Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa Bib la di?

Ki sa Bib la di?

Ki sa Wayòm Bondye a ye?

GEN MOUN KI KWÈ li reprezante rèy Bondye a ki nan kè yon moun, gen lòt ki panse se rezilta efò lèzòm ap fè pou yo rive mete lapè ak fratènite nan monn nan. E ou menm, ki sa w panse?

MEN SA BIB LA DI

“Bondye nan syèl la pral tabli yon wayòm ki pap janm kraze. [...] L ap kraze tout wayòm [lèzòm] sa yo, l ap elimine yo.” (Dànyèl 2:44). Wayòm Bondye a se yon gouvènman ki egziste toutbon.

KI LÒT BAGAY NOU KA APRANN NAN BIB LA?

  • Wayòm Bondye a ap dirije detan nan syèl la. — Matye 10:7; Lik 10:9.

  • Bondye ap sèvi ak Wayòm nan pou l fè volonte l fèt ni nan syèl la ni sou tè a. — Matye 6:10.

Ki lè Wayòm Bondye a ap vini?

ÈSKE W T AP DI...

  • Pèsonn pa konnen?

  • Talè konsa?

  • Sa pap janm fèt?

MEN SA BIB LA DI

“Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon. Apre sa, lafen an ap vini.” (Matye 24:14). Yonfwa yo fin preche bon nouvèl la byen preche, Wayòm nan ap vini pou l detwi sistèm mechan ki la kounye a.

KI LÒT BAGAY NOU KA APRANN NAN BIB LA?

  • Pa gen moun sou tè a ki konnen egzakteman ki lè Wayòm Bondye a ap vini. — Matye 24:36.

  • Pwofesi ki nan Bib la montre Wayòm nan ap vini talè konsa. — Matye 24:3, 7, 12.