Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Lapè Bondye [...] depase tout sa moun ka konprann”

“Lapè Bondye [...] depase tout sa moun ka konprann”

“Lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou.” — FLP. 4:7.

KANTIK: 112, 58

1, 2. Ki sa k te pase nan vil Filip ki te lakòz yo met Pòl ak Silas nan prizon? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

LI PRÈSKE minui. Gen de misyonè, anpalan de Pòl ak Silas, ki nan yon kacho byen fon nan yon prizon nan vil Filip. Yo met pye yo nan sèp, e do yo toujou ap fè yo mal akoz yo fèk sot bat yo (Tra. 16:23, 24). Se pa ti vit bagay yo te pase vit! Sanzatann, gen yon foul moun an kòlè ki te mennen yo devan yon tribinal yo te monte byen vit sou plas piblik la. Yo te chire rad sou yo, e yo te woule yo anba kout baton (Tra. 16:16-22). Se te yon gwo enjistis sa te ye! Antanke sitwayen women, Pòl te merite yon jijman ki kòrèk *.

2 Pandan Pòl chita nan fènwa a, li t ap reflechi sou sa k te rive nan jounen an. Li t ap panse ak moun Filip yo. Kontrèman ak anpil lòt vil Pòl te vizite, pa t menm gen yon sinagòg juif nan vil sa a. Anfèt, Juif ki t ap adore Bondye yo te konn rasanble bò yon rivyè ki te pa deyò pòtay vil la (Tra. 16:13, 14). Èske se paske pa t menm gen dis gason juif nan vil sa a, kantite gason yo te bezwen pou fè yon sinagòg, ki fè yo te fè sa? Se sèten moun nan vil Filip yo te fyè anpil dèske yo se sitwayen women, menm lè se pa t san pousan (Tra. 16:21). Èske se rezon sa a ki fè yo pa t menm panse l posib pou Juif sa yo, anpalan de Pòl ak Silas, te sitwayen women? Kèlkeswa rezon an, yo te mete yo nan prizon yon fason enjis.

3. Poukisa petèt Pòl pa t ka konprann rezon ki fè yo te mete l nan prizon, epoutan ki atitid li te genyen?

3 Petèt Pòl t ap reflechi tou sou sa k te pase sa gen kèk mwa pandan l te pa lòt bò Lanmè Eje ki nan Azi Minè. Pandan l te nan tèritwa sa a, pandan plizyè fwa lespri sen te anpeche l preche nan yon seri zòn. Se kòmsi lespri sen t ap pouse l al yon lòt kote (Tra. 16:6, 7). Ki kote menm? Li te jwenn repons lan nan yon vizyon l te fè lè l te Twowas. Men sa yo te di Pòl: “Vin Masedwàn.” Piske sa te montre aklè se te volonte Jewova, Pòl te aksepte envitasyon an tousuit. (Li Travay 16:8-10.) Men, ki sa k te rive annapre? Kou l te rive Masedwàn, yo te mete l nan prizon! Poukisa Jewova te kite sa rive Pòl? Konbyen tan li t ap fè nan prizon? Menmsi kesyon sa yo t ap boulvèse lespri Pòl, li pa t kite sa fè l pèdi lafwa ak kè kontan l te genyen an. Li menm ak Silas te pran “priye, yo t ap chante pou yo louwe Bondye”. (Tra. 16:25.) Lapè Bondye te soulaje kè yo ak lespri yo.

4, 5. a) Ki jan sitiyasyon nou ka sanble ak sitiyasyon Pòl? b) Ki jan sitiyasyon Pòl te vin chanje sanzatann?

4 Petèt gen moman nan lavi w kote w te santi w t ap suiv direksyon lespri sen Bondye menm jan ak Pòl, men annapre, bagay yo pa t pase jan w t ap atann nan. Ou te jwenn difikilte, oswa w te twouve w nan yon nouvo sitiyasyon ki te mande w fè gwo chanjman nan lavi w (Ekl. 9:11). Pandan w ap reflechi sou sa k te pase, petèt ou ka ap mande tèt ou poukisa Jewova te kite kèk bagay rive. Si se ka pa w, ki sa k ka ede w kontinye andire toutpandan w met tout konfyans ou nan Jewova? Pou n jwenn repons lan, ann retounen nan istwa Pòl ak Silas la.

5 Pandan Pòl ak Silas t ap chante pou yo louwe Bondye, gen yon seri bagay ki te rive sanzatann. Bridsoukou, te gen yon gwo tranblemanntè. Pòt prizon an vin ouvè byen laj. Tout chenn prizonye yo detache. Pòl anpeche gadyen prizon an touye tèt li. Gadyen prizon an ak tout fanmi l te vin batize. Kou l jou, majistra yo nan vil la voye ajan sekirite vin lage Pòl ak Silas. Chèf yo te mande yo kite vil la nan lapè. Apre sa, lè majistra yo rann yo kont Pòl ak Silas se sitwayen women e yo te fè yon gwo erè, yo vin eskòte de mesye yo pou fè yo kite vil la. Men, Pòl ak Silas ensiste pou y al di Lidi, yon sè ki fèk batize, orevwa. Epitou, yo pwofite okazyon an pou yo fòtifye frè yo (Tra. 16:26-40). Bagay yo te chanje byen vit!

LI “DEPASE TOUT SA MOUN KA KONPRANN”

6. Sou ki sa n pral pale kounye a e ki sa n pral egzamine ansanm?

6 Ki leson evènman sa yo aprann nou? Jewova ka fè sa moun pa t atann, se sa k fè n pa dwe enkyete n lè n jwenn eprèv. Se sèten sa te fè gwo efè sou Pòl, jan sa parèt klè nan lèt li te ekri frè nan vil Filip yo annapre konsènan enkyetid ak lapè Bondye. Toudabò, ann egzamine pawòl Pòl te di nan Filipyen 4:6, 7. (Li vèsè yo.) Annapre, nou pral pale sou kèk lòt egzanp nan Bib la ki montre fason Jewova te fè sa moun pa t atann. Finalman, n ap egzamine fason “lapè Bondye” kapab ede n andire lè n met tout konfyans nou nan Jewova.

7. Ki leson Pòl te bay lè l te ekri frè yo nan vil Filip kèk tan annapre, e ki leson nou ka aprann nan sa l te di yo?

7 Pa gen dout, lè frè yo nan vil Filip t ap li lèt Pòl te ekri yo a, yo te sonje sa k te rive l la ak fason yo youn pa t atann Jewova t ap aji fason l te aji a. Ki leson Pòl t ap anseye yo? Men leson an: Ou pa dwe enkyete w. Priye, apre sa, w ap jwenn lapè Bondye. Men, n ap remake “lapè Bondye [...] depase tout sa moun ka konprann”. Sa sa vle di? Gen kèk tradiktè ki mete “depase tout rèv” oswa “depase tout sa lèzòm planifye” pou yo tradui ekspresyon sa a. An reyalite, Pòl te vle di “lapè Bondye” pi estrawòdinè pase sa moun ka imajine. Antanke moun, nou ka pa wè fason n ap soti nan pwoblèm nou yo, men, Jewova wè, e li ka fè sa n pa atann. — Li 2 Pyè 2:9.

8, 9. a) Menm lè Pòl te sibi enjistis nan vil Filip, ki bon rezilta sa te bay? b) Poukisa frè nan vil Filip yo te kapab pran pawòl Pòl yo oserye?

8 Lè frè nan vil Filip yo t ap reflechi sou sa k te pase pandan dis ane ki te vin apre evènman sa yo, sa dwe te ba yo plis fòs. Sa Pòl te ekri yo te verite. Byenke Jewova te kite yon enjistis rive, finalman, sa te kontribye nan “defann bon nouvèl la e nan fè rekonèt li devan lajistis”. (Flp. 1:7.) Majistra yo nan vil sa a te dwe byen reflechi anvan yo fè kongregasyon ki te fèk fòme nan vil yo a nenpòt bagay. Petèt se fason Pòl te aji a ki fè Lik, doktè a e ki te konpayon vwayaj li, te kapab rete nan vil Filip apre Pòl ak Silas te fin ale. Konsa, Lik te ka kontinye ede moun ki te fèk vin kretyen nan vil sa a.

9 An reyalite, lè frè nan vil Filip yo t ap li lèt Pòl la, yo te konnen se pa t pawòl yon entèlektyèl ki te chita yon kote nan yon biwo. Pòl te rankontre difikilte ki te rèd anpil, malgre sa, li te montre li te gen “lapè Bondye”. Anfèt, lè Pòl t ap ekri frè sa yo, li te nan kay kote yo te kenbe l kòm prizonye nan vil Wòm nan. Men, li te kontinye montre li te gen “lapè Bondye”. — Flp. 1:12-14; 4:7, 11, 22.

“PA ENKYETE NOU POU ANYEN”

10, 11. Ki sa n bezwen fè lè yon pwoblèm ban n anpil enkyetid, e ki bagay ki rezonab nou ka atann?

10 Ki sa k ka ede n pou n pa enkyete n pou anyen e pou n ka gen “lapè Bondye”? Pawòl Pòl te di kretyen nan vil Filip yo montre n remèd tètchaje se lapriyè. Donk, lè n gen tètchaje, nou bezwen priye pou n jere yo. (Li 1 Pyè 5:6, 7.) Priye Jewova ak anpil lafwa, piske w konnen li gen sousi pou ou. Priye l pou w “di l mèsi” toutpandan w ap sonje benediksyon w jwenn yo. Konfyans nou gen nan li a ap vin pi solid lè n sonje li ka “vrèman fè pi plis lontan pase tout sa nou mande oubyen tout sa nou imajine”. — Efe. 3:20.

11 Jan sa te rive Pòl ak Silas nan vil Filip, nou ka sezi wè sa Jewova fè pou nou pèsonèlman. Se ka yon bagay ki pa estrawòdinè, men l ap toujou yon bagay nou bezwen (1 Kor. 10:13). Natirèlman, sa pa vle di n ap ret chita san n pa fè anyen, n ap annik ret tann pou Jewova ranje sitiyasyon an oswa rezoud pwoblèm nan. Nou dwe aji ann amoni ak priyè nou yo (Wom. 12:11). Donk, fason nou aji montre jan nou sensè e sa bay Jewova posiblite pou l beni nou. Men, anmenmtan, nou bezwen rann nou kont se pa sa n mande yo, sa n planifye yo ak sa n ap tann yo Jewova ka reyalize sèlman. Pafwa li konn fè n sipriz lè l fè yon bagay nou pa t atann. Ann egzamine kèk istwa nan Bib la ki fè n gen plis konfyans nan kapasite Jewova genyen pou l fè sa n pa t atann.

KÈK EGZANP KOTE JEWOVA FÈ SA MOUN PA T ATANN

12. a) Ki sa wa Ezekyas te fè lè Senakerib, yon wa peyi Asiri, t ap fè l menas? b) Ki sa n aprann nan fason Jewova te rezoud pwoblèm nan?

12 Pandan n ap fè rechèch nan Bib la, n ap jwenn plizyè egzanp kote Jewova fè sa moun pa t atann. Wa Ezekyas t ap viv nan yon epòk kote wa Senakerib ki t ap dirije peyi Asiri te anvayi Jida e l te met men sou tout vil ki te byen pwoteje yo, eksepte Jerizalèm (2 Wa 18:1-3, 13). Apre sa, Senakerib te vin pou l atake Jerizalèm. Ki sa wa Ezekyas te fè devan malè pandye sa a? Li te priye Jewova e l t al chèche konsèy nan men pwofèt Jewova a, anpalan de Ezayi (2 Wa 19:5, 15-20). Ezekyas te eseye montre l rezonab tou lè l te peye taks Senakerib te mande l la (2 Wa 18:14, 15). Rive yon lè, Ezekyas te fè preparasyon pou si lame peyi Asiri a ta antoure yo pandan anpil tan (2 Kwo. 32:2-4). Men, ki jan pwoblèm sa a te vin rezoud? Jewova te voye yon zanj ki te touye 185 000 nan sòlda Senakerib yo nan yon sèl nuit. An reyalite, menm Ezekyas pa t atann yon bagay konsa t ap rive! — 2 Wa 19:35.

Ki leson n aprann nan sa k te rive Jozèf la? — Jen. 41:42. (Gade paragraf 13.)

13. a) Ki leson nou aprann nan sa k te rive Jozèf la? b) Ki bagay moun pa t atann ki te rive nan ka Sara, madanm Abraram?

13 Ann pran egzanp Jozèf, yon pitit gason Jakòb. Lè Jozèf te nan prizon nan peyi Ejip, èske l te janm panse li t ap vin dezyèm moun ki gen plis pouvwa nan peyi a oswa Jewova t ap sèvi avè l pou l sove fanmi l anba gwo grangou (Jen. 40:15; 41:39-43; 50:20)? Pa gen dout, fason Jewova te aji te depase tout sa Jozèf te atann. Reflechi tou sou egzanp Sara ki te gran grann Jozèf. Èske Sara ki te granmoun anpil te atann Jewova t ap fè l fè yon pitit gason e se pa t pitit gason sèvant li an te fè a li t ap annik pran kòm pitit? Se sèten, nesans Izarak te depase tout sa Sara te ka imajine. — Jen. 21:1-3, 6, 7.

14. Ki konfyans nou kapab genyen nan Jewova?

14 N ap dakò, nou pa atann Jewova ap fè mirak pou l retire tout pwoblèm nou yo anvan monn nouvo li pwomèt la rive, ni nou pa mande pou okenn bagay estrawòdinè rive nan lavi n. Men, nou byen konnen Dye ki te ede sèvitè l yo yon fason estrawòdinè a se Jewova, Bondye nou an. (Li Ezayi 43:10-13.) Konfyans sa a nou genyen an ede n gen lafwa nan li. Nou konnen li kapab fè kèlkeswa sa k nesesè pou l ban nou pisans pou n fè volonte l nèt (2 Kor. 4:7-9). Ki leson nou aprann nan istwa sa yo nan Bib la? Jan egzanp Ezekyas, Jozèf ak Sara montre sa, si n ret fidèl ak Jewova, li ka ede n pot laviktwa menm nan sitiyasyon ki parèt enposib.

Si n ret fidèl ak Jewova, li ka ede n pot laviktwa menm nan sitiyasyon ki parèt enposib.

15. Ki sa k ap ede n kontinye gen “lapè Bondye”, e ki jan sa posib?

15 Ki jan n ka ap fè fas ak difikilte e pou n toujou kontinye gen “lapè Bondye”? Se lè n kenbe yon bon relasyon ak Jewova, Bondye nou an. Yon relasyon konsa posib sèlman “pa mwayen Kris Jezi” ki te bay lavi l kòm ranson. Ranson an se youn nan bèl dispozisyon Papa nou an pran an favè nou. Jewova sèvi ak ranson an pou l kouvri peche nou, sa ki pèmèt nou gen yon konsyans ki klè pou n ka pwoche bò kote l. — Jan 14:6; Jak 4:8; 1 Pyè 3:21.

L AP PWOTEJE KÈ NOU AK LESPRI NOU

16. Ki rezilta sa ap bay lè n gen “lapè Bondye”? Bay yon egzanp.

16 Ki rezilta sa ap bay lè n gen ‘lapè Bondye ki depase tout sa moun ka konprann’? Ekriti yo bay repons lan lè l di sa “ap pwoteje kè nou ak lespri nou pa mwayen Kris Jezi”. (Flp. 4:7.) Nan lang orijinal la, mo lè yo tradui l yo mete “pwoteje” pou li a se yon mo sòlda te konn itilize. Li fè referans ak yon gwoup sòlda yo te bay responsablite pou siveye yon vil nan tan lontan ki te byen pwoteje. Se konsa vil Filip te ye. Moun ki t ap viv nan vil Filip yo te konn dòmi ak kè poze leswa, piske yo te konnen gen sòlda k ap siveye pòtay vil la. Nan menm sans lan, lè nou gen “lapè Bondye”, kè nou ak lespri nou anpè. Nou konnen Jewova ak Jezi gen sousi pou nou e yo vle n reyisi (1 Pyè 5:10). Lefètke n konn sa sa pwoteje n pou tètchaje ak dekourajman pa pote n ale.

17. Ki sa k ap ede n fè fas ak lavni avèk anpil konfyans?

17 Talè konsa, lèzòm pral fè fas ak pi gwo tribilasyon ki potko janm rive sou tè a (Mat. 24:21, 22). Nou pa konnen tout detay konsènan sa k pral rive nou chak pèsonèlman. Men, nou pa gen okenn rezon pou n kite enkyetid pote n ale. Menmsi nou pa konnen tout sa Jewova pral fè, men, nou byen konnen Bondye nou an. Fason Jewova te konn aji nan tan lontan fè n wè Jewova ap toujou reyalize objektif li kèlkeswa sa k rive, e pafwa li fè sa fason n pa t atann. Chak fwa Jewova fè sa pou nou, se yon lòt fason nou ka jwi ‘lapè Bondye ki depase tout sa moun ka konprann’.

^ § 1 Sanble Silas te yon sitwayen women tou. — Tra. 16:37.