Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa sa mande pou yon moun kite lespri Bondye gide l?

Ki sa sa mande pou yon moun kite lespri Bondye gide l?

“Mwen swete pou Bondye [...] pèmèt nou tout gen menm mantalite Kris Jezi te genyen an.” — WOM. 15:5.

KANTIK: 17, 13

1, 2. a) Ki jan anpil moun konsidere espirityalite? b) Ki kesyon enpòtan nou pral egzamine sou espirityalite?

GEN yon sè nan peyi Kanada ki di: “Lefètke m kite lespri Bondye gide m, sa fè m pi kontan e sa ede m byen jere pwoblèm m ap rankontre chak jou nan lavi a.” Men sa yon frè nan peyi Brezil di: “Grasa efò nou fè pou n fikse lespri n sou bagay espirityèl, nou gen bonjan kè kontan pandan 23 an nou genyen depi n marye a.” Men sa yon frè nan peyi Filipin fè konnen: “Lefètke m kite lespri Bondye gide m, sa fè m anpè, e sa ede m pi byen boule ak frè ki soti nan divès kilti.”

2 Kalite deklarasyon sa yo fè n pi byen wè kesyon espirityalite a. Konsa, nou chak ka santi n pouse pou n mande tèt nou: ‘Ki jan m ka fè plis efò antanke yon moun ki kite lespri Bondye gide l e pou m pi byen jwi byenfè nou sot dekri pi wo a?’ Men, anvan n reponn kesyon sa a, nou bezwen konprann byen klè ki sa Labib di konsènan moun ki kite lespri Bondye gide yo oswa ki fikse lespri yo sou bagay espirityèl. Nan atik sa a, nou pral reponn twa kesyon enpòtan. 1) Ki lè yon moun kite lespri Bondye gide l? 2) Ki egzanp k ap ede n fè pwogrè nan domèn espirityèl? 3) Lè n fè efò pou n gen “panse Kris” la, ki jan sa ap ede n vin moun ki kite lespri Bondye gide n?

KI LÈ YON MOUN KITE LESPRI BONDYE GIDE L?

3. Ki jan Bib la montre diferans ki genyen ant yon moun ki kite dezi l mennen l ak yon moun ki kite lespri Bondye gide l?

3 Apot Pòl ede n konprann ki lè yon moun kite lespri Bondye gide l lè l te fè yon konparezon ant “yon moun ki kite lespri Bondye gide l” ak yon “moun ki kite dezi l mennen l”. (Li 1 Korentyen 2:14-16.) Ki diferans ki genyen? Bib la fè konnen “moun ki kite dezi l mennen l” lan pa aksepte “bagay ki gen rapò ak lespri Bondye, paske pou li, yo se bagay moun sòt, e li pa ka rive konnen yo”. Yon lòt bò, “moun ki kite lespri Bondye gide l” la se yon moun ki “egzamine tout bagay” e ki “gen panse Kris la”. Pòl ankouraje n pou n vin moun ki kite lespri Bondye gide n. Nan ki lòt domèn ankò moun ki kite dezi yo mennen yo pa menm ak moun ki kite lespri Bondye gide yo?

4, 5. Ki jan n ka rekonèt yon moun ki kite dezi l mennen l?

4 Toudabò, ann egzamine atitid yon moun ki kite dezi l mennen l. Atitid ki plis parèt lakay moun nan monn nan santre sou dezi lachè. Pòl te pale de atitid sa a antanke “lespri k ap aji kounye a nan moun ki dezobeyisan yo”. (Efe. 2:2.) Lespri sa a enfliyanse pifò moun e l pouse yo vin gen menm atitid ki se: annik suiv pifò moun. Se dezi lachè ki pi enterese yo. Kòm konsekans, pifò nan yo fè sa yo santi ki dwat nan je yo e yo pa fè okenn efò pou yo viv ann amoni ak prensip Bondye yo. Byen souvan, sa k plis enterese yon moun ki kite dezi l mennen l oswa ki konsantre sou dezi lachè se chèche gen renome ak kouri dèyè bagay materyèl oubyen se defann sa l panse ki dwa l.

5 Ki lòt bagay ankò ki ka ede n rekonèt yon moun ki kite dezi l mennen l? Moun k ap pratike nenpòt nan “zèv lachè yo” fè pati kategori moun sa yo (Gal. 5:19-21). Nan premye lèt Pòl te ekri kretyen nan kongregasyon Korent lan, li te idantifye yon seri lòt atitid moun ki konsantre sou dezi lachè yo genyen. Sa gen ladan l: simen divizyon, patipri, ankouraje rebelyon, al nan jijman youn ak lòt, manke respè pou moun ki alatèt yo epi pa gen metriz nan manje ak bwè. Lè moun ki fikse lespri l sou dezi lachè a jwenn tantasyon, li febli e l tonbe nan tantasyon an (Pwo. 7:21, 22). Jid te fè konnen gen moun ki t ap tèlman vin mal yo pa t ap menm “gen lespri Bondye avèk yo”. — Jid 18, 19.

6. Ki jan n ka rekonèt yon moun ki kite lespri Bondye gide l?

6 Men, ki lè yon “moun [...] kite lespri Bondye gide l”? Yon moun ki kite lespri Bondye gide l se yon moun ki konte sou Bondye, li pa menm ditou ak yon moun ki kite dezi l mennen l. Moun ki fikse lespri yo sou bagay espirityèl fè gwo efò pou yo “imite Bondye”. (Efe. 5:1.) Sa vle di yo fè efò pou yo gen menm panse ak Jewova e pou yo wè bagay yo menm jan avè l. Bondye reyèl toutbon pou yo. Kontrèman ak moun ki kite dezi yo mennen yo, yo eseye respekte prensip Jewova yo nan tout sa y ap fè (Sòm 119:33; 143:10). Olye moun ki fikse lespri l sou bagay espirityèl la konsantre l sou zèv lachè, li fè gwo efò pou l demontre “fwi lespri a”. (Gal. 5:22, 23.) Pou n pi byen konprann ekspresyon “fikse lespri sou bagay espirityèl la”, ann reflechi ak konparezon sa a: Lè yon moun maton nan fè komès, yo di li se yon moun ki gen lespri biznis. Menm jan an tou, lè yon moun bay bagay espirityèl yo anpil valè oswa l enterese anpil nan zafè relijyon, yo di li se yon moun ki fikse lespri l sou bagay espirityèl.

7. Ki sa Bib la di konsènan moun ki fikse lespri yo sou bagay espirityèl?

7 Bib la pale an byen konsènan moun ki fikse lespri yo sou bagay espirityèl. Matye 5:3 di: “Byennere moun ki pran konsyans yo bezwen Bondye, piske Wayòm syèl la se pou yo.” Nan Women 8:6, Bib la montre avantaj sa genyen lè yon moun fikse lespri l sou bagay espirityèl lè l di: “Moun ki fikse panse yo sou lachè ap jwenn lanmò, men moun ki fikse panse yo sou lespri ap jwenn lavi ak lapè.” Lè n konsantre sou bagay espirityèl, nou vin anpè ak Bondye ansanm ak tèt nou depi kounye a e n gen espwa pou n gen lavi ki pap janm fini an alavni.

8. Poukisa n bezwen fè efò pou n kite lespri Bondye gide n e pou n kontinye fè sa?

8 Sepandan, n ap viv nan yon monn ki chaje danje. Piske chaje moun toutotou n ki konsantre lespri yo sou dezi lachè, nou bezwen fè bonjan efò pou n vin moun ki kite lespri Bondye gide n e pou n kontinye fè sa. Lè yon moun sispann kite lespri Bondye gide l, li vin gen yon vid nan domèn moral, epi “lè” ki kontamine ki nan monn sa a ap ranpli vid sa a byen vit. Ki sa k ka ede n anpeche sa rive? Ki jan n ka vin pi djanm nan domèn espirityèl?

LESON N KA APRANN NAN EGZANP KÈK MOUN

9. a) Ki sa k ka ede n vin pi djanm nan domèn espirityèl? b) Egzanp ki moun ki te kite lespri Bondye gide yo nou pral egzamine?

9 Yon timoun ka vin gen matirite lè l suiv fason paran l aji epi l imite bon egzanp yo bay. Menm jan an tou, nou ka vin pi djanm nan domèn espirityèl lè n suiv egzanp moun ki te djanm nan domèn espirityèl yo epi n imite yo. Yon lòt bò, egzanp moun ki te kite lespri yo fikse sou dezi lachè yo se yon avètisman pou nou (1 Kor. 3:1-4). Nou jwenn toude egzanp sa yo nan Bib la. Men, piske objektif nou se vin pi djanm antanke moun ki kite lespri Bondye gide n, ann konsidere plizyè bon egzanp yon seri moun te bay nou ka imite. Nou pral egzamine egzanp Jakòb, Mari ak Jezi.

Ki sa n ka aprann nan egzanp Jakòb? (Gade paragraf 10.)

10. Ki jan Jakòb te montre l se yon moun ki kite lespri Bondye gide l?

10 Toudabò, ann pran egzanp Jakòb. Menm jan pou pifò nan nou jodi a, lavi a pa t fasil pou Jakòb. Li te oblije fè fas ak frè l la, Ezaou, ki te fikse lespri l sou bagay lachè e ki te vle touye l. Sa k pi rèd la, li te oblije fè fas ak bòpè l ki t ap twonpe l e ki te toujou ap eseye eksplwate l. Men, aktout Jakòb te antoure ak moun ki te ‘kite dezi yo mennen yo’, li te kite lespri Bondye gide l. Li te gen lafwa nan pwomès Jewova te fè Abraram nan e l te fè tout sa l kapab pou l pran swen fanmi l ki t ap gen pou jwe yon wòl espesyal nan reyalizasyon objektif Jewova (Jen. 28:10-15). Fason Jakòb te konn pale ak fason l te konn aji montre l te toujou sonje prensip Bondye yo ak volonte Bondye. Pa egzanp, lè Jakòb te santi l an danje akoz Ezaou, li te di Bondye: “Mwen mande w pou w sove m [...]. Se ou menm ki te di m: ‘M ap beni w san mank e m ap fè desandan w yo vin tankou grenn sab bò lanmè.’” (Jen. 32:6-12). Yon fason klè, li te gen lafwa nan pwomès Jewova te fè li menm ak zansèt li yo e l te vle aji ann amoni ak volonte Bondye ansanm ak objektif li.

Ki sa n ka aprann nan egzanp Mari? (Gade paragraf 11.)

11. Ki sa k montre Mari te yon moun ki te kite lespri Bondye gide l?

11 Kounye a, ann pran egzanp Mari. Poukisa Jewova te chwazi Mari pou l vin manman Jezi? Sandout se paske l te yon moun ki te fikse lespri l sou bagay espirityèl. Ki jan n fè konn sa? Li te bay bonjan prèv ki montre l se yon moun ki te kite lespri Bondye gide l nan bèl pawòl li te di pou l fè louwanj pou Jewova lè l t al vizite Zakari ak Elizabèt ki te fanmi l. (Li Lik 1:46-55.) Pawòl Mari yo montre l te renmen Pawòl Bondye a anpil e l te konn anpil bagay nan Liv ki te ekri ann ebre yo (Jen. 30:13; 1 Sam. 2:1-10; Mal. 3:12). Anplis de sa, n ap remake aktout li menm ak Jozèf te fèk marye, yo te deside pou yo pa antre nan relasyon seksyèl jiskaske Jezi fèt. Ki sa sa montre? Sa montre yo toude te bay volonte Jewova plis enpòtans pase satisfè dezi pèsonèl yo (Mat. 1:25). Tank tan t ap pase, Mari te byen pran san l pou l suiv sa k t ap pase nan lavi Jezi e l te konn reflechi ak pawòl sajès Jezi t ap di yo. Anplis de sa, li “te kenbe tout pawòl sa yo nan kè l”. (Lik 2:51.) Sa klè, li te enterese nan objektif Bondye te genyen anrapò ak Mesi a. Èske egzanp Mari pa ede n reflechi sou fason n ka bay volonte Bondye premye plas nan lavi nou?

12. a) Nan ki sans Jezi te imite Papa l? b) Ki jan n ka imite egzanp Jezi? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

12 Bon, pami tout moun ki pase sou tè a, ki moun ki bay pi bèl egzanp antanke moun ki kite lespri Bondye gide l? Nòmalman, se Jezi. Pandan tout lavi l ak sèvis li, li te montre l vle imite Papa l, Jewova. Li te gen menm panse, menm santiman ak Jewova e l te konn aji menm jan avè l, epi l te viv ann amoni ak volonte Bondye ansanm ak prensip li yo (Jan 8:29; 14:9; 15:10). Pa egzanp, note ki jan pwofèt Ezayi te dekri santiman Jewova ki gen konpasyon, epi konpare deskripsyon sa a ak sa Mak, youn nan moun ki te ekri Evanjil yo, te rapòte pou l dekri santiman Jezi. (Li Ezayi 63:9; Mak 6:34.) Menm jan ak Jezi, èske n vrèman pare pou n demontre konpasyon lè n rankontre moun ki bezwen èd? Mete sou sa, Jezi te fè tout sa l kapab pou l fè travay predikasyon an e pou l anseye bon nouvèl la (Lik 4:43). Tout santiman l te genyen ak tout aksyon l te fè montre l se yon moun ki kite lespri Bondye gide l.

13, 14. a) Ki sa n ka aprann nan egzanp kèk moun nan epòk nou an ki fikse lespri yo sou bagay espirityèl? b) Bay yon egzanp.

13 Anplis egzanp ki nan Ekriti yo, nou gen egzanp anpil moun nan epòk nou an ki fikse lespri yo sou bagay espirityèl e ki fè gwo pwogrè nan fason yo montre yo gen pèsonalite Kris la. Petèt ou remake fason yo montre yo chofe nan travay predikasyon an, jan yo vrèman renmen akeyi moun, konpasyon yo gen lakay yo oswa lòt bèl kalite ankò. Menm jan avè n, y ap goumen kont feblès ak enpèfeksyon toutpandan y ap chèche gen kalite sa yo ki soti nan Bondye. Men sa Rachel, yon sè nan peyi Brezil, fè konnen: “M te renmen imite mòd ki gen nan monn nan. Se sa k fè fason m te konn abiye pa t twò kòrèk. Men, lè m te vin aprann laverite, sa te pouse m fè efò ki nesesè pou m vin yon moun ki kite lespri Bondye gide m. Li pa t fasil pou m fè chanjman sa yo, men, m te vin gen plis kè kontan e m te vin gen yon vrè objektif nan lavi a.”

14 Reylene, k ap viv nan peyi Filipin, te gen yon lòt difikilte. Li te konsantre l sou chèche fè gwo etid ak chèche gen bon djòb pou l ka viv pi byen. Men sa l di: “Objektif espirityèl mwen yo te kòmanse pèdi valè. Men, m te kòmanse rann mwen kont mwen te manke yon bagay nan lavi m, yon bagay ki pi enpòtan lontan pase travay mwen. Se sa k fè m te vin konsantre m ankò sou sèvi Jewova.” Depi lè sa a, Reylene se yon bonjan egzanp antanke moun ki met lafwa l nan pwomès Jewova fè ki nan Matye 6:33, 34 la. Men sa l di: “Mwen konnen Jewova ap pran swen m kanmenm!” Petèt nou konn kèk moun konsa nan kongregasyon nou. Èske n pa anvi imite moun fidèl sa yo toutpandan y ap suiv Kris? — 1 Kor. 11:1; 2 Tes. 3:7.

SE POU N GEN “PANSE KRIS LA”

15, 16. a) Pou n vin menm jan ak Kris, ki sa n bezwen fè? b) Ki jan n ka kite “panse Kris la” aji sou panse nou?

15 Ki jan nou chak ka imite Kris? Nan 1 Korentyen 2:16, Bib la di pou n gen “panse Kris la”. Epi, nan Women 15:5, li di pou n gen “menm mantalite Kris Jezi te genyen an”. Kidonk, pou n vin menm jan ak Kris, nou bezwen konn fason l panse epi n bezwen byen konprann pèsonalite l. Apre sa, nou bezwen suiv li pye pou pye. Jezi fikse lespri l sou relasyon l gen ak Bondye. Donk, lè n vin menm jan ak Jezi, sa fè n vin menm jan ak Jewova plis toujou. Pou rezon sa yo, li klè, li vrèman enpòtan pou n aprann panse menm jan ak Jezi.

16 Ki jan n ka fè sa? Disip Jezi yo te wè mirak Jezi te fè yo, yo te tande diskou l yo, yo te wè fason l te trete tout kalite moun e yo te wè jan l te suiv prensip Bondye yo. Men sa yo te di: “Nou temwen tout bagay li te fè.” (Tra. 10:39). Sepandan, nou pa gen posiblite wè sa Jezi ap fè. Men, avèk lanmou, Jewova te fè ekri Evanjil yo ki ka fè pèsonalite Jezi vin vivan nan lespri nou. Lè n li Liv Matye, Mak, Lik ak Jan ki nan Bib la epi n medite sou yo, nou kite panse Kris la aji sou panse nou. Konsa, nou kapab “suiv tras li pye pou pye” e n ka vin “gen menm mantalite” Kris te genyen an. — 1 Pyè 2:21; 4:1.

17. Lè n panse menm jan ak Kris, ki jan sa ap ede n?

17 Lè n aprann panse menm jan ak Kris, ki jan sa ap ede n? Menm jan manje ki bon pou kò nou fè n gen fòs nan domèn fizik, se konsa tou lè n ranpli lespri nou ak panse Kris la, sa fè n vin pi djanm nan domèn espirityèl. Tikras pa tikras, nou vin konnen ki sa Kris t ap fè nan kèlkeswa sitiyasyon. Konsa, sa ede n pran desizyon k ap pèmèt nou gen yon konsyans ki klè e k ap fè n gen apwobasyon Bondye. Èske n pa dakò byenfè sa yo fè n gen bonjan rezon pou n “abiye nou ak Seyè a, Jezi Kris”? — Wom. 13:14.

18. Ki sa n aprann nan analiz sa a nou sot fè a pou n vin moun ki kite lespri Bondye gide n?

18 Nou sot wè ki lè yon moun kite lespri Bondye gide l. Mete sou sa, nou te wè nou ka aprann nan bon egzanp moun ki kite lespri Bondye gide yo bay. Pou fini, nou te aprann ki jan lè n gen “panse Kris la”, sa ede n vin pi djanm antanke moun ki kite lespri Bondye gide n. Men, gen anpil lòt aspè nan kesyon espirityalite a nou dwe egzamine. Pa egzanp, ki jan n ka rive wè si n se moun ki djanm nan domèn espirityèl? Ki lòt bagay ankò nou ka fè pou n vin pi djanm nan domèn espirityèl? Epi, ki efè espirityalite nou ap gen sou lavi nou chak jou? Atik ki vin apre a pral ede n reponn kesyon sa yo.