Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w konn Jewova menm jan ak Noye, Dànyèl ak Jòb?

Èske w konn Jewova menm jan ak Noye, Dànyèl ak Jòb?

“Mechan yo pa ka konprann sa ki dwat, men, moun ki chèche Jewova ka konprann tout bagay.” — PWO. 28:5.

KANTIK: 126, 150

1-3. a) Ki sa k ap ede n ret fidèl ak Bondye nan dènye jou sa yo? b) Ki sa n pral egzamine nan atik sa a?

TANK n ap pwoche nan fen dènye jou yo, se tank mechan yo kontinye ap “vin anpil tankou move zèb”. (Sòm 92:7.) Donk, sa pa etone n dèske moun yo vire do bay prensip moral yo. Nan sitiyasyon sa a, ki jan n ka montre nou se “tibebe anrapò ak mechanste” toutpandan nou “granmoun nan fason nou konprann”? — 1 Kor. 14:20.

2 Nou jwenn repons lan nan vèsè tèm atik la baze sou li a ki di: “Moun ki chèche Jewova ka konprann tout bagay”, sètadi tout bagay ki nesesè pou fè Jewova plezi (Pwo. 28:5). Nou jwenn yon ide menm jan an nan Pwovèb 2:7, 9 ki montre Jewova “sere sajès tankou yon trezò pou moun ki dwat yo”. Konsa, moun ki dwat yo ka “konprann sa ki jis, sa ki dwat ak sa ki bon, sa vle di tout sa ki byen”.

3 Noye, Dànyèl ak Jòb te gen sajès sa a (Eze. 14:14). Se menm bagay la pou pèp Bondye a jodi a. E ou menm? Èske w “konprann tout bagay” ki nesesè pou w fè Jewova plezi? Pou w rive fè sa, ou bezwen gen yon konesans egzak sou li. Toutpandan nou gen sa nan lespri n, ann egzamine 1) fason Noye, Dànyèl ak Jòb te vin konn Bondye, 2) fason konesans sa a te fè yo jwenn byenfè, e 3) fason n ka vin gen lafwa menm jan ak yo.

NOYE TE MACHE AVÈK BONDYE NAN YON MONN KI MECHAN

4. Ki fason Noye te vin konn Jewova, e ki jan konesans egzak sa a te ede l?

4 Fason Noye te vin konn Jewova. Depi nan kòmansman istwa lèzòm, gason ak fi ki gen lafwa yo aprann konnen Bondye twa fason prensipal: lè yo gade pati nou ka wè nan kreyasyon an, lè yo jwenn fòmasyon nan men lòt moun ki gen lakrentif pou Bondye ak lè yo wè byenfè yo jwenn lè yo viv ann amoni ak prensip Bondye yo ki jis (Eza. 48:18). Lè Noye t ap gade kreyasyon an, nonsèlman l te ka wè yon pakèt prèv konsènan egzistans Bondye, men tou, li te ka wè pakèt kalite Bondye genyen yo ki envizib, tankou “pisans li ki etènèl e lefètke se li menm reyèlman ki Bondye”. (Wom. 1:20.) Konsa, Noye pa t annik kwè nan Bondye, men, li te vin gen yon lafwa solid nan li.

5. Ki fason Noye te vin konn objektif Bondye pou lèzòm?

5 “Yon moun gen lafwa apre l fin tande pawòl la.” (Wom. 10:17). Ki fason Noye te tande pale de Jewova? Pa gen dout, li te aprann anpil bagay nan men moun nan fanmi l. Pami moun sa yo te gen papa l, Lamèk, ki te yon moun ki gen lafwa e ki te viv nan menm epòk ak Adan. (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) Anplis de sa, li te aprann nan men granpapa l, Metouchela, ak nan men gran gran granpapa l, Jarèd, li menm ki te mouri lè Noye te gen 366 an * (Lik 3:36, 37). Petèt mesye sa yo oswa madanm yo te aprann Noye fason istwa lèzòm te kòmanse, objektif Bondye genyen pou tè a ranpli ak moun ki jis ansanm ak rebelyon ki te fèt ann Edenn nan, e Noye te ka wè konsekans rebelyon an genyen (Jen. 1:28; 3:16-19, 24). Kèlkeswa jan sa te ye, sa Noye te aprann yo te touche kè l e sa te pouse l sèvi Bondye. — Jen. 6:9.

6, 7. Ki jan esperans Noye te genyen te fè lafwa l vin pi solid?

6 Esperans yon moun genyen fè lafwa l vin pi solid. Donk, imajine jan Noye dwe te santi l lè l te aprann non l, petèt ki vle di “Repo” oswa “Konsolasyon”, te chaje ak espwa (Jen. 5:29, nòt)! Men sa Bondye te enspire Lamèk pou l di: “Pitit sa a [Noye] ap pote konsolasyon pou nou [...] nan mizè n ap pase akoz Jewova te lage malediksyon sou tè a.” Noye te gen espwa nan Bondye. Menm jan ak Abèl ak Enòk ki t ap viv anvan l, li te kwè nan “desandans” ki t ap gen pou l kraze tèt sèpan an. — Jen. 3:15.

7 Byenke Noye te ka pa t konn tout detay sou pwofesi nou jwenn nan Jenèz 3:15 lan, se sèten l te gen espwa pwofesi sa a t apral pote delivrans. Mete sou sa, pwomès sa a Bondye te fè nan jaden Edenn nan te ann amoni ak mesaj Enòk t ap preche a, yon mesaj ki te anonse jijman Bondye kont mechan yo tou (Jid 14, 15). Sandout, mesaj Enòk la, ki gen pou l fin akonpli nan Amagedon, te fòtifye lafwa ak esperans Noye te genyen!

8. Nan ki sans konesans egzak Noye te gen sou Bondye a te pwoteje l?

8 Fason konesans egzak Noye te gen sou Bondye te fè l jwenn byenfè. Konesans egzak Noye te genyen an te fè l gen lafwa ak sajès ki soti nan Bondye a, yon seri bagay ki te pwoteje l pou anyen mal pa t rive l, sitou nan domèn espirityèl. Pa egzanp, piske Noye t ap “mache avèk vrè Dye a”, li pa t mache oswa l pa t fè zanmi ak moun ki pa t gen respè pou Bondye. Li pa t kite demon ki te pran fòm kò moun yo twonpe l, yo menm sandout ki te konn sèvi ak kapasite estrawòdinè yo te genyen pou enpresyone moun ki pa t gen lafwa e ki te kwè nenpòt bagay. Petèt yo te menm rive fè moun adore yo (Jen. 6:1-4, 9). Epitou, Noye te konnen se lèzòm Bondye te di pou fè pitit pou yo ranpli tè a (Jen. 1:27, 28). Konsa, li dwe te konnen relasyon seksyèl ant fi ak espri ki pran fòm kò moun se yon bagay ki pa natirèl e ki pa bon. Se sèten l te vin wè sa lè relasyon sa yo te vin bay yon seri timoun ki pa nòmal. Rive yon lè, Bondye te avèti Noye li pral fè yon delij sou tè a. Lafwa Noye te genyen nan sa Bondye te di l la te pouse l konstwi yon lach, e konsa, li te sove moun lakay li. — Ebre 11:7.

9, 10. Ki jan n ka imite lafwa Noye te genyen an?

9 Fason n ka vin gen lafwa menm jan ak Noye. Pou n rive fè sa, nou bezwen byen etidye Pawòl Bondye a, renmen sa n aprann yo, epi kite konesans sa a fòme n e kite l dirije n (1 Pyè 1:13-15). Konsa, lafwa nou vin genyen an ak sajès ki soti nan Bondye a ap pwoteje nou kont pyèj anba anba Satan mete yo e kont lespri monn nan ki mechan (2 Kor. 2:11). Lespri sa a ankouraje moun renmen vyolans ak imoralite. Epitou, li fè moun ret konsantre sou dezi lachè (1 Jan 2:15, 16). Li ka menm fè moun ki fèb nan domèn espirityèl yo vag sou prèv ki montre gran jou Bondye a toupre. N ap remake lè Jezi t ap konpare epòk nou an ak epòk Noye a, li pa t atire atansyon sou vyolans oswa imoralite ki te genyen, men sou danje ki genyen lè moun pa enterese nan bagay espirityèl. — Li Matye 24:36-39.

10 Mande tèt ou: ‘Èske fason m ap viv montre m konn Jewova toutbon? Èske lafwa m genyen an pouse m nonsèlman pou m viv ann amoni ak prensip Bondye yo ki jis, men tou, pou m fè lòt moun konn prensip sa yo?’ Nou swete pou repons ou bay yo montre ou menm tou w ap “mache avèk vrè Dye a”.

DÀNYÈL TE MONTRE L GEN SAJÈS KI SOT NAN BONDYE A LÈ L TE BABILÒN

11. a) Ki sa atachman Dànyèl te gen pou Bondye lè l te jèn montre konsènan fason l te leve? b) Ki kalite Dànyèl te genyen ou ta renmen imite?

11 Fason Dànyèl te vin konn Jewova. Li klè, paran Dànyèl yo te ba l bon fòmasyon, yo te anseye l pou l renmen Jewova ak Pawòl Jewova te fè ekri a. Anplis de sa, Dànyèl te kontinye gen lanmou sa a pandan tout vi l. Menm lè l te vin granmoun anpil, li te toujou ap fouye nan Ekriti yo (Dàn. 9:1, 2). Konesans pwofon Dànyèl te gen sou Bondye, sa ki gen ladan l fason Bondye te aji ak nasyon Izrayèl la, te parèt aklè nan priyè l te fè ak tout kè l pou l mande Bondye padon ki nan Dànyèl 9:3-19 la. Poukisa w pa pran yon ti tan pou w li priyè sa a e pou w medite sou li, epi pou w pran bonjan nòt sou sa w aprann nan priyè sa a konsènan Dànyèl?

12-14. a) Nan ki sans Dànyèl te montre l gen sajès ki sot nan Bondye? b) Ki fason Dànyèl te jwenn byenfè lefètke l te met kouraj sou li pou l ret fidèl ak Bondye?

12 Fason konesans egzak Dànyèl te gen sou Bondye a te fè l jwenn byenfè. Li te difisil anpil pou yon Juif ki fidèl te viv nan Babilòn, yon vil payen. Pa egzanp, men sa Jewova te di Juif yo: “Se pou nou travay pou gen lapè nan vil kote mwen voye nou ann egzil la.” (Jer. 29:7). Men, anmenmtan tou, li te mande pou se avè l sèlman yo atache (Egz. 34:14). Ki sa k te ede Dànyèl pou l respekte toude egzijans sa yo? Sajès Bondye bay la te ede l konprann prensip ki mande pou l soumèt devan otorite yo, depi sa yo mande a pa depaman ak sa Bondye mande. Plizyè syèk annapre, Jezi te anseye menm prensip sa a. — Lik 20:25.

13 Ann wè ki sa Dànyèl te fè lè otorite yo te bay yon dekrè ki te entèdi moun priye kèlkeswa dye oswa moun anwetan wa a pandan 30 jou. (Li Dànyèl 6:7-10.) Dànyèl te ka chèche eskiz pou l di: ‘Trant jou se pa yon etènite!’ Men, li te refize kite yon dekrè wa a bay anpeche l obeyi egzijans ki nan Ekriti yo. Nòmalman, li te ka priye an kachèt yon fason pou pèsonn pa wè l. Li te konn moun yo te byen konnen abitid li te gen chak jou. Konsa, aktout se te yon risk pou lavi l, Dànyèl te pran desizyon pou l pa menm bay enpresyon l ap fè konpwomi ak adorasyon l t ap bay Bondye a.

14 Jewova te beni desizyon Dànyèl te pran an, yon desizyon l te pran ak konsyans li e avèk kouraj, lè l te fè yon mirak pou l sove l anba yon lanmò terib. Anfèt, sa k te rive a te bay yon gwo temwayaj pou Jewova, yon temwayaj ki te gaye rive jis nan pati ki pi lwen nan Anpi Medi ak Pès la! — Dàn. 6:25-27.

15. Ki jan n ka vin gen lafwa menm jan ak Dànyèl?

15 Fason n ka vin gen lafwa menm jan ak Dànyèl. Pou n vin gen yon lafwa ki solid, nou pa dwe annik li Pawòl Bondye a, nou bezwen “konprann sans li” tou (Mat. 13:23). Nou vle konn panse Jewova sou bagay yo, sa ki gen ladan l chèche konprann prensip ki nan Bib la. Pou rezon sa a, nou bezwen medite sou sa n li. Mete sou sa, li enpòtan pou n priye ak tout kè n regilyèman, sitou lè n ap fè fas ak eprèv oswa ak lòt sitiyasyon ki difisil. Lè n priye ak lafwa pou n jwenn sajès ak fòs, Jewova ap kontan ban nou yo. — Jak 1:5.

JÒB TE SUIV PRENSIP BONDYE YO NI NAN BON TAN NI NAN MOVE TAN

16, 17. Ki fason Jòb te vin gen yon konesans egzak sou Bondye?

16 Fason Jòb te vin konn Jewova. Jòb pa t yon Izrayelit. Men, li te yon fanmi lwen Abraram, Izarak ak Jakòb, e Jewova te fè mesye sa yo konn kèk detay sou li ak objektif li gen pou lèzòm. Nou pa konn ki fason Jòb te aprann anpil nan verite sa yo ki gen anpil valè (Jòb 23:12). Men sa l te di: “Mwen te konn tande pale de ou.” (Jòb 42:5). Mete sou sa, Jewova te fè konnen Jòb te di sa ki verite sou li. — Jòb 42:7, 8.

Lafwa nou vin pi solid lè n wè kalite Bondye yo ki envizib parèt aklè nan kreyasyon an. (Gade paragraf 17.)

17 Epitou, Jòb te wè anpil nan kalite Bondye genyen yo ki envizib parèt aklè nan kreyasyon an (Jòb 12:7-9, 13). Annapre, ni Eliyou, ni Jewova te sèvi ak kèk bagay nan kreyasyon an pou fè Jòb sonje lèzòm pa reprezante anyen lè n konpare yo ak jan Bondye gran (Jòb 37:14; 38:1-4). Pawòl Jewova yo te touche kè Jòb, paske, men sa l te di Bondye avèk imilite: “Kounye a, mwen konnen ou kapab fè tout bagay, e pa gen anyen ou panse fè ki enposib pou ou. [...] Mwen chita nan pousyè ak nan sann pou m montre m repanti.” — Jòb 42:2, 6.

18, 19. Nan ki sans Jòb te montre l konn Jewova toutbon?

18 Fason konesans egzak Jòb te gen sou Bondye a te fè l jwenn byenfè. Jòb te byen konprann prensip Bondye yo. Li te konn Jewova toutbon, e l te aji ann amoni ak konesans sa a. Fè yon ti reflechi: Jòb te konnen li pa t ap ka di l renmen Bondye toutpandan li t ap mal aji ak moun parèy li (Jòb 6:14). Li pa t bay tèt li plis enpòtans pase lòt moun, men, li te montre l gen bonjan sousi pou tout moun, rich kou pòv. Men sa l te di: “Èske Sila a ki te mete m nan vant manman m nan se pa li ki te fè yo tou?” (Jòb 31:13-22). Sa klè, Jòb pa t kite onè ak richès li te genyen an fè l santi l siperyè lòt moun. Se pa ti diferan sa diferan ak anpil moun ki gen pouvwa e ki rich nan monn nan!

19 Jòb te rejte tout fòm idolatri, menm nan kè l. Li te konnen si yon moun ta pratike fo adorasyon, sa ki gen ladan l atachman pou richès materyèl, li t ap montre l vire do bay “vrè Dye a ki nan syèl la”. (Li Jòb 31:24-28.) Li te konsidere maryaj kòm yon inyon ki sakre ant yon gason ak yon fi. Li te menm fè yon alyans ak je l pou l pa gade yon fi yon fason imoral (Jòb 31:1). Pa bliye nan epòk sa a Bondye te tolere gason gen plizyè madanm. Konsa, Jòb te ka vin gen yon dezyèm madanm si l te vle *. Sepandan, sa klè, li te konnen maryaj Bondye te selebre ann Edenn nan, e l te fè egzanp sa a vin yon lwa pou li (Jen. 2:18, 24). Anviwon 1 600 an annapre, Jezi Kris te anseye moun ki t ap koute l yo pou yo suiv menm prensip jis sa yo anrapò ak maryaj ak moralite nan domèn seksyèl. — Mat. 5:28; 19:4, 5.

20. Ki jan konesans egzak nou gen sou Jewova ak sou prensip li yo ede n chwazi bon zanmi ak bonjan detant?

20 Fason n ka vin gen lafwa menm jan ak Jòb. Yon lòt fwa ankò, nou bezwen gen yon konesans egzak sou Jewova e pou n kite konesans sa a gide n nan tout aspè nan lavi n. Pa egzanp, David, youn nan moun ki te ekri sòm yo, te fè konnen Jewova “rayi nenpòt moun ki renmen vyolans”, e David te avèti n pou n pa fè zanmi “ak moun k ap twonpe moun”. (Li Sòm 11:5; 26:4.) Ki sa vèsè sa yo aprann nou sou sa Bondye panse? Ki efè sa n aprann yo ta dwe genyen sou sa n bay priyorite, sou fason n sèvi ak Entènèt ak sou fason n chwazi zanmi n ap fè ak detant n ap pran? Repons nou bay pou kesyon sa yo ka ede n wè jis nan ki pwen nou konnen Jewova. Pou n ret san repwòch nan monn konplike sa a ki chaje ak mechanste, nou dwe antrene ‘kapasite n genyen pou nou konprann nan’ pou n ka fè diferans nonsèlman ant sa ki byen ak sa ki mal, men tou, ant sa ki gen sajès ak sa ki pa gen sajès. — Ebre 5:14; Efe. 5:15.

21. Ki sa k ap pèmèt nou “konprann tout bagay” nou bezwen konnen pou n fè Papa nou ki nan syèl la plezi?

21 Piske Noye, Dànyèl ak Jòb te chèche Jewova ak tout kè yo, Jewova te kite yo jwenn li. Li te ede yo “konprann tout bagay” ki nesesè pou yo fè l plezi. Konsa, yo te bay egzanp antanke moun ki jis, e yo te vrèman reyisi nan lavi yo (Sòm 1:1-3). Kidonk, mande tèt ou: ‘Èske m konn Jewova menm jan Noye, Dànyèl ak Jòb te konnen l lan?’ Anfèt, grasa limyè espirityèl la ki pa sispann ogmante, ou ka vin pi byen konnen Jewova (Pwo. 4:18)! Kidonk, fouye byen fon nan Pawòl Bondye a. Medite sou li. Epi, priye pou w jwenn lespri sen. Konsa, w ap vin pi pwòch Papa w ki nan syèl la. Epitou, w ap aji ak bon konprann ak sajès nan monn n ap viv jodi a ki pa gen respè pou Bondye. — Pwo. 2:4-7.

^ § 5 Enòk, gran granpapa Noye, te “kontinye mache avèk vrè Dye a”. Men, “Bondye te pran l” anviwon 69 an anvan Noye te fèt. — Jen. 5:23, 24.

^ § 19 Nou ka di menm bagay la tou pou Noye. Li te gen yon sèl madanm, menm lè kesyon gen plizyè madanm nan te kòmanse gaye yon ti tan apre rebelyon ki te fèt ann Edenn nan. — Jen. 4:19.