Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon bèl prèv ki montre jan yon pwofesi egzak

Yon bèl prèv ki montre jan yon pwofesi egzak

NAN MITAN VIL WÒM ANN ITALI, GEN YON BÈL MONIMAN MOUN KONN SOT TOUPATOU SOU TÈ A POU AL VIZITE L. LI LA POU SELEBRE YON GWO VIKTWA E POU ONORE TITIS, YON ANPERÈ WOMEN YO TE RENMEN ANPIL.

Moniman Titis la (l’Arc de Titus) gen de kokenchenn poto ki gen desen gwo evènman ki te pase nan tan lontan, evènman moun byen konnen. Sepandan, sa moun mwens konnen, se bèl rapò ki genyen ant moniman sa a ak Labib: Li bay yon bèl prèv ki montre jan yon pwofesi nan Bib la egzak.

YON VIL KI TE KONDANE

Nan kòmansman premye syèk epòk nou an, Anpi women an te vin gen plis tèritwa toujou, soti depi Grann Bretay ak Gol (ki se Lafrans jodi a) pou rive nan peyi Ejip. Se premye fwa te rive gen stabilite ak richès konsa. Men gen yon zòn Women yo te genyen ki pa t sispann ba yo pwoblèm: Nou vle pale de Jide ki t ap fè kou rèd.

Men sa yon ansiklopedi (Encyclopedia of Ancient Rome) fè konnen: “Gen kèk tèritwa ki te anba pouvwa Women yo men moun nan tèritwa sa yo pa t vle wè women yo, e women yo tou pa t vle wè yo. Jide te youn nan tèritwa sa yo. Juif yo pa t dakò zafè pou moun lòt nasyon k ap dirije yo pa bay tradisyon yo regle anyen pou yo. E Women yo bò kote pa yo pa t ka sipòte Juif yo pou jan yo te rebèl.” Anpil Juif te espere t ap gen yon dirijan ki t ap vin sove yo anba men Women sa yo yo pa t vle wè e ki t ap fè Izrayèl jwenn glwa li te gen anvan an. Men, nan ane 33 epòk nou an, Jezi Kris te fè konnen gen yon malè ki pandye sou Jerizalèm.

Men sa Jezi te di: “Gen jou k ap rive sou ou kote ènmi w yo pral fè yon lantouray byen wo avèk gòl pwenti toutotou w, yo pral ansèkle w, y ap kwense w toupatou. Y ap lage w atè ansanm ak pitit ou yo ki nan mitan w yo, e pa gen yon wòch nan ou k ap ret sou yon lòt wòch.” — Lik 19:43, 44.

Li klè disip yo pa t ka konprann pawòl Jezi te di yo, paske de jou apre, pandan yo t ap gade tanp Jerizalèm nan, yo te di: “Anseyan, gade! Ala bèl wòch yo bèl! Ala bèl konstriksyon!” Vrèmanvre, selon sa yo rapòte, kèk wòch nan tanp lan te gen plis pase 11 mèt longè (36 pye), 5 mèt lajè (16 pye) ak 3 mèt wotè (10 pye)! Poutan, Jezi te reponn: “Nou wè bagay sa yo n ap gade kounye a, gen yon lè k ap rive, pa gen yon wòch k ap ret sou yon lòt wòch la a pou yo pa vide l atè.” — Mak 13:1; Lik 21:6.

Jezi te di yo tou: “Lè nou wè lame yo monte kan toutotou Jerizalèm, lè sa a, konnen lè pou yo ravaje l la ap pwoche. Lè sa a, se pou moun ki nan Jide yo kouri al nan mòn, se pou moun ki anndan Jerizalèm yo retire kò yo e se pou moun ki andeyò Jerizalèm yo pa antre anndan l.” (Lik 21:20, 21). Èske pawòl Jezi te di yo te reyalize?

YON VIL KI DETWI

Tranntwazan te gentan pase apre Jezi te fin di pawòl sa yo, moun nan vil Jide te toujou pa t renmen lefètke yo anba jouk Women yo. Men, nan ane 66 epòk nou an, Jesiyis Floris, gouvènè women vil Jide a, te sezi lajan ki nan trezò sakre tanp lan, e se te dènye bagay yo te ka fè Juif yo ki te deja pa t vle wè yo. Annapre, Juif rebèl yo te rantre Jerizalèm, yo masakre gwoup sòlda women ki te la yo epi yo te deklare endepandans yo parapò ak Wòm.

Anviwon twa mwa annapre, plis pase 30 000 sòlda women, ki te anba lòd Sestiyis Galis, t ap vanse pou yo pran Jerizalèm epi fini ak rebelyon ki te genyen an. Women yo pa t pran tan pou yo rantre nan vil la epi kraze mi ki te nan zòn tanp lan. Men, pou yon rezon moun pa konnen, yo fè bak. Juif rebèl yo te kontan e menm kote a yo kouri dèyè yo pou touye yo. Kòm sòlda women yo ak Juif rebèl yo te kite vil la, kretyen ki te koute avètisman Jezi te bay la te chape kite Jerizalèm pou y al nan mòn ki pa lòt bò Rivyè Jouden an. — Matye 24:15, 16.

Nan ane apre a, Wòm te rekòmanse prepare yo pou yo vanse sou Jide, e se jeneral Vespazyen ak pitit gason l, Titis, ki te alatèt. Sepandan, yon tikras tan apre Anperè Newon te fin mouri nan ane 68 epòk nou an, Vespazyen te oblije kite atak la nan men Titis, pitit gason l, ki te gen anviwon 60 000 moun avè l, pandan li menm li retounen Wòm pou l te ka vin Anperè.

Nan mwa jen ane 70 epòk nou an, Titis te bay sòlda l yo lòd pou yo koupe tout pyebwa ki nan bouk Jide yo pou yo fè yon lantouray avèk gòl pwenti toutotou Jerizalèm. Lantouray la te mezire 7 kilomèt longè. Rive mwa septanm, Women yo te pran vil la e yo te boule ni vil la ni tanp ki anndan l lan. Yo te kraze yo jiskaske tout wòch yo te vide atè, jan Jezi te predi sa (Lik 19:43, 44). Selon sa yo fè konnen, ‘te gen ant 250 000 moun ak 500 000 moun ki te mouri nan Jerizalèm ak nan rès peyi a.’

YON AKÈY SAN PARÈY

Nan ane 71 epòk nou an, Titis te retounen Itali e sitwayen Women yo te ba l yon bèl akèy. Tout moun nan vil la t ap fete tèlman yo te kontan e se youn nan pi gwo defile yo te fè apre yo te fin ranpòte yon viktwa.

Foul la te ret bouch ouvè lè yo t ap gade tout byen moun yo te pote sot nan gè a ki te sou wout vil Wòm yo. Yo te kontan wè bato yo te pran yo ak lòt gwo bato ki te gen desen ki montre viktwa yo ranpòte ak desen oswa bagay yo te pran nan tanp Jerizalèm nan.

Nan ane 79 epòk nou an, Titis te vin Anperè nan plas Vespazyen, papa l. Men, dezan annapre li te mouri sanzatann. Domisyen, frè l la, te ranplase l. Li pa t pran tan pou l fè yon moniman pou onore Titis pou viktwa li te ranpòte.

MONIMAN AN JODI A

Moniman Titis la jodi a

Jodi a, gen plizyè santèn milye moun ki vizite vil Wòm chak ane pou y al wè Moniman Titis la. Gen kèk moun ki konsidere l kòm yon bèl travay lèzòm rive fè, gen lòt ki konsidere l kòm yon omaj yo rann Anpi women an. Men gen lòt moun menm ki wè l kòm yon senbòl ki montre jan sa te fini pou Jerizalèm ak tanp lan.

Men, moun ki pran san yo pou li Bib la wè Moniman Titis la kòm yon bagay ki pi enpòtan toujou. Yo konsidere l kòm yon bèl prèv ki montre jan pwofesi yo egzak e se Bondye ki te fè ekri yo! — 2 Pyè 1:19-21.