Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Demontre lafwa ak obeyisans menm jan ak Noye, Dànyèl ak Jòb

Demontre lafwa ak obeyisans menm jan ak Noye, Dànyèl ak Jòb

“Noye, Dànyèl ak Jòb [...] t ap sove [tèt yo sèlman] poutèt yo [te] jis.” — EZE. 14:14.

KANTIK: 89, 119

1, 2. a) Poukisa egzanp Noye, Dànyèl ak Jòb ka ban nou kouraj? b) Nan ki sitiyasyon Ezekyèl te ye lè l te ekri pawòl ki nan Ezekyèl 14:14 la?

ÈSKE w ap fè fas ak kèk eprèv, tankou pwoblèm sante, pwoblèm ekonomik oswa pèsekisyon? Èske pafwa w konn twouve l difisil pou w kontinye gen kè kontan nan sèvis Jewova a? Nan ka sa a, egzanp Noye, Dànyèl ak Jòb ap ba w kouraj. Mesye sa yo pa t pafè e yo te jwenn anpil nan difikilte nou genyen yo, san wete kèk difikilte ki te met lavi yo an danje. Poutan, yo te kenbe entegrite yo, konsa, yo vin yon modèl nan demontre lafwa ak obeyisans nan je Bondye. — Li Ezekyèl 14:12-14.

2 Ezekyèl te ekri pawòl ki nan vèsè atik la baze sou li a nan peyi Babilòn nan ane 612 anvan epòk nou an * (Eze. 1:1; 8:1). Jerizalèm aposta a te prèske detwi, jan yo te anonse sa, e sa te rive nan ane 607 anvan epòk nou an. Se yon ti ponyen moun sèlman ki te montre yo gen menm kalite Noye, Dànyèl ak Jòb te genyen yo, e konsa, yo te resevwa mak ki te pèmèt yo sove a (Eze. 9:1-5). Pami ti ponyen moun sa yo te gen Jeremi, Bawouk, Ebèdmelèk ak desandan Rekab yo.

3. Ki sa n pral egzamine nan atik sa a?

3 Menm jan an tou jodi a, se sèlman moun Jewova konsidere ki san repwòch, moun ki tankou Noye, Dànyèl ak Jòb, k ap resevwa mak k ap pèmèt yo sove a lè sistèm ki la kounye a pral detwi (Rev. 7:9, 14). Kidonk, ann egzamine rezon ki fè Jewova te site non mesye sa yo kòm egzanp moun ki jis. Pandan n ap egzamine egzanp yo chak, n ap konsantre n sou 1) difikilte yo te jwenn e 2) fason n ka demontre lafwa ak obeyisans menm jan ak yo.

NOYE TE FIDÈL E LI TE OBEYISAN PANDAN NÈF SYÈK!

4, 5. Ki difikilte Noye te jwenn, e poukisa andirans li te demontre a te estrawòdinè?

4 Difikilte Noye te jwenn. Rive nan epòk Enòk, ki te gran gran papa Noye, moun yo pa t gen okenn respè pou Bondye. Yo te menm konn di “bagay chokan” sou Jewova (Jid 14, 15). De jou an jou te vin gen plis vyolans. Anfèt, nan epòk Noye a, “tè a te chaje ak vyolans”. Gen zanj mechan ki te pran fòm kò moun ki te marye ak kèk medam e ki te fè yon seri pitit ki te brital, ki pa t nòmal (Jen. 6:2-4, 11, 12). Men, Noye pa t menm moun avè yo. “Noye te gen favè Jewova. [...] Li te yon moun ki te san repwòch pami moun ki t ap viv nan epòk li a. Noye t ap mache avèk vrè Dye a.” — Jen. 6:8, 9.

5 Ann egzamine sa pawòl sa yo fè konnen konsènan mesye sa a ki te jis. Toudabò, Noye pa t mache avèk Bondye nan monn ki te chaje ak mechanste anvan delij la pandan sèlman 70 an oswa 80 an, kantite tan anpil moun viv jodi a. Noye te viv nan monn sa a pandan prèske 600 an (Jen. 7:11)! Epitou, kontrèman ak nou menm jodi a, li pa t gen yon kongregasyon ki te gen moun ki t ap adore Bondye menm jan avè l kote l t ap ka jwenn èd nan domèn espirityèl. Sa klè, menm frè l ak sè l yo pa t ede l *.

6. Ki fason Noye te montre l gen anpil kouraj?

6 Noye pa t kontante l pou l annik byen viv. Li te “preche sa ki jis” avèk kran tou, e l te fè lòt moun konnen li gen lafwa nan Jewova (2 Pyè 2:5). Men sa apot Pòl te ekri: “Grasa lafwa li te genyen an, li te kondane monn nan.” (Ebre 11:7). Se sa k fè, li nòmal pou n panse moun te pase Noye nan rizib e yo te kont li, petèt yo te menm fè l menas. Men, li pa t “tranble devan moun”. (Pwo. 29:25.) Okontrè, li te gen kouraj Jewova bay sèvitè fidèl li yo.

7. Ki difikilte Noye te jwenn lè l t ap konstwi lach la?

7 Apre Noye te fin fè plis pase senk syèk ap mache avèk Bondye, Jewova te di l pou l fè yon lach pou l sove lavi moun ak bèt (Jen. 5:32; 6:14). Se pa ti difisil yon pwojè konsa dwe te parèt difisil, e se pa t sèlman nan domèn konstriksyon! Se sèten Noye te konnen sa t ap menm fè moun pase l nan rizib pi rèd e yo t ap kont li plis toujou. Malgre sa, li te obeyi e l te kontinye gen lafwa. “Se egzakteman sa l te fè.” — Jen. 6:22.

8. Ki fason Noye te montre l gen konfyans nan Jewova antanke Sila a ki te ba l tout sa l bezwen?

8 Yon lòt difikilte Noye te jwenn se te bay madanm li ak pitit li sa yo te gen bezwen nan domèn materyèl. Anvan delij la, moun yo te konn travay di anpil pou yo fè jaden, e se sèten Noye te konn travay di tou (Jen. 5:28, 29). Aktout sa, li pa t konsantre lavi l sou bagay materyèl, men l te konsantre l sou Bondye. Menm lè Noye t ap konstwi lach la, sa ki te ka pran 40 oswa 50 an, li te ret konsantre sou bagay espirityèl. Epitou, li te kontinye fè sa pandan 350 ane ankò apre delij la (Jen. 9:28). Ala yon bèl egzanp ki demontre lafwa ak obeyisans!

9, 10. a) Ki jan n ka demontre lafwa ak obeyisans menm jan ak Noye? b) Ki jan Bondye konsidere tout moun k ap soutni prensip li yo?

9 Fason n ka demontre lafwa ak obeyisans menm jan ak Noye. Nou fè sa lè n soutni jistis Bondye, lè n pa fè pati monn Satan an ak lè n kontinye met enterè Wayòm nan an premye (Mat. 6:33; Jan 15:19). Se sèten, moun nan monn nan pa dakò ak fason n ap viv la. Vrèmanvre, menm depi kounye a, pozisyon fèm nou pran pou lwa Bondye yo, tankou sa ki gen rapò ak maryaj ansanm ak moralite nan domèn seksyèl, lakòz moun pale nou mal nan kèk peyi. (Li Malachi 3:17, 18.) Sepandan, menm jan ak Noye, nou gen lakrentif pou Jewova, nou pa pè lèzòm. Nou konnen se li menm sèl ki ka bay lavi ki pap janm fini an. — Lik 12:4, 5.

10 Men, e ou menm pèsonèlman? Èske w ap kontinye ‘mache avèk Bondye’ menm lè lòt moun ap pase w nan rizib oswa y ap kritike w oswa lè lafwa w gen nan Sila a ki ba w tout bagay la ap sibi eprèv akoz pwoblèm ou gen nan domèn ekonomik? Si w demontre lafwa ak obeyisans menm jan ak Noye, ou mèt gen konfyans Jewova ap pran swen w. — Flp. 4:6, 7.

DÀNYÈL TE FIDÈL E LI TE OBEYISAN NAN YON VIL KI CHAJE AK MECHANSTE

11. Bay kèk gwo difikilte Dànyèl ak twa zanmi l yo te jwenn nan Babilòn. (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

11 Difikilte Dànyèl te jwenn. Dànyèl te ann egzil nan vil Babilòn, yon vil ki te chaje ak idolatri ak pratik ki gen rapò ak movèzespri. Mete sou sa, moun Babilòn yo te konn meprize Juif yo, yo te konn pase ni Juif yo, ni Jewova, Bondye Juif yo t ap sèvi a, nan rizib (Sòm 137:1, 3). Se pa ti mal sa dwe te fè Juif ki te fidèl menm jan ak Dànyèl yo mal! Epitou, se kòmsi tout je te brake sou li menm ak twa zanmi l yo, anpalan de Anànya, Michayèl ak Azarya, paske yo t ap resevwa fòmasyon pou yo sèvi wa a. Yo te menm di yo ki manje yo te dwe manje. Anfèt, sa pa t pran tan pou manje ak bwè te vin yon pwoblèm pou Dànyèl paske Dànyèl pa t vle “kontamine tèt li ak bon manje wa a te konn manje”. — Dàn. 1:5-8, 14-17.

12. a) Ki bèl kalite Dànyèl te demontre? b) Ki jan Jewova te konsidere Dànyèl?

12 Kapasite estrawòdinè Dànyèl te genyen yo, yon seri kapasite ki te fè l jwenn kèk privilèj espesyal, te kapab defi ki te plis parèt anba anba pou li (Dàn. 1:19, 20). Men, olye l te vin awogan e l te panse se opinyon l ki toujou bon, li te kontinye gen imilite e l te konn limit li, li te toujou fè konnen se Jewova ki fè l reyisi (Dàn. 2:30). Anfèt, se pandan Dànyèl te jèn gason toujou Jewova te konsidere l diy pou l site non l kòm moun ki jis, menm jan ak Noye ak Jòb. Èske Bondye te mal fè lefètke l te fè Dànyèl konfyans? Jamè! Dànyèl te ret fidèl e li te obeyisan pandan tout vi l. An reyalite, li te ka prèske gen 100 an lè youn nan zanj Bondye yo te kontan pou l di l: “O Dànyèl, ou menm ki gen anpil valè.” — Dàn. 10:11.

13. Ki jan Dànyèl te ka fè Juif parèy li yo jwenn byenfè?

13 Piske Dànyèl te gen favè Bondye, yo te mete l nan gwo pozisyon ni anba dominasyon Babilónyen yo ni anba dominasyon moun peyi Medi ak moun peyi Pès yo (Dàn. 1:21; 6:1, 2). Petèt se Jewova ki te fè bagay yo rive konsa pou Dànyèl te ka fè pèp li fè pati a jwenn byenfè, menm jan Jozèf te fè sa nan peyi Ejip e menm jan Estè ak Madoche te fè sa nan peyi Pès * (Dàn. 2:48). Imajine jan sa dwe te rekonfòte Juif ki te ann egzil yo, san wete Ezekyèl, lè yo te wè men Jewova ki t ap aji fason sa a!

Jewova wè moun ki kenbe entegrite yo kòm moun ki gen anpil valè. (Gade paragraf 14, 15.)

14, 15. a) Nan ki sans sitiyasyon nou sanble ak sitiyasyon Dànyèl te ladan l lan? b) Ki sa paran jodi a ka aprann nan egzanp paran Dànyèl te bay?

14 Fason n ka demontre lafwa ak obeyisans menm jan ak Dànyèl. Jodi a, nan yon sans, n ap viv kòm etranje nan yon monn ki kòwonpi nan domèn moral ak nan domèn espirityèl, e se Gran Babilòn nan ki reprezante tout fo relijyon yo e ki se “yon kote demon abite” ki lakòz sa (Rev. 18:2). Sepandan, nou pa menm jan ak moun sa yo, e sa menm fè yo pase n nan rizib (Mak 13:13). Menm jan ak Dànyèl, ann chèche vin pwòch ak Jewova, Bondye nou an. Lè n met konfyans nan li avèk imilite e nou obeyi l, nou menm tou n ap gen anpil valè nan je l. — Aje 2:7.

15 Paran yo ka aprann anpil bagay nan egzanp paran Dànyèl yo. Ki jan? Malgre mechanste te gaye nan Jida nan epòk Dànyèl te timoun, Dànyèl te aprann renmen Bondye toutpandan l t ap grandi. Natirèlman, se pa t konsa konsa sa te rive. Sa montre paran l te ba l bonjan fòmasyon (Pwo. 22:6). Menm non Dànyèl, ki vle di “Bondye se Jij mwen”, montre paran l te gen lakrentif pou Bondye (Dàn. 1:6, nòt). Donk, nou menm paran, pa abandone pitit nou, men, anseye yo avèk pasyans (Efe. 6:4). Anplis de sa, priye avèk yo epi priye pou yo. Lè n fè tout sa n kapab pou n antre verite ki nan Bib la nan kè yo, n ap jwenn anpil benediksyon nan men Jewova. — Sòm 37:5.

JÒB TE FIDÈL E LI TE OBEYISAN NI LÈ L TE RICH NI LÈ L TE PÒV

16, 17. Ki sitiyasyon ki diferan nèt Jòb te viv?

16 Difikilte Jòb te jwenn. Lè n ap egzamine lavi Jòb, nou wè l te fè fas ak yon seri sitiyasyon ki diferan nèt. Anvan eprèv li a, li te moun “ki te pi enpòtan pami tout moun ki t ap viv nan Lès yo”. (Jòb 1:3.) Li te rich, li te popilè e moun te respekte l anpil (Jòb 29:7-16). Sepandan, malgre tout bagay sa yo, Jòb pa t panse l te pi bon pase lòt moun oswa l pa t panse li pa bezwen Bondye. Anfèt, Jewova te rele l “sèvitè m nan”, epi Jewova te di: “Li se yon moun ki dwat e ki fidèl nan tout bagay. Li gen lakrentif pou Bondye e li vire do bay sa ki mal.” — Jòb 1:8.

17 Nan yon tikras tan, lavi Jòb te chanje nèt. Li te vin pòv anpil e l te pèdi tout espwa. Nou konn rezon an, se paske Satan, medizan an, te akize Jòb kòmkwa l ap adore Bondye pou enterè. (Li Jòb 1:9, 10.) Jewova pa t bay vye akizasyon sa a vag. Okontrè, li te bay Jòb posiblite pou l pwouve entegrite l, pou l montre adorasyon l t ap ba l la te soti nan yon kè ki pwòp e ki pa egoyis.

18. a) Ki sa k touche w konsènan entegrite Jòb? b) Ki sa fason Jewova te aji ak Jòb la aprann nou sou Li?

18 Satan te lanse yon seri atak sovaj kont Jòb, e sa te fè Jòb panse se Bondye ki lakòz yo (Jòb 1:13-21). Apre sa, gen twa fo konsolatè ki te vini e yo te atake Jòb ak yon seri pawòl mechan ki te sitou fè konnen se Bondye ki t ap ba l sa l te merite (Jòb 2:11; 22:1, 5-10)! Malgre sa, Jòb te kenbe entegrite l. Se vre, pafwa Jòb te pale san reflechi, men, Jewova te konprann soufrans li t ap andire (Jòb 6:1-3). Bondye te wè yon mesye ki deprime anpil ki pa t janm vire do ba li, malgre Satan, nan yon sans, te lage Jòb atè epi l t ap atake l ak yon seri vye pawòl manti. Lè eprèv la te fini, Jewova te bay Jòb de fwa sa l te posede anvan, e l te ajoute 140 an sou lavi l (Jak 5:11). Nan epòk sa a, li te kontinye ret atache ak Jewova sèlman. Ki jan n fè konn sa? Jòb te gen plizyè syèk depi l mouri lè Ezekyèl te ekri pawòl ki nan vèsè atik la baze sou li a.

19, 20. a) Ki jan n ka demontre lafwa ak obeyisans menm jan ak Jòb? b) Ki jan n ka demontre konpasyon menm jan ak Bondye nan fason n boule ak lòt moun?

19 Fason n ka demontre lafwa ak obeyisans menm jan ak Jòb. Kèlkeswa sitiyasyon nou, ann toujou bay Jewova plas ki pi enpòtan an nan lavi nou, toutpandan nou met tout konfyans nou nan li e nou obeyi l ak tout kè n. Vrèmanvre, nou menm gen plis rezon pase Jòb pou n fè sa! Fè yon ti reflechi: Nou konn anpil bagay sou Satan ak taktik li yo (2 Kor. 2:11). Grasa liv Jòb la sitou, nou konn rezon ki fè Bondye pèmèt soufrans. Grasa pwofesi Dànyèl la, nou vin konprann Wayòm Bondye a se yon gouvènman ki pral dirije tout tè a ki anba pouvwa Kris Jezi (Dàn. 7:13, 14). Epitou, nou konnen talè konsa Wayòm sa a pral met fen nètale nan tout soufrans.

20 Anplis de sa, eksperyans Jòb la fè n wè enpòtans pou n demontre konpasyon pou kretyen parèy nou yo ki gendwa ap andire yon seri difikilte. Menm jan ak Jòb, pafwa kèk moun ka menm pale san reflechi (Ekl. 7:7). Men, olye n jije yo, ann montre n konprann yo e n gen konpasyon pou yo. Konsa, n ap imite Jewova, Papa nou an, ki renmen nou e ki gen mizèrikòd. — Sòm 103:8.

JEWOVA “AP FÈ NOU VIN DJANM”

21. Ki jan pawòl ki nan 1 Pyè 5:10 la montre sa k te rive nan lavi Noye, Dànyèl ak Jòb?

21 Byenke Noye, Dànyèl ak Jòb pa t viv nan menm epòk e yo pa t nan menm sitiyasyon ditou, yo te andire difikilte yo te jwenn yo. Istwa lavi yo fè n sonje pawòl apot Pyè te ekri yo ki di: “Apre nou fin soufri pou yon ti tan, Bondye ki bay favè san parèy tout jan an [...] ap fin fòme nou li menm, l ap fè nou vin fèm, l ap fè nou vin djanm, l ap mete nou sou yon fondasyon ki solid.” — 1 Pyè 5:10.

22. Ki sa n pral egzamine nan atik ki vin apre a?

22 Nan pawòl Jewova te enspire Pyè pou l di yo, li ban n asirans l ap fè sèvitè l yo vin fèm e y ap vin djanm. Pawòl sa yo konsène pèp Bondye a nan epòk nou an tou. Se nou tout ki ta renmen pou Jewova fè n vin djanm e pou n ret fèm nan adorasyon n ap ba l la. Se sa k fè, nou vle demontre lafwa ak obeyisans menm jan ak Noye, Dànyèl ak Jòb! Jan n pral wè sa nan atik ki vin apre a, rezon prensipal ki te ede yo kenbe entegrite yo se paske yo te konnen Jewova toutbon. Anfèt, yo te “konprann tout bagay” li te mande yo fè (Pwo. 28:5). Donk, sa ka rive nan ka pa nou tou.

^ § 2 Yo te mennen Ezekyèl ann egzil nan ane 617 anvan epòk nou an. Li te ekri Ezekyèl 8:1–19:14 “nan sizyèm ane” pandan l te ann egzil la, oswa nan ane 612 anvan epòk nou an.

^ § 5 Lamèk ki se papa Noye e ki te gen lakrentif pou Bondye te mouri anviwon senkan anvan delij la. Si manman Noye ak frè l ak sè l yo te vivan lè delij la te kòmanse, yo pa t sove.

^ § 13 Sanble se menm bagay la ki te rive nan ka twa zanmi Dànyèl yo, yo menm ki te gen anpil otorite tou. — Dàn. 2:49.