Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann ede “etranje” yo pou yo “sèvi Jewova ak kè kontan”

Ann ede “etranje” yo pou yo “sèvi Jewova ak kè kontan”

“Jewova ap pwoteje moun k ap viv kòm etranje nan peyi a.” — SÒM 146:9.

KANTIK: 84, 73

1, 2. a) Ki difikilte kèk nan frè n ak sè n yo rankontre? b) Ki kesyon sa soulve?

MEN sa yon frè ki rele Lije rakonte: “Lè gè sivil la te kòmanse nan peyi Bouwoundi, mwen menm ak fanmi m t ap asiste yon asanble. Nou te wè moun k ap kouri, moun k ap tire. Paran m yo ansanm ak nou 11 pitit te kouri pou n sove lavi nou ak sèlman rad sou nou. Finalman, kèk moun nan fanmi m te vwayaje sou yon distans 1 600 kilomèt pou y al nan yon kan refijye nan peyi Malawi. Rès moun nan fanmi m yo te gaye.”

2 Toupatou nan monn nan, gen plis pase 65 000 000 refijye ki kouri kite kay yo akoz lagè ak pèsekisyon. Se pi gwo chif yo anrejistre *. Pami yo gen plizyè milye Temwen Jewova. Anpil nan yo pèdi moun pa yo ansanm ak prèske tout sa yo posede. Ki lòt difikilte ankò kèk nan yo rankontre? Ki jan n ka ede frè ak sè sa yo pou yo “sèvi Jewova ak kè kontan” malgre difikilte y ap rankontre (Sòm 100:2)? Epitou, ki jan n ka bay refijye ki poko konnen Jewova yo bon nouvèl la yon fason ki efikas?

LAVI YON REFIJYE

3. Ki jan Jezi ak anpil nan disip li yo te vin ap viv antanke refijye?

3 Apre yon zanj Jewova te avèti Jozèf konsènan entansyon wa Ewòd genyen pou l touye Jezi, paran Jezi yo t al viv kòm refijye nan peyi Ejip ak Jezi ki te timoun lè sa a. Yo te rete nan peyi sa a jiskaske Ewòd mouri (Mat. 2:13, 14, 19-21). Plizyè dizèn ane annapre, disip Jezi yo nan premye syèk la “te gaye nan tout zòn Jide ak nan Samari” akoz pèsekisyon (Tra. 8:1). Jezi te gentan fè konnen yo t ap fòse anpil nan disip li yo kite kay yo. Li te di: “Lè yo pèsekite nou nan yon vil, kouri al nan yon lòt.” (Mat. 10:23). Li pa janm fasil pou yon moun kouri kite kay li pou kèlkeswa rezon an.

4, 5. Ki danje ki genyen lè refijye yo: a) ap kouri kite kay yo? b) ap viv nan kan?

4 Refijye yo ka an danje lè y ap kouri kite kay yo oswa lè y ap viv nan kan. Men sa Gad, yon ti frè Lije, fè konnen: “Nou te fè plizyè semèn ap mache, nou te pase bò kote plizyè santèn kadav. M te gen 12 an lè sa a. Pye m te tèlman vin anfle m te di fanmi m yo mèt ale kite m. Piske papa m pa t vle abandone m bay gwoup rebèl yo, li te pote m. Nou te viv ojoulejou, nou te priye Jewova e n te met konfyans nou nan li. Pafwa, nou te konn sèlman manje mango nou te jwenn bò wout la.” — Flp. 4:12, 13.

5 Finalman, pifò moun nan fanmi Lije te pase plizyè ane nan kan Nasyonzini te fè pou refijye yo. Men, yo pa t an sekirite nan kan an. Men sa Lije k ap sèvi kòm siveyan sikonskripsyon kounye a fè konnen: “Pifò moun pa t ap travay. Yo te konn ap fè tripotay, yo te konn bwè, yo te konn jwe aza, yo te konn vòlè e yo te konn fè imoralite.” Pou Temwen ki te nan kan yo te ka reziste anba move enfliyans, yo te bezwen patisipe afon nan aktivite kongregasyon an (Ebre 6:11, 12; 10:24, 25). Pou yo te ka ret an sante nan domèn espirityèl, yo te byen sèvi ak tan yo, e anpil nan yo te pran sèvis pyonye. Yo te kenbe yon atitid pozitif lè yo te sonje, menm jan ak Izrayelit yo ki t ap monte desann nan dezè a, yo menm tou, yo t ap gen pou yo kite kan an yon lè. — 2 Kor. 4:18.

DEMONTRE LANMOU POU REFIJYE YO

6, 7. a) Ki jan “lanmou pou Bondye” pouse kretyen yo ede frè ak sè ki nan nesesite yo? b) Bay yon egzanp.

6 “Lanmou pou Bondye” pouse n demontre lanmou youn pou lòt, sitou nan sitiyasyon ki difisil yo. (Li 1 Jan 3:17, 18.) Lè yon gwo grangou te menase lavi kretyen ki t ap viv Jide yo nan premye syèk la, kongregasyon yo te voye èd pou yo (Tra. 11:28, 29). Mete sou sa, apot Pòl ak apot Pyè te ankouraje kretyen yo pou yo akeyi youn lòt (Wom. 12:13; 1 Pyè 4:9). Si kretyen yo dwe akeyi frè ki vin vizite yo, yo gen plis obligasyon toujou pou yo akeyi frè ki an danje oswa ki jwenn pèsekisyon akoz lafwa yo! — Li Pwovèb 3:27 *.

7 Pa gen lontan depi plizyè milye Temwen Jewova, gason kou fi, timoun kou granmoun, te oblije kite kay yo akoz konfli ak pèsekisyon ki te genyen nan lès peyi Ikrèn. Malerezman, gen kèk nan yo yo te touye. Men, pifò nan yo t al pran refij lakay lòt frè ki t ap viv lòt kote nan peyi Ikrèn, e Temwen nan peyi Larisi te akeyi anpil lòt Temwen lakay yo. Nan toule de peyi sa yo, Temwen yo pa mele nan politik, sa vle di yo “pa fè pati monn nan”, e yo chofe pou yo kontinye “anonse bon nouvèl pawòl Bondye a”. — Jan 15:19; Tra. 8:4.

EDE REFIJYE YO FÒTIFYE LAFWA YO

8, 9. a) Ki difikilte refijye yo ka rankontre lè y al nan lòt peyi? b) Poukisa yo bezwen nou ede yo avèk pasyans?

8 Pandan gen moun k ap deplase al viv yon lòt kote nan pwòp peyi yo, gen anpil lòt ki oblije al viv nan lòt peyi nan yon anviwònman yo pa t abitye. Gouvènman yo ka ba yo manje, rad ak yon kote pou yo rete, men yo ka pa jwenn manje yo abitye manje. Refijye ki sot nan peyi ki fè cho ka al viv yon kote ki fè frèt anpil pou premye fwa e yo ka pa konnen fason pou yo abiye pou fredi. Si yo sot andeyò, yo ka pa konn ki jan pou yo sèvi ak ekipman modèn ki nan kay yo.

9 Gen gouvènman ki gen pwogram pou ede refijye yo adapte yo ak nouvo sitiyasyon yo. Men, byen souvan, yo atann pou refijye yo pran swen tèt yo apre kèk mwa. Chanjman sa a ka difisil anpil pou yo. Imajine yon refijye k ap eseye aprann yon lòt lang e k ap eseye adapte l ak yon seri nouvo lwa ak egzijans ki gen rapò ak koutim, respekte lè, peye taks, peye bòdwo, al lekòl ak disipline timoun, e l dwe aprann fè tout bagay sa yo anmenmtan! Avèk pasyans e avèk respè, èske w ka ede frè ak sè k ap rankontre difikilte sa yo? — Flp. 2:3, 4.

10. Ki jan n ka fòtifye lafwa refijye ki fèk rive yo? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

10 Anplis de sa, pafwa otorite yo konn fè l difisil pou frè nou yo ki refijye pran kontak ak kongregasyon an. Gen kèk ajans ki konn di frè nou yo y ap koupe èd yo ba yo oswa yo pap ba yo azil si yo refize aksepte travay k ap fè yo rate reyinyon. Gen kèk frè ki pran nan presyon sa yo akoz yo pè e yo pa ka defann tèt yo. Se sa k fè n dwe rankontre frè nou yo ki refijye tousuit lè yo fèk rive. Yo dwe wè nou gen sousi pou yo. Lè n gen konpasyon pou yo e nou ba yo èd yo bezwen, sa ka fòtifye lafwa yo. — Pwo. 12:25; 17:17.

BAY REFIJYE YO ÈD YO BEZWEN

11. a) Ki sa refijye yo konn bezwen okòmansman? b) Ki jan refijye yo ka montre yo gen rekonesans?

11 Okòmansman, nou ka bezwen ede frè yo jwenn manje, rad ak lòt bagay yo gen bezwen *. Menm yon ti jès, tankou bay yon frè yon kravat, gen anpil enpòtans. Epitou, lè refijye yo montre yo gen rekonesans e lè yo pa janm fè okenn egzijans, sa ankouraje moun k ap akeyi yo a bay ak kè kontan. N ap dakò, lè yon refijye toujou ap viv sou kont moun, sa ka fè l pèdi respè l e sa ka gen move efè sou relasyon l ak frè yo (2 Tes. 3:7-10). Sepandan, yo vrèman bezwen èd.

Ki jan n ka ede frè n ak sè n ki refijye yo? (Gade paragraf 11-13.)

12, 13. a) Ki jan n ka bay refijye yo èd yo bezwen? b) Bay yon egzanp.

12 Nou pa oblije gen anpil lajan pou n bay refijye yo èd yo bezwen. Men, nou sitou bezwen ba yo tan nou e n bezwen montre nou gen sousi pou yo. Se kapab yon bagay tou senp, tankou montre yo fason pou yo pran transpò piblik, kote yo ka achte manje ki pa chè e k ap bon pou sante yo oswa kote yo ka jwenn zouti ak ekipman, tankou machin akoud oswa machin pou koupe gazon pou yo ka fè yon ti kòb. Sa k pi enpòtan an, nou ka ede yo patisipe afon nan aktivite nouvo kongregasyon yo ladan l lan. Si posib, ba yo woulib pou yo vin nan reyinyon. Mete sou sa, esplike yo ki jan yo ka abòde moun nan tèritwa a pou ba yo mesaj Wayòm nan. Mande frè ak sè ki refijye yo al preche ansanm avè n.

13 Lè kat refijye ki adolesan te rive nan yon kongregasyon, gen plizyè ansyen ki te aprann yo kondui, aprann yo tape, montre yo fè kourikoulòm vite ak fason pou yo planifye tan yo pou yo byen sèvi Jewova (Gal. 6:10). Sa pa t pran tan pou yo toule kat te vin pyonye. Fòmasyon yo te jwenn nan ansanm ak efò yo chak te fè pou yo atenn yon seri objektif espirityèl te ede yo fè pwogrè e sa te ede yo pou yo pa t kite sistèm Satan an pote y ale.

14. a) Kont ki tantasyon refijye yo dwe reziste? b) Bay yon egzanp.

14 Menm jan ak tout lòt kretyen, refijye yo bezwen reziste kont tantasyon ak presyon yo jwenn pou yo fè konpwomi ak relasyon yo gen ak Jewova yon fason pou yo ka jwenn bagay materyèl *. Lije, nou te pale de li pi wo a, ansanm ak frè l ak sè l yo sonje leson papa yo te anseye yo sou lafwa menm lè yo t ap kouri kite peyi yo. Men sa l di: “Youn pa youn, li te retire kèk bagay nou te pote ki pa t enpòtan e l te voye yo jete. Finalman, li te kenbe sak vid la anlè epi, toutpandan li t ap souri, li te di nou: ‘Nou wè? Men tout sa n bezwen!’” — Li 1 Timote 6:8.

EDE REFIJYE YO JWENN SA YO PLIS BEZWEN YO

15, 16. Ki jan n ka ede refijye yo: a) nan domèn espirityèl? b) nan domèn afektif?

15 Refijye yo plis bezwen èd nan domèn espirityèl ak nan domèn afektif pase nan domèn materyèl (Mat. 4:4). Ansyen yo ka ede refijye yo jwenn piblikasyon nan lang yo pale a e yo ka ede yo pran kontak ak frè ki pale lang yo a. Gen anpil refijye ki oblije al viv lwen fanmi yo ki te atache ak yo, lwen zòn kote yo t ap viv yo ak kongregasyon yo. Yo bezwen santi lanmou ak konpasyon Jewova gen pou yo nan mitan kretyen parèy yo. Si se pa sa, moun nan fanmi yo ki pa kwayan oswa moun menm peyi avè yo ki gen menm kilti oswa ki te viv menm eksperyans ak yo ka atire yo (1 Kor. 15:33). Lè n fè yo santi yo gen plas yo nan kongregasyon an, nou gen privilèj pou n kolabore ak Jewova lè n “pwoteje moun k ap viv kòm etranje” pami nou yo. — Sòm 146:9.

16 Menm jan sa te ye pou Jezi lè l te piti ansanm ak fanmi l, refijye yo ka pa gen posiblite retounen nan peyi yo toutotan moun ki t ap toupizi yo a sou pouvwa. Mete sou sa, jan Lije fè konn sa, “anpil paran ki te wè y ap vyole e y ap asasinen moun nan fanmi yo pa dakò retounen ak pitit yo nan zòn kote malè sa yo te rive”. Frè k ap viv nan peyi k ap resevwa refijye yo bezwen gen ‘senpati, afeksyon, kè sansib ak imilite’ pou yo ka ede moun ki te fè move eksperyans sa yo (1 Pyè 3:8). Akoz pèsekisyon, gen kèk refijye ki vin pè moun e yo ka santi yo wont pale ak lòt moun konsènan soufrans yo te andire, sitou devan pitit yo. Mande tèt ou: ‘Si m te nan plas yo, ki jan m t ap renmen yo trete m?’ — Mat. 7:12.

LÈ N AP PRECHE REFIJYE KI PA TEMWEN YO

17. Nan ki sans lè n preche refijye yo sa fè yo santi yo soulaje?

17 Jodi a, anpil nan refijye yo sot nan peyi kote yo entèdi travay predikasyon nou an. Grasa Temwen zele k ap viv nan peyi k ap resevwa refijye yo, plizyè milye refijye rive tande “mesaj Wayòm nan” pou premye fwa (Mat. 13:19, 23). Anpil nan moun ki ‘gen chay y ap pote’ yo jwenn fòs nan domèn espirityèl lè yo asiste reyinyon nou yo, e yo pa pran tan pou yo di: “Bondye vrèman pami nou.” — Mat. 11:28-30; 1 Kor. 14:25.

18, 19. Ki jan n ka montre nou pridan lè n ap preche refijye yo?

18 Moun k ap preche refijye yo bezwen montre yo “pridan” e yo bezwen montre yo “gen lespri”. (Mat. 10:16; Pwo. 22:3.) Pran pasyans pou n koute yo lè y ap rakonte pwoblèm yo, men, pa pale sou bagay politik. Suiv enstriksyon biwo filyal la ak otorite nan peyi a bay. Pa janm met ni tèt ou ni lòt moun an danje. Chèche konn pwen sansib ki gen nan relijyon ak kilti refijye yo epi respekte yo. Pa egzanp, gen moun ki sot nan kèk peyi ki sansib anpil sou fason medam yo dwe abiye. Se sa k fè, lè n ap preche refijye yo, nou bezwen abiye yon fason ki pap ofanse moun san nesesite.

19 Menm jan ak bon Samariten an ki nan egzanp Jezi te bay la, nou vle ede moun k ap soufri yo, san wete moun ki pa Temwen yo (Lik 10:33-37). Pi bon fason pou n fè sa se lè n ba yo bon nouvèl la. Men sa yon ansyen ki ede anpil refijye fè konnen: “Li enpòtan pou n fè yo konnen tousuit nou se Temwen Jewova epi prensipal objektif nou se ede yo nan domèn espirityèl, se pa nan domèn materyèl. Si n pa fè sa, gen kèk nan yo ki ka vin nan reyinyon pou avantaj sèlman.”

REZILTA NOU JWENN BAY KÈ KONTAN

20, 21. a) Ki bon rezilta nou jwenn lè n demontre lanmou pou refijye yo? b) Sou ki sa n pral pale nan atik ki vin apre a?

20 Lè n demontre lanmou pou “moun k ap viv kòm etranje” yo, sa bay bon rezilta. Gen yon sè ki te fè konnen fanmi l te kouri kite peyi Eritre akoz pèsekisyon. Apre kat nan pitit li yo te fin fè yon vwayaj ki fatigan ki te dire uit jou nan yon dezè, yo te rive nan peyi Soudan. Men sa sè a di: “Frè nan peyi Soudan yo te trete yo kòmsi yo te fanmi pwòch yo, yo te ba yo manje, rad, kote pou yo rete ak kòb pou yo peye transpò. Ki lòt moun ki t ap akeyi etranje lakay yo senpleman paske y ap adore menm Dye? Se sèlman Temwen Jewova yo!” — Li Jan 13:35.

21 Ki sa n ka di konsènan pakèt timoun ki deplase al viv ak paran yo kòm refijye yo ak lòt k al viv kòm imigran yo? Nan atik ki vin apre a, nou pral pale sou fason nou tout ka ede yo pou yo sèvi Jewova ak kè kontan.

^ § 2 Nan atik sa a, nou itilize mo “refijye” a pou n pale de moun ki deplase kite kay yo akoz lagè, pèsekisyon oswa katastwòf, kit moun sa yo travèse fwontyè peyi yo, kit yo rete nan pwòp peyi yo. Selon UNHCR (Wo Komisarya Nasyonzini pou refijye yo), jodi a, “sou chak 113 moun” nan monn nan, gen youn nan yo ki “oblije deplase” kite kay li.

^ § 6 Gade atik ki gen tit “Pa bliye montre nou janti ak etranje yo” ki te parèt nan Toudegad oktòb 2016, paj 3-8.

^ § 11 Lè yon refijye fèk rive nan yon peyi, ansyen yo dwe suiv enstriksyon ki nan liv Nou òganize pou nou fè volonte Jewova a, nan chapit 8, paragraf 30. Ansyen yo ka kontakte kongregasyon ki nan lòt peyi yo lè yo ekri filyal nan peyi pa yo a sou sit jw.org la. Anmenmtan tou, yo ka poze refijye a kèk kesyon avèk tak sou kongregasyon kote l soti ak sou aktivite predikasyon l pou yo ka konn ki jan l ye nan domèn espirityèl.

^ § 14 Gade atik ki gen tit “Pèsonn pa ka esklav de mèt anmenmtan” ak atik “Met kouraj sou ou: Se Jewova ki èd ou!” ki te parèt nan Toudegad 15 avril 2014, paj 17-26.