Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w dispoze ret tann avèk pasyans?

Èske w dispoze ret tann avèk pasyans?

“Nou menm tou, montre nou gen pasyans.” — JAK 5:8.

KANTIK: 114, 79

1, 2. a) Ki sa k ka lakòz nou mande: “Konbyen tan”? b) Poukisa n ka jwenn ankourajman nan egzanp sèvitè fidèl nan tan lontan yo?

“KONBYEN tan?” Se kesyon sa a de pwofèt ki te fidèl te poze, anpalan de Ezayi ak Abakouk (Eza. 6:11; Aba. 1:2). Lè wa David t ap ekri Sòm 13 la, pandan kat fwa li te mande: “Konbyen tan?” (Sòm 13:1, 2). Menm Jezi Kris, Seyè nou an, te poze kesyon sa a lè moun ki te avè l yo te montre yo manke lafwa (Mat. 17:17). Kidonk, nou pa ta dwe sezi si n ta wè n poze menm kesyon sa a pafwa.

2 Ki sa k ka lakòz nou mande: “Konbyen tan?” Petèt se akoz n ap sibi kèk enjistis. Oswa petèt akoz n ap antre nan laj e nou malad oubyen n ap jwenn presyon piske n ap viv nan ‘tan sa yo ki di’ e ki “difisil pou moun sipòte”. (2 Tim. 3:1.) Oswa petèt nou vin about akoz move atitid moun ki toutotou n yo genyen. Kèlkeswa rezon an, li vrèman ankourajan pou n konnen sèvitè fidèl Jewova nan tan lontan yo te santi yo alèz pou yo poze menm kesyon sa a ki ka vin nan lespri nou, e Jewova pa t kondane yo pou sa!

3. Ki sa k ka ede n lè n nan sitiyasyon ki difisil?

3 Men, ki sa k ka ede n lè n nan sitiyasyon ki difisil konsa? Men sa Bondye te pouse disip Jak, yon demi frè Jezi, pou l di nou: “Kidonk frè m yo, se pou nou gen pasyans, jiskaske prezans Seyè a kòmanse.” (Jak 5:7). Wi, nou tout bezwen gen pasyans. Men, ki sa sa vle di pou yon moun gen kalite sa a ki soti nan Bondye?

KI SA PASYANS YE?

4, 5. a) Sa sa vle di pou yon moun gen pasyans? b) Ki fason disip Jak te esplike youn nan aspè pasyans genyen? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

4 Selon Bib la, se nan lespri sen pasyans soti, e san èd Bondye, lèzòm enpafè pa kapab gen pasyans nan nivo yo bezwen l lan. Pasyans se yon kado Bondye bay, e lè n demontre pasyans se yon fason enpòtan nou montre nou renmen Bondye. Mete sou sa, lè n demontre pasyans, nou montre nou renmen lòt moun. Lè yon moun toujou pa gen pasyans, sa febli lyen lanmou ki ini nou an, alòske pasyans fè lyen sa a vin pi solid (1 Kor. 13:4; Gal. 5:22). Pasyans gen rapò ak anpil lòt kalite ki enpòtan pou yon kretyen. Pa egzanp, li gen yon rapò sere sere ak andirans, yon kalite ki pèmèt nou fè fas ak sitiyasyon difisil toutpandan nou kenbe yon atitid pozitif (Kol. 1:11; Jak 1:3, 4). Pasyans ka mande tou pou n soufri san n pa rann mal pou mal, epi pou n ret fèm devan kèlkeswa sa k ka rive. Mete sou sa, Bib la ankouraje n pou n dispoze ret tann. Aspè sa a ki gen nan pasyans parèt byen klè nan Jak 5:7, 8. (Li vèsè yo.)

5 Poukisa n dwe dispoze ret tann Jewova aji? Jak te konpare sitiyasyon nou ak sitiyasyon yon kiltivatè. Menm lè yon kiltivatè travay di pou l plante, li pa gen okenn kontwòl sou klima a ak sou fason plant yo ap pouse. Li pa ka fè sezon an rive anvan lè. Li dakò l bezwen ret tann avèk pasyans pou l jwenn “bonjan fwi ki sot nan tè a”. Menm jan an tou, pandan n ap ret tann pou Jewova reyalize pwomès li yo, gen anpil bagay nou pa gen kontwòl sou yo (Mak 13:32, 33; Tra. 1:7). Menm jan ak kiltivatè a, nou bezwen ret tann avèk pasyans.

6. Ki sa n ka aprann nan egzanp pwofèt Miche?

6 Sitiyasyon n ap viv jodi a sanble ak sitiyasyon ki te egziste nan epòk pwofèt Miche a. Li t ap viv nan epòk wa Ahaz ki te mechan. Se yon epòk ki te chaje ak tout kalite koripsyon. Anfèt, moun yo te vin “fò nan fè sa ki mal”. (Li Miche 7:1-3.) Miche te rann li kont li pa t ap ka chanje sitiyasyon sa a. Donk, ki sa l te ka fè? Men sa l di nou: “Kanta pou mwen, m ap kontinye ret tann Jewova. M ap tann Bondye delivrans mwen an avèk pasyans. Bondye m nan ap tande m.” (Miche 7:7). Menm jan ak Miche, nou menm tou nou bezwen “ret tann”.

7. Poukisa n dwe fè plis pase annik ret ap tann pou Jewova reyalize pwomès li yo?

7 Si n gen lafwa menm jan ak Miche, n ap dispoze ret tann Jewova. Sitiyasyon nou pa menm ak sitiyasyon yon prizonye yo pral egzekite e k ap ret tann nan yon kacho. Li oblije ret tann e l pa twò chofe pou sa k pral rive l la. Se pa ti diferan bagay yo diferan anpil pou nou! Nou dispoze ret tann Jewova paske n konnen l ap reyalize pwomès li fè pou l ban nou lavi ki pap janm fini an egzakteman nan bon moman an, nan pi bon moman an! Konsa, nou “andire nèt e [...] nou pran pasyans ak kè kontan”. (Kol. 1:11, 12.) Anmenmtan tou, si pandan n ap tann nan nou plede ap plenyen e n ap bougonnen kòmkwa Jewova pa aji ase vit, sa pap fè Bondye nou an plezi. — Kol. 3:12.

EGZANP KÈK MOUN FIDÈL KI TE GEN PASYANS

8. Ki sa n bezwen sonje pandan n ap medite sou egzanp gason ak fi ki te fidèl ki t ap viv nan tan lontan yo?

8 N ap pi dispoze ret tann si n medite sou egzanp gason ak fi ki te fidèl ki t ap viv nan tan lontan yo ki te ret tann avèk pasyans pou Jewova reyalize pwomès li yo (Wom. 15:4). Pandan n ap medite sou egzanp yo, l ap bon pou n sonje konbyen tan yo te fè ap tann, rezon ki fè yo te dispoze ret tann, e ki benediksyon yo te jwenn poutèt yo te gen pasyans.

Abraram te oblije ret tann anpil ane anvan pitit pitit gason l yo, Ezaou ak Jakòb, te fèt. (Gade paragraf 9, 10.)

9, 10. Pandan konbyen tan Abraram ak Sara te dwe tann Jewova?

9 Ann pran egzanp Abraram ak Sara. Yo fè pati “moun ki eritye pwomès yo grasa lafwa ak pasyans yo te genyen”. Ekriti yo fè n konnen, “apre Abraram te fin demontre li gen pasyans”, li te jwenn pwomès Jewova te fè pou l beni l e pou l fè desandans li yo vin anpil (Ebre 6:12, 15). Poukisa Abraram te bezwen demontre pasyans? Yon fason senp, nou kapab di se paske sa t ap pran tan pou pwomès la reyalize. Alyans Jewova te fè ak Abraram nan te kòmanse reyalize nan dat 14 Nizan ane 1943 anvan epòk nou an. Se te lè li menm ak Sara ansanm ak tout moun lakay li te travèse Rivyè Efrat e yo te antre nan Peyi Bondye te pwomèt la. Apre sa, Abraram te dwe ret tann 25 an pou Izarak, pitit gason l, te fèt nan ane 1918 anvan epòk nou an, e l te dwe ret tann 60 an ankò pou pitit pitit gason l yo, Ezaou ak Jakòb, te fèt nan ane 1858 anvan epòk nou an. — Ebre 11:9.

10 Ki kantite tè Abraram te eritye nan peyi sa a? Men sa Bib la di nou: “Epoutan, [Jewova] pa t ba l [Abraram] okenn byen nan peyi sa a, pa menm yon ti moso tè lajè yon pla pye. Men, li te pwomèt li l ap bay ni li menm ni desandans li peyi a kòm byen yo, alòske li potko menm gen pitit.” (Tra. 7:5). Se jis 430 an apre Abraram te fin travèse Rivyè Efrat, desandan l yo te vin òganize antanke yon nasyon pou yo te ka pran peyi a. — Egz. 12:40-42; Gal. 3:17.

11. Poukisa Abraram te dispoze ret tann Jewova, e ki benediksyon l pral jwenn lefètke l te gen pasyans?

11 Abraram te dispoze ret tann paske pasyans li te genyen an te baze sou lafwa l te gen nan Jewova. (Li Ebre 11:8-12.) Abraram te kontan ret tann, menm lè l pa t wè pwomès la fin reyalize nèt nan epòk li a. Men, imajine jan Abraram pral kontan lè l resisite nan Paradi ki pral gen sou tè a. Li pral sezi aprann kantite fwa Bib la pale de istwa l ak istwa desandan l yo *. Imajine jan l pral sezi premye fwa l pral aprann wòl enpòtan l te jwe nan reyalizasyon objektif Jewova te genyen anrapò ak desandans Li te pwomèt la! Pa gen dout, li pral wè sa te vo lapenn pou l te fè tout tan sa a ap tann.

12, 13. Poukisa Jozèf te bezwen gen pasyans, e ki bèl atitid li te genyen?

12 Jozèf, yon pitit pitit gason Abraram, te montre l gen pasyans tou. Li te sibi yon seri gwo enjistis. Toudabò, frè l yo te vann li kòm esklav lè l te gen anviwon 17 an. Annapre, madanm mèt li te lage fo akizasyon sou do l kòmkwa l te eseye vyole l, e konsa, yo te met Jozèf nan chenn nan prizon (Jen. 39:11-20; Sòm 105:17, 18). Olye l te jwenn byenfè lefètke l te byen aji, sanble se pinisyon l te jwenn pito. Men, apre 13 ane, tout bagay te vin chanje byen vit. Li te libere nan prizon e Farawon te mete l nan dezyèm pi gwo pozisyon nan peyi Ejip. — Jen. 41:14, 37-43; Tra. 7:9, 10.

13 Èske enjistis Jozèf te sibi yo te fè l vin akaryat? Èske l te pèdi konfyans nan Jewova, Bondye l la? Non. Ki sa k te ede Jozèf ret tann avèk pasyans? Se lafwa l te gen nan Jewova. Li te wè men Jewova k ap aji pou li. Gade jan sa parèt nan sa l te di frè l yo: “Nou pa bezwen pè. Èske se mwen menm ki Bondye? Malgre nou te vle fè m mechanste, Bondye te fè sa tounen yon byen pou l te sove lavi anpil moun, jan l ap fè sa jodi a.” (Jen. 50:19, 20). Finalman, Jozèf te rann li kont sa te vo lapenn pou l ret tann.

14, 15. a) Ki sa k estrawòdinè nan pasyans David te demontre a? b) Ki sa k te ede David ret tann avèk pasyans?

14 Wa David te sibi anpil enjistis tou. Aktout Jewova te chwazi David depi l toupiti pou l vin wa ann Izrayèl, David te oblije ret tann anviwon 15 an anvan l te vin wa nan tribi pa l la (2 Sam. 2:3, 4). Pandan epòk sa a, wa Sayil ki pa t fidèl t ap kouri dèyè David, li t ap chèche touye l *. Se sa k fè David te oblije viv nan mawon, pafwa l te konn al nan lòt peyi, e gen lòt lè, li te konn al kache nan gwòt ki nan dezè a. Menm lè Sayil te mouri finalman nan yon batay, David te oblije ret tann anviwon setan ankò anvan l te vin wa tout nasyon Izrayèl la. — 2 Sam. 5:4, 5.

15 Poukisa David te dispoze ret tann avèk pasyans? Li ban nou repons lan nan yon sòm li te ekri kote l te mande pandan kat fwa: “Konbyen tan?” Men sa l te di: “Kanta pou mwen, mwen gen konfyans nan lanmou fidèl ou genyen an. Kè m ap kontan anpil poutèt sa w fè pou w bay delivrans yo. M ap chante pou Jewova, paske li rekonpanse m anpil.” (Sòm 13:5, 6). David te gen konfyans nan lanmou fidèl Jewova genyen an. Li t ap tann delivrans li ak kè kontan, e l te reflechi sou fason Jewova te toujou rekonpanse l. Wi, David te wè sa te vo lapenn pou l ret tann.

Anrapò ak demontre pasyans, Jewova pa atann pou n fè yon bagay li menm li pa dispoze fè.

16, 17. Ki jan Jewova Dye ak Jezi Kris bay bèl egzanp nan kesyon dispoze ret tann nan?

16 Anrapò ak demontre pasyans, Jewova pa atann pou n fè yon bagay li menm li pa dispoze fè. Se li ki bay pi gwo egzanp nan kesyon dispoze ret tann nan. (Li 2 Pyè 3:9.) Jewova gen plizyè milye ane depi l ap ret tann avèk pasyans pou kesyon ki te soulve nan jaden Edenn yo rive jwenn yon repons klè. Jewova “ap tann avèk pasyans” e l “kontinye ret tann” moman kote non l pral vin sen nèt. Sa pral pote yon seri benediksyon nou pa ka imajine pou moun ki gen “kè yo cho pandan y ap tann li”. — Eza. 30:18; nòt.

17 Jezi te dispoze ret tann tou. Aktout li te ret fidèl devan eprèv pandan l te sou tè a e l te prezante valè sakrifis ranson li an bay Jewova nan ane 33 epòk nou an, li te oblije ret tann pou l kòmanse dirije jis nan ane 1914 (Tra. 2:33-35; Ebre 10:12, 13). Se jis nan fen Rèy mil an an tout ènmi l yo pral detwi nèt (1 Kor. 15:25). Sa ap pran anpil tan, men, nou mèt gen asirans sa ap vo lapenn.

KI SA K AP EDE NOU?

18, 19. Ki sa k ap ede n dispoze ret tann avèk pasyans?

18 Pa gen dout, se nou chak ki bezwen montre nou dispoze ret tann avèk pasyans. Men, ki sa k ap ede n fè sa? Priye Bondye pou l ban nou lespri sen. Toujou sonje pasyans se yon aspè nan fwi lespri a (Efe. 3:16; 6:18; 1 Tes. 5:17-19). Sipliye Jewova pou l ede w andire avèk pasyans.

19 Anplis de sa, sonje sa k te ede Abraram, Jozèf ak David ret tann avèk pasyans pou Jewova reyalize pwomès li yo. Se te lafwa yo te gen nan Jewova ak konfyans yo te genyen nan fason l aji ak yo. Se pa t tèt yo ak konfò pèsonèl yo yo te wè. Toutpandan n ap reflechi sou fason bagay yo te byen mache pou yo, nou menm tou n ap jwenn ankourajman pou n kontinye ret tann avèk pasyans.

20. Ki detèminasyon nou chak ta dwe pran?

20 Kidonk, menmsi n ap fè fas ak eprèv ak tribilasyon, nou detèmine pou n “ret tann [...] avèk pasyans”. Wi, pafwa nou gendwa rele byen fò pou n di: “O Jewova, pandan konbyen tan ankò?” (Eza. 6:11). Men, grasa lespri sen Bondye ki ban nou fòs, se nou chak ki pou pran detèminasyon pou n di menm jan ak Jeremi: “Jewova se byen mwen. Se sa k fè m ap ret tann li avèk pasyans.” — Lam. 3:21, 24.

^ § 11 Yo pale de istwa Abraram nan anviwon 15 chapit nan liv Jenèz la. Epitou, moun ki te patisipe nan ekri Liv ki te ekri an grèk yo fè referans ak Abraram plis pase 70 fwa.

^ § 14 Aktout Jewova te rejte Sayil apre yon tikras plis pase dezan Sayil te fè ap dirije, Jewova te pèmèt li kontinye dirije pandan 38 an ankò, jiskaske l mouri. — 1 Sam. 13:1; Tra. 13:21.