Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa Bib la di?

Ki sa Bib la di?

Èske ap janm gen jistis sou tè a?

Èske w t ap di...

  • Wi?

  • Non?

  • Petèt?

Men sa Bib la di

“Mwen konnen Jewova ap defann malere yo e l ap fè pòv yo jwenn jistis.” (Sòm 140:12). Wayòm Bondye a pral fè gen bonjan jistis sou tè a.

Ki lòt bagay nou ka aprann nan Bib la?

  • Bondye wè tout enjistis ki gen nan monn nan jodi a e li pral ranje sa. — Eklezyas 5:8.

  • Grasa jistis Bondye pral mete a, pral gen lapè ak sekirite sou tè a. — Ezayi 32:16-18.

Èske gen gwoup moun Bondye bay plis enpòtans pase lòt?

Gen kèk moun ki kwè... Bondye beni kèk gwoup moun byen presi e li modi kèk lòt, alòske gen lòt moun ki kwè Bondye trete tout moun menm jan. E ou menm, ki sa w panse?

Men sa Bib la di

“Bondye pa gen patipri. Nan tout nasyon, yon moun ki gen lakrentif pou li e k ap pratike sa ki jis, moun sa a fè l plezi.” (Travay 10:34, 35). Nan je Bondye, tout moun egal.

Ki lòt bagay nou ka aprann nan Bib la?

  • Labib gen “yon bon nouvèl” pou “moun tout nasyon, tout tribi, tout lang ak tout pèp”. — Revelasyon 14:6.