Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Laverite pa pot lapè, li pot divizyon

Laverite pa pot lapè, li pot divizyon

“Pinga nou panse se lapè mwen vin met sou latè. Se pa lapè mwen vin mete, men se divizyon.” — MAT. 10:34.

KANTIK: 123, 128

1, 2. a) Ki kalite lapè nou ka jwenn depi kounye a? b) Ki sa k anpeche n jwenn lapè total nan moman sa a? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

NOU tout vle viv anpè, san okenn tètchaje. Se pa ti kontan nou kontan dèske Jewova ban nou “lapè Bondye” a ki fè n santi n kalm e ki ka pwoteje n kont yon seri panse ak santiman k ap boulvèse nou (Flp. 4:6, 7)! Piske nou vwe Jewova lavi n, sa pèmèt nou fè “lapè ak Bondye”, sa vle di nou gen bon relasyon avè l. — Wom. 5:1.

2 Sepandan, lè pou Bondye met lapè total la poko rive. Dènye jou difisil sa yo chaje ak konfli, e gen anpil moun ki renmen fè kont (2 Tim. 3:1-4). Antanke kretyen, nou dwe mennen yon gè espirityèl kont Satan ak fo ansèyman l ap gaye yo (2 Kor. 10:4, 5). Men, se nan men moun ki pa kwayan nan fanmi nou nou ka jwenn pi gwo menas ki anpeche n gen lapè. Gen kèk nan yo ki gendwa pase n nan rizib akoz kwayans nou, yo ka akize n kòmkwa n ap divize fanmi an, oswa yo ka menase n y ap renye n si nou pa abandone lafwa nou. Ki jan n ta dwe konsidere opozisyon n jwenn nan fanmi nou? Ki jan n ka reyisi fè fas ak difikilte l pote yo?

FASON POU N KONSIDERE OPOZISYON N JWENN NAN FANMI NOU

3, 4. a) Ki efè ansèyman Jezi yo genyen? b) Ki lè l ka sitou difisil pou n suiv Jezi?

3 Jezi te konnen ansèyman l yo t ap divize moun yo e moun ki vle suiv li yo t ap bezwen gen kouraj pou yo fè sa lè yo jwenn opozisyon. Opozisyon sa a ka gen efè sou relasyon pezib ki gen ant moun ki nan menm fanmi. Men sa Jezi te di: “Pinga nou panse se lapè mwen vin met sou latè. Se pa lapè mwen vin mete, men se divizyon. Paske, mwen vin met divizyon ant yon pitit gason ak papa l, e yon pitit fi ap kont manman l, yon bèlfi ap kont bèlmè l. Wi, ènmi yon moun se pral moun lakay li.” — Mat. 10:34-36.

4 Lè Jezi te di “pinga nou panse se lapè mwen vin [mete]”, li te vle di moun ki t ap koute l yo te bezwen reflechi sou konsekans sa t ap genyen lè yo suiv li. Mesaj li a te ka divize moun yo. Natirèlman, entansyon Jezi se te pwoklame mesaj verite Bondye bay la, se pa t pou kraze relasyon moun gen ant yo (Jan 18:37). Malgre sa, moun ki t ap suiv ansèyman Kris yo fidèlman t ap jwenn difikilte si yon zanmi pwòch yo oswa moun nan fanmi yo ta rejte laverite.

5. Ki sitiyasyon disip Jezi yo rankontre?

5 Pami soufrans Jezi te fè konnen disip li yo dwe dispoze andire, li te site doulè n ap jwenn lè n jwenn opozisyon nan fanmi n (Mat. 10:38). Pou disip Kris yo fè l plezi, yo dwe andire lè y ap pase yo nan rizib, oswa menm, lè fanmi yo renye yo. Epoutan, yo jwenn plis bagay lontan pase sa yo pèdi. — Li Mak 10:29, 30.

6. Ki sa n dwe sonje si moun nan fanmi n opoze ak efò n ap fè pou n adore Jewova?

6 Menm lè moun nan fanmi n opoze ak efò n ap fè pou n adore Jewova, nou kontinye renmen yo, men nou dwe sonje lanmou nou gen pou Bondye ak Kris vin an premye (Mat. 10:37). Mete sou sa, nou dwe rann nou kont Satan ap eseye sèvi ak afeksyon nou gen pou fanmi n pou l fè n pa ret fidèl. Ann egzamine kèk sitiyasyon ki gen rapò ak opozisyon n jwenn nan fanmi nou epi nou pral wè ki jan n ka reyisi fè fas ak difikilte sa lakòz.

LÈ MOUN OU MARYE AVÈ L LA PA KWAYAN

7. Ki jan moun ki gen mari yo oswa madanm yo ki pa kwayan ta dwe wè sitiyasyon yo?

7 Bib la avèti n moun ki marye yo “ap jwenn tribilasyon nan lavi yo”. (1 Kor. 7:28.) Si moun ou marye avè l la pa kwayan, ou ka gen plis strès ak tètchaje nan maryaj ou. Sepandan, li enpòtan pou w wè sitiyasyon w menm jan Jewova wè l. Lefètke moun ou marye avè l la pa dispoze suiv Kris pou kounye a, sa sèlman pa yon bon rezon pou w separe oswa divòse (1 Kor. 7:12-16). Byenke mari ki pa kwayan an ka pa pran latèt nan ede fanmi an gen bon relasyon ak Bondye, ou dwe respekte l akoz pozisyon l antanke chèf fanmi. Menm jan an tou, yon mari ki kretyen dwe demontre lanmou ki pouse l fè sakrifis pou madanm li ki pa kwayan e l dwe montre li gen gwo afeksyon pou li. — Efe. 5:22, 23, 28, 29.

8. Ki kesyon w ka poze tèt ou si moun ou marye avè l la eseye met limit nan adorasyon w ap bay Bondye a?

8 E si moun ou marye avè l la eseye met limit nan adorasyon w ap bay Bondye a? Pa egzanp, mari yon sè te di l ki jou nan semèn nan sèlman li ka al preche. Si w ta nan yon sitiyasyon konsa, mande tèt ou: ‘Èske moun mwen marye avè l la mande m pou m sispann adore Bondye? Si repons lan se non, èske m ka aksepte sa l mande m nan?’ Lè w rezonab, sa ka ede w evite konfli nan maryaj ou san nesesite. — Flp. 4:5.

9. Ki jan kretyen yo ka anseye pitit yo pou yo onore yon paran ki pa kwayan?

9 Li ka sitou difisil pou w bay pitit ou fòmasyon si moun ou marye avè l la pa kwayan. Pa egzanp, ou bezwen anseye pitit ou pou l obeyi kòmandman Bib la bay ki di: “Onore papa nou ak manman nou.” (Efe. 6:1-3). Men, e si moun ou marye avè l la pap suiv prensip moral wo nivo Bib la bay yo? Bay egzanp lè w onore moun ou marye avè l la. Met aksan sou bèl kalite mari w oswa madanm ou genyen, epi montre w apresye l. Evite di bagay ki negatif sou moun ou marye avè l la devan pitit ou. Okontrè, esplike pitit ou se chak moun ki dwe chwazi si y ap sèvi Jewova. Bon konduit pitit ou genyen ka atire paran ki pa kwayan an nan vrè adorasyon an.

Anseye pitit ou verite ki nan Bib la nenpòt lè sa posib. (Gade paragraf 10.)

10. Ki jan paran ki kretyen yo ka anseye pitit yo verite ki nan Bib la lè tout moun nan kay la pa nan menm relijyon?

10 Pafwa, mari oswa madanm ki pa kwayan yo ap vle pou pitit yo patisipe nan yon seri selebrasyon ki gen orijin payen oswa y ap ba yo ansèyman ki soti nan fo relijyon. Gen kèk mari ki ka entèdi madanm yo ki kretyèn etidye Labib ak pitit yo. Menm nan ka sa a, yon madanm ki kretyèn ap fè sa l kapab pou l anseye pitit li verite ki nan Bib la (Tra. 16:1; 2 Tim. 3:14, 15). Pa egzanp, yon mari ki gen madanm li ki Temwen ka pa dakò pou l etidye Labib ak pitit li ki minè oswa pou l mennen yo nan reyinyon. Toutpandan madanm nan ap respekte desizyon mari l pran, madanm nan kapab toujou pale de lafwa l devan pitit li lè l jwenn okazyon fè sa, konsa, l ap ba yo fòmasyon nan domèn moral ak konesans sou Jewova (Tra. 4:19, 20). Natirèlman, timoun yo ap gen pou yo pran pwòp desizyon yo pou yo adore Bondye. — Det. 30:19, 20 *.

LÈ MOUN NAN FANMI W OPOZE AK VRÈ ADORASYON AN

11. Ki sa k ka lakòz ou gen pwoblèm ak moun nan fanmi w ki pa Temwen?

11 Okòmansman, nou gendwa pa t di fanmi n n ap frekante Temwen Jewova yo. Men, toutpandan lafwa n ap grandi, nou te wè l enpòtan pou n pale de kwayans nou (Mak 8:38). Si pozisyon n pran avèk kouraj la lakòz vin gen pwoblèm ant nou menm ak moun nan fanmi n ki pa Temwen, l ap bon pou n egzamine kèk bagay nou ka fè pou n diminye konfli yo e pou n kenbe entegrite n.

12. Poukisa moun ki pa kwayan nan fanmi n ka opoze avè n, men, ki jan n ka montre yo nou konprann yo?

12 Montre w konprann moun ki pa kwayan nan fanmi w. Byenke verite nou aprann nan Bib la ka ban nou anpil kè kontan, fanmi nou ka fè erè lè yo panse yo twonpe n oswa nou antre nan yon sèk. Yo ka panse n pa renmen yo ankò paske n pa fete yon seri fèt ak yo. Yo ka menm pè pou byennèt etènèl nou. Nou dwe montre n konprann yo lè n eseye wè bagay yo jan yo wè yo e lè n byen koute yo pou n ka wè ki pwoblèm yo genyen vre (Pwo. 20:5). Apot Pòl te fè tout sa l kapab pou l konprann “tout kalite moun” pou l te ka ba yo bon nouvèl la, e lè n suiv metòd sa a sa kapab ede n tou. — 1 Kor. 9:19-23.

13. Ki jan n ta dwe pale ak moun ki pa kwayan nan fanmi n?

13 Pale avèk dousè. Men sa Bib la di: “Se pou pawòl nou toujou bèl.” (Kol. 4:6). Nou kapab mande Jewova pou l ban nou lespri sen pou n ka demontre fwi lespri a lè n ap pale ak fanmi nou. Nou pa dwe eseye fè diskisyon ak yo sou tout ide yo genyen ki soti nan fo relijyon. Si yo fè n ditò nan aksyon yo oswa nan pawòl yo, nou kapab imite egzanp apot yo. Men sa Pòl te ekri: “Lè yo joure nou, nou beni yo. Lè yo pèsekite nou, nou andire avèk pasyans. Lè yo pale nou mal, nou reponn avèk dousè.” — 1 Kor. 4:12, 13.

14. Ki byenfè n jwenn lè n toujou gen bon konduit?

14 Toujou gen bon konduit. Byenke lè n pale avèk dousè sa ka ede n fè fas ak moun nan fanmi n ki opoze avè n, bon konduit nou genyen kapab ede n plis toujou. (Li 1 Pyè 3:1, 2, 16.) Grasa egzanp nou, montre moun nan fanmi n Temwen Jewova yo gen kè kontan nan maryaj yo, yo pran swen pitit yo, yo mennen yon vi pwòp nan domèn moral, e yo jwenn satisfaksyon nan lavi yo. Menmsi fanmi nou pa janm aksepte laverite, nou kapab gen kè kontan dèske konduit fidèl nou genyen fè Jewova plezi.

15. Ki jan n ka planifye davans pou n fè fas ak sitiyasyon ki ta ka mennen nan pwoblèm ak moun?

15 Planifye davans. Reflechi sou sitiyasyon ki ta ka mennen nan pwoblèm ak moun, epi wè ki fason n ka jere yo (Pwo. 12:16, 23). Men sa yon sè ki soti nan peyi Ostrali fè konnen: “Bòpè m te opoze anpil ak laverite. Anvan mwen menm ak mari m rele l pou n pran nouvèl li, nou konn priye Jewova pou l ede n reponn li avèk dousè lè l an kòlè. Nou te konn prepare yon seri sijè pou n pale avè l yon fason pou konvèsasyon an ka amikal. Nou planifye ki kantite tan n ap fè lè n ap vizite l pou n ka evite gen konvèsasyon ki long ki konn mennen nan gwo diskisyon sou relijyon.”

16. Ki jan w ka venk santiman ki fè w santi w koupab dèske w pa fè fanmi w plezi?

16 Natirèlman, ou pa kapab atann pou w evite tout dezakò avèk moun ki pa kwayan nan fanmi w. Pwoblèm sa yo ka fè w santi w koupab, sitou paske w renmen fanmi w anpil e w toujou eseye fè yo plezi. Si w santi w konsa, fè tout sa w kapab pou w met fidelite w anvè Jewova anvan lanmou w gen pou fanmi w. Anfèt, pozisyon sa a ou pran an ka ede fanmi w konprann aplike prensip biblik yo se yon kesyon ki gen rapò ak lavi oswa ak lanmò. Nan kèlkeswa ka a, pa bliye ou pa ka fòse lòt moun aksepte laverite. Olye de sa, grasa konduit ou, ede yo wè byenfè sa bay lè yon moun suiv chemen Jewova yo. Bondye nou an ki gen lanmou ba yo posiblite pou yo chwazi ki fason y ap viv, menm jan l fè sa pou nou. — Eza. 48:17, 18.

SI YON MOUN NAN FANMI W KITE JEWOVA

17, 18. Ki sa k ka ede w si yon moun nan fanmi w kite Jewova?

17 Lè yon moun nan fanmi w eskominye oswa l fè konnen li pa fè pati kongregasyon an ankò, sa ka tankou yon kout epe. Ki jan w ka fè fas ak doulè sa lakòz?

18 Konsève bon abitid espirityèl ou genyen. Fòtifye tèt ou lè w li Bib la regilyèman, lè w prepare reyinyon yo epi w asiste yo, lè w patisipe nan travay predikasyon an, e lè w priye pou w jwenn fòs pou w andire (Jid 20, 21). Men, e si w santi kè w pa nan sa w ap fè a, ou jis ap aji konsa konsa? Pa dekouraje! Yon bon pwogram espirityèl ka ede w gen kontwòl panse w ak santiman w. Ann konsidere egzanp moun ki te ekri Sòm 73 la. Li te vin mal wè bagay yo e l te boulvèse anpil, men l te rive korije fason l panse lè l te antre kote ki te fèt pou adore Bondye a (Sòm 73:16, 17). Lè w adore Jewova fidèlman, sa ka ede w fè menm jan an.

19. Ki jan w ka montre w respekte dispozisyon Jewova pran pou l bay disiplin nan?

19 Respekte disiplin Jewova bay. Dispozisyon Jewova pran an ka bay pi bon rezilta alalong pou tout moun, san wete moun ki te peche a, menmsi sa pot soufrans nan moman an. (Li Ebre 12:11.) Pa egzanp, Jewova mande n pou n “sispann frekante” moun ki peche e ki pa repanti (1 Kor. 5:11-13). Malgre n ap soufri, nou dwe evite gen kontak nòmal pa mwayen telefòn, mesaj tèks, lèt, imel oswa rezo sosyal ak moun nan fanmi n ki eskominye.

20. Ki espwa n ka kontinye genyen?

20 Kontinye gen espwa. Lanmou “espere tout bagay”, sa gen ladan l moun ki kite Jewova k ap tounen vin jwenn li (1 Kor. 13:7). Si w gen prèv yon fanmi pwòch ou fè chanjman nan kè l, ou ka priye pou l jwenn fòs nan Ekriti yo e pou l byen reyaji lè Jewova di l: “Retounen vin jwenn mwen.” — Eza. 44:22.

21. Ki sa w ta dwe fè si w jwenn opozisyon nan fanmi w paske w ap suiv Jezi?

21 Jezi te fè konnen si n ta met yon moun anvan l, nou pa t ap merite pou n disip li. Men, li te gen konfyans disip li yo t ap gen kouraj pou yo kontinye ret fidèl anvè l malgre opozisyon yo t ap jwenn nan fanmi yo. Si vin gen “divizyon” nan fanmi w paske w ap suiv Jezi, konte sou Jewova pou l ede w andire difikilte sa yo (Eza. 41:10, 13). Chèche gen kè kontan lefètke w konnen Jewova ak Jezi pran plezi nan ou e y ap rekonpanse w paske w ret fidèl.

^ § 10 Pou n jwenn plis enfòmasyon sou fason pou n bay pitit nou fòmasyon lè tout moun nan kay la pa nan menm relijyon, gade “Kesyon lektè yo poze” ki nan Toudegad 15 out 2002 (fransè).