Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Mete konfyans ou nan Jewova epi fè sa ki bon”

“Mete konfyans ou nan Jewova epi fè sa ki bon”

“Mete konfyans ou nan Jewova epi fè sa ki bon [...] epi aji avèk fidelite.” — SÒM 37:3.

KANTIK: 133, 63

1. Ki kapasite estrawòdinè Jewova te bay lèzòm lè l t ap kreye yo?

JEWOVA te kreye lèzòm ak yon seri kapasite ki estrawòdinè. Li ban nou kapasite pou n reflechi pou n rezoud pwoblèm nou genyen e pou n planifye avni nou (Pwo. 2:11). Li ban nou fòs pou n ka reyalize sa nou te planifye yo, sa ki pèmèt nou travay pou n atenn bonjan objektif nou te fikse (Flp. 2:13). Anplis de sa, li te kreye nou ak yon konsyans, anpalan de kapasite nou genyen ki pèmèt nou konnen sa ki byen ak sa ki mal, ki kapab ede n evite fè sa ki mal epi korije erè nou fè. — Wom. 2:15.

2. Ki jan Jewova vle n sèvi ak kapasite nou genyen yo?

2 Jewova vle n byen sèvi ak kapasite nou genyen. Poukisa? Paske li renmen nou, e li konnen n ap gen kè kontan lè nou sèvi ak don nou genyen yo. Jewova pa sispann sèvi ak Pawòl li pou l ankouraje nou sèvi ak kapasite nou genyen pou n fè sa ki byen. Pa egzanp, men sa nou li nan Liv ki te ekri ann ebre yo: “Moun ki konn travay byen an planifye sa l ap fè, e konsa bagay yo byen mache pou li”, epi “tout sa w jwenn fè ak men w, fè l ak tout fòs ou”. (Pwo. 21:5; Ekl. 9:10.) Men sa nou li nan Liv ki te ekri an grèk yo: “Toutotan nou gen okazyon pou sa, annou fè byen ak tout moun”, epi “se pou chak moun itilize don l resevwa a pou l sèvi lòt moun”. (Gal. 6:10; 1 Pyè 4:10.) Li klè, Jewova vle nou fè sa nou kapab pou byen nou e pou byen lòt moun.

3. Ki limit lèzòm genyen?

3 Anmenmtan tou, Jewova konnen lèzòm gen limit. Nou pap janm ka elimine enpèfeksyon, peche ak lanmò poukont nou. Epitou, nou pap janm kapab gen kontwòl lòt moun, paske tout moun gen libète pou yo deside (1 Wa 8:46). E kèlkeswa kantite konesans oswa eksperyans nou genyen, n ap toujou tankou timoun devan Jewova. — Eza. 55:9.

Lè w gen pwoblèm, “mete konfyans ou nan Jewova epi fè sa ki bon”.

4. Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a?

4 Nan kèlkeswa sitiyasyon an, nou bezwen konte sou Jewova pou l gide nou, nou bezwen gen konfyans l ap soutni nou e l ap fè pou nou sa nou pa kapab fè pou tèt nou. Anmenmtan tou, nou dwe fè sa nou kapab lè nou aji pou n rezoud pwoblèm yo e pou n ede lòt moun. (Li Sòm 37:3.) An rezime, nou bezwen ‘mete konfyans nou nan Jewova e nou bezwen sa ki bon’, epitou, nou bezwen “aji avèk fidelite”. Nan sans sa a, ann wè ki sa nou kapab aprann nan egzanp Noye, David ak lòt sèvitè fidèl Jewova ki te konte sou li e ki te fè yon bagay. Jan nou pral wè sa, sa mande pou n fè diferans ant sa yo pa t kapab fè ak sa yo te kapab fè epi pou n fè menm jan ak yo.

LÈ GEN MECHANSTE K AP FÈT TOUTOTOU NOU

5. Fè yon ti pale sou sitiyasyon Noye t ap viv ladan l lan.

5 Noye t ap viv nan yon monn ki te “chaje ak vyolans” ak imoralite (Jen. 6:4, 9-13). Li te konnen Jewova t ap gen pou l detwi monn mechan sa a. Malgre sa, Noye dwe te santi l boulvèse akoz sitiyasyon moun sa yo ki pa t gen respè pou Bondye. Nan sitiyasyon sa a, Noye te rekonèt gen kèk bagay li pa t kapab fè, men, gen lòt bagay li te kapab fè.

Lè moun opoze ak travay predikasyon an. (Gade paragraf 6-9.)

6, 7. a) Ki sa Noye pa t kapab fè? b) Nan ki sans, nou nan yon sitiyasyon ki sanble ak pa Noye a?

6 Sa Noye pa t kapab fè: Byenke Noye te preche mesaj avètisman Jewova te bay la fidèlman, li pa t kapab fòse moun mechan ki t ap viv toutotou l yo aksepte mesaj sa a, ni li pa t kapab fè delij la fèt anvan lè l. Noye te dwe gen konfyans Jewova t ap kenbe pwomès Li te fè pou l met fen nan mechanste, e l te kwè Bondye t ap fè sa nan bon moman an. — Jen. 6:17.

7 Nou menm tou, n ap viv nan yon monn ki chaje ak mechanste, yon monn nou konnen Jewova pwomèt l ap detwi (1 Jan 2:17). Anmenmtan tou, nou pa kapab fòse moun yo aksepte “bon nouvèl [...] Wayòm nan”. Epitou, nou pa kapab fè anyen pou n fè “gwo tribilasyon” an kòmanse anvan lè l (Mat. 24:14, 21). Menm jan ak Noye, nou bezwen gen yon lafwa solid, nou bezwen gen konfyans Bondye pral aji talè konsa (Sòm 37:10, 11). Nou gen konviksyon Jewova pap kite monn mechan sa a ret fè menm yon jou anplis pase sa li gen nan objektif li. — Aba. 2:3.

8. Ki jan Noye te ret konsantre sou sa li te kapab fè? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

8 Sa Noye te kapab fè: Olye Noye te dekouraje akoz sa li pa t kapab fè, li te ret konsantre sou sa li te kapab fè. Antanke “yon moun ki t ap preche sa ki jis”, Noye te preche mesaj avètisman Bondye te ba l la fidèlman (2 Pyè 2:5). Pa gen dout, lefètke l te fè sa sa te ede l kenbe lafwa l solid. Nonsèlman li te preche, men tou, li te sèvi ak fòs fizik li ansanm ak kapasite mantal li pou l fè travay Bondye te ba l fè a, sètadi pou l te konstwi yon lach. — Li Ebre 11:7.

9. Ki jan nou ka imite egzanp Noye?

9 Menm jan ak Noye, nou fè tout sa n kapab pou n gen “anpil bagay pou nou fè nan travay Seyè a”. (1 Kor. 15:58.) Travay sa a gen ladan l lan konstriksyon ak antretyen lokal nou itilize pou n adore Bondye, ofri tèt nou kòm volontè pou n ede lè gen asanble ak kongrè, oubyen fè travay yo ban nou fè nan yon biwo filyal oswa nan yon biwo tradiksyon ki pa nan yon filyal. Sa k pi enpòtan an, nou rete okipe nan travay predikasyon an, paske nou konnen travay sa a ap fòtifye esperans nou genyen pou lavni. Men sa yon sè ki fidèl te di: “Lè w pale ak lòt moun sou benediksyon Wayòm Bondye a ap pote, ou rann ou kont moun k ap koute w yo pa gen okenn espwa e yo panse pwoblèm yo genyen yo ap toujou la.” Vrèmanvre, lè nou patisipe nan travay predikasyon an sa fè nou vin pi pozitif konsènan lavni e sa fè n vin gen plis detèminasyon pou n pa abandone kous pou lavi a. — 1 Kor. 9:24.

LÈ NOU FÈ PECHE

10. Fè yon ti pale sou sitiyasyon David te ladan l lan.

10 Jewova te di wa David se “yon moun ki fè [l] plezi”. (Tra. 13:22.) An jeneral, David te yon moun ki fidèl. Aktout sa, yon lè, li te fè yon peche grav. Li te fè adiltè ak Batcheba. Sa k pi rèd la, li te eseye kache peche a lè l te fè plan pou yo touye Ouri, mari Batcheba a, nan lagè. David te menm bay Ouri pote lèt ki bay lòd pou fè touye l la (2 Sam. 11:1-21)! Finalman, peche David la te vin parèt aklè (Mak 4:22). Lè David te wè sa, ki jan l te reyaji?

Peche nou te fè. (Gade paragraf 11-14.)

11, 12. a) Apre David te fin peche, ki sa l pa t kapab fè? b) Si nou repanti apre nou fin fè peche ki grav, ki sa n kapab gen konfyans Jewova ap fè pou nou?

11 Sa David pa t kapab fè: David pa t ka defèt sa l te fè. Epi, li pa t ka chape anba konsekans peche l yo. Anfèt, gen kèk nan konsekans sa yo David te sibi pandan tout rès vi l (2 Sam. 12:10-12, 14). Kidonk, li te bezwen gen lafwa. Li te dwe gen konfyans si l te repanti toutbon, Jewova t ap padone l e l t ap ede l andire konsekans aksyon l yo.

12 Etandone nou enpafè, nou tout peche. Gen kèk peche ki pi grav pase lòt. Nan kèk sitiyasyon, nou gendwa pa kapab repare erè nou te fè yo. Nou ka senpleman oblije viv ak konsekans yo (Gal. 6:7). Men, nou kwè nan sa Bondye di, nou gen konfyans si nou repanti, Jewova ap soutni nou nan moman difisil yo, menm lè se nou menm ki te lakòz difikilte sa yo. — Li Ezayi 1:18, 19; Travay 3:19.

13. Ki jan David te reprann li nan domèn espirityèl?

13 Sa David te kapab fè: David te kite Jewova ede l reprann li nan domèn espirityèl. Youn nan fason l te fè sa se lè l te aksepte koreksyon yon moun ki te reprezante Jewova te ba li, anpalan de pwofèt Natan (2 Sam. 12:13). David te priye Jewova tou, li te konfese l peche l yo e l te fè konnen ak tout kè l li ta renmen jwenn favè Jewova ankò (Sòm 51:1-17). Olye David te kite lawont anpeche l fè efò, li te tire leson nan erè l te fè yo. Anfèt, li pa t janm fè peche grav sa yo ankò. Plizyè ane annapre, li te mouri fidèl, e Jewova pa janm bliye jan l te yon moun ki fidèl. — Ebre 11:32-34.

14. Ki sa n ka aprann nan egzanp David?

14 Ki sa n ka aprann nan egzanp David? Si nou fè yon peche grav, nou dwe repanti ak tout kè nou e nou dwe mande Jewova padon. Nou dwe konfese peche nou yo ba li (1 Jan 1:9). Nou dwe al kot ansyen yo tou, yo menm ki kapab ban nou èd nan domèn espirityèl. (Li Jak 5:14-16.) Lè n pwofite dispozisyon Jewova pran yo, nou montre nou gen konfyans nan pwomès li fè pou l geri nou e pou l padone nou. Apre sa, li bon pou n tire leson nan erè nou fè yo, pou n kontinye nan sèvis nou pou Jewova, e pou n gen konfyans bagay yo ap mache byen alavni. — Ebre 12:12, 13.

NAN LÒT SITIYASYON YO

Pwoblèm sante. (Gade paragraf 15.)

15. Ki sa nou aprann nan egzanp Ana?

15 Petèt, ou kapab reflechi sou egzanp lòt sèvitè fidèl nan tan lontan yo ki te gen konfyans nan Jewova e ki te fè yon bagay. Pa egzanp, Ana, ki pa t ka fè pitit, pa t kapab rezoud pwoblèm sa a poukont li. Men, li te gen konfyans Jewova t ap konsole l, se sa k fè li te kontinye adore nan tabènak la e l te priye Jewova pou l di l tout sa k te nan kè l (1 Sam. 1:9-11). Èske se pa yon bon egzanp pou nou? Lè nou gen pwoblèm sante oswa lòt difikilte nou pa gen kontwòl sou yo, nou lage tètchaje nou sou Jewova, nou gen konfyans l ap pran swen nou (1 Pyè 5:6, 7). Anplis de sa, nou fè sa nou kapab pou n byen pwofite reyinyon yo ak lòt dispozisyon Bondye pran yo. — Ebre 10:24, 25.

Timoun ki rebèl. (Gade paragraf 16.)

16. Ki sa paran yo ka aprann nan egzanp Samyèl lè l te granmoun?

16 Ki sa n ka di konsènan paran ki fidèl yo ki gen pitit yo ki kite laverite? Lè Samyèl te granmoun, li pa t kapab fòse pitit gason l yo ki te gran pou yo ret fidèl ak prensip jis li te anseye yo (1 Sam. 8:1-3). Li te oblije kite sa nan men Jewova. Aktout sa, Samyèl te kapab kenbe entegrite l e l te kapab fè Jewova, Papa l ki nan syèl la, plezi (Pwo. 27:11). Jodi a, gen anpil paran ki kretyen ki nan yon sitiyasyon konsa. Menm jan ak papa ki nan parabòl pitit gason gaspiyè a, yo gen konfyans Jewova toujou dispoze akeyi moun ki fè peche e ki repanti (Lik 15:20). Anmenmtan tou, paran sa yo fè anpil efò pou yo ret fidèl ak Jewova, yo espere egzanp yo bay ap ankouraje pitit yo retounen nan twoupo a.

Pwoblèm ekonomik. (Gade paragraf 17.)

17. Poukisa egzanp vèv malerèz la ankouraje nou?

17 Fè yon ti reflechi sou egzanp vèv malerèz la nan epòk Jezi a. (Li Lik 21:1-4.) Li te prèske pa t kapab fè anyen kont koripsyon ki te gen nan tanp lan (Mat. 21:12, 13). Epitou, se apèn si l te kapab fè yon bagay pou l amelyore sitiyasyon ekonomik li. Malgre sa, li te bay “de ti pyès monnen” kòm ofrann volontè, sa ki te reprezante “tout sa l te gen pou l viv”. Dam sa a ki te fidèl te montre li fè Jewova konfyans ak tout kè l, li te konnen si l te met relasyon l ak Bondye an premye, Bondye t ap ba l sa l bezwen nan domèn materyèl. Konfyans vèv la te genyen an te pouse l soutni dispozisyon yo te pran nan epòk la pou vrè adorasyon an. Menm jan an tou, nou gen konfyans si nou chèche Wayòm nan an premye, Jewova ap fè nou jwenn sa nou gen bezwen. — Mat. 6:33.

18. Bay egzanp yon sèvitè Bondye nan epòk nou an ki te gen yon pwennvi ki kòrèk.

18 Anpil nan kwayan parèy nou yo nan epòk nou an montre yo fè Jewova konfyans tou e yo fè yon bagay. Ann pran egzanp yon frè ki te rele Malcolm ki te mouri fidèl nan ane 2015. Pandan plizyè dizèn ane li menm ak madanm li te fè ap sèvi Jewova, yo te konn bon moman ak move moman. Men sa l te di: “Pafwa, gen yon seri bagay ki ka rive sanzatann nan lavi a, e ki ka menm difisil pou n fè fas ak yo. Men, Jewova beni moun ki konte sou li.” Ki konsèy Malcolm te bay? “Priye Jewova pou l ede w fè tout sa w kapab pou w aktif nan sèvis li a e pou w toujou bay bon rezilta nan sèvis sa a. Konsantre w sou sa w ka fè, pa konsantre w sou sa w pa ka fè *.”

19. a) Sa k fè tèks pou ane 2017 la byen tonbe? b) Ki jan w pral aplike tèks pou ane 2017 la nan lavi w?

19 Toutpandan sistèm sa a “ap vin pi mal”, nou kapab atann n ap jwenn pi gwo difikilte toujou (2 Tim. 3:1, 13). Se sa k fè l pi enpòtan toujou pou n pa kite difikilte sa yo anpeche n fè efò. Okontrè, nou bezwen chèche gen yon lafwa solid nan Jewova toutpandan n ap fè efò pou n fè tout sa n kapab. Kidonk, se pa ti byen tonbe tèks pou ane 2017 la byen tonbe! Li di: “Mete konfyans ou nan Jewova epi fè sa ki bon.” — Sòm 37:3.

Men tèks pou ane 2017 la: “Mete konfyans ou nan Jewova epi fè sa ki bon” — Sòm 37:3.