Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fason Gayis te ede frè yo

Fason Gayis te ede frè yo

GAYIS ansanm ak kèk lòt kretyen te rankontre anpil difikilte nan fen premye syèk la. Gen yon seri moun ki t ap gaye fo ansèyman nan kongregasyon an, yo t ap eseye febli l epi met divizyon ladan l (1 Jan 2:18, 19; 2 Jan 7). Gen yon mesye ki rele Dyotrefès ki t ap gaye “move pawòl” sou apot Jan ak lòt moun, e mesye sa a te refize resevwa kretyen ki te konn vwayaje yo e l te eseye konvenk lòt moun pou yo fè menm jan avè l (3 Jan 9, 10). Se konsa bagay yo te ye lè Jan te ekri Gayis la. Lèt apot la te ekri ozanviwon ane 98 epòk nou an parèt nan Liv ki te ekri an grèk yo sou non “Twazyèm lèt Jan te ekri a”.

Malgre tout difikilte Gayis te rankontre, li te kontinye sèvi Jewova fidèlman. Ki fason l te montre l fidèl? Poukisa n ta dwe imite egzanp Gayis jodi a? Ki jan lèt Jan an ka ede n fè sa?

YON LÈT POU YON BON ZANMI

Moun ki te ekri Twazyèm lèt Jan an te rele tèt li “ansyen an”. Pawòl sa a te sifi pou Gayis, pitit espirityèl Jan te renmen an, te konnen se apot Jan. Avèk lanmou, Jan te rele Gayis “byenneme mwen renmen toutbon an”. Apre sa, Jan te fè konnen li espere Gayis t ap kontinye ret an sante nan domèn fizik menm jan l te djanm nan domèn espirityèl. Ala yon bèl konpliman! — 3 Jan 1, 2, 4.

Sandout Gayis te yon siveyan nan kongregasyon an, byenke lèt la pa fè konn sa aklè. Jan te fè lwanj pou Gayis paske l te konn akeyi frè yo aktout li pa t konnen yo. Jan te konsidere sa kòm yon prèv ki montre Gayis te fidèl, etandone yo rekonèt sèvitè Bondye yo nan fason yo toujou montre yo akeyan. — Jen. 18:1-8; 1 Tim. 3:2; 3 Jan 5.

Pawòl Jan te di pou l montre l kontan dèske Gayis te byen resevwa frè yo montre kretyen yo te konn vwayaje regilyèman sot kote apot Jan te ye a pou y al nan kongregasyon yo, e sandout, moun sa yo ki te konn vwayaje te konn rakonte Jan sa yo te jwenn sou wout yo. Petèt se pa mwayen sa a Jan te konn resevwa nouvèl kongregasyon sa yo.

Sandout kretyen ki te konn vwayaje yo te vle ret ansanm ak kwayan parèy yo. Otèl yo te gen move repitasyon, yo pa t bay bon sèvis e yo te chaje ak moun ki gen konduit imoral. Se sa k fè, kou sa posib, moun ki t ap vwayaje ki gen sajès yo te konn desann kay zanmi yo, e kretyen yo te konn desann kay kretyen parèy yo.

“SE POU NON L YO TE SOTI”

Jan te ankouraje Gayis pou l montre l akeyan yon lòt fwa ankò, paske apot la te mande l pou l “voye [moun k ap vwayaje] yo ale yon fason ki fè Bondye plezi”. Nan yon ka konsa, voye vizitè yo ale vle di fè yo jwenn sa yo bezwen pou dezyèm pati vwayaj la, epi ba yo tout sa ki nesesè pou jis yo rive kote yo prale a. Li klè, Gayis te deja konn fè sa pou vizitè li te konn akeyi anvan yo piske yo te konn bay Jan yon rapò sou lanmou ak lafwa moun ki te akeyi yo a. — 3 Jan 3, 6.

Vizitè sa yo gendwa se te misyonè, moun Jan te voye oswa siveyan itineran. Kèlkeswa moun yo te ye a, yo t ap vwayaje poutèt bon nouvèl la. Men sa Jan te di: “Se pou non l yo te soti.” (3 Jan 7). Jan te fèk fin pale de Bondye (gade vèsè 6), konsa, ekspresyon “se pou non l” lan sanble fè referans ak non Jewova. Donk, frè yo te fè pati kongregasyon kretyen an e yo te merite pou yo byen akeyi yo. Tankou Jan te di sa: “Nou santi se yon devwa pou nou byen resevwa jan de moun sa yo, pou nou ka vin konpayon travay yo nan laverite.” — 3 Jan 8.

YON ÈD NAN YON SITIYASYON DIFISIL

Jan pa t ekri Gayis jis pou l remèsye l. Li te vle ede l rezoud yon gwo pwoblèm tou. Pou yon rezon moun pa konnen, gen yon moun nan kongregasyon kretyen an ki te rele Dyotrefès ki pa t dispoze akeyi kretyen ki te konn vwayaje yo. Li te menm eseye anpeche lòt moun montre yo akeyan. — 3 Jan 9, 10.

Pa gen dout, kretyen ki fidèl yo pa t ap janm anvi desann lakay Dyotrefès menmsi sa te posib. Li te renmen pran latèt nan kongregasyon an, li pa t resevwa anyen ki sot nan men Jan avèk respè e l t ap gaye move pawòl sou apot la ak sou lòt moun. Byenke Jan pa t janm di Dyotrefès se yon fo anseyan, Dyotrefès te kanpe kont otorite apot la. Dyotrefès te vle yo pran l pou yon pakèt afè, e atitid sa a li te genyen an ki pa pou kretyen te fè moun gen dout sou fidelite l. Egzanp Dyotrefès montre ki jan moun ki gen anbisyon e ki awogan ka eseye met divizyon nan yon kongregasyon. Se rezon sa a ki fè Jan te di Gayis, e nou chak konsène tou, pawòl ki vin apre a: “Pa imite sa ki mal.” — 3 Jan 11.

YON BON REZON POU N FÈ SA KI BYEN

Jan te pale de yon kretyen ki rele Demetriyis ki te bay bon egzanp kontrèman ak Dyotrefès. Men sa Jan te ekri: “Moun bay bon temwayaj sou Demetriyis [...]. Anfèt, nou menm tou nou bay bon temwayaj sou li, e ou konnen temwayaj nou bay la se laverite.” (3 Jan 12). Petèt Demetriyis te bezwen èd nan men Gayis, e petèt Twazyèm lèt Jan an se lèt apot la te sèvi pou l prezante Demetriyis e pou l rekòmande l. Sanble se Demetriyis li menm ki te pote lèt la bay Gayis. Antanke yon moun Jan te voye, oswa petèt yon siveyan itineran, sandout prezans Demetriyis te ranfòse sa Jan te ekri a.

Poukisa Jan te ankouraje Gayis pou l kontinye montre l akeyan aktout li te deja fè sa? Èske Jan te wè l nesesè pou l ankouraje Gayis plis toujou? Èske apot la te enkyè dèske Gayis te ka ezite fè sa paske Dyotrefès t ap eseye met kretyen ki akeyan yo deyò nan kongregasyon an? Kèlkeswa jan sa te ye, Jan te bay Gayis asirans lè l te di l: “Moun k ap fè sa ki byen soti nan Bondye.” (3 Jan 11). Sa se yon bon rezon pou n fè sa ki byen e pou n kontinye fè sa.

Èske lèt Jan an te ankouraje Gayis pou l kontinye montre l akeyan? Lefètke Twazyèm lèt Jan an fè pati liv enspire ki nan Bib la e yo te konn sèvi avè l pou ankouraje lòt moun “imite sa ki byen”, sa montre l te ankouraje l.

LESON NOU APRANN NAN TWAZYÈM LÈT JAN TE EKRI A

Nou pa konn plis bagay sou Gayis, frè nou an, ki t ap viv nan tan lontan. Sepandan, nou ka aprann anpil leson nan ti apèsi sa a nou genyen sou lavi l.

Ki fason nou ka “pran abitid akeyi moun”?

Premyèman, nan yon sans, pifò nan nou rekonèt nou rive konn laverite grasa yon seri sèvitè fidèl ki te dispoze vwayaje pou fè nou konnen l. Nòmalman, se pa tout moun nan kongregasyon kretyen an jodi a ki konn vwayaje al byen lwen pou bon nouvèl la. Sepandan, menm jan ak Gayis, nan yon sans, nou ka ede moun k ap vwayaje yo, tankou siveyan sikonskripsyon an ak madanm li, e nou ka ankouraje yo. Oubyen nou ka ede frè ak sè ki deplase al yon lòt kote nan peyi a oswa menm ki al nan yon lòt peyi pou sèvi kote ki bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan. Kidonk, ann “pran abitid akeyi moun”. — Wom. 12:13; 1 Tim. 5:9, 10.

Dezyèmman, nou pa ta dwe sezi si yon lè nou ta wè gen moun ki kanpe kont otorite moun ki pran latèt nan kongregasyon yo nan epòk nou an. Gen moun ki te kanpe kont otorite Jan, e menm bagay la te rive apot Pòl (2 Kor. 10:7-12; 12:11-13). Donk, ki jan n ta dwe reyaji si n ta wè gen kèk moun nan kongregasyon an k ap aji menm jan an? Men avètisman Pòl te bay Timote: “Yon esklav Seyè a pa dwe nan goumen, men li dwe dou ak tout moun, li dwe gen kapasite pou l anseye, li dwe metrize tèt li lè yo fè l ditò, e li dwe enstwi moun ki pa byen dispoze yo avèk dousè.” Lè n kontinye aji avèk dousè menm lè moun ap pwovoke n, sa ka fè kèk moun k ap kritike n chanje atitid tikras pa tikras. Petèt, Jewova “ka byen pèmèt yo repanti, e sa ap fè yo jwenn konesans egzak sou verite a”. — 2 Tim. 2:24, 25.

Twazyèmman, nou bezwen rekonèt gen kretyen parèy nou k ap sèvi Jewova fidèlman malgre yo jwenn opozisyon e nou dwe felisite yo anpil pou fidelite yo. Se sèten apot Jan te ankouraje Gayis e l te ba l asirans li t ap fè sa ki byen. Menm jan an tou, jodi a, ansyen yo dwe suiv egzanp Jan lè yo ankouraje frè ak sè yo yon fason pou ‘yo pa faya’. — Eza. 40:31; 1 Tes. 5:11.

Lèt apot Jan te ekri Gayis la gen sèlman 219 mo nan tèks grèk la e l se liv ki pi kout nan Bib la. Epoutan, li vrèman gen anpil valè pou kretyen yo jodi a.