Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Chèche rezoud pwoblèm ou gen ak lòt moun epi fè lapè

Chèche rezoud pwoblèm ou gen ak lòt moun epi fè lapè

JEWOVA DYE ankouraje kretyen yo pou yo renmen lapè, e pou yo bay lapè yon plas enpòtan nan lavi yo. Antanke vrè adoratè, lefètke n renmen lapè, sa fè vin gen bonjan lapè pami nou. Sa pèmèt kongregasyon an vin atiran pou moun ki pa renmen gen pwoblèm ak moun.

Pa egzanp, gen yon ougan anpil moun konnen nan peyi Madagaska ki te wè jan Temwen Jewova yo gen tèt ansanm. Li te di tèt li: ‘Si gen yon relijyon m t ap fè, se t ap relijyon sa a.’ Rive yon lè, li te kite sa l te konn pratike ki gen rapò ak movèzespri yo, li te pase plizyè mwa ap ranje sitiyasyon l anrapò ak maryaj li ki pa t ann amoni ak sa Labib di e l te vin adore Jewova, Bondye lapè a.

Menm jan ak mesye sa a, chak ane, gen plizyè milye moun ki jwenn lapè yo te toujou ap chèche a nan kongregasyon kretyen an. Men, Bib la montre aklè si gen “gwo jalouzi ak tandans pou [moun] fè kont” nan kongregasyon an, sa ka kraze relasyon nou gen ak lòt moun e sa ka kreye pwoblèm (Jak 3:14-16). Erezman Bib la ban nou bonjan konsèy tou pou n ka evite pwoblèm sa yo e pou n ka vin gen plis lapè. Pou n wè ki jan n ka fè sa, ann egzamine kèk sitiyasyon ki konn rive nan lavi a.

PWOBLÈM AK SOLISYON

“Li te difisil pou m antann mwen ak yon frè ki kòlèg travay mwen. Yon lè, pandan youn t ap rele sou lòt, gen de moun ki te vin parèt e yo te wè jan n te prèske goumen.” — CHRIS.

“Gen yon sè m te konn preche souvan avè l ki te annik rete konsa epi l kanpe sou aranjman nou te fè pou n al preche ansanm nan. Apre sa, li te sispann pale avè m. M pa t konn poukisa.” — JANET.

“Mwen te nan yon apèl konferans ki te gen twa moun. Gen youn nan yo ki te di l ale, e m te panse l fèmen telefòn nan. Apre sa, m te di lòt moun nan anpil move bagay sou moun ki t ale a. Men, premye moun nan pa t fèmen vre.” — MICHAEL.

“Nan kongregasyon nou an, gen de pyonye ki te kòmanse gen pwoblèm youn ak lòt. Youn te konn rele sou lòt. Pwoblèm yo te genyen an te fè lòt moun dekouraje.” — GARY.

Ou gendwa panse pwoblèm sa yo pa twò grav. Epoutan, yo chak ka lakòz moun ki konsène yo vin gen pwoblèm nan domèn afektif ak nan domèn espirityèl pandan anpil tan. Men, w ap kontan aprann frè ak sè sa yo te fè lapè paske yo tout te sèvi ak Bib la kòm gid yo. Ki prensip nan Bib la ou panse yo te byen suiv?

“Pinga nou youn fè kont ak lòt sou wout la.” (Jen. 45:24). Se konsèy sa a Jozèf te bay frè l yo lè yo t ap retounen lakay papa yo. Se pa ti sajès ki te gen nan pawòl li yo! Lè yon moun pa gen kontwòl sou santiman l epi l vin an kòlè fasil, li ka fè lòt moun vin an kòlè tou. Chris te vin rann li kont feblès li te genyen se te ògèy e l pa t aksepte konsèy fasil. Piske l te vle chanje, li te mande frè l te fè kont avè l la padon, apre sa, li te fè anpil efò pou l metrize tèt li. Lè kòlèg Chris la te wè efò l fè pou l chanje, li menm tou li te vin chanje. Kounye a, yo kontan sèvi Jewova ansanm.

“Kote ki pa gen dyalòg, okenn plan pap mache.” (Pwo. 15:22). Janet te vin konprann li bezwen suiv verite sa a pi byen. Li te deside al pale ak lòt sè a. Pandan konvèsasyon an, avèk tak, Janet te mande sè a pou l di tout sa k nan kè l. Okòmansman, konvèsasyon an te yon ti jan chofe, men, bagay yo te vin amelyore tank yo t ap pale sou pwoblèm yo te genyen an yon fason ki kalm. Sè a te vin rann li kont li te mal konprann yon sijè ki pa t menm gen rapò ak Janet. Li te mande eskiz e yo kontinye sèvi Jewova ansanm ankò.

“Donk, si w ap pote ofrann ou devan lotèl la, e pandan w la ou sonje yon frè w gen yon bagay avè w, kite ofrann ou an la, devan lotèl la, epi ale. Fè lapè ak frè w la anvan.” (Mat. 5:23, 24). Ou ka sonje konsèy sa a Jezi te bay nan Diskou sou mòn nan. Michael te santi l boulvèse lè l te vin rann li kont jan l pa t gen okenn konsiderasyon pou frè a e jan l pa t janti. Li te detèmine pou l fè tout sa l kapab pou l fè lapè ak frè a. Avèk imilite, li te mande frè li te ofanse a eskiz fasafas. Ki rezilta sa te bay? Men sa Michael di: “Frè m nan te padone m ak tout kè l.” Yo te vin zanmi ankò.

“Menmsi yon moun gen dekwa pou l plenyen kont yon lòt, se pou youn kontinye sipòte lòt e se pou youn kontinye padone lòt ak tout kè nou.” (Kol. 3:12-14). Nan ka de sè ki gen lontan depi yo pyonye yo, yon ansyen ki gen bonte te ede yo reflechi sou kesyon ki vin apre yo: ‘Èske nou de a gen dwa pou n fè lòt moun tris akoz pwoblèm nou gen youn ak lòt? Èske n vrèman gen yon bon rezon pou n pa antann nou e pou n pa kontinye sèvi Jewova nan lapè?’ Yo te aksepte konsèy ansyen an te ba yo a e yo te suiv li. Kounye a, yo antann yo byen toutpandan y ap preche bon nouvèl la.

Si yon moun ta ofanse w, premye bagay pou w ta fè se suiv enstriksyon Bib la bay nou fèk sot site ki nan Kolosyen 3:12-14 la. Avèk imilite, gen anpil moun ki panse yo ka jis padone epi bliye sa. Si apre w fin fè anpil efò, ou wè l sanble nesesè pou w fè plis toujou, èske w ka aplike prensip nou jwenn nan Matye 18:15 lan? Konsèy Jezi te bay nan vèsè sa a gen rapò ak etap yon moun dwe suiv lè l peche grav kont yon lòt moun. Men, an prensip, se sa nou ka bezwen fè. Ou ka annik al kot frè a oswa sè a epi, avèk jantiyès ak imilite, eseye pale sou pwoblèm nan avè l epi eseye rezoud li.

An reyalite, Bib la bay lòt konsèy ki itil. Lè w suiv anpil nan yo w ap demontre “fwi lespri a [ki] se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, byenveyans, bonte, lafwa, dousè, metriz”. (Gal. 5:22, 23.) Menm jan luil fè yon machin mache swa, kalite sa yo ki soti nan Bondye ap pèmèt moun fè lapè yon fason ki swa.

DIVÈS PÈSONALITE FÈ KONGREGASYON AN VIN PI BÈL

Nou chak gen pwòp pèsonalite nou, nou chak gen pwòp kalite nou e nou pa wè bagay yo menm jan. Sa kapab fè n gen bonjan relasyon ak lòt moun. Konsa tou, sa ka lakòz mezantant. Men ki egzanp yon ansyen ki gen eksperyans bay: “Yon moun ki timid ka pa santi l alèz bò kot yon moun ki renmen pale e ki renmen fè bri. Diferans sa a ka sanble pa enpòtan, men, li ka lakòz gwo pwoblèm.” Men, èske w panse moun ki pa gen menm pèsonalite ditou oblije gen pwoblèm? Ebyen, ann pran egzanp de nan apot yo. Ki jan de moun Pyè te ye? Nou ka panse l te yon moun ki renmen pale e ki konn aji san reflechi. E Jan li menm? Nou ka panse l te yon moun ki gen lanmou e ki toujou ap veye sou pawòl li ak aksyon l. Nou kapab gen kèk rezon pou n panse konsa konsènan de apot sa yo. Sanble yo pa t gen menm pèsonalite. Aktout sa, yo te travay byen ansanm (Tra. 8:14; Gal. 2:9). Nan sans sa a, li posib pou kretyen ki pa gen menm pèsonalite yo travay ansanm jodi a.

Petèt gen yon frè nan kongregasyon w lan ki fè w fache akoz fason l pale ak fason l aji. Aktout sa, ou rann ou kont Kris te mouri pou moun sa a e w dwe renmen l (Jan 13:34, 35; Wom. 5:6-8). Donk, olye w kraze relasyon w gen avè l la oswa w eseye evite l, mande tèt ou: ‘Èske frè m nan fè yon bagay Labib kondane aklè? Èske l ap eseye mete m malalèz anba anba? Oswa, èske n jis pa gen menm pèsonalite?’ Anplis de sa, men yon lòt kesyon ki gen anpil enpòtans: ‘Kiyès nan bèl kalite li genyen yo ki ka pwofitab pou mwen?’

Dènye kesyon sa a enpòtan anpil. Si moun nan renmen pale e w se yon moun ki poze, reflechi ak jan l fasil pou l kòmanse konvèsasyon nan travay predikasyon an. Ou ka mande l pou w al preche avè l epi gade pou w wè sa w ka aprann. Si moun nan renmen bay alòske w yon ti jan chich, poukisa w pa eseye wè lajwa yon moun jwenn lè l bay moun ki aje, moun ki malad ak moun ki nan bezwen? Ou dwe sonje menm lè w pa gen menm pèsonalite ak frè a, nou ka vin pi pwòch youn ak lòt lè n ret konsantre sou bagay ki pozitif. Se vre lè w fè sa sa pa vle di n ap vin bon zanmi, men, sa ka fè n vin pi pwòch, sa ka fè w santi w pi anpè e sa ka fè vin gen plis lapè nan kongregasyon an.

Sanble Evodi ak Sentich te vrèman diferan oswa yo pa t gen menm pèsonalite. Epoutan, apot Pòl te ankouraje yo “pou yo gen menm panse nan Seyè a”. (Flp. 4:2.) Èske w ap fè efò menm jan an tou pou w atenn objektif sa a e pou w rive fè lapè?

PA KITE PWOBLÈM NAN DIRE

Menm jan move zèb pouse nan jaden flè, se konsa tou move santiman nou gen pou lòt moun ka vin pi mal si n pa fè anpil efò pou n derasinen yo. Yonfwa rankin antre nan kè yon moun, sa ka gen efè sou mantalite kongregasyon an. Si n renmen Jewova ansanm ak frè n ak sè n yo, n ap fè tout sa n kapab pou n pa kite pwoblèm nou yo nui oswa diminye lapè ki gen nan mitan pèp Bondye a.

Si w imilye tèt ou e w fè tout sa w kapab pou w fè lapè, ou ka jwenn bon rezilta.

Lè n eseye rezoud mezantant oswa pwoblèm nou gen ak lòt moun nan objektif pou n fè lapè, nou ka sezi wè bonjan rezilta sa bay. Ann pale de eksperyans yon Temwen te fè. Li te di: “M te santi gen yon sè ki te trete m tankou timoun piti. Sa te ban m anpil pwoblèm. Plis mwen vin fache, se plis m te kòmanse aji yon fason ki di avè l. Men sa m te panse: ‘Piske l pa respekte m, m pap respekte l tou.’”

Annapre, Temwen sa a te kòmanse reflechi sou fason l t ap aji yo. Men sa l te di: “M te kòmanse wè defo m gen nan pèsonalite m, e m te wont tèt mwen anpil. M te rann mwen kont mwen dwe chanje fason m panse. Apre m fin priye Jewova sou sa, m te achte yon ti kado pou sè a epi m te ekri l yon kat pou m mande l eskiz pou move fason m te konn aji. Nou te bay youn lòt akolad e n te dakò pase sou sa k te rive a. Apre sa, nou pa janm gen pwoblèm ankò.”

Moun toujou ap chèche lapè. Men, depi yo nan sitiyasyon ki menase pozisyon yo ak fyète yo, anpil nan yo kòmanse aji yon fason ki montre yo pa renmen lapè. Sa rive anpil moun ki pap adore Jewova, men, dwe gen lapè ak tèt ansanm pami moun k ap adore Jewova yo. Men sa Jewova te enspire Pòl pou l ekri: “M ap sipliye nou pou nou mache yon fason ki konfòm ak apèl nou te resevwa a, avèk yon imilite ak yon dousè ki konplè, avèk pasyans, toutpandan youn ap sipòte lòt nan lanmou, e toutpandan n ap fè gwo efò pou nou kenbe inite lespri a, nan chenn inyon lapè a.” (Efe. 4:1-3). “Chenn inyon lapè a” se yon bagay ki san parèy. Ann fè l vin pi solid, e se pou n detèmine pou n chèche rezoud kèlkeswa pwoblèm ki ta genyen pami nou.