Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kontinye fè pwogrè antanke moun ki kite lespri Bondye gide w!

Kontinye fè pwogrè antanke moun ki kite lespri Bondye gide w!

“Kontinye viv selon lespri a.” — GAL. 5:16.

KANTIK: 22, 75

1, 2. Ki sa yon frè te wè l manke nan relasyon l gen ak Bondye, e ki sa l te fè nan sans sa a?

ROBERT te batize lè l te adolesan, men, li pa t vrèman pran laverite oserye. Men sa l di: “M pa t janm fè anyen ki mal, men, m te jis konn aji pa woutin. M te parèt djanm nan domèn espirityèl, m te asiste tout reyinyon yo e m te konn pran sèvis pyonye oksilyè kèk fwa chak ane. Men, gen yon bagay m te manke.”

2 Robert pa t rive wè pwoblèm li te genyen jiskaske l te vin marye. Li menm ak madanm li te konn pase tan ansanm kote youn te konn poze lòt kesyon sou yon seri sijè ki baze sou Bib la. Piske madanm li te djanm nan domèn espirityèl, li pa t gen okenn pwoblèm pou l reponn kesyon yo, men, Robert te toujou santi l jennen li menm, paske l pa t konn sa pou l di. Men sa l di: “Se kòmsi m pa t konn anyen ditou. M te di tèt mwen: ‘Si se mwen ki pral chèf madanm mwen nan domèn espirityèl, m dwe fè yon bagay.’” Vrèmanvre, Robert te fè yon bagay. Men sa l di: “M te etidye Labib, m te etidye e m te etidye plis toujou, epi bagay yo te kòmanse vin nan plas yo. M te vin konprann bagay yo pi byen, e sa k pi enpòtan an, m te vin gen yon relasyon sere sere ak Jewova.”

3. a) Ki sa n ka aprann nan eksperyans Robert te fè a? b) Sou ki pwen enpòtan nou pral pale kounye a?

3 Nou ka aprann anpil leson enpòtan nan eksperyans Robert te fè a. Nou gendwa konnen kèk bagay nan Bib la e nou gendwa asiste reyinyon nan kongregasyon an regilyèman, men, bagay sa yo sèlman pap fè n vin moun ki kite lespri Bondye gide n. Oswa nou gendwa fè pwogrè, men, lè n egzamine tèt nou pi plis, nou remake nou ka toujou amelyore relasyon n gen ak Bondye (Flp. 3:16). Pou ede n kontinye fè pwogrè, nou pral reponn twa kesyon enpòtan nan atik sa a: 1) Ki sa k ap ede n byen egzamine nan ki eta relasyon nou gen ak Bondye a ye? 2) Ki jan n ka vin gen bon relasyon ak Bondye e pou n kontinye fè pwogrè antanke moun ki kite lespri Bondye gide n? 3) Lè n djanm nan domèn espirityèl, ki jan sa ka ede n nan lavi n chak jou?

EGZAMINE TÈT NOU

4. Ki moun konsèy nou jwenn nan Efezyen 4:23, 24 la konsène?

4 Lè n te kòmanse sèvi Bondye, nou te fè yon gwo chanjman. Chanjman sa a te gen efè sou tout aspè nan lavi n. Epi, chanjman sa a potko fin fèt nèt lè n te batize. Bib la di nou pou n “kontinye renouvle mantalite k ap domine nan nou an”. (Efe. 4:23, 24). Piske nou enpafè, nou tout bezwen kontinye fè chanjman. Menm moun ki gen lontan depi y ap sèvi Jewova bezwen kontinye gen bon relasyon avè l. — Flp. 3:12, 13.

5. Ki kesyon ki ka ede n egzamine tèt nou?

5 Pou n amelyore relasyon n gen ak Bondye e pou n kontinye kenbe relasyon sa a, nou bezwen egzamine tèt nou yon fason ki onèt. Kit nou jèn kit nou granmoun, nou ka poze tèt nou kesyon ki vin annapre yo: ‘Èske m remake gen chanjman ki fèt lakay mwen ki montre m ap fè pwogrè pou m vin yon moun ki kite lespri m fikse sou bagay espirityèl? Èske m ap fè efò pou m vin gen menm pèsonalite ak Kris? Ki sa etadespri m ak konduit mwen pandan reyinyon yo montre sou pwofondè relasyon m gen ak Bondye? Ki sa konvèsasyon m yo montre konsènan dezi mwen genyen? Ki sa abitid m genyen pou m etidye, fason m abiye ak aparans mwen, oswa fason m reyaji lè m resevwa konsèy montre sou mwen? Ki jan m reyaji lè m jwenn tantasyon? Èske m fè pwogrè pou m kite bagay de baz yo pou m ka vin gen matirite e pou m ka fin grandi nèt antanke kretyen?’ (Efe. 4:13). Lè n reflechi sou repons nou bay pou kesyon sa yo sa ka ede n wè ki pwogrè nou fè nan domèn espirityèl.

6. Pou n ka egzamine nan ki eta relasyon n gen ak Bondye a ye, ki lòt bagay nou ka bezwen?

6 Pou n egzamine nan ki eta relasyon n gen ak Bondye a ye, pafwa, nou ka bezwen èd nan men lòt moun. Apot Pòl te montre moun ki kite dezi lachè mennen l lan pa kapab wè fason l ap viv la pa fè Bondye plezi. Yon lòt bò, moun ki kite lespri Bondye gide l la konprann fason Bondye wè bagay yo e moun sa a wè move konduit moun ki kite dezi l mennen l lan genyen (1 Kor. 2:14-16; 3:1-3). Byen souvan, ansyen ki gen panse Kris la konn wè premye siy ki montre yon moun gen panse ki gen rapò ak lachè. Si yo ta pale sou sa avè n, èske n ap aksepte konsèy yo bay e n ap suiv yo? Lè n aji konsa, nou montre nou gen dezi pou n fè pwogrè nan domèn espirityèl. — Ekl. 7:5, 9.

CHÈCHE FÈ PWOGRÈ NAN DOMÈN ESPIRITYÈL

7. Poukisa konesans nou gen sou Bib la pa sifi pou ede n vin moun ki fikse lespri n sou bagay espirityèl?

7 Nou bezwen sonje konesans nou gen sou Bib la pa sifi pou ede n vin moun ki fikse lespri n sou bagay espirityèl. Wa Salomon, yon wa ki t ap dirije nan tan lontan, te gen anpil konesans sou fason Jewova aji. Pawòl li te di yo te vin fè pati Bib la annapre. Men alafen, li pa t ret fidèl ak Jewova antanke moun ki kite lespri Jewova gide l (1 Wa 4:29, 30; 11:4-6). Donk, anplis konesans nou bezwen gen sou Bib la, ki lòt bagay nou bezwen? Nou bezwen kontinye fè pwogrè nan domèn espirityèl (Kol. 2:6, 7). Ki jan n dwe fè sa?

8, 9. a) Ki sa k ap ede n vin stab nan domèn espirityèl? b) Ki objektif nou lè n ap etidye ak lè n ap medite? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

8 Pòl te ankouraje kretyen yo nan premye syèk la pou yo “fè efò pou [yo] vin gen matirite”. (Ebre 6:1.) Pou n ka suiv konsèy Pòl te bay la jodi a, ki etap nou ka suiv? Youn nan etap ki enpòtan se etidye liv Rete nan lanmou Bondyea. Lè w fin etidye liv sa a sa ap ede w wè fason pou w aplike prensip biblik yo nan lavi w. Si w deja fin etidye liv sa a, èske w ka etidye lòt bagay ki ka ede w fè lafwa w vin stab (Kol. 1:23)? Èske w priye epi w medite sou fason w ka aplike sa w etidye a nan lavi w?

9 Nou bezwen sonje lè n ap etidye ak lè n ap medite nou dwe fè sa nan objektif pou n vle fè Jewova plezi e pou n obeyi lwa l yo ak tout kè n (Sòm 40:8; 119:97). Anmenmtan tou, nou fè efò pou n rejte bagay k ap anpeche n fè pwogrè nan domèn espirityèl. — Tit 2:11, 12.

10. Ki sa jèn yo ka fè pou yo fè pwogrè nan domèn espirityèl?

10 Si w se yon jèn, èske w gen yon seri objektif espirityèl byen klè? Gen yon frè k ap sèvi nan Betèl ki gen abitid pale ak kandida batèm yo anvan pwogram nan kòmanse lè l al asiste asanble sikonskripsyon. Anpil nan kandida yo se jèn. Frè a konn mande yo ki objektif espirityèl yo genyen. Repons anpil nan jèn sa yo bay montre yo konnen byen klè ki sa yo vle fè nan sèvis yo pou Jewova, petèt yo vle antre nan youn nan fòm sèvis aplentan oswa al sèvi kote ki gen plis bezwen pwoklamatè Wayòm nan. Men, pafwa, gen jèn ki sanble pa konn ki repons pou yo bay. Èske sa ta vle di yo poko byen deside nan kè yo yo dwe gen yon seri objektif espirityèl byen klè? Antanke jèn, mande tèt ou: ‘Èske m patisipe nan aktivite espirityèl yo senpleman paske paran m atann pou m fè sa? Èske m vin pi pwòch ak Bondye lè m chèche gen yon relasyon pèsonèl avè l?’ Natirèlman, konsèy ki mande pou n gen objektif espirityèl yo pa pou jèn sèlman. Lè n gen objektif sa yo, sa ap ede nou tout antanke sèvitè Jewova vin pi djanm nan domèn espirityèl. — Ekl. 12:1, 13.

11. a) Pou n fè bonjan pwogrè nan domèn espirityèl, ki sa n bezwen fè? b) Ki egzanp nan Bib la nou ka imite?

11 Yonfwa nou fin wè nan ki domèn nou bezwen amelyore, nou bezwen suiv yon seri etap k ap ede n fè pwogrè. Li enpòtan anpil pou n gen bon relasyon ak Bondye. Anfèt, se yon kesyon ki gen rapò ak lavi oswa ak lanmò (Wom. 8:6-8). Sepandan, pou n vin gen matirite nan domèn espirityèl sa pa vle di nou dwe pafè. Lespri sen Jewova kapab ede n fè pwogrè nou bezwen yo. Aktout sa, nou bezwen fè efò. Sa gen kèk ane, men ki kòmantè John Barr ki te manm Kolèj santral la te fè sou Lik 13:24: “Anpil moun echwe paske yo pa fè efò ase pou yo vin djanm.” Nou bezwen menm jan ak Jakòb ki pa t sispann lite ak yon zanj jiskaske l te jwenn yon benediksyon (Jen. 32:26-28). Byenke etid Labib kapab enteresan, nou pa dwe atann Bib la ap tankou yon liv istwa nou li jis pou n detann nou. Nou bezwen fè efò pou n chèche trezò espirityèl k ap ede nou.

12, 13. a) Ki sa k ap ede n aplike pawòl ki nan Women 15:5 lan? b) Ki jan egzanp apot Pyè ak konsèy li bay la ka ede n? c) Ki sa w ka fè pou w fè pwogrè nan domèn espirityèl? (Gade kare ki gen tit “ Etap ou ka suiv pou w fè pwogrè nan domèn espirityèl”.)

12 Pandan n ap fè efò pou n fè pwogrè nan domèn espirityèl, lespri sen ap ban nou pisans pou n chanje fason n panse. Grasa èd lespri sen, tikras pa tikras nou ka aprann reflechi menm jan ak Kris pi plis toujou (Wom. 15:5). Mete sou sa, l ap ede n derasinen dezi lachè yo e l ap ede n vin gen kalite ki fè Bondye plezi yo (Gal. 5:16, 22, 23). Si n wè lespri n ap pouse n reflechi sou bagay materyèl oswa sou dezi lachè, nou pa dwe dekouraje. Kontinye mande Jewova lespri sen l, e Jewova ap ede n korije panse n pou n ka konsantre sou bon bagay (Lik 11:13). Sonje egzanp apot Pyè. Pandan plizyè fwa nan lavi l, li pa t aji fason yon moun ki kite lespri Bondye gide l dwe fè sa (Mat. 16:22, 23; Lik 22:34, 54-62; Gal. 2:11-14). Men, li pa t dekouraje. Tikras pa tikras, grasa èd Jewova, Pyè te vin panse menm jan ak Kris. Nou kapab fè menm bagay la.

13 Annapre, Pyè te site kèk bagay byen presi nou kapab travay sou yo. (Li 2 Pyè 1:5-8.) Pandan n ap “fè bonjan efò” pou n vin gen kalite tankou metriz, andirans ak afeksyon pou frè yo, n ap jwenn èd pou n kontinye fè pwogrè antanke moun ki fikse lespri n sou bagay espirityèl. Chak jou, l ap bon pou w mande tèt ou: ‘Sou ki sa m ka travay jodi a pou m fè pwogrè nan domèn espirityèl?’

APLIKE PRENSIP KI NAN BIB LA CHAK JOU NAN LAVI W

14. Lè n fikse lespri n sou bagay espirityèl, ki efè sa ap genyen sou lavi n?

14 Lè n panse menm jan ak Kris, sa ap gen efè sou pawòl nou, konpòtman n gen nan travay nou oswa nan lekòl nou ak desizyon n ap pran chak jou. Desizyon sa yo ap montre nou fè tout sa n kapab pou n imite Kris. Antanke moun ki kite lespri Bondye gide n, nou pa vle anyen anpeche n gen bon relasyon ak Papa nou ki nan syèl la. Antanke moun k ap imite Kris, lè n jwenn tantasyon, sa ap pouse n reziste devan yo. Lè n ap pran desizyon, n ap pran tan pou n reflechi sou kesyon ki vin annapre yo: ‘Ki prensip nan Bib la k ap ede m pran yon desizyon? Ki sa Kris t ap fè nan sitiyasyon sa a? Ki desizyon k ap fè Jewova plezi?’ Pou ede n fòme tèt nou fason sa a, ann pran kèk sitiyasyon kòm egzanp. Pou chak egzanp, n ap chèche wè ki prensip nan Bib la ki ka ede n pran yon desizyon ki saj.

15, 16. Bay kèk egzanp ki montre lè n panse menm jan ak Kris sa ede n pran desizyon lè n ap chwazi a) yon moun pou n marye. b) moun pou n fè zanmi.

15 Lè n ap chwazi yon moun pou n marye. Nou jwenn prensip biblik la nan 2 Korentyen 6:14, 15. (Li vèsè yo.) Pòl te montre aklè yon moun ki kite lespri Bondye gide l pa ka gen bonjan amoni ak yon moun ki kite dezi l mennen l. Ki jan n ka aplike prensip sa a lè n ap chwazi yon moun pou n marye?

16 Lè n ap chwazi moun pou n fè zanmi. Note prensip Bib la bay nan 1 Korentyen 15:33. (Li vèsè a.) Yon moun ki gen atachman pou Bondye pap fè zanmi ak moun ki ka yon danje pou li nan domèn espirityèl. Ki kesyon ki ka ede w aplike prensip sa a nan lavi w? Pa egzanp, ki rapò prensip sa a genyen ak rezo sosyal? Oswa ki sa w ta dwe fè si moun ou pa konnen ta envite w jwe jwèt sou Entènèt ak yo?

Èske desizyon m pran yo pral ede m fè pwogrè nan domèn espirityèl? (Gade paragraf 17.)

17-19. Lè w wè bagay yo menm jan ak Bondye, ki jan sa ap ede w a) evite kouri dèyè bagay ki san valè? b) fikse objektif nan lavi w? c) regle mezantant?

17 Aktivite ki anpeche moun fè pwogrè nan domèn espirityèl. Pawòl Pòl te di kretyen parèy li yo gen yon avètisman ladan l. (Li Ebre 6:1.) Ki “zèv ki san valè” nou dwe evite? Se kèlkeswa bagay ki san valè, ki pa itil oswa ki pa rapòte anyen nan domèn espirityèl. Prensip sa a ka ede n reponn anpil kesyon nou ka jwenn nan lavi nou, tankou: ‘Èske aktivite sa a fè pati zèv lachè yo? Èske m ta dwe antre nan aktivite sa a k ap fè m fè lajan? Poukisa m pa ta dwe antre nan mouvman refòm ki gen nan monn nan?’

Èske desizyon m pran yo pral ede m fikse objektif espirityèl? (Gade paragraf 18.)

18 Objektif espirityèl. Pawòl Jezi te di nan Diskou l te bay sou mòn nan ban nou bonjan konsèy sou fason pou n fikse objektif (Mat. 6:33). Yon moun ki kite lespri Bondye gide l ap pousuiv objektif ki gen rapò ak bagay espirityèl. Lè n kenbe prensip sa a nan lespri n sa ede n reponn yon seri kesyon tankou: Èske m ta dwe chèche fè gwo etid? Èske m ta dwe aksepte travay sa a?

Èske desizyon m pran yo pral ede m “anpè ak tout moun”? (Gade paragraf 19.)

19 Mezantant. Ki jan konsèy Pòl te bay kongregasyon Wòm nan ede n regle mezantant (Wom. 12:18)? Antanke disip Kris, nou fè efò pou n “anpè ak tout moun”. Lè n gen mezantant ak yon moun, ki jan n reyaji? Èske n wè l difisil pou n pase sou sa, oswa èske moun rekonèt nou kòm moun k ap “fè lapè”? — Jak 3:18.

20. Poukisa w vle kontinye fè pwogrè nan domèn espirityèl?

20 Egzanp nou sot pran yo se jis kèk egzanp ki montre lè n reflechi sou prensip Bondye bay yo sa ka ede n pran desizyon ki ann amoni ak sa Bondye mande pou yon moun ki kite lespri Bondye gide l fè. Lè n fikse lespri n sou bagay ki espirityèl sa ka ede n gen plis kè kontan ak plis satisfaksyon nan lavi nou chak jou. Men sa Robert, nou te pale de li nan kòmansman atik sa a, fè konnen: “Apre m te fin chèche gen bonjan relasyon ak Jewova, m te vin yon pi bon mari ak yon pi bon papa. M te gen satisfaksyon ak kè kontan.” Nou ka jwi benediksyon sa yo tou si n bay kesyon fè pwogrè nan domèn espirityèl la priyorite. Antanke moun ki kite lespri Bondye gide n, n ap jwenn plis satisfaksyon nan lavi n depi kounye a e n ap gen “lavi toutbon an” alavni. — 1 Tim. 6:19.