Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Èske w renmen m plis pase sa yo?”

“Èske w renmen m plis pase sa yo?”

“Simon, pitit Jan, èske w renmen m plis pase sa yo?” — JAN 21:15.

KANTIK: 128, 45

1, 2. Apre Pyè te fin pase yon nuit ap fè lapèch, ki eksperyans li te fè?

GEN sèt nan disip Jezi yo ki te fèk fin pase tout yon nuit ap fè lapèch nan lanmè Galile, men yo pa t pran anyen. Jezi ki resisite t ap gade yo pandan l bò lanmè a. Epi, li di yo: “‘Lage filè a adwat bato a n ap jwenn kichòy.’ Epi yo lage l, men yo pa t ka rale l monte paske yo te pran yon pakèt pwason.” — Jan 21:1-6.

2 Apre Jezi te fin sèvi yo manje, li vire gad Simon Pyè epi li di l: “Simon, pitit Jan, èske w renmen m plis pase sa yo?” Ak ki sa Jezi te vle fè referans? Pyè te atache anpil ak aktivite lapèch la. Donk, sanble Jezi t ap mande l pou ki bagay li gen afeksyon toutbon. Èske Pyè te gen plis afeksyon pou pwason ak biznis lapèch la pase pou Jezi ak bagay Jezi te anseye yo? Men repons Pyè te bay: “Wi Seyè, ou konnen mwen gen afeksyon pou ou.” (Jan 21:15). Se sèten Pyè te respekte pawòl li. Depi lè sa a, li te montre l gen lanmou pou Kris lè l te ret okipe nan travay fè disip la, e lè l te vin yon pilye nan kongregasyon premye syèk la.

3. Ak ki danje kretyen yo bezwen fè atansyon?

3 Ki sa n ka aprann nan pawòl Jezi te di Pyè yo? Nou bezwen fè atansyon pou n pa kite lanmou nou gen pou Kris la vin febli e pou n pa kite lòt bagay fè n distrè nan pwen pou n bliye aktivite Wayòm nan. Jezi te byen konnen jan tètchaje ki gen nan sistèm nan ka fè presyon sou nou. Nan egzanp Jezi te bay konsènan moun k ap simen an, li te di gen moun ki t ap aksepte “mesaj Wayòm nan” e ki t ap kòmanse fè pwogrè, men, “tètchaje ki gen nan sistèm sa a ak pouvwa richès genyen pou l twonpe moun” t ap “toufe pawòl la”. (Mat. 13:19-22; Mak 4:19.) Vrèmanvre, si n pa fè atansyon, enkyetid ki gen chak jou nan lavi a ka gen enfliyans sou kè nou e sa ka fè n ralanti nan domèn espirityèl. Se sa k fè, men ki avètisman Jezi te bay disip li yo: “Veye kò nou pou kè nou pa janm vin lou akoz eksè nou fè nan manje, akoz nou bwè twòp e akoz tètchaje ki gen nan lavi a.” — Lik 21:34.

4. Ki sa k ap ede n wè jis nan ki pwen nou gen lanmou pou Kris? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

4 Menm jan Pyè te fè apre eksperyans li te fè ak Jezi ki resisite, nou menm tou, nou montre jis nan ki pwen nou gen lanmou pou Kris lè n met travay li ban nou fè a an premye. Ki jan n ka gen asirans n ap kontinye fè sa? Detanzantan, nou bezwen mande tèt nou: ‘Pou ki bagay mwen gen afeksyon toutbon? Èske se lè m patisipe nan aktivite ki gen nan monn nan mwen gen plis kè kontan nan lavi a oswa lè m patisipe nan aktivite espirityèl yo?’ Nan sans sa a, ann egzamine twa bagay nan lavi a si n pa kite yo nan plas yo sa ka febli lanmou nou gen pou Kris ak pou bagay espirityèl yo: travay, detant ak bagay materyèl.

KITE TRAVAY NAN PLAS LI

5. Selon Bib la, ki responsablite chèf fanmi yo genyen?

5 Pou apot Pyè, aktivite lapèch la te plis pase yon senp distraksyon, se te travay ki te pèmèt li pran swen fanmi l. Jodi a, chèf fanmi yo rekonèt Bib la ba yo responsablite pou yo bay fanmi yo sa yo gen bezwen nan domèn materyèl (1 Tim. 5:8). Yo dwe travay di pou yo ka respekte obligasyon sa a. Men, nan dènye jou yo, byen souvan, travay pote anpil tètchaje.

6. Ki strès ki genyen nan travay yo jodi a?

6 Piske gen gwo konpetisyon akoz pa gen ase travay pou tout moun, sa vin fè anpil anplwaye santi yo oblije pase plis tan ap travay, pafwa pou mwens kòb. Mete sou sa, lefètke moun yo toujou anba gwo presyon pou yo pwodui plis, sa gen gwo konsekans sou yo nan domèn fizik, mantal ak afektif. Anplwaye ki pa dispoze fè sakrifis sa yo pou konpayi yo riske pèdi travay yo.

7, 8. a) Ak kiyès nou dwe fidèl an premye? b) Ki leson enpòtan yon frè nan peyi Tayilann te aprann konsènan travay li?

7 Antanke kretyen, se ak Jewova Dye nou dwe fidèl an premye, se pa ak patwon nou (Lik 10:27). Travay se jis yon mwayen ki ede n atenn yon objektif. Nou travay pou n jwenn sa n gen bezwen nan domèn materyèl e pou n soutni travay predikasyon an. Men, si n pa fè atansyon, travay nou ka vin pran plas adorasyon n ap bay Bondye a. Pa egzanp, men sa yon frè nan peyi Tayilann te rakonte: “Travay mwen se te repare òdinatè, li te enteresan anpil, men, sa te mande pou m fè anpil tan ap travay. Kòm rezilta, m te prèske pa gen tan pou bagay espirityèl yo. Finalman, m te vin rann mwen kont, pou m te ka met enterè Wayòm nan an premye, m te dwe chanje travay.” Ki sa frè sa a te fè?

8 Men sa l esplike: “Apre m fin pase anviwon ennan ap planifye, m te deside vann krèm nan lari. Okòmansman, m te konn gen gwo pwoblèm ekonomik e m te vin dekouraje. Lè m te konn rankontre ansyen kòlèg travay mwen, yo te konn ri m e yo te konn mande m poukisa m panse vann krèm pi bon pase repare òdinatè nan èkondisyone. M te priye Jewova, m te mande l pou l ede m kenbe e pou l ede m atenn objektif mwen genyen pou m jwenn plis tan pou aktivite espirityèl yo. Bagay yo pa t pran tan pou yo kòmanse amelyore. M te vin pi byen konn gou kliyan m yo e m te vin pi fò nan fè krèm. M te konn vann tout krèm mwen yo byen vit chak jou. An reyalite, bagay yo te vin pi byen mache pou mwen nan domèn ekonomik pase lè m t ap repare òdinatè. Kè m vin pi kontan paske m pa strese e m pa gen pwoblèm mwen te genyen nan ansyen travay mwen an. E sa k pi enpòtan an, kounye a mwen santi m pi pwòch ak Jewova.” — Li Matye 5:3, 6.

9. Ki jan n ka kontinye gen yon pwennvi ekilibre sou travay?

9 Renmen travay se yon kalite ki soti nan Bondye, e lè yon moun travay di l ap jwenn rekonpans (Pwo. 12:14). Aktout sa, jan frè nou te pale de li pi wo a te aprann sa, nou bezwen kite travay nan plas li. Men sa Jezi te di: “Kidonk, kontinye chèche Wayòm nan an premye e kontinye chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye, e l ap ajoute tout lòt bagay sa yo [bagay materyèl nou gen bezwen] pou nou.” (Mat. 6:33). Pou n rive wè si gen ekilib ant aktivite pwofàn nou yo ak responsablite espirityèl nou yo, l ap bon pou n mande tèt nou: ‘Èske m wè travay mwen enteresan e l fè kè m kontan alòske mwen wè aktivite espirityèl mwen yo tankou yon bagay ki pa gen twòp enpòtans oswa tankou yon woutin?’ Lè n reflechi sou fason nou konsidere aktivite pwofàn nou yo ak aktivite espirityèl nou yo e n medite sou sa, sa ka ede n wè pou ki bagay nou gen afeksyon toutbon.

10. Ki leson enpòtan Jezi te anseye konsènan bagay pou n bay priyorite?

10 Jezi te anseye fason pou n fè ekilib ant aktivite pwofàn ak aktivite espirityèl. Yon lè, Jezi t al lakay de sè, youn rele Mari e lòt la rele Mat. Pandan Mat t ap trakase kò l pou l prepare manje, Mari te chwazi chita nan pye Jezi e l t ap koute l. Lè Mat ap plenyen dèske Mari pa ede l, men sa Jezi te di Mat: “Mari [...] chwazi bon pati a, e yo pap pran l nan men l.” (Lik 10:38-42). Se yon leson enpòtan Jezi t ap anseye Mat. Pou n pa kite aktivite pwofàn distrè nou e pou n ka demontre lanmou nou gen pou Kris, nou dwe kontinye chwazi “bon pati a”, sa vle di pou n bay bagay espirityèl yo priyorite.

FASON NOU WÈ DETANT AK DISTRAKSYON

11. Ki sa Bib la di konsènan repo ak detant?

11 Nou bezwen yon ti tan pou n detann nou e pou n repran fòs akoz nou travay di oswa akoz nou gen yon orè ki chaje. Men sa Pawòl Bondye a fè konnen: “Pa gen anyen ki pi bon pase sa, pou yon moun manje, pou l bwè e pou l jwenn kè kontan nan travay di li fè.” (Ekl. 2:24). Jezi te rekonèt enpòtans sa genyen pou yon moun pran repo nan kèk okazyon. Apre yon gwo kanpay predikasyon espesyal, li te di disip li yo: “Nou menm, vin yon kote apa pou nou pran yon ti repo.” — Mak 6:31, 32.

12. Anrapò ak detant ak distraksyon, ki prekosyon nou dwe pran? Bay yon egzanp.

12 Vrèmanvre, detant ak distraksyon konble yon bezwen enpòtan nou genyen. Men, danje a sèke detant ka tounen bagay ki pi enpòtan nan lavi n. Nan premye syèk la, men ki atitid anpil moun te genyen: “Ann manje, ann bwè, paske demen n ap mouri.” (1 Kor. 15:32). Se menm atitid la pifò moun genyen anpil kote nan monn nan jodi a. Pa egzanp, sa gen plizyè ane depi yon jèn gason ann Ewòp delwès te kòmanse asiste reyinyon. Men, li te tèlman kite distraksyon pran tèt li, li te sispann pran kontak ak pèp Jewova a. Sepandan, rive yon lè, li te vin rann li kont lefètke l te konsantre l sou distraksyon, se pwoblèm ak desepsyon sèlman li te jwenn. Se sa k fè, li te rekòmanse etidye Labib, e rive yon lè, li te vin kalifye antanke pwoklamatè bon nouvèl la. Men sa l te di apre l fin batize: “Sèl sa m regrèt sèke m te pèdi twòp tan anvan m te vin rann mwen kont sèvi Jewova bay plis kè kontan lontan pase kontinye chèche distraksyon monn sa a ofri yo.”

13. a) Bay yon egzanp ki montre danje ki genyen nan detant ak distraksyon. b) Ki sa k ka ede n kenbe yon pwennvi ekilibre sou detant ak distraksyon?

13 Objektif detant se ede n repran fòs pou n retounen anfòm ankò. Pou sa rive fèt, konbyen tan nou ta dwe pase ap detann nou? Reflechi sou egzanp sa a: Anpil nan nou renmen manje desè yon lè konsa, men nou rann nou kont si n ap plede manje bonbon ak sirèt sèlman sa ap gen move efè sou sante nou. Se sa k fè nou plis manje manje ki gen bonjan vitamin. Menm jan an tou, si n ap plede pase tan nan detant ak distraksyon, sa ap febli sante nou nan domèn espirityèl. Pou n evite sa, nou bezwen patisipe nan aktivite Wayòm nan regilyèman. Ki jan n ka rive konnen si n gen yon pwennvi ekilibre sou detant? Nou ta ka chwazi yon semèn, epi nou konte kantite lè nou pase nan aktivite espirityèl yo, tankou asiste reyinyon, patisipe nan travay predikasyon an, etidye Labib pèsonèlman ak etidye Labib an fanmi. Apre sa, nou ta ka konpare kantite lè nou jwenn nan ak kantite lè nou te pase nan menm semèn sa a ap detann nou nan aktivite tankou spò, aktivite nou renmen fè, gade televizyon oswa jwe jwèt videyo. Ki sa konparezon sa a montre? Èske w wè l nesesè pou w pran mwens “desè”? — Li Efezyen 5:15, 16.

14. Ki sa k ta dwe gide nou lè n ap chwazi detant ak distraksyon?

14 Chak moun ak chak chèf fanmi lib pou yo chwazi detant yo prefere, depi se aktivite ki ann amoni ak enstriksyon Jewova bay ki baze sou prensip ki nan Bib la *. Bonjan detant se “kado Bondye bay”. (Ekl. 3:12, 13.) Natirèlman, nou rann nou kont tout moun pa renmen pran menm detant (Gal. 6:4, 5). Kèlkeswa detant nou chwazi, nou bezwen kite l nan plas li. Men sa Jezi te di: “Kote trezò w ye, se la kè w ap ye tou.” (Mat. 6:21). Donk, lanmou sensè nou gen pou Jezi ap pouse n ret konsantre an premye sou aktivite Wayòm nan nan panse nou, nan pawòl nou ak aksyon nou olye n ret konsantre sou aktivite n ap mennen chak jou nan lavi a. — Flp. 1:9, 10.

KONBA N AP MENNEN POU N PA VIN MATERYALIS

15, 16. a) Nan ki sans lanmou pou bagay materyèl ka vin yon pyèj pou yon kretyen? b) Ki konsèy saj Jezi te bay konsènan bagay materyèl?

15 Jodi a, sèl bagay ki nan lespri anpil moun se rad dènye modèl, dènye gadjèt elektwonik, elatriye. Se sa k fè, chak kretyen dwe egzamine pwòp dezi li genyen regilyèman lè l poze tèt li kesyon ki vin apre yo: ‘Èske bagay materyèl vin tèlman enpòtan pou mwen sa fè m pase plis tan ap fè rechèch oswa ap reflechi sou machin dènye modèl oswa sou dènye modèl rad ki parèt olye m pase tan ap prepare reyinyon yo? Èske m vin tèlman okipe nan aktivite m ap mennen chak jou sa fè m pase mwens tan ap priye oswa ap li Labib?’ Si nou rann nou kont lanmou pou bagay materyèl ap pran plas lanmou nou gen pou Kris la, nou dwe reflechi sou pawòl Jezi te di ki vin annapre yo: “Evite tout kalite tanta.” (Lik 12:15). Poukisa Jezi te bay avètisman enpòtan sa a?

16 Jezi te fè konnen “pèsonn pa ka esklav de mèt anmenmtan”. Men sa l te ajoute: “Nou pa ka esklav Bondye ak Lajan anmenmtan.” Rezon an se paske toule de “mèt” sa yo mande pou n ba yo yon atachman san pataj. Se swa nou “rayi youn e [nou] renmen lòt la, oubyen [nou] atache ak youn e [nou] meprize lòt la”. (Mat. 6:24.) Antanke moun ki enpafè, nou tout dwe kontinye goumen kont “dezi nou gen nan chè nou”, san wete lanmou pou bagay materyèl. — Efe. 2:3.

17. a) Poukisa li difisil pou moun ki fikse panse yo sou lachè vin gen yon pwennvi ekilibre sou bagay materyèl? b) Ki sa k ede n goumen ak dezi pou n posede bagay materyèl?

17 Li difisil pou moun ki fikse panse yo sou lachè vin gen yon pwennvi ekilibre sou bagay materyèl. Poukisa? Se paske yo pa wè klè nan domèn espirityèl. (Li 1 Korentyen 2:14.) Yonfwa kapasite yo genyen pou yo konprann nan vin bwouye, li vin pi difisil pou yo rive fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal (Ebre 5:11-14). Konsa, gen moun ki vin gen yon dezi san kontwòl pou bagay materyèl, yon dezi yo ka pa janm rive satisfè nèt (Ekl. 5:10). Erezman, gen yon remèd pou moun ki kite lanmou pou bagay materyèl anpwazonnen lespri yo, sa vle di yo dwe pran yon bon dòz Pawòl Bondye a, Labib, regilyèman (1 Pyè 2:2). Menm jan lè Jezi te medite sou verite ki nan Pawòl Bondye a sa te ba l fòs pou l rejte tantasyon, se menm jan an tou, lè n aplike prensip ki nan Bib la sa ede n goumen ak dezi pou n posede bagay materyèl (Mat. 4:8-10). Lè n fè sa, nou montre Jezi nou renmen l plis pase nenpòt bagay materyèl.

Ki sa w bay priyorite nan lavi w? (Gade paragraf 18.)

18. Ki detèminasyon w pran?

18 Lè Jezi te mande Pyè ‘èske l renmen l plis pase sa yo’, se sonje li t ap fè Pyè sonje enpòtans pou l mete relasyon l ak Bondye an premye nan lavi l. Non Pyè vle di “yon moso wòch”, e Pyè te vrèman viv ann amoni ak siyifikasyon non l paske l te demontre kalite ki fè l sanble ak yon wòch (Tra. 4:5-20). Menm jan an tou jodi a, nou pran detèminasyon pou n kenbe lanmou nou gen pou Kris la djanm lè n kite travay, detant ak bagay materyèl nan plas yo. Se pou chwa nou fè nan lavi nou montre nou panse menm jan ak Pyè ki te di Jezi: “Seyè, ou konnen mwen gen afeksyon pou ou.”

^ § 14 Gade atik ki gen tit “Èske aktivite w fè pou w detann ou yo bon?” ki te parèt nan Toudegad 15 oktòb 2011, paj 9-12, paragraf 6-15.