Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Paran: Ede pitit nou vin gen ‘sajès k ap pèmèt yo delivre’

Paran: Ede pitit nou vin gen ‘sajès k ap pèmèt yo delivre’

“Depi w toupiti ou konnen sa ki ekri nan liv sakre yo, ki kapab ba w sajès k ap pèmèt ou delivre.” — 2 TIM. 3:15.

KANTIK: 141, 134

1, 2. Poukisa kèk paran konn bay tèt yo pwoblèm lè pitit yo vle franchi etap pou yo vwe Jewova lavi yo e pou yo batize?

GEN plizyè milye etidyan Labib ki vwe Jewova lavi yo e ki batize. Anpil nan yo se jèn ki grandi nan laverite e ki chwazi pi bon fason pou moun viv la (Sòm 1:1-3). Si w se yon paran ki kretyen, sandout ou pa ka tann pou w wè jou kote pitit gason w oswa pitit fi w pral batize. — Konpare ak 3 Jan 4.

2 Aktout sa, ou gendwa ap bay tèt ou pwoblèm. Petèt ou konn kèk jèn ki batize, men annapre, yo vin gen dout sou sajès ki genyen lè yon moun viv selon prensip Bondye yo. Gen anpil nan yo ki menm kite chemen verite a. Konsa, ou ka pè pou pitit ou pa kòmanse suiv prensip kretyen yo e apre sa pou l chanje ide epi pou l pèdi lanmou l te gen pou laverite okòmansman an. Pitit gason w oswa pitit fi w la gendwa vin menm jan ak moun nan kongregasyon Efèz nan premye syèk la, yo menm Jezi te di: “Ou pèdi lanmou w te genyen okòmansman an.” (Rev. 2:4). Ki efò w ka fè pou sa pa rive pitit ou e pou w ede yo “grandi [...] pou delivrans lan”? (1 Pyè 2:2.) Pou n jwenn repons lan, ann pran egzanp Timote.

“OU KONNEN SA KI EKRI NAN LIV SAKRE YO”

3. a) Nan ki sikonstans Timote te vin kretyen, e ki jan l te aplike ansèyman l te resevwa antanke kretyen an? b) Ki twa aspè ki gen rapò ak ansèyman Pòl te di Timote pou l suiv?

3 Sanble se nan ane 47 epòk nou an, pandan premye vizit apot Pòl te fè nan vil Lis, Timote te dekouvri ansèyman kretyen an. Byenke petèt Timote te yon adolesan lè sa a, li dwe te byen aplike sa l te aprann yo. Dezan annapre, li te vin konpayon vwayaj Pòl. Anviwon 16 an annapre, men sa Pòl te ekri Timote: “Rete nan sa w te aprann yo, nan sa yo te konvenk ou pou w kwè yo, piske w konnen nan men ki moun ou te aprann yo e se depi w toupiti ou konnen sa ki ekri nan liv sakre yo [Liv ki te ekri ann ebre yo], ki kapab ba w sajès k ap pèmèt ou delivre grasa lafwa nan Kris Jezi.” (2 Tim. 3:14, 15). N ap remake Pòl mansyone 1) konnen sa ki ekri nan liv sakre yo, 2) yo te konvenk li pou l kwè sa l te aprann yo, epi 3) vin gen sajès k ap pèmèt li delivre grasa lafwa nan Kris Jezi.

4. Ki zouti w twouve ki efikas lè w ap anseye pitit ou ki jèn? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

4 Antanke paran ki kretyen, ou vle pou pitit ou konnen sa ki ekri nan liv sakre yo, e jodi a, sa gen ladan yo ni Liv ki te ekri ann ebre yo ni Liv ki te ekri an grèk yo. Selon kapasite timoun yo, menm sa ki pi piti yo ka jwenn yon ansèyman de baz sou moun ak evènman Bib la pale de yo. Òganizasyon Jewova a bay paran yo yon pakèt zouti yo kapab itilize pou ede pitit yo. Èske w konn kèk nan yo ki disponib nan lang ou pale a? Sonje sa, lè yon moun konnen Ekriti yo, se baz pou l vin gen yon relasyon solid ak Jewova.

“YO TE KONVENK OU POU W KWÈ”

5. a) Ki sa ekspresyon “konvenk ou pou w kwè” a vle di? b) Ki jan n fè konnen yo te konvenk Timote pou l kwè bon nouvèl konsènan Jezi a?

5 Li enpòtan pou n konn sa ki ekri nan liv sakre yo. Men, bay timoun yo fòmasyon nan domèn espirityèl vle di plis pase annik anseye yo istwa konsènan moun ak evènman yo rakonte nan Bib la. “Yo te konvenk” Timote pou l kwè sa l te aprann yo tou. Nan lang orijinal la, ekspresyon sa a vle di “gen asirans” oswa “gen konviksyon epi sèten yon bagay se laverite”. Timote te konnen Liv ki te ekri ann ebre yo depi l toupiti. Men, rive yon lè, li te vin gen konviksyon lè l te jwenn bonjan prèv ki montre Jezi se Mesi a. Yon lòt bò, konesans li te genyen an te fè l vin gen plis konviksyon. Anfèt, konviksyon Timote te genyen konsènan bon nouvèl la te tèlman solid, li te vin yon disip ki batize e l t al jwenn Pòl nan travay misyonè a.

6. Ki jan n ka ede pitit nou pou yo kwè toutbon nan sa yo aprann nan Pawòl Bondye a?

6 Ki jan n ka ede pitit nou pou yo vin gen plis konviksyon menm jan ak Timote? Toudabò, montre n gen pasyans. Yon moun pap annik ret konsa l vin gen konviksyon, nitou nou pap ka fè pitit nou vin gen konviksyon senpleman paske yo te konvenk nou pou nou kwè. Chak timoun dwe sèvi ak “kapasite [yo] genyen pou [yo] rezone” pou yo vin gen konviksyon konsènan verite ki nan Bib la. (Li Women 12:1.) Antanke paran, ou jwe yon wòl enpòtan nan pwosesis sa a sitou lè pitit ou poze w kesyon. Ann pran yon egzanp.

7, 8. a) Ki jan yon papa ki kretyen te montre l gen pasyans pandan l ap anseye pitit fi l? b) Nan ki sans li nesesè pou w gen pasyans menm jan an?

7 Men sa Thomas, ki se papa yon tifi ki gen 11 an, fè konnen: “Pitit fi m nan gendwa mande m: ‘Èske petèt se pa t ak evolisyon Jewova te sèvi pou l fè vin gen lavi sou tè a?’ oswa: ‘Poukisa n pa patisipe nan aktivite k ap fèt nan zòn nan, pa egzanp eleksyon, pou n eseye amelyore bagay yo?’ Pafwa, m konn oblije bride lang mwen pou m pa di l sa l dwe kwè. Dayè, se pa lè yon moun konn yon pakèt gwo verite l ap vin gen konviksyon. Se yon pakèt prèv toupiti k ap fè l vin genyen l.”

8 Jan Thomas konn sa, yon moun dwe gen pasyans pou l anseye. Anfèt, li enpòtan pou tout kretyen gen pasyans (Kol. 3:12). Thomas rann li kont li ka bezwen pale ak pitit fi l la plizyè fwa e l ka bezwen fè anpil tan ap fè sa. Li bezwen rezone ak pitit fi l la sou Ekriti yo yon fason pou l vin gen konviksyon nan sa l aprann yo. Men sa Thomas di: “Lè se sitou sou pwen ki enpòtan yo n ap pale ak pitit fi nou an, mwen menm ak madanm mwen vle konnen si l kwè sa l ap aprann yo toutbon e si yo vrèman gen sans pou li. Si l poze kesyon, se yon bon bagay. Franchman, m t ap enkyè si l te aksepte yon bagay san l pa poze kesyon.”

9. Ki jan w ka fè Pawòl Bondye a antre nan kè pitit ou?

9 Lè paran yo anseye pitit yo avèk pasyans, tikras pa tikras timoun yo ap kòmanse konprann “lajè, longè, wotè ak pwofondè” lafwa (Efe. 3:18). Nou ka chèche sa k ap bon pou yo selon laj yo ak kapasite yo. Tank y ap vin gen konviksyon nan sa y ap aprann, se tank y ap ka pi byen defann kwayans yo devan lòt moun, san wete kamarad lekòl yo (1 Pyè 3:15). Pa egzanp, èske pitit ou ka sèvi ak Bib la pou l esplike sa k rive lè yon moun mouri? Èske sa Bib la esplike yo gen sans pou li *? Vrèmanvre, pou w fè Pawòl Bondye a antre nan kè pitit ou, sa mande pasyans, men, sa vo lapenn pou w fè efò. — Det. 6:6, 7.

10. Ki bagay enpòtan ki dwe parèt nan ansèyman w ap bay la?

10 Nòmalman, egzanp ou bay enpòtan tou pou w fè pitit ou vin gen plis konviksyon. Men sa Stephanie, manman twa pitit fi, fè konnen: “Depi lè timoun mwen yo toupiti, m konn mande tèt mwen: ‘Èske m konn pale ak pitit mwen yo sou rezon ki fè mwen gen konviksyon Jewova egziste, li renmen nou, epi fason l aji yo jis? Èske pitit mwen yo ka wè byen klè mwen renmen Jewova toutbon?’ M pa ka atann pou pitit mwen kwè yon bagay alòske mwen pa kwè ladan l.”

“SAJÈS K AP PÈMÈT OU DELIVRE”

11, 12. Ki sa sajès ye, e poukisa n ka di se pa laj yon moun sèlman k ap fè n wè li gen sajès?

11 Jan nou sot wè sa, Timote te gen 1) konesans sou Ekriti yo e 2) konviksyon nan sa l kwè yo. Men, ki sa Pòl te vle di lè l te di sa ki ekri nan liv sakre yo t ap fè Timote gen “sajès k ap pèmèt [li] delivre”?

12 Men esplikasyon yo bay nan liv Étude perspicace des Écritures, volim 2 a: Nan Bib la, sajès gen ladan l “kapasite yon moun genyen pou l byen sèvi ak konesans ak entèlijans pou l rezoud pwoblèm, pou l evite danje oswa pou l prevwa yo, pou l atenn yon seri objektif oswa pou l konseye lòt moun nan sans sa a. Li se kontrè sòt.” Bib la di: “Bagay moun sòt mare byen di nan kè yon timoun.” (Pwo. 22:15). Kidonk, li toutafè lojik pou sajès, ki se kontrè sòt, se yon prèv ki montre yon moun gen matirite. Se pa laj yon moun ki premye bagay k ap fè konnen li gen matirite nan domèn espirityèl, men, se bonjan krent li gen pou Jewova ak lè l toujou pare pou l obeyi kòmandman Jewova yo. — Li Sòm 111:10.

13. Ki jan yon jèn ka montre l gen sajès k ap pèmèt li delivre?

13 Jèn ki gen matirite toutbon nan domèn espirityèl yo pa kite dezi yo genyen oswa presyon lòt jèn ap fè sou yo fè yo “fè ale vini tankou se lanm lanmè k ap balanse [yo] adwat agoch”. (Efe. 4:14.) Okontrè, yo kontinye fè pwogrè lè yo “antrene kapasite yo genyen pou yo konprann nan” pou yo aprann “fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal”. (Ebre 5:14.) Yo montre y ap pwogrese pou yo vin gen matirite lè yo pran desizyon avèk sajès, menm lè paran yo oswa lòt moun ki pi gran pase yo pap gade yo (Flp. 2:12). Li nesesè pou yon moun gen kalite sajès sa a k ap pèmèt li delivre. (Li Pwovèb 24:14.) Ki jan w ka ede pitit ou vin gen sajès sa a? Sa k pi enpòtan an, asire w ou byen anseye pitit ou prensip ou genyen ki baze sou Bib la. Nan pawòl ou ak nan egzanp ou, montre yo ou suiv prensip ki nan Pawòl Bondye a. — Wom. 2:21-23.

Poukisa l enpòtan pou yon paran kontinye fè efò? (Gade paragraf 14-18.)

14, 15. a) Ki kesyon enpòtan yon jèn ki ta renmen batize dwe egzamine? b) Ki jan w ka ede pitit ou jwenn byenfè sa bay lè yon moun obeyi lwa Bondye yo?

14 Sepandan, ou dwe fè plis pase annik di pitit ou sa ki byen ak sa ki mal. L ap bon tou pou w ede yo rezone sou kèk kesyon tankou: ‘Poukisa Bib la kondane yon seri bagay ki ka atire n? Ki sa k konvenk mwen prensip ki nan Bib la toujou pwofitab pou mwen?’ — Eza. 48:17, 18.

15 Nou ta dwe ede yon timoun ki fè konnen l ta renmen batize pou l rezone sou yon lòt sijè ki se: fason l santi l konsènan responsablite yon moun genyen lè l vin kretyen. Ki byenfè l ap jwenn? Ki sa sa ap koute l? Ki jan byenfè l ap jwenn yo pi plis lontan pase sa sa ap koute l la (Mak 10:29, 30)? Kesyon sa yo se kesyon yon moun ka jwenn apre l fin batize. Se sa k fè l enpòtan anpil pou l reflechi sou yo anvan l franchi etap enpòtan sa a. Lè n ede pitit nou byen reflechi ak benediksyon y ap jwenn lè yo obeyi ansanm ak konsekans y ap jwenn lè yo dezobeyi, petèt y ap vin pi anvi gen pwòp konviksyon pa yo. Ki konviksyon konsa? Y ap vin gen konviksyon prensip ki nan Bib la toujou nan enterè yo. — Det. 30:19, 20.

LÈ YON JÈN KI BATIZE JWENN PWOBLÈM

16. Ki sa paran yo dwe pran an konsiderasyon si lafwa yon timoun ki deja batize kòmanse febli?

16 E si pitit gason w oswa pitit fi w la kòmanse montre l gen dout sou kèk bagay apre l fin batize? Pa egzanp, yon jèn ki batize ka santi bagay ki nan monn nan atire l oswa l ka kòmanse gen dout sou sajès ki genyen lè yon moun viv ann amoni ak prensip ki nan Bib la (Sòm 73:1-3, 12, 13). Antanke paran, ou dwe rann ou kont fason w jere pwoblèm sa yo ak pitit gason w oswa ak pitit fi w ka fè l chwazi vin gen menm kwayans avè w oswa l ka rejte l. Pran detèminasyon pou w pa kreye pwoblèm ak pitit ou sou sijè sa a, kit li toupiti kit li adolesan kounye a. Objektif ou se ta dwe ede yo avèk lanmou yon fason pou w konvenk yo.

17, 18. Si yon jèn gen dout, ki jan paran l ka ede l?

17 Natirèlman, yon jèn ki batize te fè Jewova yon ve ki serye. Nan ve sa a, li te pwomèt l ap renmen Bondye e l ap met volonte Bondye anvan tout lòt bagay. (Li Mak 12:30.) Jewova pa pran pwomès sa a alalejè, e tout moun ki te fè ve sa a pa dwe pran l alalejè (Ekl. 5:4, 5). Nan yon moman ki apwopriye e avèk jantiyès, fè pitit ou sonje sa. Men, anvan w fè sa, byen sèvi ak zouti òganizasyon Jewova a fè pou paran yo. Lè w fè sa, ou ka poze baz k ap ede w met aksan sou enpòtans sa genyen lè yon moun vwe Jewova lavi l e li batize antanke kretyen ansanm ak benediksyon sa pote.

18 Pa egzanp, nou ka jwenn anpil konsèy ki itil nan apendis ki gen tit “Kesyon paran yo konn poze” ki nan liv Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1 an. Men sa l di: “Pa kouri panse pitit ou a rejte kwayans ou. Nan anpil ka, se yon lòt bagay ki pwoblèm nan.” Se kapab presyon lòt jèn ap fè sou li. Lòt bagay ki ka fè sa sèke l ka santi l poukont li oswa l ka panse lòt jèn kretyen yo fè plis pwogrè pase l nan domèn espirityèl. Men lòt enfòmasyon apendis lan bay: “Si se sa nou sot pale la yo ki lakòz pitit ou pa enterese gen yon relasyon ak Bondye ankò, ou rann ou kont sa pa vrèman gen rapò ak prensip kwayans ou baze sou yo a. Pwoblèm nan plis gen rapò ak sitiyasyon pitit ou ladan l ki fè l difisil pou l pratike kwayans li, omwen pou kounye a.” Mete sou sa, apendis la bay plizyè sijesyon sou fason yon paran ki kretyen ka ede yon jèn ki kòmanse gen dout.

19. Ki jan paran yo ka ede pitit yo vin gen ‘sajès k ap pèmèt yo delivre’?

19 Antanke paran, ou gen gwo responsablite e w gen privilèj pou w leve pitit ou “nan disiplin Jewova ak nan avètisman li bay”. (Efe. 6:4.) Jan n te wè sa, sa mande nonsèlman pou w anseye pitit ou sa Labib di, men tou, pou w ede yo vin gen konviksyon nan sa y ap aprann yo. Wi, yo bezwen gen yon konviksyon ki tèlman solid pou sa pouse yo vwe Jewova lavi yo e pou yo sèvi l ak tout kè yo. Nou swete pou Pawòl Jewova a ak lespri sen ansanm ak efò n ap fè antanke paran ede pitit nou vin gen ‘sajès k ap pèmèt yo delivre’.

^ § 9 Gid pou etid “Ki sa Labib anseye toutbonvre?” yo se bon zouti ki ka ede jèn kou granmoun aprann verite ki nan Bib la ak fason pou yo esplike yo. Nou ka jwenn yo nan anpil lang sou sit jw.org la. Gade nan ribrik SA BIB LA ANSEYE > ZOUTI POU ETIDYE LABIB.