Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BAGAY KI NAN ACHIV NOU

Bon nouvèl la gaye nan peyi Ilann grasa diskou piblik yo

Bon nouvèl la gaye nan peyi Ilann grasa diskou piblik yo

PANDAN bato a t ap degaje vapè nan lanmè Belfast Lough, te gen yon ti gwoup pasaje ki te kanpe sou pon bato a ki te wè yon seri mòn vèt ki t ap benyen nan klète byen bonè nan maten. Se te an me 1910. Pou youn nan mesye ki te pami moun sa yo, anpalan de Charles T. Russell, se te senkyèm vwayaj li t ap fè nan peyi Ilann. Frè Russell te wè de kokennchenn bato ki te nan konstriksyon, anpalan de Titanic, ki t apral fini mal, ak yon lòt bato menm jan avè l ki te rele Olympic *. Pa lòt bò chantye kote yo t ap fè bato yo, te gen yon douzèn Etidyan Labib ki te kanpe sou waf la ki t ap tann li rive.

Anviwon 20 an anvan sa, frè Russell te deside fè yon seri vwayaj andeyò kontinan Amerik la pou l te ka jwenn pi bon mwayen pou l gaye bon nouvèl la nan lemonnantye. Li te fè premye vwayaj li nan peyi Ilann an jiyè 1891. Pandan l te sou bato ki rele City of Chicago a, li te wè solèy la ki t ap kouche toutpandan yo t ap pwoche bò rivaj la nan vil Queenstown e l dwe te byen sonje fason paran l te dekri peyi yo te fèt la. Pandan frè Russell ansanm ak moun ki t ap vwayaje avè l yo t ap pase nan yon seri vil ki te pwòp ak nan yon seri zòn andeyò ki te bèl, yo te rann yo kont peyi sa a se yon jaden ki te “pare e ki t ap tann rekòt”.

Frè Russell te vizite peyi Ilann sèt fwa antou. Sa klè, enterè l te soulve lakay moun yo nan premye vwayaj li a te pouse plizyè santèn moun, e pafwa plizyè milye moun, vin tande l lè l t ap pale nan vizit li te fè annapre yo. Pandan dezyèm vwayaj li a, nan mwa me 1903, yo te fè anons nan jounal lokal yo pou envite moun nan reyinyon piblik ki t ap fèt nan Belfast ak Diblen. Russell te fè konnen “moun yo te byen suiv” sijè ki te gen tit “Pwomès ki mache ak yon sèman an” ki te pale sou lafwa Abraram te genyen ak sou benediksyon lèzòm t ap jwenn alavni.

Piske te gen anpil moun ki te enterese nan peyi Ilann, frè Russell te ajoute l nan lis peyi li t ap vizite pandan twazyèm vwayaj li t ap fè ann Ewòp la. Yon jou maten, nan mwa avril 1908, gen senk frè ki te vin salye l pandan l te kanpe sou pon bato a nan Belfast. Diskou piblik yo te anonse a, yon diskou ki te gen tit “Anpi Satan an tonbe” e ki te fèt menm jou a nan aswè, te atire yon “piblik ki te gen anviwon 300 moun entèlijan”. Te gen yon mesye nan piblik la ki te opoze ak sa yo t ap di a, e san pèdi tan, yo te byen sèvi ak Ekriti yo pou yo jere sa. Nan Diblen, gen yon opozan ki te pi detèmine ki te rele mesye O’Connor e ki te sekretè YMCA ki te eseye fè yon piblik ki te gen plis pase 1 000 moun soulve kont Etidyan Labib yo. Ki sa k te rive?

Ann fè yon ti retounen sou sa k te pase anvan sa, epi ann eseye wè sa k te rive pandan evènman sa a. Gen yon mesye ki te enterese nan verite ki nan Bib la ki te deside asiste yon diskou piblik yo te anonse nan jounal The Irish Times. Li te prèske pa t jwenn plas nan oditoryòm nan ki te chaje ak moun. Mesye a te ret konsantre pandan oratè a ki te gen cheve blan ak bab e ki te met yon kostim nwa byen long t ap pale. Pandan oratè a t ap bay diskou a, li t ap fè alevini sou estrad la, li t ap fè anpil jès, li t ap montre rapò ki gen ant yon vèsè ak yon lòt e sa te ouvri zòrèy mesye a pou l konprann verite ki nan Bib la. Menm lè pa t gen aparèy sonorizasyon, vwa oratè a te gaye toupatou nan sal la, li te kapte atansyon piblik la pandan inèdtan edmi. Annapre, te gen yon pati kesyon ak repons kote O’Connor ak zanmi l yo t ap poze l kesyon, men, li te rive defann mesaj la grasa Bib la. Piblik la te bat bravo pou yo montre yo dakò ak repons yo. Lè bagay yo te vin kalm, mesye ki te enterese a t al kot frè yo pou l te ka konn plis bagay toujou. Selon sa kèk moun ki te la te rakonte, anpil moun te aprann laverite konsa.

Lè frè Russell te kite Nouyòk nan mwa me 1909 sou bato Mauretania a pou katriyèm vizit li a, li t ale ak frè Huntsinger ki te etidye stenografi yon fason pou l te ka pwofite tan l te konn pase ap vwayaje sou lanmè a pou l dikte frè Huntsinger kèk atik Toudegad. Te gen 450 moun nan zòn nan ki te asiste diskou piblik frè Russell te bay nan Belfast la, e te gen anviwon 100 moun pami yo ki te oblije kanpe paske pa t gen plas.

Frè C. T. Russell ki nan yon bato ki rele Lusitania.

Nan senkyèm vwayaj li a, yon vwayaj nou te pale de li pi wo a, li te suiv menm metòd la. Apre diskou piblik li te bay nan Diblen an, li te sèvi ak Bib la pou l reponn yon seri kesyon yon pastè anpil moun konnen te poze l e se O’Connor ki te vin ak pastè a, sa te fè piblik la kontan anpil. Nan demen, vwayajè yo te rive pran yon bato ki rapid ki t ap pot kourye nan vil Livèpoul epi yo te anbake sou bato Lusitania a, yon bato anpil moun byen konnen, pou y al Nouyòk *.

Yo te anonse diskou piblik nan jounal The Irish Times, 20 me 1910.

Nan sizyèm ak setyèm vwayaj frè Russell te fè nan ane 1911 lan, yo te fè anons pou diskou piblik yo tou. Nan sezon prentan an, te gen 20 Etidyan Labib nan Belfast ki te akeyi 2 000 moun ki te tande diskou ki te gen tit “Sa demen ap pote” a. Nan Diblen, O’Connor te vin ak yon lòt pastè ki t ap poze kesyon, men piblik la te bat bravo pou repons yo ki te baze sou Bib la. Nan sezon otòn menm ane a, yo te vizite lòt vil, e te gen anpil moun ki te vin asiste diskou yo. Yon lòt fwa ankò, O’Connor ak 100 vagabon te eseye kraze reyinyon ki t ap fèt nan Diblen an, men, piblik la te soutni oratè a ak anpil antouzyas.

Byenke frè Russell te pran latèt nan bay diskou piblik nan epòk sa a, li te rekonèt “pa gen moun ki endispansab” piske “travay la pa travay lèzòm, men se travay Bondye”. Diskou piblik sa yo yo te konn anonse yo te poze baz pou reyinyon piblik la, e yo te bay yon seri bèl opòtinite pou n prezante verite ki nan Bib la. Ki rezilta sa te bay? Diskou piblik yo te pèmèt bon nouvèl la gaye, e te vin gen kongregasyon ki fòme nan anpil vil toupatou nan peyi Ilann. — Bagay ki nan achiv nou nan Grann Bretay.

^ § 3 Dezan apre, Titanic te koule.

^ § 9 Yo te bonbade bato Lusitania a sou kot sid peyi Ilann an me 1915.