwa sa a fè pati Pawòl Bondye te enspire a, kidonk, li soti nan Bondye verite a, Sila “ki pa ka bay manti” a. — Tit 1:2; 2 Timote 3:16.