Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fikse kè w sou trezò espirityèl yo

Fikse kè w sou trezò espirityèl yo

“Kote trezò nou ye, se la kè n ap ye tou.” — LIK 12:34.

KANTIK: 76, 59

1, 2. a) Site twa trezò espirityèl Jewova ban nou. b) Ki sa n pral egzamine nan atik sa a?

JEWOVA se Moun ki pi rich ki gen nan linivè (1 Kwo. 29:11, 12). Antanke yon Papa ki renmen bay, li dispoze pataje richès espirityèl li yo ak tout moun ki wè kokenn enpòtans yo genyen. Se pa ti rekonesans nou genyen dèske Jewova ban nou yon seri trezò espirityèl, tankou: 1) Wayòm Bondye a, 2) travay predikasyon an, yon travay ki ka sove lavi moun, e 3) verite ki gen anpil valè ki nan Pawòl li a! Men, si n pa fè atansyon, nou ka sispann bay trezò sa yo valè, anfèt, nou ka menm voye yo jete. Pou n ka konsève yo, nou dwe byen sèvi ak yo e nou dwe toujou renmen yo. Men sa Jezi te di: “Kote trezò nou ye, se la kè n ap ye tou.” — Lik 12:34.

2 Ann egzamine fason nou ka vin gen lanmou ak apresyasyon pou Wayòm nan, pou travay predikasyon an e pou laverite, ak fason nou ka kontinye fè sa. Toutpandan n ap fè sa, medite sou fason ou menm ou ka vin gen plis lanmou pou trezò espirityèl sa yo.

WAYÒM BONDYE A MENM JAN AK YON PÈL KI GEN ANPIL VALÈ

3. Ki sa komèsan ki nan egzanp Jezi te bay la te dispoze fè pou l te ka gen pèl ki gen anpil valè a? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

3 Li Matye 13:45, 46. Jezi te bay yon egzanp konsènan yon komèsan ki t ap chèche pèl. Apre plizyè ane, se sèten komèsan an te achte epi l te vann plizyè santèn pèl. Epoutan, kou l te jwenn yon pèl ki te tèlman bèl, li te annik wè l, sa te fè kè l kontan. Men, pou l te ka achte l, li t ap oblije vann tout sa l posede. Èske w ka imajine jan pèl sa a te gen anpil valè pou li?

4. Si nou renmen Wayòm Bondye a menm jan komèsan an te renmen pèl la, ki sa n ap fè?

4 Ki leson nou aprann? Verite sou Wayòm Bondye a menm jan ak pèl sa a ki gen anpil valè. Si nou renmen l menm jan komèsan an te renmen pèl la, n ap dispoze abandone tout bagay pou n ka viv anba dominasyon Wayòm nan pou toutan. (Li Mak 10:28-30.) Ann egzamine egzanp de moun ki te fè sa.

5. Ki jan Zache te montre l detèmine pou l jwenn Wayòm Bondye a?

5 Zache se te yon pèseptè an chèf ki te vin rich paske l te konn pran lajan moun (Lik 19:1-9). Poutan, lè mesye sa a ki pa t ap fè sa ki dwat te tande Jezi k ap preche konsènan Wayòm nan, li te rekonèt kokenn enpòtans sa l t ap tande yo te genyen e l te aji tousuit. Men sa l te di byen fò: “Gade! Seyè, m ap bay pòv yo mwatye nan byen mwen genyen yo, e kèlkeswa sa mwen te pran nan men nenpòt moun, m ap remèt li kat fwa lavalè.” Li te kontan bay tout richès li te fè nan move kondisyon yo e l te sispann fè ava pou bagay materyèl.

6. Ki chanjman Rose te fè pou l te ka viv anba dominasyon Wayòm Bondye a, e poukisa l te fè sa?

6 Sa gen kèk ane, gen yon dam n ap bay non Rose ki te tande mesaj Wayòm nan, e lè sa a, li te yon lesbyèn. Li te alatèt yon òganizasyon ki t ap lite pou dwa omoseksyèl yo. Men, pandan Rose t ap etidye Labib, li te vin wè kokenn enpòtans verite sou Wayòm Bondye a genyen. Li te vin rann li kont li t ap gen pou l fè gwo chanjman nan lavi l (1 Kor. 6:9, 10). Kè l te pouse l demisyone nan òganizasyon l te ye a e l te kite lesbyèn. Rose te batize an 2009, e nan ane ki te vin apre a, li te pran sèvis pyonye pèmanan. Lanmou l gen pou Jewova ak pou Wayòm li an te pi fò pase kèlkeswa dezi lachè li te genyen. — Mak 12:29, 30.

7. Ki jan n ka kontinye renmen Wayòm Bondye a ak tout kè n?

7 Vrèmanvre, anpil nan nou fè gwo chanjman nan lavi nou pou n ka viv anba dominasyon Wayòm Bondye a (Wom. 12:2). Malgre sa, travay nou poko fini. Nou dwe kontinye ret vijilan kont bagay k ap fè lagè avè n toutan pou atire n yo, tankou dezi pou bagay materyèl ak kèlkeswa dezi seksyèl ki imoral (Pwo. 4:23; Mat. 5:27-29). Pou Jewova ede n kontinye renmen Wayòm li an ak tout kè n, li ban nou yon lòt trezò ki gen anpil valè.

TRAVAY PREDIKASYON AN, YON TRAVAY KI KA SOVE LAVI MOUN

8. a) Poukisa apot Pòl te pale de travay predikasyon an kòm yon “trezò [ki] nan veso ki fèt an tè”? b) Ki jan Pòl te montre li bay travay predikasyon an anpil valè?

8 Pa bliye se Jezi ki ban nou misyon pou n preche e pou n anseye bon nouvèl Wayòm Bondye a (Mat. 28:19, 20). Apot Pòl te konnen jan travay predikasyon an gen anpil valè. Li te pale de misyon pou n preche konsènan nouvo alyans lan kòm yon “trezò [ki] nan veso ki fèt an tè”. (2 Kor. 4:7; 1 Tim. 1:12.) Byenke nou se senpleman yon seri veso ki fèt an tè e ki enpafè, mesaj n ap preche a ka fè ni nou menm ni moun ki koute n yo gen lavi ki pap janm fini an. Piske Pòl te konn sa, men sa l te di: “Mwen fè tout bagay pou bon nouvèl la, pou m ka pataje l ak lòt moun.” (1 Kor. 9:23). Vrèmanvre, lanmou Pòl te gen pou travay predikasyon an te pouse l fè tout sa l kapab pou l fè disip. (Li Women 1:14, 15; 2 Timote 4:2.) Sa te ede l andire opozisyon ki rèd anpil (1 Tes. 2:2). Ki jan n ka montre nou renmen travay predikasyon an konsa tou?

9. Bay kèk fason nou ka montre nou renmen travay predikasyon an.

9 Youn nan fason Pòl te montre li renmen travay predikasyon an se lè l te pwofite tout okazyon pou l pale ak lòt moun. Menm jan ak apot yo ak kretyen yo nan premye syèk la, nou fè predikasyon enfòmèl, an piblik ak kay an kay (Tra. 5:42; 20:20). Depi sitiyasyon nou pèmèt sa, nou chèche jwenn fason pou n fè plis nan travay predikasyon an, petèt lè n pran sèvis pyonye oksilyè oswa pèmanan. Anplis de sa, nou ka aprann lòt lang, nou ka demenaje al nan yon lòt zòn nan peyi nou oswa nou ka menm demenaje al nan yon lòt peyi. — Tra. 16:9, 10.

10. Ki byenfè Irene te jwenn lefètke l te detèmine pou l preche bon nouvèl la?

10 Ann pran egzanp Irene, yon sè selibatè k ap viv Ozetazini. Li te gen yon gwo anvi pou l preche imigran ki pale lang ris yo. Lè l te kòmanse fè sa an 1993, te gen anviwon 20 pwoklamatè sèlman nan gwoup lang ris la nan vil Nouyòk. Pandan anviwon 20 an, Irene te fè anpil efò pou l preche nan lang ris. Men sa Irene fè konnen: “M toujou pa ka pale lang ris la byen.” Men, Jewova beni devouman Irene ak lòt moun ki menm jan avè l yo genyen. Jodi a, gen sis kongregasyon lang ris nan vil Nouyòk. Kenz nan moun Irene te anseye Labib yo te batize. Gen kèk nan yo ki vin Betelit, pyonye ak ansyen. Men sa Irene di: “Lè m panse ak lòt objektif mwen te ka genyen, m pa ka imajine youn nan yo ki te ka fè m jwenn plis jwa pase sa.” Sa klè, li te bay travay predikasyon an anpil valè!

Èske pwogram ou gen chak semèn montre w konsidere travay predikasyon an kòm yon trezò? (Gade paragraf 11, 12.)

11. Ki bon rezilta n ap jwenn lè n kontinye preche malgre pèsekisyon?

11 Si n bay travay predikasyon an anpil valè, menm jan ak apot Pòl, n ap kontinye preche malgre pèsekisyon (Tra. 14:19-22). Pandan ane 1930 yo ak kòmansman ane 1940 yo, frè nou yo Ozetazini te fè fas ak yon seri opozisyon ki te rèd anpil. Sepandan, menm jan ak Pòl, yo te rete fèm e yo te kontinye preche. Pou frè yo te pwoteje dwa nou genyen pou n preche a, yo te defann tèt yo devan tribinal plizyè fwa. Men sa frè Nathan H. Knorr te di an 1943 pandan l t ap pale konsènan youn nan viktwa frè yo te ranpòte devan pi gwo tribinal peyi Etazini an: “Se konba n ap mennen yo ki fè n gen viktwa sa yo. Si pwoklamatè a pa t kontinye preche, pa t ap gen okenn ka ki parèt devan pi gwo tribinal la. Men se paske ou menm, pwoklamatè a, wi, frè yo toupatou sou tè a, kontinye preche e n pa bay vag ki fè pèsekisyon an fini kounye a. Se viktwa sa a pèp Seyè a ki kenbe djanm te ranpòte ki fè yo pran desizyon sa a finalman.” Frè nou yo nan lòt peyi ki kenbe djanm menm jan an te ranpòte anpil viktwa konsa tou. Wi, lanmou nou gen pou travay predikasyon an ka pot laviktwa sou pèsekisyon.

12. Ki detèminasyon w pran anrapò ak travay predikasyon an?

12 Lè n konsidere travay predikasyon an kòm yon trezò ki gen anpil valè Jewova ban nou, nou pap janm kontante nou pou n annik “konte lè”. Okontrè, n ap fè tout sa n kapab pou n “bay yon temwayaj konplè sou bon nouvèl” la (Tra. 20:24; 2 Tim. 4:5). Men, ki sa n pral anseye lòt moun yo? Ann egzamine yon lòt trezò Bondye ban nou.

TREZÒ NOU AN GEN LADAN L VERITE BONDYE FÈ KONNEN YO

13, 14. Ki sa depo “trezò” Jezi te pale de li nan Matye 13:52 a ye, e ki jan nou ka ranpli l?

13 Yon twazyèm trezò espirityèl nou genyen se verite Bondye fè n konnen yo. Jewova se Bondye verite a (2 Sam. 7:28; Sòm 31:5). Antanke yon Papa ki renmen bay, li fè moun ki gen lakrentif pou li yo konn laverite sou li. Depi lè n te fèk tande laverite, nou te vin gen opòtinite pou n ranmase verite nou jwenn nan Pawòl li a, Labib, nan piblikasyon nou yo, nan kongrè yo, nan asanble yo ak nan reyinyon ki fèt chak semèn yo. Rive yon lè, nou vin gen sa Jezi te rele yon depo “trezò” ki gen ni verite ki la lontan ni verite ki nèf. (Li Matye 13:52.) Jewova ap ede n ranmase lòt verite ki nèf pou n met nan depo “trezò” nou an si n chèche yo tankou trezò ki kache. (Li Pwovèb 2:4-7.) Ki jan n ka fè sa?

14 Nou dwe chèche gen bon abitid pou n fè etid pèsonèl e pou n fè bonjan rechèch nan Pawòl Bondye a ak nan piblikasyon nou yo. Sa ap ede n jwenn verite ki gendwa “nèf” nan sans nou potko konnen yo anvan sa (Joz. 1:8, 9; Sòm 1:2, 3). Men sa premye nimewo nan peryodik sa a ki te parèt nan mwa jiyè 1879 te di: “Laverite menm jan ak yon ti flè tou senp nan lavi a ki long anpil e l antoure ak yon pakèt manti ki tankou move zèb ki parèt bèl e ki prèske toufe l. Si w vle jwenn li, ou dwe toujou ap chèche l. [...] Si w vle genyen l, ou dwe panche kò w pou w keyi l. Pa kontante w ak yon sèl flè verite. [...] Kontinye keyi, chèche jwenn plis.” Vrèmanvre, nou dwe chofe pou n ranpli trezò nou an ak verite Bondye bay yo.

15. Poukisa n ka pale de kèk verite kòm “bagay ki la lontan”, e kiyès nan verite sa yo ou sitou bay anpil valè?

15 Nou te dekouvri kèk nan verite sa yo ki gen anpil valè lè n te fèk kòmanse frekante pèp Bondye a. Nou ka pale de yo kòm “bagay ki la lontan” nan sans nou te konnen yo e n te apresye yo depi nan kòmansman lavi nou antanke kretyen. Ki sa k gen nan verite ki gen anpil valè sa yo? Nou te aprann se Jewova ki Kreyatè nou, li se Sila a ki ban nou lavi e l gen yon objektif pou lèzòm. Mete sou sa, nou te aprann lanmou Bondye te pouse l bay Pitit Gason l lan kòm yon sakrifis ranson pou n ka libere anba peche ak lanmò. Nou te aprann tou Wayòm li an pral met yon fen nan tout soufrans epi n gen espwa pou n viv pou toutan nan lapè ak kè kontan lè Wayòm nan ap dirije. — Jan 3:16; Rev. 4:11; 21:3, 4.

16. Ki sa n bezwen fè lè yo fè ajisteman nan fason n te konprann yon verite?

16 Detanzantan, konn gen ajisteman ki fèt nan fason n te konprann yon pwofesi biblik oswa kèk pasaj nan Bib la. Lè n resevwa nouvo konpreyansyon sa yo, nou bezwen pran tan pou n byen etidye enfòmasyon sa yo e pou n medite sou yo (Tra. 17:11; 1 Tim. 4:15). Nonsèlman nou chèche byen konprann gwo ajisteman ki fèt yo, men tou, nou chèche konprann ti diferans ki genyen ant sa n te konprann anvan an ak esplikasyon ki tounèf la. Nan fason sa a, nou asire n n ap sere nouvo verite sa a nan depo trezò nou an. Poukisa sa vo lapenn pou n fè efò sa yo?

17, 18. Ki jan lespri sen kapab ede n?

17 Jezi te fè konnen lespri Bondye ka fè n sonje bagay nou te aprann yo (Jan 14:25, 26). Ki jan sa ka ede n antanke moun k ap anseye bon nouvèl la? Ann pale de eksperyans yon frè ki rele Peter te fè. An 1970, li te gen 19 an e l te fèk kòmanse sèvi nan Betèl Grann Bretay la. Pandan l t ap preche kay an kay, li te rankontre yon mesye ki nan senkantèn li e ki plen bab. Peter te mande mesye a si l ta renmen konprann Labib. Mesye a te yon ti jan sezi epi l te di Peter kay sa a se yon kay raben juif. Pou raben an teste Peter, li te mande l: “Donk, pitit gason m, nan ki lang liv Dànyèl la te ekri?” Peter te reponn: “Gen yon pati ki te ekri ann arameyen.” Men sa Peter sonje: “Raben an te sezi dèske m te konn repons lan, men, li pa t pi sezi pase m! Ki jan m te fè konn repons lan? Lè m te rive lakay mwen e m te fouye nan kèk Toudegad ak kèk Reveye n! ki te pase deja, mwen te jwenn yon atik ki esplike liv Dànyèl la te ekri ann arameyen.” (Dàn. 2:4, nòt). Vrèmanvre, lespri sen ka fè n sonje yon seri bagay nou te li deja e n te sere nan depo trezò nou an. — Lik 12:11, 12; 21:13-15.

18 Si nou bay sajès ki soti nan Jewova a anpil valè, kè nou ap pouse n ranpli depo trezò nou an ak ni verite ki nèf ni verite ki la lontan. Tank n ap vin gen plis lanmou ak plis apresyasyon pou sajès ki soti nan Jewova a, se tank n ap vin pi byen ekipe antanke anseyan.

PWOTEJE TREZÒ W YO

19. Poukisa n dwe pwoteje trezò espirityèl nou yo?

19 Satan ak monn li an pa sispann chèche fè n gen mwens apresyasyon pou trezò espirityèl nou sot egzamine nan atik sa a oswa fè n sispann ba yo valè. Nou pa alabri taktik sa yo. Li fasil pou n kite pwomès yo fè nou pran tèt nou, pa egzanp yo ka pwomèt nou yon karyè k ap pèmèt nou fè anpil lajan. Li fasil tou pou n reve vin rich oswa pou n anvi fè egzibisyon ak byen materyèl nou genyen. Apot Jan te fè n sonje se pase monn sa a ap pase e dezi li genyen an ap pase tou (1 Jan 2:15-17). Se sa k fè n dwe fè tout sa n kapab pou n kontinye gen lanmou ak apresyasyon pou richès espirityèl yo e pou n pwoteje yo.

20. Ki sa w detèmine pou w fè pou w pwoteje richès espirityèl ou yo?

20 Ou dwe dispoze abandone tout bagay ki ta ka pran plas lanmou w gen nan kè w pou Wayòm Bondye a. Kontinye chofe nan travay predikasyon an, pa janm sispann apresye travay sa a, yon travay ki ka sove lavi moun. Fè tout sa w kapab pou w kontinye chèche verite Bondye bay yo. Pandan w ap fè sa, se sere w ap sere “trezò [...] nan syèl la, kote vòlè pa ka pwoche, kote mit pa ka wonyen. Paske, kote trezò nou ye, se la kè n ap ye tou”. — Lik 12:33, 34.