Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kiyès k ap dirije pèp Bondye a jodi a?

Kiyès k ap dirije pèp Bondye a jodi a?

“Sonje moun k ap dirije nou yo.” — EBRE 13:7.

KANTIK: 125, 43

1, 2. Apre Jezi te fin monte nan syèl la, ki kesyon apot li yo te ka ap poze tèt yo?

YON lè, apot Jezi yo te kanpe sou Mòn Oliv, yo t ap gade syèl la. Yo te fèk sot wè Jezi, mèt yo a, zanmi yo a, ki monte nan syèl la e te vin gen yon nyaj ki bare l (Tra. 1:9, 10). Pandan anviwon dezan, Jezi te anseye yo, li te ankouraje yo e l te gide yo. Kounye a, men l ale. Ki sa yo t apral fè?

2 Jezi te bay disip li yo yon misyon, li te di yo: “Nou pral sèvi m temwen nan Jerizalèm, nan tout Jide ak nan Samari, rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a.” (Tra. 1:8). Ki jan yo t ap rive fè travay sa a? Se vre, Jezi te ba yo asirans yon ti tan annapre yo t ap resevwa lespri sen (Tra. 1:5). Men, pou yo te ka fè yon kanpay predikasyon sou tout tè a, sa t ap mande pou yo jwenn bonjan direksyon e pou yo byen òganize. Pou Jewova te dirije pèp li a nan tan lontan e pou l te òganize yo, li te itilize yon seri moun kòm reprezantan l. Se sa k fè apot yo te ka ap mande tèt yo: ‘Èske Jewova pral nome yon nouvo gid kounye a?’

3. a) Apre Jezi te fin monte nan syèl la, ki desizyon enpòtan apot fidèl li yo te pran? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a?

3 Mwens pase de semèn annapre, disip Jezi yo te egzamine Ekriti yo, yo te priye pou yo jwenn direksyon Bondye e yo te chwazi Matyas pou vin ranplase Jida Iskaryòt kòm 12yèm apot (Tra. 1:15-26). Poukisa chwa sa a te enpòtan anpil ni pou yo ni pou Jewova? Matyas te jwe yon wòl enpòtan pou yo te ka byen òganize *. Jezi pa t sèlman chwazi apot li yo pou yo akonpaye l nan sèvis li, men tou, pou yo ka jwe yon gwo wòl pami pèp Bondye a. Ki wòl yo te genyen, e ki jan Jewova te sèvi ak Jezi pou l ede yo jwenn sa yo te bezwen pou yo jwe wòl yo? Ki dispozisyon ki sanble ak dispozisyon ki egziste pami pèp Bondye a jodi a? E ki jan nou ka montre nou “sonje moun k ap dirije nou yo”, sitou moun ki fè pati “esklav fidèl ki prevwayan an”? — Ebre 13:7; Mat. 24:45.

YON GWOUP VIZIB KI GEN YON GID ENVIZIB

4. Ki wòl apot yo ak lòt ansyen nan Jerizalèm yo te jwe nan premye syèk la?

4 Nan Pannkòt ane 33 epòk nou an, apot yo te kòmanse dirije kongregasyon yo. Nan moman sa a, “Pyè ak 11 lòt apot yo leve kanpe” e yo pataje yon seri verite ki ka sove lavi moun ak yon gwo foul Juif ak moun ki te konvèti nan relijyon juif la (Tra. 2:14, 15). Anpil nan moun sa yo te vin kwayan. Annapre, nouvo kretyen sa yo “te kontinye pran tan pou yo koute ansèyman apot yo”. (Tra. 2:42.) Apot yo te konn jere lajan kongregasyon an (Tra. 4:34, 35). Yo te konn pran swen pèp Bondye a nan domèn espirityèl, yo te di: “N ap konsakre nou nan lapriyè e n ap kontinye anseye pawòl la.” (Tra. 6:4). Mete sou sa, yo te nome kretyen ki gen eksperyans pou fè travay evanjelizasyon an vanse nan nouvo tèritwa yo (Tra. 8:14, 15). Pi devan, te gen lòt ansyen ki te gen esperans pou y al nan syèl ki te vin ede apot yo jere zafè kongregasyon yo. Antanke yon kolèj santral, yo te bay tout kongregasyon yo direksyon. — Tra. 15:2.

5, 6. a) Ki jan lespri sen te bay kolèj santral la pisans? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Ki èd zanj yo te bay kolèj santral la? c) Ki jan Pawòl Bondye a te gide kolèj santral la?

5 Kretyen yo nan premye syèk la te rekonèt Jewova Dye te sèvi ak Jezi, Gid yo a, pou l dirije kolèj santral la. Ki jan yo te fè gen asirans se konsa sa te ye? Premyèman, lespri sen te bay kolèj santral la pisans (Jan 16:13). Bondye te vide lespri sen sou tout kretyen li chwazi pou al nan syèl yo, men, li te sitou bay apot yo ak ansyen ki te Jerizalèm yo kapasite pou yo jwe wòl yo antanke siveyan. Pa egzanp, nan ane 49 epòk nou an, lespri sen te gide kolèj santral la pou l pran yon desizyon ki te gen rapò ak kesyon sikonsizyon an. Kongregasyon yo te suiv direksyon yo te bay, yo “te kontinye ap vin pi solid nan lafwa, e de jou an jou, yo te vin gen plis moun”. (Tra. 16:4, 5.) Mete sou sa, lèt ki te pale de desizyon sa a montre kolèj santral la te demontre fwi lespri Bondye a, sa ki gen ladan l lanmou ak lafwa. — Tra. 15:11, 25-29; Gal. 5:22, 23.

6 Dezyèmman, gen zanj ki te ede kolèj santral la. Anvan Kònèy te batize antanke premye moun lòt nasyon ki pa t sikonsi ki te vin kretyen, yon zanj te ba l enstriksyon pou l voye chèche apot Pyè. Apre Pyè te fin preche Kònèy ak fanmi Kònèy, lespri sen te vin sou yo, byenke mesye yo pa t sikonsi. Sa te pouse apot yo ak lòt frè yo soumèt devan volonte Bondye e pou yo aksepte moun ki nan nasyon yo ki pa sikonsi nan kongregasyon an (Tra. 11:13-18). Mete sou sa, gen zanj ki pa t sispann ankouraje moun patisipe nan travay predikasyon kolèj santral la t ap sipèvize a e yo te fè travay la fèt pi vit (Tra. 5:19, 20). Twazyèmman, Pawòl Bondye a te gide kolèj santral la. Kit yo t ap regle kesyon ki gen rapò ak ansèyman, kit yo t ap bay enstriksyon sou fason pou bagay yo òganize, ansyen sa yo Bondye te chwazi grasa lespri sen l te kite Ekriti yo gide yo. — Tra. 1:20-22; 15:15-20.

7. Poukisa n ka di Jezi t ap gide kretyen yo nan premye syèk la?

7 Byenke kolèj santral la te gen otorite nan kongregasyon an nan premye syèk la, yo te rekonèt se Jezi ki Gid yo. Men sa apot Pòl te ekri: “Li [Kris] bay kèk ladan yo kòm apot.” Epi, li te ajoute: “Annou grandi nan tout bagay grasa lanmou, ann amoni ak sila a ki se tèt la, anpalan de Kris.” (Efe. 4:11, 15). Olye disip yo te chèche pote non yon apot ki nan gwo pozisyon, “Bondye te fè yo rele disip yo Kretyen”. (Tra. 11:26.) Li klè, Pòl te rekonèt jan l enpòtan pou kretyen yo “byen kenbe tout sa [l] te transmèt” yo, oswa bagay ki baze sou Ekriti yo apot yo ak lòt mesye ki t ap dirije yo te transmèt. Aktout sa, men sa l te ajoute: “Men, mwen vle nou konnen chèf tout gason [sa gen ladan l chak manm kolèj santral la] se Kris, [...] e chèf Kris se Bondye.” (1 Kor. 11:2, 3). Vrèmanvre, se Kris Jezi ki envizib e ki nan glwa li ki t ap dirije kongregasyon an anba direksyon Chèf li a, Jewova Dye.

“TRAVAY SA A PA TRAVAY LÈZÒM”

8, 9. Kòmanse nan fen 19yèm syèk la, ki wòl enpòtan frè Russell te jwe?

8 Nan fen 19yèm syèk la, Charles Taze Russell ak kèk lòt moun ki t ap kolabore avè l te fè tout sa yo kapab pou yo retounen ak bon fason vrè kretyen yo te konn adore Bondye. Pou yo te ka simaye verite ki nan Bib la nan divès lang, an 1884, yo te fonde yon asosyasyon legal ki te rele Zion’s Watch Tower Tract Society, e se frè Russell ki te prezidan asosyasyon an *. Li te yon moun ki te maton nan etidye Labib, e li pa t pè fè konnen doktrin tankou Trinite, nanm imòtèl, se fo doktrin yo ye. Li te vin konprann retou Kris la t ap envizib e “tan ki fikse pou nasyon yo” t ap fini an 1914 (Lik 21:24). Frè Russell te itilize tan l, enèji l ak lajan l san rezèv pou l te ka fè lòt moun konnen verite sa yo. Li klè, nan yon epòk enpòtan konsa, Jewova ak chèf kongregasyon an te sèvi ak frè Russell.

9 Frè Russell pa t ap chèche glwa nan men lèzòm. An 1896, men sa l te ekri: “Nou pa bezwen okenn omaj, okenn elòj, ni pou tèt nou ni pou sa nou ekri yo, ni nou pa bezwen moun ban nou tit Reveran oswa Anseyan. Epitou, nou pa ta renmen pèsonn santi yo dwe pote non nou.” Annapre, li te di: “Travay sa a pa travay lèzòm.”

10. a) Ki lè Jezi te nome “esklav fidèl ki prevwayan an”? b) Rakonte ki jan Kolèj santral la te vin separe tikras pa tikras ak Sosyete Watch Tower a.

10 An 1919, twazan apre lanmò frè Russell, Jezi te nome “esklav fidèl ki prevwayan an”. Nan ki objektif? Pou l bay domestik li yo “manje nan bon moman”. (Mat. 24:45.) Menm nan ane sa yo, te gen yon ti gwoup frè Bondye chwazi pou al nan syèl ki t ap travay nan syèj mondyal la nan Bwouklin, Nouyòk, ki te konn prepare manje espirityèl pou disip Jezi yo e ki te distribye manje sa a. Se nan ane 1940 yo piblikasyon nou yo te kòmanse itilize ekspresyon “kolèj santral” la, lè sa a nou te konprann li te gen yon rapò dirèk ak Watch Tower Bible and Tract Society. Sepandan, an 1971, yo te vin fè yon diferans ant Kolèj santral la ak Sosyete Watch Tower a, ki se yon enstitisyon legal olye l se yon enstitisyon ki baze sou Ekriti yo, ansanm ak moun ki t ap dirije l yo. Se konsa, frè ki te vin manm Kolèj santral la se moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki pa t pami moun ki t ap dirije Sosyete a. Nan ane ki sot pase yo, frè ki gen responsablite pami “lòt mouton” yo te vin ap dirije Sosyete legal la ak lòt asosyasyon pèp Bondye a itilize yo, sa ki pèmèt Kolèj santral la ret konsantre sou bay enstriksyon ak direksyon espirityèl (Jan 10:16; Tra. 6:4). Toudegad 15 jiyè 2013 la te fè konnen “esklav fidèl ki prevwayan an” se yon ti gwoup frè Bondye chwazi pou al nan syèl e se yo ki Kolèj santral la.

Kolèj santral la, nan ane 1950 yo.

11. Ki jan Kolèj santral la fonksyone?

11 Kolèj santral la pran desizyon ki enpòtan yo ansanm. Ki jan yo fè sa? Frè yo nan Kolèj santral la reyini chak semèn, sa ki fè yo gen bon kominikasyon ak tèt ansanm (Pwo. 20:18). Chak ane, yo chanje moun k ap prezide reyinyon sa yo youn apre lòt, piske pa gen yon frè nan Kolèj santral la ki pi enpòtan pase lòt yo (1 Pyè 5:1). Chak komite nan sis komite ki anba direksyon Kolèj santral la chanje prezidan menm jan an. Epi, chak frè ki nan Kolèj santral la pa konsidere tèt li tankou yon chèf pou lòt frè yo, men kòm youn nan “domestik” yo esklav fidèl la ap bay manje e ki soumèt anba direksyon l.

Depi lè Jezi nome esklav fidèl la an 1919, l ap prepare manje espirityèl pou pèp Bondye a. (Gade paragraf 10, 11.)

“KIYÈS KI VRÈMAN ESKLAV FIDÈL KI PREVWAYAN AN?”

12. Piske Kolèj santral la pa resevwa okenn revelasyon nan men Bondye e li konn fè erè, ki kesyon sa soulve?

12 Kolèj santral la pa resevwa okenn revelasyon nan men Bondye e li konn fè erè. Donk, li konn fè erè nan kesyon ki gen rapò ak ansèyman oswa nan kesyon òganizasyon. An reyalite, Gid pou Temwen Jewova yo fè rechèch la gen yon ribrik ki rele “Plis limyè sou kwayans nou yo” ki gen yon lis sijè ki montre ajisteman nou te fè sou fason nou te konprann sijè biblik sa yo depi 1870. Nòmalman, Jezi pa t di manje esklav fidèl li a t ap bay nan domèn espirityèl la t ap pafè. Kidonk, ki jan n ka reponn kesyon Jezi te poze a lè l te di: “Kiyès ki vrèman esklav fidèl ki prevwayan an?” (Mat. 24:45). Ki prèv ki montre se Kolèj santral la k ap jwe wòl sa a? Annou egzamine twa bagay ki te gide kolèj santral premye syèk la k ap gide Kolèj santral la jodi a.

13. Ki jan lespri sen ede Kolèj santral la?

13 Prèv ki montre yo gen lespri sen. Lespri sen ede Kolèj santral la byen konprann yon seri verite nan Bib la yo pa t konprann anvan sa. Pa egzanp, fè yon ti reflechi sou lis sijè ki montre ajisteman ki te fèt sou kwayans nou nou te egzamine nan paragraf anvan an. Se sèten, pa gen okenn moun ki ka di se yo ki te dekouvri “bagay pwofon Bondye yo” e ki te esplike yo! (Li 1 Korentyen 2:10.) Kolèj santral la reprann menm pawòl apot Pòl te di yo: “Bagay sa yo, nou pale yo tou, men nou pa fè sa ak pawòl ki soti nan sajès lèzòm, men nou fè sa ak pawòl ki soti nan lespri Bondye.” (1 Kor. 2:13). Apre plizyè syèk apostazi ak fènwa espirityèl, èske gen yon lòt bagay apa lespri sen ki kapab fè n wè rezon ki fè konpreyansyon nou gen nan domèn espirityèl vin ogmante rapid konsa depi 1919?

14. Selon Revelasyon 14:6, 7, ki jan zanj yo ede pèp Bondye a jodi a?

14 Prèv ki montre zanj yo ede yo. Jodi a, Kolèj santral la gen kokenn responsablite pou l sipèvize travay predikasyon k ap fèt toupatou sou tè a ki gen ladan l plis pase uit milyon evanjelizatè. Ki sa k fè travay la bay bon rezilta konsa? Youn nan rezon yo se paske zanj yo ap patisipe nan travay sa a. (Li Revelasyon 14:6, 7.) Nan anpil ka, pwoklamatè yo konn rankontre moun ki fè konnen yo te fèk ap priye pou yo jwenn èd *! Se konsa tou, akwasman ki gen toupatou nan travay predikasyon an ak travay fè disip la, malgre gwo opozisyon ki gen nan kèk peyi, vin posib sèlman grasa èd zanj yo.

15. Ki diferans ki genyen ant Kolèj santral la ak dirijan legliz ki di yo se kretyen yo? Bay yon egzanp.

15 Yo fè Pawòl Bondye a konfyans. (Li Jan 17:17.) Ann egzamine sa k te rive nan ane 1973. Men ki kesyon Toudegad 1ye jen an te poze: “Èske [...] moun ki toujou esklav tabak kalifye pou batèm?” Men repons Toudegad la te bay: “Bib la montre byen klè moun sa yo pa kalifye.” Apre Toudegad la fin site plizyè vèse ki gen rapò ak kesyon sa a, li te esplike rezon ki fè yo dwe eskominye yon moun ki fimen e ki pa repanti (1 Kor. 5:7; 2 Kor. 7:1). Men sa l te di: “Se pa chèche n ap chèche aji ak gwo ponyèt, oswa tankou diktatè. Se sa Bondye ki fè nou konnen panse l nan Pawòl li te fè ekri a egzije toutbon.” Èske gen yon lòt òganizasyon relijye ki dispoze fè Pawòl Bondye a konfyans nèt menm lè sa fè bagay yo vrèman difisil pou kèk nan manm li yo? Men sa yon liv ki fèk parèt sou relijyon Ozetazini fè konnen: “Chèf relijye ki kretyen yo revize sa y ap anseye yo regilyèman pou l ka ann amoni ak kwayans ak opinyon moun yo, konsa, fidèl yo genyen yo ak pifò moun nan sosyete a ap soutni yo.” Si frè yo nan Kolèj santral la kite Pawòl Bondye a gide desizyon y ap pran olye yo kite opinyon pifò moun gide yo, kiyès ki vrèman ap gide pèp Bondye a jodi a?

“SONJE MOUN K AP DIRIJE NOU YO”

16. Bay youn nan fason ou ka montre w sonje Kolèj santral la.

16 Li Ebre 13:7. Mo lè yo tradui l yo mete “sonje” pou li a ka vle di tou “pale de”. Se sa k fè, youn nan fason ou ka montre w “sonje moun k ap dirije nou yo” se lè w priye pou Kolèj santral la (Efe. 6:18). Fè yon ti reflechi sou responsablite yo genyen pou yo bay manje espirityèl la, pou yo sipèvize travay predikasyon k ap fèt sou tout tè a, e pou yo jere ofrann yo. Vrèmanvre, yo bezwen nou priye Bondye pou yo toutan!

17, 18. a) Ki jan nou ka kowopere ak Kolèj santral la? b) Lè nou patisipe nan travay predikasyon an, ki jan sa montre n ap soutni esklav fidèl la ak Jezi?

17 Natirèlman, se pa nan pawòl sèlman n ap montre nou sonje Kolèj santral la, men sa mande tou pou n kowopere ak enstriksyon l bay. Se Kolèj santral la ki bay enstriksyon nou jwenn nan piblikasyon nou yo ak nan reyinyon nou yo, nan asanble nou yo ak kongrè nou yo. Mete sou sa, se li ki nome siveyan sikonskripsyon yo, e siveyan yo nome ansyen yo nan kongregasyon yo. Siveyan sikonskripsyon yo ak ansyen yo sonje Kolèj santral la lè yo byen suiv enstriksyon yo ba yo. Nou tout nou montre nou respekte Jezi, Gid nou an, lè nou obeyi gason li itilize pou dirije nou yo e lè nou soumèt devan yo. — Ebre 13:17.

18 Yon lòt fason nou sonje Kolèj santral la se lè n fè tout sa n kapab nan travay predikasyon an. Dayè, Pòl te ankouraje kretyen yo pou yo imite lafwa moun k ap dirije yo. Esklav fidèl la demontre yon lafwa estrawòdinè lè l fè tout sa l kapab pou l ankouraje moun preche bon nouvèl Wayòm nan e pou l simaye bon nouvèl sa a. Èske w fè pati lòt mouton yo k ap soutni moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo nan travay enpòtan sa a? Se pa ti kontan n ap kontan lè Jezi, Gid nou an, pral di nou: “Kèlkeswa sa nou te fè pou youn nan pi piti nan frè m sa yo, se pou mwen nou te fè l.” — Mat. 25:34-40.

19. Poukisa w pran detèminasyon pou w suiv Jezi, Gid nou an?

19 Lè Jezi te retounen nan syèl la, li pa t abandone disip li yo (Mat. 28:20). Nan eksperyans li te fè, li te wè jan lespri sen, zanj yo ak Pawòl Bondye a te ede l dirije disip yo lè l te sou tè a. Se sa k fè, li bay esklav fidèl la jodi a menm èd sa a. Antanke kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la, moun ki fè pati esklav sa a “kontinye suiv Ti Mouton an kèlkeswa kote l ale”. (Rev. 14:4.) Kidonk, depi nou suiv direksyon yo ban nou, se Jezi, Gid nou an, n ap suiv. Talè konsa, li pral ‘mennen nou nan sous dlo lavi yo’ e n ap gen lavi ki pap janm fini an (Rev. 7:14-17). Ki chèf pami lèzòm ki ka fè yon pwomès konsa?

^ § 3 Li klè, Jewova te gen nan objektif li pou 12 apot yo vin fòme “12 wòch” ki pral gen nan fondasyon Nouvo Jerizalèm nan (Rev. 21:14). Konsa, pa t gen okenn rezon pou yo ranplase yon apot fidèl ki ta fini kous li sou tè a.

^ § 8 Depi 1955, yo rekonèt asosyasyon sa a sou non Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania.