Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fason pou n retire ansyen pèsonalite a e pou n fè l ret lwen

Fason pou n retire ansyen pèsonalite a e pou n fè l ret lwen

“Retire ansyen pèsonalite a sou nou ansanm ak abitid li yo.” — KOL. 3:9.

KANTIK: 121, 142

1, 2. Ki sa moun remake konsènan Temwen Jewova yo?

MOUN k ap gade pèp Jewova a fè anpil kòmantè konsènan bèl kalite yo wè lakay moun sa yo. Pa egzanp, men sa yon ekriven ki rele Anton Gill te ekri konsènan frè n ak sè n yo nan epòk Almay Nazi a: “Temwen Jewova yo te atire gwo hèn Nazi yo te genyen. [...] An 1939, te gen 6 000 ladan yo ki te nan [kan konsantrasyon].” Mete sou sa, ekriven an te fè konnen malgre gwo pèsekisyon Temwen yo te andire, yo te ret “fidèl e yo te ret trankil [kalm anba strès]”, epitou, yo te “entèg e yo te solidè”.

2 Sa pa gen twò lontan, gen kèk moun ann Afrik disid ki te remake menm kalite sa yo ki atiran lakay moun ki fè pati pèp Bondye a. Pandan yon epòk, Temwen ki pa menm koulè k ap viv nan peyi sa a pa t lib pou yo reyini ansanm. Men, jou dimanch ki te 18 desanm 2011 la, sa te bèl anpil pou n wè plis pase 78 000 nan frè n yo ki soti nan divès ras ann Afrik disid ak nan lòt peyi vwazen yo te reyini ansanm nan pi gwo stad ki gen nan vil Jowanèsbou a pou yo te asiste yon pwogram espirityèl. Men kòmantè youn nan responsab stad la te fè konsènan moun ki te rasanble yo: “M pa t janm wè yon foul moun ki pi byen konpòte yo nan stad sa a pase nou. Nou tout te byen abiye. Epitou, nou te netwaye stad la byen bèl. Men, sa k pi enteresan an, nou vrèman soti nan divès ras.”

3. Ki sa k fè kominote frè ak sè nou fòme a espesyal?

3 Kòmantè sa yo, yon seri moun ki pa Temwen fè, montre kominote frè ak sè nou fòme nan lemonnantye a vrèman espesyal (1 Pyè 5:9). Men, ki sa k fè n pa menm ditou ak lòt òganizasyon yo? Grasa èd Pawòl Bondye a ansanm ak lespri sen, nou fè gwo efò pou n “retire ansyen pèsonalite a”. Pou n ranplase l, nou “abiye nou ak nouvo pèsonalite a”. — Kol. 3:9, 10.

4. Ki sa n pral egzamine nan atik sa a, e poukisa?

4 Retire ansyen pèsonalite a se youn, men, fè l ret lwen se yon lòt. Nan atik sa a, nou pral egzamine fason n ka retire ansyen pèsonalite a, rezon ki fè l ijan pou n fè sa, e rezon ki fè chanjman sa a posib kèlkeswa jan yon moun ta antre fon nan fè sa k mal. Epitou, nou pral egzamine ki sa moun ki gen anpil ane nan laverite yo ka fè pou yo fè ansyen pèsonalite a ret lwen. Poukisa rapèl sa yo nesesè? Malerezman, gen kèk moun ki t ap sèvi Jewova ki vin bese vijilans yo e ki retounen viv move fason yo t ap viv yo. Se sa k fè, nou tout bezwen pran avètisman ki vin apre a oserye: “Se pou moun ki panse li kanpe a fè atansyon pou l pa tonbe.” — 1 Kor. 10:12.

FÈ KÈLKESWA DEZI KI GEN RAPÒ “AK IMORALITE SEKSYÈL” MOURI

5. a) Bay yon egzanp ki montre poukisa l ijan pou n retire ansyen pèsonalite a. (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Selon Kolosyen 3:5-9, ki abitid ki fè pati ansyen pèsonalite a?

5 Ki sa w t ap fè si rad ou ta vin sal, oswa l ta vin gen move sant? Ou t ap retire rad sa a kou sa posib. Menm jan an tou, nou bezwen aji vit pou n obeyi kòmandman ki mande pou n rejte tout abitid ki pa ann amoni ak pèsonalite Bondye. Nou dwe obeyi lòd byen klè apot Pòl te bay kretyen yo nan epòk li a lè l te di: “Voye tout bagay sa yo jete lwen nou.” Ann egzamine de nan abitid Pòl te site yo ki se peche, anpalan de imoralite seksyèl ak salte. — Li Kolosyen 3:5-9.

6, 7. a) Ki jan pawòl Pòl te di yo montre nou bezwen pran dispozisyon ki fèm pou n retire ansyen pèsonalite a? b) Ki fason Sakura t ap viv, e ki sa k te ba l fòs pou l kite fason l t ap viv la?

6 Imoralite seksyèl. Nan lang orijinal Bib la, sans mo lè yo tradui l yo mete “imoralite seksyèl” pou li a gen ladan l relasyon seksyèl ant moun ki pa marye youn ak lòt selon lalwa, san wete relasyon seksyèl ant gason ak gason, fi ak fi. Pòl te di kretyen yo pou yo fè “manm kò” yo “mouri”, sa vle di pou yo elimine kèlkeswa dezi yo genyen “anrapò ak imoralite seksyèl”. Langaj Pòl te itilize pou l esplike sa montre byen klè nou bezwen pran desizyon ki fèm pou n elimine move dezi sa yo. Men, nou kapab genyen konba kont dezi ki mennen nan peche yo.

7 Ann egzamine sa k te rive Sakura * k ap viv nan peyi Japon. Toutpandan l t ap grandi, li te konn santi l poukont li e l te santi l manke yon bagay. Lè l te vin gen 15 an, li te kòmanse gen relasyon seksyèl ak diferan moun pou l te ka pa santi l poukont li ankò. Men sa l te wont fè konnen: “Kòm konsekans, m te jete pitit twa fwa.” Men sa l te esplike: “Okòmansman, m te santi m alèz lè m t ap fè relasyon imoral yo, m te panse moun te ban m enpòtans e yo te renmen m. Men, plis m te gen relasyon seksyèl, se plis m te vin santi m pa alèz.” Sakura te kontinye viv konsa jiskaske l gen 23 an. Apre sa, li te kòmanse etidye Labib ak Temwen yo. Sakura te renmen sa l te aprann yo, e grasa èd Jewova, li te kapab konbat gwo santiman ki te fè l santi l koupab e ki te fè l wont yo, e l te sispann fè imoralite seksyèl. Sakura se pyonye pèmanan kounye a e li pa santi l poukont li ankò. Okontrè, men sa l di: “M vrèman kontan dèske m ka benefisye lanmou Jewova chak jou.”

KONBAT ABITID KI PA PWÒP YO

8. Site kèk bagay ki ka fè n pa pwòp devan Bondye.

8 Salte. Nan lang orijinal Bib la, mo lè yo tradui l yo met “salte” pou li a gen yon sans ki laj e li gen ladan l plis bagay lontan pase peche seksyèl yo. Li ka fè referans ak move abitid tankou fimen oswa bay blag betiz (2 Kor. 7:1; Efe. 5:3, 4). Mo sa a aplikab tou pou aktivite ki sal yon moun fè an prive, tankou li liv ki eveye dezi seksyèl oswa gade pònografi, yon seri abitid ki pa pwòp ki ka fè l tonbe nan mastibasyon. — Kol. 3:5 *.

9. Ki konsekans sa ka genyen lè n vin gen “dezi seksyèl san kontwòl”?

9 Moun ki gen abitid gade pònografi konn vin gen “dezi seksyèl san kontwòl”, sa ki konn lakòz yo vin esklav sèks. Gen rechèch ki montre moun ki fè konnen yo pa ka reziste ak dezi pou yo gade pònografi yo sanble ak moun ki esklav alkòl ak dwòg. Sa pa etone nou dèske abitid pou moun gade pònografi gen move konsekans, pa egzanp li fè moun santi yo wont anpil, yo pa bay anpil rannman nan travay yo, yo pa gen kè kontan nan fanmi yo, yo konn divòse, e yo konn touye tèt yo. Men sa yon mesye ki gen ennan depi l te sispann gade pònografi te ekri: “M santi m rejwenn respè tèt mwen m te pèdi a.”

10. Ki jan Ribeiro te sispann esklav pònografi?

10 Pou anpil moun sispann esklav pònografi sa mande pou yo kontinye lite san pran souf. Poutan, jan sa te rive nan ka Ribeiro ki moun peyi Brezil, yo kapab genyen batay sa a. Ribeiro te kite kay paran l lè l te adolesan, e rive yon lè, li te kòmanse travay nan yon faktori ki resikle papye kote l te konn wè imaj pòno. Men sa l fè konnen: “Tikras pa tikras, m te kòmanse vin esklav. Sa te tèlman grav m pa t ka tann pou dam m t ap viv avè l la soti pou m gade videyo pòno.” Epi, yon jou, pandan Ribeiro te nan travay li, li te wè yon pil liv yo pral resikle e ladan l li te wè yon liv ki gen tit Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi. Li te pran liv la nan pil la epi l te li l. Sa l te aprann yo te pouse l etidye Labib ak Temwen Jewova yo, men, li te pran anpil tan anvan l kite move abitid li te genyen an. Ki sa k te ede l finalman? Men sa l esplike: “Grasa lapriyè, etid Labib ak meditasyon m te fè sou sa m te aprann yo, m te vin tèlman renmen kalite Bondye genyen yo sa te fè lanmou m gen pou Jewova a vin pi fò pase dezi m te gen pou m gade pònografi.” Grasa pisans Pawòl Bondye a e grasa èd lespri sen Bondye, Ribeiro te retire ansyen pèsonalite a, li te batize, e kounye a li se yon ansyen nan yon kongregasyon.

11. Ki sa yon moun bezwen fè pou l rete lwen pònografi?

11 N ap remake Ribeiro te bezwen fè plis pase annik etidye Labib pou l te ka genyen konba l t ap mennen an. Li te oblije pran tan pou l kite mesaj ki nan Bib la touche kè l. Grasa lapriyè ak meditasyon, lanmou l te gen pou Bondye te pot laviktwa sou gwo dezi l te genyen pou l gade pònografi. Lè yon moun chèche gen gwo lanmou pou Jewova e l fè efò pou l rayi sa k mal se pi bon fason pou l rete lwen pònografi. — Li Sòm 97:10.

VOYE KÒLÈ, JOUMAN AK MANTI JETE

12. Ki sa k te ede Stephen voye kòlè ak jouman jete?

12 Byen souvan, lè moun ki gen san cho an kòlè, yo joure. Li klè, yon konpòtman konsa pa ka ede yon fanmi gen kè kontan. Men sa Stephen, yon papa ki moun peyi Ostrali, rakonte: “M te konn sèmante anpil, e souvan m te konn an kòlè anpil pou ti krik ti krak. Mwen menm ak madanm mwen te separe pandan twa fwa e n t apral divòse.” Annapre, Temwen yo te kòmanse etidye Labib ak mari sa a ak madanm li. Ki rezilta sa te bay lè Stephen te kòmanse suiv konsèy Bib la bay? Men sa l di: “Lavi fanmi nou te vin amelyore anpil anpil. Grasa èd Jewova, m santi m vin anpè e m vin kalm kounye a, byenke anvan sa m te tankou yon bonm ki plen ak rayisman ak raj ki te pare pou l eksploze menmsi se toupiti yon moun ta annuiye m.” Jodi a, Stephen se yon sèvitè ministeryèl, e madanm li gen plizyè ane depi l pyonye pèmanan. Men kòmantè ansyen ki nan kongregasyon Stephen yo fè: “Stephen se yon frè ki kalm, ki renmen travay, e ki gen imilite.” Yo pa janm sonje yon lè yo te wè l an kòlè. Èske Stephen fè konnen se poukont li li rive fè sa? Men sa l di: “M pa t ap jwenn youn nan bèl benediksyon sa yo nan lavi m si m pa t aksepte Jewova ede m chanje pèsonalite m nèt.”

13. Ki sa k fè kòlè se yon gwo danje, e ki avètisman Bib la bay?

13 Bib la gen bonjan rezon lè l avèti nou kont kòlè, jouman ak rele sou moun (Efe. 4:31). Malerezman, konpòtman sa yo mennen souvan nan vyolans. Petèt monn nan wè l nòmal pou yon moun renmen fè kòlè, men, sa pa onore Jewova. Gen anpil moun ki te oblije rejte vye konpòtman sa yo anvan yo te rive abiye yo ak nouvo pèsonalite a. — Li Sòm 37:8-11.

14. Èske l posib pou yon moun ki agresif vin dou?

14 Ann pran egzanp yon frè ki rele Hans ki se ansyen nan yon kongregasyon nan peyi Otrich. Men sa kowòdonatè gwoup ansyen kongregasyon Hans lan fè konnen: “Li se youn nan frè ki pi dou yon moun te ka swete rankontre.” Men, Hans pa t toujou yon moun ki dou. Lè l te adolesan, li te kòmanse bwè alkòl, e finalman li te vin agresif. Yon lè, pandan l te sou e l te an kòlè, li te touye menaj li, sa ki te fè yo kondane l pou l pase 20 an nan prizon. Okòmansman, prizon an pa t chanje pèsonalite Hans antanke yon moun ki te agresif. Rive yon lè, manman Hans te fè aranjman ak yon ansyen pou ansyen an te ka pran kontak ak Hans nan prizon a, e konsa, Hans te kòmanse etidye Labib. Men sa l esplike: “Se te yon konba pou mwen pou m te retire ansyen pèsonalite m te genyen an. Vèsè nan Bib la ki te ankouraje m se Ezayi 55:7 ki di: ‘Se pou moun ki mechan an kite wout li ladan l lan’ ansanm ak 1 Korentyen 6:11 ki di konsènan moun ki te sispann fè peche yo: ‘Epoutan, se sa kèk nan nou te ye.’ Pandan anpil ane, avèk pasyans, Jewova te ede m grasa lespri sen l pou m abiye ak nouvo pèsonalite a.” Apre Hans te fin fè 17 an edmi nan prizon, yo te libere l, e lè sa a li te yon kretyen ki batize. Men sa l di: “Mwen gen anpil rekonesans pou kokenn mizèrikòd Jewova fè m e poutèt li padone m.”

15. Ki abitid anpil moun genyen, men, ki sa Bib la di sou sa?

15 Apre jouman, bay manti se yon lòt karakteristik ansyen pèsonalite a. Pa egzanp, anpil moun bay manti lè y ap peye enpo oswa pou yo evite pran responsablite peche yo. Sepandan, Jewova se “Bondye verite a”. (Sòm 31:5.) Se sa k fè, antanke moun k ap adore l, li egzije “pou nou chak di pwochen nou laverite” e pou n pa “bay [...] manti”. (Efe. 4:25; Kol. 3:9.) Kidonk, nou dwe di laverite menmsi sa ka fè n wont oswa sa pa nan avantaj nou. — Pwo. 6:16-19.

FASON YO TE POT LAVIKTWA

16. Ki jan yon moun ka reyisi retire ansyen pèsonalite a?

16 Yon moun pa kapab retire ansyen pèsonalite a ak pwòp fòs li. Moun nou te pale de yo nan atik sa a, tankou Sakura, Ribeiro, Stephen ak Hans, te fè anpil efò pou yo rejte move abitid yo te genyen. Yo te rive pot laviktwa paske yo te ouvri kè yo ak lespri yo pou pisans ki nan Pawòl Bondye a ak lespri sen te ka aji nan yo (Lik 11:13; Ebre 4:12). Pou n ka jwenn byenfè grasa pisans sa a, nou dwe li Labib chak jou, medite sou li, epi priye toutan pou n ka gen sajès ak fòs pou n aplike konsèy ki nan Bib la (Joz. 1:8; Sòm 119:97; 1 Tes. 5:17). Nou jwenn byenfè tou nan Pawòl Bondye a ak nan lespri sen lè n prepare reyinyon yo ak lè n asiste yo (Ebre 10:24, 25). Anplis de sa, nou vle byen sèvi ak divès mwayen pèp Bondye a genyen ki disponib kounye a pou yo jwenn manje nan domèn espirityèl. — Lik 12:42.

Ki jan n ka rive retire ansyen pèsonalite a? (Gade paragraf 16.)

17. Sou ki sa n pral pale nan atik ki vin apre a?

17 Nou sot egzamine plizyè move abitid kretyen yo dwe rejte e yo dwe kontinye fè ret lwen yo. Men, èske se tout sa Bondye mande n fè pou n ka gen apwobasyon l? Non. Nou dwe abiye nou ak nouvo pèsonalite a tou. Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine divès aspè nan nouvo pèsonalite a ki dwe toujou fè pati rad senbolik nou an.

^ § 7 Yo chanje non kèk moun nan atik sa a.

^ § 8 Gade chapit 25 nan liv Les jeunes s’interrogent. Réponses pratiques, volim 1.