Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova pral reyalize objektif li!

Jewova pral reyalize objektif li!

“Mwen fin pale, e m ap fè sa m di a rive. Mwen te deside l, e m ap fè l.” — EZA. 46:11.

KANTIK: 147, 149

1, 2. a) Ki sa Jewova fè nou konnen? b) Ki garanti nou jwenn nan Ezayi 46:10, 11 ak Ezayi 55:11?

PREMYE pawòl nou jwenn nan Bib la kòmanse ak yon deklarasyon ki senp men ki pwofon, men sa l di: “Okòmansman, Bondye te kreye syèl la ak tè a.” (Jen. 1:1). An reyalite, se yon ti konesans toupiti nou genyen sou pakèt bagay Bondye kreye yo, tankou lespas, limyè ak pezantè, e se sèlman yon ti pati nan linivè nou rive wè (Ekl. 3:11). Epoutan, Jewova fè nou konnen objektif li gen pou tè a ak lèzòm. Tè a te dwe yon kote pafè pou gason ak fi Bondye te kreye pòtre avè l yo viv (Jen. 1:26). Yo t ap pitit Jewova, e Jewova t ap Papa yo.

2 Jan Jenèz chapit 3 esplike sa, te gen yon bagay ki te vin kontrarye objektif Jewova (Jen. 3:1-7). Men, se pa t yon pwoblèm Jewova pa t ap kapab rezoud. Pèsonn pa ka anpeche Jewova reyalize objektif li (Eza. 46:10, 11; 55:11). Kidonk, nou mèt sèten Jewova pral reyalize objektif li te gen okòmansman an egzakteman nan lè l dwe reyalize a!

3. a) Ki verite ki enpòtan anpil k ap ede n konprann mesaj ki nan Bib la? b) Poukisa n ap egzamine ansèyman sa yo ankò kounye a? c) Ki kesyon nou pral egzamine?

3 Pa gen dout, nou konnen verite Bib la bay konsènan objektif Bondye gen pou tè a ak lèzòm e konsènan wòl prensipal Jezi Kris jwe nan reyalizasyon objektif sa a. Verite sa yo enpòtan anpil, e petèt yo pami premye verite nou te aprann lè n te kòmanse etidye Pawòl Bondye a. Nou menm bò kote pa nou, nou vle ede moun ki sensè yo pou yo aprann konnen ansèyman enpòtan sa yo tou. Kounye a, pandan n ap etidye atik sa a nan kongregasyon an, nou bezwen fè tout sa n kapab pou n envite plis moun posib vin asiste Memoryal lanmò Kris la (Lik 22:19, 20). Moun k ap vin asiste yo pral aprann anpil bagay sou objektif Bondye. Se sa k fè, nan tikras jou ki rete anvan selebrasyon Memoryal la, se bon moman pou n reflechi sou kèk kesyon nou byen chwazi nou ka poze moun n ap etidye Labib avèk yo ak lòt moun ki sensè yo pou n ankouraje yo vin nan selebrasyon enpòtan sa a. Nou pral egzamine twa kesyon: Ki objektif Bondye te genyen okòmansman pou tè a ak lèzòm? Ki pwoblèm ki te vin genyen? E poukisa sakrifis ranson Jezi a se kle ki ouvri pòt pou objektif Bondye reyalize?

KI OBJEKTIF KREYATÈ A TE GENYEN OKÒMANSMAN?

4. Ki jan kreyasyon an bay Jewova glwa?

4 Jewova se yon Kreyatè ki merite anpil respè. Tout sa l kreye san parèy (Jen. 1:31; Jer. 10:12). Ki sa nou kapab aprann lè n wè jan kreyasyon an bèl e li gen lòd? Lè n byen gade kreyasyon an, nou ret bouch ouvè lè n wè jan Jewova kreye tout bagay, piti kou gwo, nan yon bon objektif. Kiyès ki pa ret bouch ouvè lè l wè jan pakèt zetwal ki nan syèl yo bèl, lè l wè gwo lanm lanmè, oubyen lè l wè jan kaskad dlo k ap vide yo bèl? Nou renmen wè bagay sa yo paske nou fèt ak kapasite pou n konnen lè yon bagay bèl toutbon. — Li Sòm 19:1; 104:24.

5. Ki jan Jewova asire l tout sa k nan kreyasyon an byen ale youn ak lòt?

5 Jan sa parèt byen klè nan kreyasyon an, avèk lanmou, Jewova fikse yon seri limit. Li tabli yon seri lwa natirèl ak yon seri lwa moral pou l asire l tout bagay byen ale youn ak lòt (Sòm 19:7-9). Se sa k fè, tout bagay nan linivè gen yon plas e yo fonksyone selon wòl yo genyen nan objektif Bondye. Jewova met yon seri lwa sou fason pou bagay li kreye yo fonksyone ansanm. Konsa, pezantè a fè atmosfè a ret kole ak tè a, li fè lanmè monte e li fè l desann, e li pèmèt gen lòd nan bagay yo, sa ki fè lavi posib sou tè a. Tout kreyasyon an, san wete lèzòm, ap fè mouvman e y ap fonksyone anndan limit sa yo. Li klè, lòd ki gen nan kreyasyon an montre Bondye gen yon objektif pou tè a ak lèzòm. Lè n ap patisipe nan travay predikasyon an, èske n pa ta ka atire atansyon moun yo sou Sila a ki fè gen tout lòd sa a? — Rev. 4:11.

6, 7. Site kèk kado Jewova te bay Adan ak Èv.

6 Okòmansman, Jewova te gen objektif pou lèzòm viv sou tè a pou toutan (Jen. 1:28; Sòm 37:29). Piske li donan anpil, li te bay Adan ak Èv divès kado ki gen anpil valè ki te pèmèt yo viv alèz. (Li Jak 1:17.) Jewova te ba yo libète pou yo deside, kapasite pou yo reflechi, kapasite pou yo renmen moun e pou yo fè zanmi. Kreyatè a te konn pale ak Adan e l te konn ba l enstriksyon sou fason pou l obeyi l. Epitou, Adan te aprann fason pou l pran swen tèt li, pou l pran swen bèt yo ak tè a (Jen. 2:15-17, 19, 20). Mete sou sa, Jewova te kreye Adan ak Èv ak kapasite pou yo goute, pou yo touche, pou yo wè, pou yo tande e pou yo pran sant. Konsa, yo te kapab byen pwofite tout bèl bagay ki te gen nan Paradi a. Pou premye mesyedam yo, posiblite yo te genyen pou yo gen travay ki bay satisfaksyon, pou yo reyalize yon bagay e pou yo dekouvri nouvo bagay pa t gen limit.

7 Ki lòt bagay Bondye te gen nan objektif li? Jewova te kreye Adan ak Èv ak kapasite pou yo fè timoun ki pafè. Bondye te gen nan lespri l pou pitit yo vin fè pitit, jiskaske fanmi lèzòm vin plen tout tè a. Li te vle pou Adan ak Èv ak tout paran ki t ap vin genyen yo renmen pitit yo jan Jewova te renmen premye moun pafè li te kreye yo kòm pitit li. Tè a ak tout sa k sou li te dwe vin tounen kay yo pou toutan. — Sòm 115:16.

KI PWOBLÈM KI TE VIN GENYEN?

8. Nan ki objektif Bondye te bay lwa nou jwenn nan Jenèz 2:16, 17 la?

8 Bagay yo pa t mache tousuit jan Bondye te gen sa nan objektif li. Poukisa? Jewova te bay Adan ak Èv yon lwa tou senp ki t ap ede yo wè si yo konn limit libète yo genyen. Men sa l te di: “Ou mèt manje nan fwi tout pyebwa ki nan jaden an jan w vle. Men, ou pa dwe manje nan fwi pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la, paske jou w manje ladan l, w ap mouri san mank.” (Jen. 2:16, 17). Sa pa t difisil pou Adan ak Èv te konprann lwa sa a, ni sa pa t twò di pou yo obeyi l. Dayè, yo te gen plis manje pase sa yo te ka manje.

9, 10. a) Ki akizasyon Satan te lage sou Jewova? b) Ki sa Adan ak Èv te deside fè? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

9 Satan Ledyab te sèvi ak yon sèpan pou l twonpe Èv e pou l fè l dezobeyi Jewova, Papa l. (Li Jenèz 3:1-5; Rev. 12:9.) Satan te fè konnen pitit Bondye yo sou tè a pa t gen dwa manje “fwi nan okenn pyebwa ki nan jaden an”. Se kòmsi l te di: ‘Ou vle di ou pa ka fè sa w vle?’ Annapre, li ba l yon manti kri, li di l: “Nou pap mouri pyès.” Epi, li eseye konvenk Èv li pa bezwen koute sa Bondye di a, lè l te di l: “Bondye konnen jou nou manje fwi pyebwa sa a je n ap ouvri.” Satan te vle fè konprann Jewova pa t vle yo manje fwi a paske si yo fè sa je yo t ap ouvri. Apre sa, Satan te fè yon fo pwomès: “N ap vin menm jan ak Bondye, n ap konnen sa ki byen ak sa ki mal.”

10 Kounye a, Adan ak Èv te dwe deside ki sa yo t ap fè. Èske yo t ap obeyi Jewova, oubyen èske yo t ap koute sèpan an? Yo te deside dezobeyi Bondye. Konsa, yo te kore Satan nan rebelyon l lan. Yo te rejte Jewova kòm Papa yo e yo te vin retire tèt yo anba dominasyon l ak pwoteksyon l. — Jen. 3:6-13.

11. Poukisa Jewova pa tolere rebelyon?

11 Lefètke Adan ak Èv te vire do bay Jewova, yo pa t pafè ankò. Mete sou sa, rebelyon yo te fè a te lakòz yo vin lwen Jewova, paske li “pa ka wè sa ki mal devan je [l]”. Se poutèt sa, li “pa ka tolere mechanste”. (Aba. 1:13.) Si l te tolere mechanste, sa t ap lakòz pa gen lapè ak tèt ansanm nan mitan tout kreyati yo, ni nan syèl la, ni sou tè a. Sa k pi rèd la, si Bondye te fèmen je sou peche ki te fèt ann Edenn nan, yo te gendwa mande tèt yo si Bondye merite pou yo fè l konfyans. Men, Jewova fidèl ak prensip li yo, li pa janm vyole yo (Sòm 119:142). Kidonk, se pa paske Adan ak Èv te gen libète pou yo deside ki fè yo te gen dwa meprize lwa Bondye. Piske yo te dezobeyi Jewova, yo te mouri e yo retounen nan pousyè li te itilize pou l kreye yo a. — Jen. 3:19.

12. Ki sa k te rive pitit Adan yo?

12 Lè Adan ak Èv te manje fwi a, yo te met tèt yo nan yon sitiyasyon kote Bondye pa t ap ka kite yo fè pati fanmi l ankò nan linivè. Bondye te mete yo deyò nan jaden Edenn nan, e yo pa t gen okenn espwa yo t ap ka retounen ladan l (Jen. 3:23, 24). Lè Jewova te fè sa a, se kite li te kite yo peye konsekans desizyon yo te pran an. (Li Detewonòm 32:4, 5.) Piske lòm pa t pafè ankò, li pa t ap ka reflete kalite Bondye genyen yo yon fason ki pafè. Adan pa t sèlman pèdi yon bèl avni pou tèt li, men li te kite enpèfeksyon, peche ak lanmò pou desandan l yo (Wom. 5:12). Li te fè desandan l yo pèdi posiblite pou yo viv pou toutan. Mete sou sa, Adan ak Èv pa t ap ka fè yon pitit ki pafè e okenn nan pitit yo pa t ap ka fè yon pitit ki pafè. Apre Satan Ledyab te fin fè Adan ak Èv vire do bay Bondye, li kontinye ap twonpe moun jis jounen jodi a. — Jan 8:44.

RANSON AN PÈMÈT NOU REKONSILYE AK BONDYE

13. Ki sa Jewova vle pou lèzòm?

13 Aktout sa, Bondye toujou gen lanmou pou lèzòm. Malgre rebelyon Adan ak Èv te fè a, Jewova vle pou lèzòm vin gen bon relasyon avè l. Li pa ta renmen okenn moun mouri (2 Pyè 3:9). Se sa k fè, tousuit apre rebelyon an, Bondye te pran dispozisyon pou l bay lèzòm posiblite pou yo ka vin zanmi l ankò toutpandan Bondye t ap respekte prensip li yo ki jis. Ki jan Jewova te rive fè sa?

14. a) Selon Jan 3:16, ki sa Bondye te fè pou l sove lèzòm? b) Ki kesyon nou ta kapab egzamine ak moun ki enterese yo?

14 Li Jan 3:16. Anpil moun nou envite nan Memoryal la deja konn vèsè sa a pa kè. Men, kesyon an se: Ki jan sakrifis Jezi a fè l posib pou moun viv pou toutan? Kanpay pou envite moun nan Memoryal la, selebrasyon Memoryal la ak vizite nou pral vizite moun ki te vin asiste yo kapab ban nou posiblite ede moun ki sensè k ap chèche laverite yo konprann repons kesyon enpòtan sa a. Moun sa yo kapab sezi lè yo kòmanse byen konprann jan ranson an montre tout lanmou ak sajès Jewova genyen. Sou ki pwen ki gen rapò ak ranson an nou ta ka met aksan?

15. Ki diferans ki te genyen ant Jezi ak Adan?

15 Jewova te bay yon gason ki pafè ki t ap gen pou bay vi l kòm ranson. Gason pafè sa a t ap bezwen ret fidèl ak Jewova e l te dwe dispoze bay lavi l pou lèzòm ki deja kondane (Wom. 5:17-19). Jewova te transfere lavi premye kreyati li te fè a sot nan syèl la vin sou tè a (Jan 1:14). Konsa, Jezi te vin yon moun ki pafè, menm jan Adan te ye a. Men, kontrèman ak Adan, Jezi te viv ann amoni ak prensip Jewova te atann pou yon moun ki pafè respekte. Menm devan eprèv ki pi difisil yo, Jezi pa t janm fè peche oubyen dezobeyi menm youn nan lwa Bondye yo.

16. Poukisa ranson an se yon kado ki gen anpil valè konsa?

16 Piske Jezi te yon moun pafè, lanmò l te kapab sove lèzòm anba peche ak lanmò. Li te egzakteman jan Adan te dwe ye a, sa vle di yon moun pafè ki fidèl ak Bondye nèt e ki obeyi l (1 Tim. 2:6). Jezi te vin tounen ranson ki te ouvri pòt lavi pou toutan an pou “anpil moun”, sa vle di gason, fi ak timoun (Mat. 20:28). Li klè, ranson an se kle ki ouvri pòt k ap pèmèt objektif Bondye te gen okòmansman an reyalize (2 Kor. 1:19, 20). Ranson an bay tout moun ki fidèl posiblite pou yo gen lavi ki pap janm fini an.

JEWOVA OUVRI PÒT LA POU N RETOUNEN

17. Ki sa ki vin posib grasa ranson an?

17 Ranson Jewova te bay la te koute l chè anpil (1 Pyè 1:19). Li tèlman bay lèzòm anpil valè, li te dispoze kite sèl Pitit li fè a vin mouri pou nou (1 Jan 4:9, 10). Nan yon sans, Jezi pran plas Adan, premye papa n te genyen an (1 Kor. 15:45). Lefètke Jezi te fè sa, li te fè plis pase ban nou lavi ankò, li ban nou posiblite pou finalman nou vin fè pati fanmi Bondye ankò. Wi, sou baz sakrifis Jezi a, Jewova kapab aksepte pou lèzòm retounen vin fè pati fanmi l ankò san l pa pase jistis li anba pye. Èske sa pa touche kè w lè w panse yon lè tout moun ki fidèl yo ap vin pafè? Tout kreyati ki nan syèl la e ki sou tè a ap vin yon sèl fanmi ki gen tèt ansanm. Nan yon sans ki pi laj, nou tout ap pitit Bondye. — Wom. 8:21.

18. Ki lè Jewova ap vin “tout bagay pou tout moun”?

18 Rebelyon Satan te fè a pa t anpeche Jewova demontre lanmou l genyen pou lèzòm, e sa pa ka anpeche menm moun ki enpafè ret fidèl ak Jewova. Grasa ranson Jewova bay la, l ap ede tout pitit li yo vin jis nèt. Imajine ki jan lavi a pral ye lè tout moun “ki rekonèt Pitit la e ki demontre yo gen lafwa nan li” pral gen lavi ki pap janm fini an (Jan 6:40). Avèk anpil lanmou ak anpil sajès, Jewova pral fè lèzòm vin pafè ann amoni ak objektif li te gen okòmansman an. Lè sa a, Jewova, Papa nou, ap vin “tout bagay pou tout moun”. — 1 Kor. 15:28.

19. a) Ki sa rekonesans nou gen pou ranson an dwe pouse n fè? (Gade kare ki gen tit: “ Ann kontinye chèche moun ki dispoze akeyi nou.”) b) Ki lòt bagay konsènan ranson an n ap egzamine nan atik ki vin apre a?

19 Rekonesans nou pou ranson an dwe pouse n fè tout sa n kapab pou n ede lòt moun vin konnen yo ka jwenn byenfè grasa kado san parèy sa a Bondye bay la. Moun yo bezwen konnen ranson an se mwayen Jewova itilize grasa lanmou li gen pou nou pou l ofri tout moun posiblite viv pou toutan. Men, ranson an menm fè plis bagay pase sa. Atik ki vin apre a pral egzamine fason sakrifis Jezi a bay yon repons tou pou divès kesyon Satan te soulve nan jaden Edenn nan.