Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Moun ki gen imilite yo ap posede tè a”

“Moun ki gen imilite yo ap posede tè a”

Pifò nan nou wè jan gen enjistis toupatou epi jan mechan yo pa sispann toupizi bon moun ak inosan. Èske enjistis ak mechanste ap fini yon lè?

Sòm 37 nou jwenn nan Bib la ban nou repons lan, e li montre nou tou ki sa nou dwe fè depi kounye a. Ann wè ki sa l di pou kesyon enpòtan ki vin apre yo.

  • Ki jan nou ta dwe reyaji anvè moun k ap toupizi nou yo? — Vèsè 1, 2.

  • Ki sa k pral rive mechan yo? — Vèsè 10.

  • Ki avni k ap tann moun ki fè sa ki dwat yo? — Vèsè 11, 29.

  • Ki sa n ta dwe fè depi kounye a? — Vèsè 34.

Pawòl Bondye te fè ekri nou jwenn nan Sòm 37 la montre aklè gen yon bèl avni k ap tann moun ki ‘met espwa yo nan Jewova e ki mache nan chemen l yo’. Temwen Jewova yo ap kontan etidye Labib avè w epi montre w ki sa ou menm ak moun ou renmen yo kapab fè pou n ka la lè pwomès sa yo ap vin yon reyalite.