Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Chèche genyen konba y ap fè kont lespri w la

Chèche genyen konba y ap fè kont lespri w la

Y AP atake w! E Satan, prensipal ènmi w lan, ap sèvi ak yon zam ki se yon gwo danje pou ou. Ki zam sa a? Se pwopagann! Li pa itilize zam sa a pou l atake kò w, men l itilize l sitou pou l atake lespri w.

Apot Pòl te byen konnen danje ki gen nan pwopagann Satan ap itilize yo, men, se pa tout kretyen parèy li yo ki te konn sa. Pa egzanp, gen kèk kretyen nan vil Korent ki sanble te twò kwè nan tèt yo, e yo te panse yo tèlman solid nan laverite yo pap janm tonbe (1 Kor. 10:12). Se sa k fè apot Pòl te ba yo avètisman sa a: “Mwen pè pou yo pa kòwonp lespri nou yon fason oswa yon lòt, menm jan sèpan an te sedui Èv avèk riz la e pou nou pa pèdi senserite ak konduit pwòp nou dwe Kris la.” — 2 Kor. 11:3.

Gwo enkyetid Pòl te genyen an montre nou pa dwe twò kwè nan tèt nou. Si w vle genyen konba y ap fè kont lespri w la, ou dwe rekonèt pwopagann se yon danje e w dwe pwoteje tèt ou kont li.

JIS NAN KI PWEN PWOPAGANN SE YON DANJE?

Ki sa pwopagann ye? Nan kontèks n ap pale la a, se lè yo sèvi ak enfòmasyon defòme oswa ak manti pou kontwole fason moun panse ak fason yo aji. Gen kèk moun ki itilize kèk mo ak ekspresyon tankou “manti, tòde pawòl, twonpri, manipile moun, kontwole lespri moun, [ak] gè sikolojik” pou pale de pwopagann e yo asosye l ak “taktik ki pa akseptab, ki danjere e ki pa jis”. — Pwopagann ak Enfliyans (anglè).

Jis nan ki pwen pwopagann se yon danje? Li aji anba anba tankou yon gaz ki envizib, ki pa gen sant e ki se pwazon, e l antre tikras pa tikras nan lespri moun san yo pa rann yo kont. Etandone n ka pa pran pwopagann pou sa l ye a, men ki remak yon espesyalis ki rele Vance Packard ki konn egzamine konpòtman moun te fè: “Anpil nan nou sibi enfliyans e yo manipile nou plis pase sa n panse.” Selon sa yon biblis di nan yon liv (Easily Led — A History of Propaganda), lè gason ak fi anba enfliyans pwopagann li “fasil pou yo aji yon fason ki danjere e ki derezonab anpil”, pa egzanp, sa ka lakòz ‘jenosid, lagè, mouvman rasis, entolerans relijye ak anpil lòt konpòtman ki pa nòmal’.

Bon, si moun ka pran tèt nou ak pwopagann y ap fè, alewè pou Satan! L ap etidye konpòtman lèzòm depi lè Bondye fin kreye yo. Kounye a, se “lemonnantye” ki anba pouvwa l. Li ka sèvi ak nenpòt pati nan monn nan pou l gaye manti l yo (1 Jan 5:19; Jan 8:44). Donk, Satan vin tèlman fò nan “bouche lespri moun”, kounye a l ap “twonpe lemonnantye”. (2 Kor. 4:4; Rev. 12:9.) Ki jan w ka reziste ak pwopagann li yo?

RANFÒSE DEFANS OU

Men yon règ tou senp Jezi te ban nou pou n konbat pwopagann: “Konnen laverite, e laverite ap libere nou.” (Jan 8:31, 32). Men, piske byen souvan se laverite ki viktim an premye lè gen lagè, menm jan ak yon sòlda ki nan kè yon konba, ou bezwen jwenn yon sous enfòmasyon ki fyab e w ka fè konfyans pou w anpeche ènmi an jwe nan lespri w. Jewova fè n jwenn sous enfòmasyon sa a. Ou ka jwenn tout sa w bezwen nan Bib la pou w konbat pwopagann Satan yo. — 2 Tim. 3:16, 17.

Nòmalman, Satan, sila a ki pi konn fè pwopagann nan, konn sa. Se sa k fè l sèvi ak sistèm li an pou l dekouraje moun li Labib epi etidye l. Pa pran nan plan l ap fè pou l detounen nou an (Efe. 6:11, nòt). Se pou w chèche byen “konprann” tout laverite (Efe. 3:18). Sa mande pou w fè bonjan efò. Men, pa bliye verite sa a yon ekriven ki rele Noam Chomsky te bay: “Pèsonn pap vin met laverite nan tèt ou. Se yon bagay ou dwe chèche poukont ou.” Donk, “chèche poukont ou” lè w “byen egzamine Ekriti yo chak jou” e w fè sa avèk dilijans. — Tra. 17:11.

Pou w genyen konba y ap fè kont lespri w la, ou dwe rekonèt pwopagann se yon danje e w dwe pwoteje tèt ou kont li.

Toujou sonje Satan pa vle w byen reflechi oswa byen rezone sou bagay yo. Sa k fè sa? Dapre sa yon liv fè konnen, se paske pwopagann nan “ka vin pi efikas si moun yo [...] pa jwenn ankourajman pou yo byen reflechi sou bagay yo”. (Media and Society in the Twentieth Century.) Kidonk, pa janm reziyen w ak anyen oswa pa janm aksepte sa w tande je fèmen (Pwo. 14:15). Sèvi ak bon konprann ansanm ak kapasite Bondye ba w pou w rezone a pou w fè laverite vin byen pa w. — Pwo. 2:10-15; Wom. 12:1, 2.

FÈ ATANSYON AK TANDANS DIVIZE POU REYE A

Militè yo konn sèvi ak pwopagann kòm estrateji pou kraze moral moun e pou fè yo pa anvi goumen. Yo ka pouse sòlda ènmi yo goumen youn ak lòt oswa yo ka pran tèt yo pou fè yo rete lwen twoup prensipal k ap goumen an. Selon sa yo di, gen yon jeneral alman ki fè konnen youn nan rezon ki fè yo pa t genyen nan Premye Gè mondyal la se paske moun yo “te kite pwopagann ènmi yo t ap fè yo pran tèt yo menm jan yon sèpan konn fè pou l pran yon lapen”. Satan itilize menm trik sa yo pou l simen divizyon yon fason pou l gen kontwòl nou. Pa egzanp, li eseye kreye mezantant pami frè ak sè yo oswa l eseye pran tèt yo pou l fè yo rete lwen òganizasyon Jewova paske yo panse yo fè yo enjistis oswa mechanste.

Pa kite yo twonpe w! Kite Pawòl Bondye a gide w. Pa egzanp, pou n ret ini ak frè ak sè n yo, Bib la ankouraje n pou n “kontinye padone [youn] lòt ak tout kè nou” e pou n rezoud pwoblèm nou yo byen vit (Kol. 3:13, 14; Mat. 5:23, 24). Avèk fòs, Bib la ban nou avètisman pou n pa pran distans nou ak kongregasyon an (Pwo. 18:1). Teste defans ou kont pwopagann Satan yo. Mande tèt ou: ‘Ki sa k te nan panse m dènye fwa m te fè fas ak yon sitiyasyon konsa? Èske se lespri monn nan oswa lespri Bondye?’ — Gal. 5:16-26; Efe. 2:2, 3.

PA KITE YO FÈ W PÈDI KONFYANS OU GENYEN AN

Yon sòlda ki pa fidèl ak kòmandan l pap ka byen goumen. Konsa, moun k ap fè pwopagann yo ka eseye fè yon sòlda pèdi konfyans nan kòmandan l. Yo ka sèvi ak kèk pwopagann tankou: “Ou pa ka fè kòmandan w yo konfyans!” epi “Pa kite yo mennen w nan dezas!” Pou yo bay atak sa yo plis fòs, avèk entèlijans, yo ka sèvi ak nenpòt ti erè kòmandan sa yo ta fè. Se sa Satan fè tou. Li pa janm sispann eseye fè n pèdi konfyans nan moun Jewova plase pou pran latèt pami nou yo.

Ki sa w ka fè pou w defann ou? Pran detèminasyon pou w ret atache ak òganizasyon Jewova a e pou w soutni moun li mete pou pran latèt yo fidèlman kèlkeswa enpèfeksyon ou ta wè yo genyen (1 Tes. 5:12, 13). Pa “kite lespri nou twouble fasil” lè n ap fè fas ak yon seri atak ki parèt danjere aposta yo oswa nenpòt moun k ap chèche twonpe lespri moun ta fè sou nou, menm lè sa yo di yo ka sanble laverite (2 Tes. 2:2; Tit 1:10). Suiv konsèy yo te bay Timote lè l te jèn gason. Ret atache ak verite w te aprann nan epi pa bliye kote w te aprann li (2 Tim. 3:14, 15). Sa klè, gen bonjan prèv ki montre w ka gen konfyans nan mwayen Jewova ap itilize depi prèske santan kounye a pou l mennen nou nan chemen verite a. — Mat. 24:45-47; Ebre 13:7, 17.

PA KITE TAKTIK KI BAY LAPERÈZ YO FÈ W FEBLI

Ou bezwen sonje Satan pa toujou fè pwopagann li yo anba anba. Pafwa, li konn sèvi ak yon seri taktik ki bay laperèz ki se “youn nan fòm pwopagann ki la pi lontan”. (Easily Led — A History of Propaganda.) Gen yon pwofesè nan peyi Grann Bretay ki rele Philip M. Taylor ki fè konnen Asiryen yo te konn sèvi ak “yon taktik pou fè moun pè ansanm ak pwopagann” pou kenbe ènmi yo anba kontwòl yo. Satan pral sèvi ak lakrentif pou lòm, krent pèsekisyon, pè lanmò ansanm ak nenpòt lòt bagay ki fè moun pè pou l eseye gen kontwòl ou e pou l fè w sispann sèvi Jewova. — Eza. 8:12; Jer. 42:11; Ebre 2:15.

Pa kite Satan sèvi ak laperèz pou l kraze moral ou oswa pou l kraze entegrite w. Jezi te di: “Pa pè moun ki ka touye kò a e ki pa ka fè anyen apre sa.” (Lik 12:4). Se pou w gen yon konfyans total nan pwomès Jewova fè pou l veye sou ou, pou l ba w “pisans ki depase yon pisans nòmal” e pou l ede w reziste kont nenpòt sa Satan ta itilize pou l eseye fè w pè pou w ka soumèt devan l. — 2 Kor. 4:7-9; 1 Pyè 3:14.

Nòmalman, ou ka jwenn kèk sitiyasyon ki fè w pè e ki kraze moral ou. Men, toujou sonje pawòl ankourajan sa yo Jewova te di Jozye: “Mete kouraj sou ou e [...] mete kran sou ou. Pinga w pè e pinga w kraponnen, paske mwen menm, Jewova, Bondye w la, mwen avè w kèlkeswa kote w ale.” (Joz. 1:9). Si enkyetid anvayi w, pale ak Jewova tousuit nan lapriyè konsènan tout tètchaje w genyen. Ou ka gen asirans ‘lapè Bondye bay la ap pwoteje kè w ak lespri w’ yon fason pou w ka gen fòs pou w reziste kont tout pwopagann Satan yo. — Flp. 4:6, 7, 13.

Èske w sonje pwopagann Rabchake a, yon mesaje moun Asiri yo te voye, t ap fè kont pèp Bondye a? Anfèt, li te di pèp la: ‘Pa gen anyen ki ka pwoteje w kont Asiri. Menm Jewova, Bondye w la, pa ka fè anyen pou ou.’ Men sa l te ajoute avèk awogans: ‘Se Jewova menm ki di n al atake peyi sa a.’ Ki sa Jewova te di? “Pinga w pè poutèt pawòl ou te tande [...] sèvitè wa Asiri yo te di pou yo manke m dega yo.” (2 Wa 18:22-25; 19:6). Apre sa, li te voye yon zanj ki te touye 185 000 Asiryen nan yon sèl nuit! — 2 Wa 19:35.

AJI AVÈK SAJÈS LÈ W TOUJOU KOUTE JEWOVA

Èske sa deja rive w w ap gad yon fim, epi pandan w chita, ou wè byen klè y ap twonpe yon moun nan fim nan oswa y ap manipile l? Èske w pa konn wè w k ap di moun nan: ‘Pa kwè bagay sa a! Y ap ba w manti!’ Kounye a, imajine zanj yo k ap di w: “Pa kite Satan pran w nan manti l yo!”

Kidonk, bouche zòrèy ou pou w pa tande pwopagann Satan yo (Pwo. 26:24, 25). Koute Jewova epi fè l konfyans nan tout sa w ap fè (Pwo. 3:5-7). Byen reyaji devan ankourajman ki plen lanmou li ba w lè l di: “Pitit mwen, montre w saj e fè kè m kontan.” (Pwo. 27:11). Konsa, w ap genyen konba y ap fè kont lespri w la!