Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske astwoloji ak divinò ka ede n konn ki jan lavni ap ye?

Èske astwoloji ak divinò ka ede n konn ki jan lavni ap ye?

ASTWOLOJI

Astwoloji se yon pratik ki gen rapò ak divinasyon ki fè konprann zetwal yo, lalin nan ak planèt yo gen gwo enfliyans sou lavi moun sou tè a. Selon sa astwològ yo fè konnen, pozisyon zetwal yo ye nan syèl la nan moman yon moun fèt kapab montre ki pèsonalite moun sa a ap genyen e ki jan lavni l ap ye.

Byenke astwoloji la depi sou epòk Babilòn tan lontan an, anpil moun toujou kwè ladan l jodi a. Selon yon etid yo te fè nan ane 2012 nan peyi Etazini, sou chak twa moun gen yon moun ki te panse astwoloji gen rapò ak lasyans e sou chak 100 moun gen 10 ki di astwoloji se lasyans toupi. Men, èske sa yo di yo se vre? Non. Men kèk rezon ki fè sa:

  • Planèt yo ak etwal yo pa gen okenn pouvwa sou lèzòm jan astwològ yo fè konn sa.

  • Souvan, sa yo predi yo se bagay ki tèlman jeneral opwen yo kapab valab pou tout moun.

  • Jodi a, kalkil astwològ yo fè yo baze sou yon ansyen kwayans ki fè konnen planèt yo ap vire toutotou tè a, tandiske, an reyalite planèt yo vire toutotou solèy la.

  • Sa plizyè astwològ predi pou menm kategori moun pa koresponn youn ak lòt.

  • Astwològ yo di ki siy zodyak yon moun genyen nan 12 siy zodyak ki genyen yo selon dat moun nan fèt. Men, piske tè a chanje pozisyon nan lespas pandan syèk ki pase yo, dat yo bay ki fè konnen ki siy zodyak yon moun genyen pa koresponn ankò ak pozisyon solèy la parapò ak gwoup zetwal ki pote non siy zodyak la.

Yo fè konnen siy zodyak la bay yon ide sou ki jan tanperaman yon moun ap ye. An reyalite, moun ki fèt nan menm dat yo pa gen menm tanperaman. Dat yon moun fèt pa di ki kalite tanperaman moun nan ap genyen vre. Olye pou astwològ yo wè moun yo jan yo ye a, yo pito fè yon seri sipozisyon sou konpòtman oswa pèsonalite yon moun ap genyen. Èske se pa yon fòm prejije?

DIVINÒ

Depi nan tan lontan, moun te konn al kot divinò. Gen kèk moun ki konn itilize kèk pati ki anndan moun oswa bèt, sitou trip yo, pou yo predi lavni, oswa yo konn gade fason kòk beke sa l ap manje pou yo predi lavni tou. Gen lòt yo menm, pou yo predi lavni, yo gade tras ki sou fèy te oswa yo sèvi ak poud kafe. Jodi a, pou yo chèche konn ki jan lavni ap ye pou yon moun, yo konn pase kat, sèvi ak boul kristal, sèvi ak zo yo konn jwe yo oswa ak lòt bagay ankò. Èske pi bon fason pou moun konnen sa k pral rive demen se al kot divinò? Non. Ann fè yon ti reflechi.

Rezilta yo konn depaman youn ak lòt. Byen souvan, moun ki konn predi lavni yo konn pa itilize menm metòd e yo pa jwenn menm rezilta. E menmsi yo ta itilize menm metòd, rezilta yo konn pa menm. Pa egzanp, si yon moun ta poze de divinò menm kesyon e yo ta pase menm kat yo pou li, nòmalman yo ta dwe ba l menm repons. Sepandan, byen souvan, repons yo diferan youn ak lòt.

Moun vin gen dout sou metòd divinò yo itilize ak sa ki pouse yo fè sa. Gen moun ki fè konnen zafè pase kat ak zafè boul kristal la tout se blòf, paske divinò yo jwe sou reyaksyon yon moun pou yo fè l konnen sa k pral rive. Pa egzanp, moun ki gen lontan depi yo se divinò konn poze yon seri kesyon jeneral epi yo pran san yo pou yo byen koute sa moun nan ap di oswa reyaksyon moun nan genyen pou yo ka gen yon ide sou moun nan. Annapre, yo pran pòz gen yon seri bagay yo konnen alòske se moun nan yo fè di yo bagay sa yo san moun nan pa menm rann li kont. Anpil nan divinò yo rive fè anpil kòb sou tèt moun sa yo paske yo kwè nan yo.

SA BIB LA DI NOU

Selon sa astwoloji ak divinò yo ta vle fè konprann, avni yon moun deja tou trase. Men, èske se vre? Labib fè konnen lèzòm gen kapasite pou yo chwazi nan ki sa y ap kwè oswa ki sa yo vle fè, epi li montre tou chwa yon moun fè kapab gen efè sou avni l. — Jozye 24:15.

Moun k ap sèvi Bondye yo gen yon lòt rezon pou yo rejte astwoloji ak kesyon divinò an. Rezon an se paske Bondye kondane moun k ap fè divinò sou kèlkeswa fòm nan. Men sa Bib la di: “Pa dwe gen okenn moun nan mitan nou [...] k ap fè divinò, [...] k ap fè maji, [...] k ap chèche konnen sa k pral rive demen, [...] k ap fè wanga dèyè moun, [...] k al wè moun ki kapab fè yo pran kontak ak movèzespri, [...] k ap fè moun konnen sa k pral rive yo, ni moun ki konn chèche pale ak mò. Moun ki fè bagay sa yo, se moun ki bay Jewova degoutans.” a — Detewonòm 18:10-12.

a Jewova se non “Sila a ki nan pi gwo pozisyon an e ki gen pouvwa sou tout tè a”. — Sòm 83:18.