Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Vizyon Zakari yo: Efè yo gen sou nou

Vizyon Zakari yo: Efè yo gen sou nou

“Tounen vin jwenn mwen, e m ap tounen vin jwenn nou.” — ZAK. 1:3.

KANTIK: 89, 86

1-3. a) Nan ki sitiyasyon pèp Jewova a te ye lè Zakari te kòmanse pwofetize? b) Poukisa Jewova te mande pèp li a pou yo ‘tounen vin jwenn li’?

YON woulo k ap vole, yon fi yo fèmen nan yon veso pou mezire e de fi ki gen zèl tankou zèl sigòy k ap plane nan van an. N ap jwenn detay sou vizyon estrawòdinè sa yo nan liv Zakari a (Zak. 5:1, 7-9). Poukisa Jewova te bay pwofèt li a vizyon frapan sa yo? Nan ki sitiyasyon Izrayelit yo te ye nan epòk sa a? Ki efè vizyon sa yo Zakari te ekri a gen sou nou jodi a?

2 Ane 537 anvan epòk nou an se yon ane ki te bay pèp Jewova a, yon pèp ki te apa pou li, anpil kè kontan. Apre yo te fin fè 70 an kòm prizonye nan Babilòn, yo te jwenn libète yo. Okòmansman, avèk anpil antouzyas, yo te dwe travay pou yo retabli vrè adorasyon an nan Jerizalèm. Nan ane 536 anvan epòk nou an, yo te fè fondasyon tanp lan. Nan moman sa a, pèp la “te tèlman rele fò moun byen lwen te tande yo”. (Esd. 3:10-13.) Men, san pèdi tan, pwojè konstriksyon an te jwenn anpil opozisyon. Piske pèp la te vin dekouraje akoz pil pwoblèm ak difikilte yo te jwenn yo, yo te kite travay konstriksyon tanp lan e yo t al kòmanse bati pwòp kay yo e yo t al okipe jaden yo. Sèzan annapre, konstriksyon tanp Jewova a te toujou ret kanpe. Pèp Bondye a te bezwen yo fè yo sonje yo te dwe tounen vin jwenn Jewova e yo dwe sispann met afè pèsonèl yo an premye. Jewova te vle yo tounen vin jwenn li, pou yo te ka rekòmanse adore l ak tout kè yo san yo pa pè.

3 Pou Bondye te fè pèp li a sonje rezon ki fè l te libere yo nan Babilòn, li te voye Zakari, pwofèt li a, kot pèp la nan ane 520 anvan epòk nou an. Non Zakari, yon non ki vle di “Jewova sonje”, dwe te fè yo sonje yon verite enpòtan. Byenke yo te bliye aksyon Jewova te fè pou l sove yo, Bondye te toujou sonje pèp li a. (Li Zakari 1:3, 4.) Avèk lanmou, li te ba yo asirans li t ap ede yo mete vrè adorasyon an sou pye ankò, men tou, yon fason ki fèm, li te avèti yo li pap aksepte yo adore l ak de kè. Ann wè kòman Jewova te sèvi ak sizyèm ansanm ak setyèm vizyon Zakari te fè yo pou l te pouse yo aji. Epitou, ki leson nou ka aprann nan sa jodi a?

PINISYON BONDYE REZÈVE POU MOUN K AP VÒLÈ

4. Ki sa Zakari te wè nan sizyèm vizyon l te fè a, e ki sa k enpòtan konsènan woulo ki ekri toule de bò yo? (Gade premye foto ki nan kòmansman atik la.)

4 Chapit 5 liv Zakari a kòmanse ak yon vizyon ki dwòl. (Li Zakari 5:1, 2.) Zakari te wè yon woulo ki mezire anviwon 9 mèt longè ak 4 mèt edmi lajè k ap vole! Woulo a te ouvè, e moun te ka li sa k ladan l. Woulo a te gen yon mesaj kondanasyon ladan l, yon mesaj ki te ekri sou toule de bò yo (Zak. 5:3). An jeneral, se nan yon sèl bò moun te konn ekri nan yon woulo, donk, woulo sa a te gen yon mesaj ki lou e ki enpòtan anpil.

Pa gen plas pou kèlkeswa vòl la pami kretyen yo. (Gade paragraf 5-7.)

5, 6. Ki jan Jewova konsidere tout kalite vòl?

5 Li Zakari 5:3, 4. Byenke tout moun sou tè a gen kont pou yo rann Jewova, pèp ki pote non l lan gen plis kont pou l rann li. Moun ki renmen Bondye yo rann yo kont kèlkeswa jan yo ta vòlè a sa ap “sal non Bondye” y ap sèvi a (Pwo. 30:8, 9). Kèlkeswa entansyon ki ta pouse yon moun vòlè oswa kèlkeswa sitiyasyon ki ta ka sanble yon eskiz pou l fè sa, moun sa a met dezi egoyis li anvan Bondye e l bay byen materyèl twòp valè. Li pa bay lwa Bondye yo enpòtans e l pa konsidere ni Jewova ni non L gen fòs oswa enpòtans.

6 Èske w te remake nan Zakari 5:3, 4 Bib la di “malediksyon [...] ap antre nan kay moun ki vòlè a [...], l ap ret nan kay sa [a] e l ap boule [l]”? Pa gen okenn baryè oswa kadna ki ka anpeche jijman kondanasyon Jewova a reyalize. Li ka antre nan kèlkeswa kachèt la pou l revele peche ki fèt pami pèp Jewova a. Menmsi yon moun rive kache vòl li fè a pou otorite yo, patwon l, ansyen yo oswa paran l pa konnen, li pa ka kache Bondye sa, li menm ki bay asirans tout vòl gen pou ekspoze aklè (Ebre 4:13). Ala ankourajan sa ankourajan lè n frekante moun ki rann yo kont yo dwe onèt “nan tout bagay”. — Ebre 13:18.

7. Ki jan n ka chape anba malediksyon woulo k ap vole a?

7 Pou Jewova, kèlkeswa vòl la se yon peche. Nou konsidere se yon onè pou n respekte prensip moral wo nivo Jewova yo, pou n kenbe yon konduit ki pap sal non l nan okenn fason. Konsa, nou ka chape anba jijman Jewova pral fè kont moun ki chwazi vyole lwa l yo.

NOU KENBE PAWÒL NOU “CHAK JOU”

8-10. a) Ki sa yon sèman ye? b) Ki sèman wa Sedesyas pa t respekte?

8 Nan mesaj ki ekri nan woulo k ap vole a, gen yon avètisman ladan l pou “moun ki fè fo sèman nan non [Bondye]”. (Zak. 5:4.) Yon sèman se yon deklarasyon ki bay asirans yon bagay se laverite, oswa se yon pwomès ki montre yon moun ap fè yon bagay oswa l pap fè l.

9 Se yon bagay ki gen anpil enpòtans lè yon moun fè sèman nan non Jewova. Se egzakteman sa dènye wa ki te monte sou twòn Jerizalèm nan te fè. Sedesyas te fè sèman nan non Jewova l ap ret fidèl ak wa Babilòn nan antanke sèvitè l. Men, Sedesyas pa t respekte sèman an. Kòm rezilta, men ki jijman Jewova te pwononse kont li: “Menm jan li klè mwen vivan, mwen fè sèman, [Sedesyas] ap mouri Babilòn, nan peyi kote wa ki te mete l wa a ap viv la, nan peyi wa ki te fè l fè sèman e ki te fè yon alyans avè l la, wa li pa t respekte alyans li te fè avè l la.” — Eze. 17:16.

10 Wa Sedesyas te dwe respekte sèman l te fè non Jewova a (2 Kwo. 36:13). Olye de sa, Sedesyas t al chèche èd nan men Ejip pou l te ka eseye soti anba esklavaj Babilòn nan, men, sa pa t mache. — Eze. 17:11-15, 17, 18.

11, 12. a) Ki ve ki pi enpòtan nou ka fè nan lavi n? b) Nan ki sans ve nou fè Bondye a gen efè sou lavi nou chak jou?

11 Jewova tande pwomès nou fè l yo tou. Li bay ve n fè yo anpil enpòtans, e nou dwe respekte yo pou n ka jwenn favè l (Sòm 76:11). Pami tout pwomès nou fè yo, sa k pi enpòtan an se lè n vwe Jewova lavi nou. Lè n vwe Jewova lavi n se yon pwomès serye nou fè l pou n sèvi l san kondisyon.

12 Ki jan n ka respekte ve n te fè Bondye a? Pozisyon n pran lè n anba eprèv, kit yo piti kit yo gwo, dwe montre nou bay pwomès nou te fè pou n fè louwanj pou Jewova “chak jou” a anpil enpòtans (Sòm 61:8). Pa egzanp, lè yon moun nan travay nou oswa nan lekòl nou ap flète avè n, èske n konsidere sa kòm yon posiblite n genyen pou n “kontan mache nan chemen [Jewova] yo” lè n rejte avans sa yo (Pwo. 23:26)? Si moun lakay nou pa nan menm relijyon, èske n mande Jewova ede n kontinye viv antanke kretyen menm lè moun ki toutotou n yo pa fè efò sa a? Èske n priye Papa nou ki nan syèl la e ki renmen n nan chak jou, epi èske n di l mèsi paske l pèmèt nou viv anba dominasyon l lan e paske l gen lanmou pou nou? Èske n rezève tan pou n li Labib chak jou? Anfèt, èske n pa t pwomèt li n ap fè bagay sa yo? Se yon kesyon ki gen rapò ak obeyisans. Lè n fè tout sa n kapab nan adorasyon n ap bay Jewova a, nou montre nou renmen Jewova e nou vrèman ba l lavi nou. Adorasyon n ap bay Jewova a fè pati lavi nou, se pa yon bagay nou fè pou lafòm. Lè n respekte pwomès nou fè Bondye a se pou byen nou, lè n fidèl sa ap fè n gen yon avni ki sèten. — Det. 10:12, 13.

13. Ki sa n ka aprann nan sizyèm vizyon Zakari a?

13 Nan sizyèm vizyon Zakari a, nou aprann moun ki renmen Jewova anpil yo pa dwe vòlè nan okenn fason e yo pa dwe fè fo sèman. Epitou, nou wè malgre Izrayelit yo te fè erè, Jewova pa t abandone yo. Li te konprann presyon yo t ap sibi toutpandan te gen ènmi ki te toutotou yo. Li ban nou egzanp lè l kenbe pwomès li, e l ap ede n kenbe pwomès nou yo. Youn nan fason li ede n se espwa l ban nou li pral met fen nan tout mechanste k ap fèt toupatou sou tè a talè konsa. Vizyon Zakari te fè ki vin annapre bay garanti bèl espwa sa a ap reyalize.

YO METE BAGAY KI MAL “KOTE L DWE YE A”

14, 15. a) Ki sa Zakari te wè nan setyèm vizyon an? (Gade dezyèm foto ki nan kòmansman atik la.) b) Ki sa fi ki anndan veso pou mezire a reprezante, e poukisa yo mete l anndan l e yo fèmen l?

14 Apre Zakari fin wè woulo k ap vole a, gen yon zanj ki di l: “Leve je w gade.” Ki sa setyèm vizyon l te fè a t apral montre? Kounye a, li wè yon veso pou mezire manje, yon veso yo te konn rele “efa”. (Li Zakari 5:5-8.) Veso sa a ki pa t twò gwo te gen yon “kouvèti won ki fèt ak plon”. Lè yo leve kouvèti a, Zakari te wè ‘yon fi ki chita nan veso a’. Zanj lan fè konnen fi ki chita nan veso pou mezire a reprezante “bagay ki mal”. Imajine jan Zakari te panike lè l wè fi a k ap eseye soti tou dousman kote yo fèmen l lan! Zanj lan aji san pèdi tan, li pouse l antre nan veso a epi l fèmen l ak kouvèti ki byen lou a. Ki sa sa reprezante?

15 Pati sa a nan vizyon an montre n Jewova pap tolere okenn bagay mal pami pèp li a. L ap asire l yo fèmen bagay mal yo yon kote epi yo retire yo byen vit (1 Kor. 5:13). Nou gen garanti sa ap fèt vre paske zanj lan fèmen veso pou mezire a ak kouvèti ki fèt ak plon an.

Jewova fè tout efò l pou l kenbe vrè adorasyon an pwòp. (Gade paragraf 16-18.)

16. a) Ki sa Zakari te wè ki te rive veso pou mezire a annapre? (Gade twazyèm foto ki nan kòmansman atik la.) b) Ki kote fi ki gen zèl yo mennen veso pou mezire a?

16 Apre sa, vin gen de fi ki gen gwo zèl tankou zèl sigòy ki parèt. (Li Zakari 5:9-11.) Fi sa yo pa menm moun ditou ak fi ki nan veso pou mezire a. Fi sa yo itilize zèl yo genyen yo ki gen anpil fòs pou yo plonje sou veso ki gen “bagay mal” la epi y al avè l. Ki kote y al avè l? Y al depoze bagay mal la “nan peyi Chineya” oswa Babilòn. Men, poukisa se Babilòn y al ak veso a?

17, 18. a) Poukisa se Chineya ki “kote [bagay mal la] dwe ye a”? b) Ki ta dwe detèminasyon n konsènan bagay ki mal?

17 Pou Izrayelit ki t ap viv nan epòk Zakari a, Chineya se yon kote ki apwopriye pou yo fèmen bagay mal la. Zakari ak lòt Juif ki t ap viv nan menm epòk la t ap dakò Babilòn se yon kote ki te gen bagay mal ki t ap fèt nan epòk yo a. Piske yo te grandi nan yon vil ki te gen bagay sal ak idolatri ki t ap fèt ladan l, yo te oblije lite chak jou pou yo te ka reziste kont mantalite ki te gaye nan monn payen sa a. Se pa ti soulajman vizyon sa a dwe te ba yo, se te yon garanti Jewova t ap kenbe vrè adorasyon an pwòp!

18 Sepandan, vizyon an te fè Juif yo sonje responsablite yo genyen pou yo kenbe adorasyon y ap bay Bondye a pwòp tou. Pèp Jewova a pa ka kite bagay mal ap fèt anba anba pami yo, yo pap kite sa fèt e yo pap tolere sa. Apre nou fin fè pati òganizasyon Bondye a ki pwòp, ki ban nou pwoteksyon ak lanmou, nou gen responsablite pou n fè efò pou n ede l ret pwòp. Èske sa pa ankouraje n kenbe “kay” nou an pwòp? Bagay mal pa gen plas li sou kèlkeswa fòm nan nan paradi espirityèl nou an.

MOUN KI PWÒP YO ONORE JEWOVA

19. Ki sa vizyon estrawòdinè Zakari te fè yo vle di pou nou jodi a?

19 Sizyèm ak setyèm vizyon Zakari te fè yo se yon gwo avètisman pou moun ki kontinye aji yon fason ki malonèt, e se yon avètisman ki fè n sonje Jewova pa tolere bagay mal. Yon lòt bò, moun sensè k ap adore l yo dwe rayi bagay mal toutbon. Epitou, istwa sa yo ban nou plis asirans Papa nou ki nan syèl la renmen nou. Si n fè tout sa n kapab pou n vin kalite moun Bondye bay favè l ak pwoteksyon l, nou pap sibi yon malediksyon k ap mennen nan lanmò. Olye de sa, Jewova ap kontan beni nou. Tout efò sa yo n ap fè pou n ret pwòp nan yon monn ki chaje ak bagay mal k ap fèt ladan l ap vo lapenn. Nou kapab gen asirans n ap reyisi grasa èd Jewova! Men, ki jan n fè gen asirans vrè adorasyon an ap pot laviktwa nan monn sa a ki chaje ak moun ki pa gen respè pou Bondye? Ki garanti n genyen Jewova ap pwoteje òganizasyon l lan toutpandan gwo tribilasyon an ap pwoche? Nou pral egzamine kesyon sa yo nan atik ki vin apre a.