Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fason pou n abiye n ak nouvo pèsonalite a e pou n kontinye kenbe l

Fason pou n abiye n ak nouvo pèsonalite a e pou n kontinye kenbe l

“Abiye nou ak nouvo pèsonalite a.” — KOL. 3:10.

KANTIK: 126, 28

1, 2. a) Ki sa k fè l posib pou n abiye n ak nouvo pèsonalite a? b) Ki aspè nan nouvo pèsonalite a ki parèt nan Kolosyen 3:10-14?

“NOUVO pèsonalite a.” Ekspresyon sa a parèt de fwa nan Labib — Tradiksyon monn nouvo a (Efe. 4:24; Kol. 3:10). Li fè referans ak yon pèsonalite ki te “kreye selon volonte Bondye”. Li posib pou n vin gen yon nouvo pèsonalite konsa. Sa k fè sa? Se paske Jewova te kreye lèzòm pòtre avè l, e konsa, li vin posib pou n demontre bèl kalite li genyen yo. — Jen. 1:26, 27; Efe. 5:1.

2 Se vre, akoz enpèfeksyon nou eritye nan men premye paran nou yo, nou konn gen move dezi. Anplis de sa, anviwònman nou ka gen gwo enfliyans sou nou. Sepandan, grasa èd Jewova ki gen mizèrikòd, nou ka vin kalite moun li vle n ye a. Pou n ranfòse anvi nou genyen pou n atenn objektif sa a, nou pral egzamine plizyè aspè nan nouvo pèsonalite a Bondye te enspire apot Pòl pou l ekri sou yo. (Li Kolosyen 3:10-14.) Epitou, nou pral wè ki jan n ka demontre aspè sa yo nan travay predikasyon an.

“NOU TOUT FÈ YON SÈL”

3. Bay youn nan aspè nouvo pèsonalite a gen ladan l.

3 Apre Pòl fin ankouraje n pou n abiye n ak nouvo pèsonalite a, li te montre youn nan aspè nan nouvo pèsonalite a se lè yon moun pa gen patipri. Men sa l te di: “Pa gen ni Grèk ni Juif, ni moun ki sikonsi ni moun ki pa sikonsi, ni etranje ni Sit, ni esklav ni moun ki lib *.” Poukisa pa dwe gen distenksyon ki baze sou ras, nasyonalite oswa ran sosyal nan kongregasyon an? Se paske tout vrè disip Kris yo “fè yon sèl”. — Kol. 3:11; Gal. 3:28.

4. a) Ki fason sèvitè Jewova yo dwe trete lòt moun? b) Ki sitiyasyon ki ka vin yon pwoblèm pou inite n genyen antanke kretyen an?

4 Moun ki abiye yo ak nouvo pèsonalite a trete kwayan parèy yo ansanm ak lòt moun ak diyite, kèlkeswa ran sosyal yo oswa ras yo (Wom. 2:11). Sa ka difisil anpil nan kèk pati nan monn nan. Pa egzanp, ann Afrik disid, pifò Temwen yo toujou ap viv nan yon seri zòn ki separe selon ras moun yo, tankou gen katye pou moun rich, katye pou moun nwa oswa zòn kote moun tout ras te konn viv nan yon epòk. Konsa, pou ankouraje frè yo “ouvri kè” yo, nan mwa oktòb 2013, Kolèj santral la te apwouve yon dispozisyon espesyal pou ede frè yo vin konn youn lòt pi byen (2 Kor. 6:13). Ki sa k te gen nan dispozisyon sa a?

5, 6. a) Ki dispozisyon yo te pran nan yon peyi pou ranfòse inite ki gen pami pèp Bondye a? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Ki rezilta sa te bay?

5 Yo te fè de kongregasyon ki gen moun ki pa pale menm lang oswa ki pa menm ras reyini ansanm pandan kèk wikenn. Frè ak sè nan toude kongregasyon yo te preche ansanm, yo te asiste reyinyon ansanm e youn te kontan akeyi lòt lakay yo. Gen plizyè santèn kongregasyon ki te patisipe e biwo filyal la te resevwa anpil bon rapò konsènan dispozisyon sa a, menm moun ki pa Temwen te renmen l. Pa egzanp, gen yon minis relijye ki te di: “Mwen pa Temwen, men, m ap di nou travay predikasyon nou an byen òganize, epitou, nou gen inite, kèlkeswa ras nou.” Ki efè dispozisyon sa a te gen sou Temwen yo?

6 Okòmansman, gen yon sè ki rele Noma ki pale lang sosa ki te yon ti jan jennen pou l envite kèk frè ak sè blan ki nan yon kongregasyon anglè lakay li ki byen senp. Men, apre l te fin preche ak Temwen ki blan yo e yo te byen akeyi l lakay yo, li te di: “Yo se moun nòmal menm jan avè n!” Konsa, lè se kongregasyon l lan ki pale lang sosa ki t ap akeyi frè ak sè nan kongregasyon anglè a, li te prepare manje e l te envite kèk frè ak sè. Pami moun li te envite yo te gen yon ansyen ki blan. Men sa Noma di: “M te sezi wè jan l te dispoze chita atè a sou yon kès an plastik.” Bèl dispozisyon sa a te pèmèt anpil frè ak sè vin gen nouvo zanmi e yo te detèmine pou yo kontinye ouvri kè yo youn bay lòt.

‘AFEKSYON, TANDRÈS AK BONTE KI SOT NAN YON KÈ KI SANSIB’

7. Poukisa n bezwen toujou demontre konpasyon?

7 Toutotan monn Satan an la, n ap kontinye jwenn pwoblèm. Pwoblèm sa yo se kapab difikilte pou n jwenn travay, maladi grav, pèsekisyon, katastwòf natirèl, byen materyèl nou pèdi akoz krim oswa lòt pwoblèm ankò. Lè n ap soufri oswa lè n gen pwoblèm, nou bezwen gen bonjan konpasyon pou youn ka ede lòt. Lè n gen tandrès, sa ap pouse n aji avèk bonte (Efe. 4:32). Aspè sa yo nan nouvo pèsonalite a ap ede n imite Bondye, e y ap ede n konsole lòt moun. — 2 Kor. 1:3, 4.

8. Ki bon rezilta sa ka bay lè n demontre konpasyon ak bonte pou tout moun nan kongregasyon an? Bay yon egzanp.

8 Ki jan n ka montre plis konsiderasyon pou etranje yo oswa moun ki nan nesesite yo nan kongregasyon an? Nou bezwen fè zanmi ak moun sa yo e n bezwen ede yo wè yo gen anpil valè nan kongregasyon an (1 Kor. 12:22, 25). Ann wè sa k te rive Dannykarl ki sot nan peyi Filipin e ki t al viv nan peyi Japon. Nan travay li, yo pa t trete l menm jan ak lòt anplwaye yo. Yon lè, li te asiste yon reyinyon Temwen Jewova yo. Men sa Dannykarl di: “Prèske tout moun nan asistans lan se te Japonè, aktout sa, yo te byen akeyi m kòmsi yo te konnen m depi byen lontan.” Frè ak sè yo te kontinye demontre bonte anvè l, sa ki te ede l fè pwogrè nan domèn espirityèl. Li te vin batize, e kounye a, l ap sèvi kòm ansyen. Lòt ansyen yo konsidere Dannykarl ak madanm li, Jennifer, kòm yon benediksyon pou kongregasyon an. Men sa ansyen yo di de yo: “Y ap viv yon fason ki vrèman senp antanke pyonye e yo bay bon egzanp antanke moun k ap chèche Wayòm nan an premye.” — Lik 12:31.

9, 10. Bay kèk egzanp konsènan byenfè nou jwenn lè n demontre konpasyon nan travay predikasyon an.

9 Lè n pataje mesaj Wayòm nan ak lòt moun, nou jwenn yon bèl okazyon pou n “fè byen ak tout moun”. (Gal. 6:10.) Gen anpil Temwen ki detèmine pou yo aprann yon nouvo lang akoz konpasyon yo genyen pou imigran yo (1 Kor. 9:23). Sa pèmèt yo jwenn anpil byenfè. Pa egzanp, Tiffany, yon sè pyonye nan peyi Ostrali, te aprann lang swayili pou l te ka bay èd nan yon kongregasyon swayili ki nan vil Brisbàn. Tiffany te jwenn anpil byenfè nan lavi l aktout li te difisil anpil pou l aprann lang lan. Men sa l di: “Si w vle travay predikasyon an bèl anpil pou ou, al sèvi nan yon kongregasyon lang etranje. Se kòmsi w te vwayaje san w pa kite vil w ap viv la. Ou fè eksperyans nan kominote frè nou fòme nan lemonnantye a e w viv inite nou gen nan mitan nou an ki se yon mirak.”

Ki sa k pouse kretyen yo ede imigran yo? (Gade paragraf 10.)

10 Ann pran yon lòt egzanp konsènan yon fanmi k ap viv nan peyi Japon. Men sa Sakiko, pitit fi yo a, fè konnen: “Nan ane 1990 yo, souvan nou te konn rankontre imigran ki sot nan peyi Brezil lè n nan travay predikasyon an. Lè n te montre yo kèk vèsè, tankou Revelasyon 21:3, 4 oswa Sòm 37:10, 11, 29 nan Bib pòtigè yo a, yo te konn suiv avèk atansyon, e pafwa yo te konn menm kriye.” Men, konpasyon fanmi an te demontre pa t ret la sèlman. Men sa Sakiko di: “Lè fanmi m te wè jan yo te grangou nan domèn espirityèl, nou te kòmanse etidye lang pòtigè.” Pi devan, fanmi an te kontribye nan fòmasyon yon kongregasyon lang pòtigè. Tank ane t ap pase, fanmi an te ede anpil imigran vin sèvi Jewova. Men sa Sakiko kontinye pou l di: “Sa te mande anpil efò pou n aprann pòtigè, men, byenfè n jwenn yo pi plis lontan pase efò yo. Nou gen Jewova anpil rekonesans.” — Li Travay 10:34, 35.

“ABIYE NOU AK [...] IMILITE”

11, 12. a) Poukisa l vrèman enpòtan pou n gen bonjan motivasyon pou n abiye n ak nouvo pèsonalite a? b) Ki sa k ap ede n kontinye gen imilite?

11 Motivasyon n genyen pou n abiye n ak nouvo pèsonalite a se ta dwe pou n onore Jewova, se pa ta dwe pou n jwenn lwanj nan men lèzòm. Sonje menm yon kreyati espirityèl ki te pafè yon lè te peche paske l te kite ògèy plen tèt li. (Konpare ak Ezekyèl 28:17.) Donk, li pi difisil toujou pou lèzòm pechè evite gen ògèy e pou yo pa vin awogan! Aktout sa, li posib pou n abiye n ak imilite. Ki sa k ap ede n fè sa?

12 Pou n kontinye gen imilite, nou bezwen rezève tan pou n medite chak jou sou sa n li nan Pawòl Bondye a (Det. 17:18-20). Li sitou enpòtan pou n medite sou ansèyman Jezi yo ansanm ak bèl egzanp li kite nan fason l te fè sèvis li ak imilite (Mat. 20:28). Jezi te menm lave pye apot li yo (Jan 13:12-17). Anplis de sa, nou bezwen priye Bondye souvan pou l ban nou lespri sen pou ede n goumen kont nenpòt tandans ki ta vle fè n santi n siperyè lòt moun. — Gal. 6:3, 4; Flp. 2:3.

13. Ki rekonpans n ap jwenn lefètke n gen imilite?

13 Li Pwovèb 22:4. Tout vrè adoratè Jewova yo dwe gen imilite e sa ap fè yo jwenn gwo rekonpans. Lè n gen imilite, sa pèmèt nou kontribye pou gen lapè ak tèt ansanm nan kongregasyon an. Mete sou sa, lè n chèche gen imilite epi n demontre l plis toujou, sa fè n tounen veso Bondye ap itilize pou favè san parèy li a. Apot Pyè te di: “Se nou tout ki pou abiye nou ak imilite nan relasyon nou youn ak lòt, paske Bondye kont moun ki gen ògèy yo, men li bay moun ki gen imilite yo favè san parèy la.” — 1 Pyè 5:5.

“ABIYE NOU AK [...] DOUSÈ AK PASYANS”

14. Kiyès ki bay pi bèl egzanp nan demontre dousè ak pasyans?

14 Nan monn jodi a, byen souvan, yo konsidere moun ki gen dousè ak pasyans yo kòm moun ki fèb. Rezònman sa a pa gen anyen pou l wè ak laverite! Bèl kalite sa yo sot nan Sila a ki gen plis pisans nan linivè a. Se Jewova Dye ki bay pi bèl egzanp nan demontre dousè ak pasyans (2 Pyè 3:9). Reflechi ak fason l te aji pa mwayen zanj ki te reprezante l yo lè Abraram ak Lòt te poze l kesyon (Jen. 18:22-33; 19:18-21). Mete sou sa, Jewova te fè plis pase 1 500 an ap sipòte nasyon Izrayèl la ki te rebèl. — Eze. 33:11.

15. Ki egzanp Jezi te bay nan demontre dousè ak pasyans?

15 Jezi te gen “tanperaman dou”. (Mat. 11:29.) Li te demontre anpil pasyans lè l t ap fè fas ak feblès disip li yo. Pandan tout sèvis Jezi sou tè a, li te andire anba opozan relijye yo ki te konn kritike l yon fason ki pa jis. Men, li te demontre dousè ak pasyans jis nan moman yo t ap egzekite l la. Pandan Jezi t ap soufri anba gwo doulè sou poto a, li te priye Papa l pou l padone moun ki t ap egzekite l yo, paske, jan l te di sa: “Yo pa konn sa y ap fè a.” (Lik 23:34). Ala yon kokenn egzanp Jezi bay antanke moun ki te demontre dousè ak pasyans anba soufrans ak nan sitiyasyon ki rèd anpil! — Li 1 Pyè 2:21-23.

16. Ki jan n ka demontre dousè ak pasyans?

16 Ki jan n ka demontre dousè ak pasyans? Pòl te site youn nan fason yo lè l te ekri kwayan parèy li yo. Men sa l te di: “Menmsi yon moun gen dekwa pou l plenyen kont yon lòt, se pou youn kontinye sipòte lòt e se pou youn kontinye padone lòt ak tout kè nou. Menm jan Jewova padone nou ak tout kè l, nou menm tou, nou dwe fè menm jan an.” (Kol. 3:13). Sa klè, nou bezwen gen dousè ak pasyans pou n obeyi kòmandman sa a. Men, lè n renmen padone, n ap kontribye pou toujou gen tèt ansanm nan kongregasyon an.

17. Poukisa l enpòtan pou n gen dousè ak pasyans?

17 Antanke kretyen, nou gen obligasyon pou n abiye n ak dousè ak pasyans. Se yon egzijans ki enpòtan anpil pou delivrans nou (Mat. 5:5; Jak 1:21). Sa k pi enpòtan an, grasa kalite sa yo, nou onore Jewova e n ede lòt moun suiv konsèy ki nan Bib la. — Gal. 6:1; 2 Tim. 2:24, 25.

“ABIYE NOU AK LANMOU”

18. Ki rapò ki genyen ant lanmou ak pa gen patipri?

18 Tout kalite nou sot egzamine yo gen yon rapò sere sere ak lanmou. Pa egzanp, disip Jak te oblije konseye frè yo paske yo te trete moun rich yo pi byen pase moun pòv yo. Li te montre yon konduit konsa vyole lwa wa a ki di: “Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou.” Apre sa, li te ajoute: “Si nou kontinye montre nou nan patipri, nou peche.” (Jak 2:8, 9). Yon lòt bò, lanmou ap pouse n rejte kèlkeswa prejije ki baze sou edikasyon, ras oswa ran sosyal. Anfèt, nou dwe fè plis pase annik di nou pa gen patipri. Sa dwe vin yon aspè enpòtan nan pèsonalite nou.

19. Poukisa l enpòtan pou n abiye n ak lanmou?

19 Lanmou gen “pasyans ak byenveyans” tou, e li “pa kite ògèy plen tèt li”. (1 Kor. 13:4.) Vrèmanvre, sa mande pasyans, byenveyans ak imilite pou n kontinye fè pwochen nou yo tande mesaj Wayòm nan (Mat. 28:19). Kalite sa yo fè l pi fasil pou n viv ak tout frè ak sè yo nan kongregasyon an. Ki rekonpans nou jwenn lè n demontre kalite lanmou sa a? Li pèmèt kongregasyon yo gen tèt ansanm, yon bagay ki onore Jewova e ki atire moun ki fèk enterese yo. Se sa k fè, pou Bib la fini deskripsyon l fè sou nouvo pèsonalite a, men yon verite pisan li bay: “Anplis tout bagay sa yo, abiye nou ak lanmou, paske li se yon chenn ki ini moun yon fason ki san fay.” — Kol. 3:14.

“KONTINYE RENOUVLE MANTALITE” NOU

20. a) Ki kesyon nou ta dwe poze tèt nou, e poukisa? b) Ki epòk n ap tann?

20 Nou chak ta dwe mande tèt nou: ‘Ki lòt bagay ankò m ka fè pou m retire ansyen pèsonalite a e pou m fè l ret lwen?’ Nou bezwen priye ak tout kè n pou Bondye ede n e n dwe fè gwo efò pou n elimine nenpòt atitid oswa abitid k ap anpeche n benefisye Wayòm Bondye a (Gal. 5:19-21). Epitou, nou bezwen mande tèt nou: ‘Èske m kontinye renouvle mantalite k ap domine nan mwen an?’ (Efe. 4:23, 24). Antanke kretyen, nou tout dwe kontinye abiye n ak nouvo pèsonalite a e nou dwe kontinye kenbe l jiskaske n kapab fè sa nèt. Imajine jan lavi a pral bèl lè tout moun nou konnen pral abiye yo ak nouvo pèsonalite a yon fason ki pafè!

^ § 3 Nan tan biblik yo, yo te meprize Sit yo e yo te konsidere yo kòm moun ki pi sovaj ki te egziste.