Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fason moun konn chèche konnen lavni

Fason moun konn chèche konnen lavni

Èske w konn mande tèt ou ki jan lavni ap ye pou ou menm ak fanmi w? Pa egzanp, èske w ap rich oswa w ap pòv, èske moun ap renmen w oswa w ap santi w poukò w? Èske w ap viv lontan oswa w ap mouri sanzatann? Gen plizyè milye ane depi moun ap di anpil bagay sou kesyon sa yo.

Jodi a, anpil espesyalis byen gade tandans monn nan pou yo ka fè yon seri pwojè pou lavni. Se vre gen anpil nan sa yo di yo ki reyalize, men konsa tou, gen nan sa yo di yo ki echwe nan yon pwen moun pa t ap janm imajine. Pa egzanp, nan ane 1912, Guglielmo Marconi, ki te envante yon fòm radyo kominikasyon, te fè konnen sa l envante a “pral met fen nan lagè”. Nan ane 1962, youn nan moun k ap travay pou yon gwo konpayi ki rele “Decca Record Company” pa t vle siyen kontra ak gwoup mizik ki rele “the Beatles” la paske li te kwè gwoup mizik ki jwe gita te sou wout pou yo pase mòd.

Gen anpil moun ki pran kontak ak movèzespri pou yo ka gen yon ide sou lavni. Gen kèk nan yo ki chèche konsèy nan men astwològ, e nan anpil jounal, gen yon ribrik yo fè menm pou owoskòp. Gen lòt moun k al kot divinò, ki se yon seri moun ki fè konprann yo ka konnen lavni lè yo pase kat, lè yo li men moun oswa lè yo entèprete yon seri nimewo.

Nan tan lontan, gen moun ki te tèlman bezwen konnen ki jan lavni ap ye ki te konn al kot ougan oswa manbo pou ba yo enfòmasyon swadizan lespri y ap sèvi yo te konn fè yo jwenn. Pa egzanp, yo fè konnen wa Kresis nan peyi Lidi te voye kado ki gen anpil valè pou ougan ki te nan zòn Dèlfès nan peyi Lagrès pou l konnen si l t ap ranpòte laviktwa si l ta al goumen ak Siris, wa peyi Pès. Ougan an te di Kresis t ap kraze “yon gwo anpi” si l al fè lagè ak Siris. Kresis te tèlman kwè l ap ranpòte laviktwa, li t al goumen vre, men gwo anpi ki te kraze a se te anpi pa l la!

Ougan an pa t klè nan sa l te predi a e sa l te predi a pa t itil anyen paske kanmenm fòk te gen yon moun ki genyen fòk te gen yon moun ki pèdi. Se pa ti chè Kresis te peye move enfòmasyon ougan an te ba li a! Li te pèdi tout bagay! Jodi a, èske metòd anpil moun itilize pou konnen lavni, tankou tout sa nou sot pale pi wo yo, fè yo jwenn repons ki satisfè yo toutbon?