Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou youn ankouraje lòt “plis toujou”

Annou youn ankouraje lòt “plis toujou”

“Annou voye je youn sou lòt, [...] annou youn ankouraje lòt, e se pou n fè sa plis toujou, vin jwenn nou wè se pwoche jou a ap pwoche.” — EBRE 10:24, 25.

KANTIK: 90, 87

1. Poukisa apot Pòl te bay kretyen ebre nan premye syèk yo konsèy pou youn ankouraje lòt “plis toujou”?

POUKISA nou dwe fè plis efò toujou pou n ankouraje lòt moun? Apot Pòl ban nou rezon an nan lèt li te ekri kretyen ebre yo. Li te di yo: “Annou voye je youn sou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon, san nou pa abandone reyinyon nou, jan se abitid kèk moun, men annou youn ankouraje lòt, e se pou n fè sa plis toujou, vin jwenn nou wè se pwoche jou a ap pwoche.” (Ebre 10:24, 25). Nan senkan sèlman, kretyen Juif ki t ap viv Jerizalèm yo t ap wè yon “jou Jewova” k ap pwoche e yo t ap rekonèt siy Jezi te ba yo pou yo kouri kite vil sa a pou yo ka sove lavi yo (Tra. 2:19, 20; Lik 21:20-22). Jou sa a te rive nan ane 70 epòk nou an lè Women yo te egzekite jijman Jewova sou Jerizalèm.

2. Jodi a, poukisa nou dwe gen plis sousi toujou pou youn ankouraje lòt?

2 Jodi a, nou gen tout rezon pou n kwè jou Jewova a, yon jou ki “gran e [ki] bay anpil laperèz” toupre rive (Jow. 2:11). Men sa pwofèt Sofoni te di: “Gran jou Jewova a toupre rive! Li toupre rive e l ap vini byen vit!” (Sof. 1:14). Pwofesi sa a ki se yon avètisman konsène epòk nou an tou. Piske jou Jewova a ap pwoche, Pòl mande n pou n “gen sousi youn pou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon”. (Ebre 10:24, nòt.) Kidonk, nou dwe enterese plis toujou nan frè n ak sè n yo yon fason pou n ka ankouraje yo nenpòt lè sa nesesè.

KI MOUN KI BEZWEN ANKOURAJMAN?

3. Ki sa apot Pòl te di sou kesyon bay ankourajman an? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

3 “Tètchaje yon moun genyen fè kè l vin lou, men, yon bèl ti pawòl fè kè l kontan.” (Pwo. 12:25). Pawòl sa yo konsène nou tout. Nou tout bezwen yon pawòl ankourajan detanzantan. Pòl te montre menm yon moun ki gen responsablite pou ankouraje lòt moun bezwen yo fòtifye l tou. Men sa l te ekri kretyen ki t ap viv nan vil Wòm yo: “Se pa ti anvi m anvi wè nou pou m ka fè nou jwenn kèk benediksyon ki soti nan Bondye, dekwa pou nou ka vin fèm. Ann di pito, pou youn ka ankouraje lòt, pou chak moun jwenn ankourajman nan lafwa lòt, ni nan pa nou, ni nan pa m.” (Wom. 1:11, 12). Vrèmanvre, byenke Pòl te konn bay bonjan ankourajman, pafwa li te konn bezwen moun fòtifye l tou. — Li Women 15:30-32.

4, 5. Ki moun nou ka ankouraje jodi a, e poukisa?

4 Moun ki fè anpil sakrifis nan lavi yo merite pou n felisite yo. Pami moun sa yo nou ka site pyonye yo ki fidèl. Gen anpil moun ki fè gwo sakrifis pou yo ka senplifye lavi yo pou yo pran sèvis pyonye. Se menm bagay la tou pou misyonè yo, Betelit yo, siveyan sikonskripsyon yo ak madanm yo, ansanm ak moun k ap travay nan biwo tradiksyon ki pa nan Betèl yo. Tout moun sa yo fè sakrifis nan lavi yo pou yo ka jwenn plis tan pou sèvis sakre a. Donk, yo dwe jwenn ankourajman. Epitou, moun ki toujou gen kè yo nan sèvis aplentan, men ki oblije limite aktivite yo pou divès rezon, kontan jwenn ankourajman tou.

5 Yon lòt gwoup moun ki merite jwenn ankourajman se frè ak sè ki ret selibatè paske yo vle suiv konsèy pou yo marye “sèlman [ak yon moun ki] nan Seyè a”. (1 Kor. 7:39.) Menm jan an tou, madanm k ap travay di yo kontan tande pawòl ankourajan mari yo di yo (Pwo. 31:28, 31). Mete sou sa, kretyen ki ret fidèl anba pèsekisyon oswa maladi bezwen tande pawòl ki ankourajan (2 Tes. 1:3-5). Jewova ak Kris bay tout sèvitè fidèl sa yo konsolasyon. — Li 2 Tesalonisyen 2:16, 17.

ANSYEN YO FÈ GWO EFÒ POU YO BAY ANKOURAJMAN

6. Jan sa parèt nan Ezayi 32:1, 2, ki wòl ansyen yo genyen?

6 Li Ezayi 32:1, 2. Jezi Kris bay moun ki tris ak moun ki dekouraje nan epòk sa a ankourajman ak konsèy yo bezwen pa mwayen frè l yo Bondye chwazi pou al nan syèl ansanm ak “prens” ki fè pati lòt mouton yo k ap soutni yo. Se konsa sa dwe ye, paske ansyen yo pa “domine” sou lafwa lòt moun, men, yo “se konpayon travay” frè yo pou yo ka gen lajwa. — 2 Kor. 1:24.

7, 8. Anplis pawòl ankourajan ansyen yo dwe di, ki jan yo ka fòtifye lòt moun?

7 Apot Pòl kite yon egzanp pou n imite. Men sa l te ekri kretyen nan vil Tesalonik yo ki te jwenn pèsekisyon: “Piske nou gen anpil afeksyon pou nou, nou te byen deside pou nou ban nou nonsèlman bon nouvèl Bondye a, men tou pou nou bay lavi nou pou nou ka ede nou, paske nou te vin tèlman renmen nou.” — 1 Tes. 2:8.

8 Pou Pòl te montre yon senp pawòl ankourajan pa toujou sifi, li te di ansyen nan vil Efèz yo: “Ede moun ki fèb yo, e nou dwe sonje pawòl Seyè Jezi yo, li menm ki te di: ‘Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.’” (Tra. 20:35). Nonsèlman Pòl te dispoze ankouraje frè l yo, li te di yo tou “m ap byen kontan bay tout bagay, e m ap byen kontan bay tèt mwen nèt pou nou”. (2 Kor. 12:15.) Menm jan an tou, ansyen yo pa dwe sèvi ak pawòl sèlman pou yo ankouraje frè yo epi konsole yo, yo dwe fòtifye yo tou lè yo montre yo enterese toutbon nan yo chak. — 1 Kor. 14:3.

9. Ki jan ansyen yo ka bay konsèy yon fason ki ankourajan?

9 Pou youn fòtifye lòt, sa ka mande pou n bay konsèy, men, yon lòt fwa ankò, ansyen yo dwe suiv egzanp ki nan Bib la konsènan fason yo dwe bay konsèy ki ankourajan. Yon egzanp estrawòdinè nou gen nan sans sa a se egzanp Jezi te bay apre lanmò l ak rezirèksyon l. Li te gen kèk konsèy fèm li te dwe bay yon seri kongregasyon ann Azi minè, men remake ki fason l te fè sa. Anvan l te bay kongregasyon Efèz, Pègam ak Tiyati konsèy, li te ba yo bonjan felisitasyon (Rev. 2:1-5, 12, 13, 18, 19). Men sa l te di kongregasyon ki te Lawodise a: “Mwen reprimande tout moun mwen gen afeksyon pou yo, e mwen disipline yo. Kidonk, se pou w zele e se pou w repanti.” (Rev. 3:19). L ap bon pou ansyen yo imite egzanp Kris lè yo bezwen bay konsèy.

SE PA ANSYEN YO SÈLMAN KI GEN RESPONSABLITE SA A

Paran, èske w bay pitit ou fòmasyon pou yo ankouraje lòt moun? (Gade paragraf 10.)

10. Ki jan nou tout ka kontribye pou youn fòtifye lòt?

10 Se pa ansyen yo sèlman ki gen responsablite pou bay ankourajman. Pòl te ankouraje tout kretyen yo pou yo di “pawòl ki bon pou fòtifye moun lè sa nesesè, yon fason pou pawòl sa a pote sa ki bon” pou moun ki tande l yo (Efe. 4:29). Nou chak ta dwe chèche wè ki lè l “nesesè” pou n ankouraje lòt moun. Men konsèy Pòl te bay kretyen ebre yo: “Se pou nou fòtifye men ki pandye yo ak jenou ki febli yo, epi kontinye fè chemen yo dwat pou pye nou, pou pye k ap bwete a pa dejwente, men pito pou l ka geri.” (Ebre 12:12, 13). Nou tout nèt, san wete jèn yo, ka fòtifye youn lòt grasa pawòl ankourajan nou di.

11. Ki jan Mat te jwenn èd nan yon epòk kote l te fè depresyon?

11 Men sa Mat *, yon sè ki te fè depresyon pandan yon epòk, ekri: “Yon jou, pandan m t ap priye pou m jwenn ankourajman, m te rankontre yon sè aje ki te demontre afeksyon ak konpasyon pou mwen, yon bagay m te sitou bezwen nan epòk sa a. Epitou, li te rakonte m pwòp eksperyans li te fè lè l te jwenn kalite eprèv m t ap fè fas avè l la, m te yon ti jan santi m pa poukont mwen ankò.” Petèt, sè aje a pa t rann li kont bon efè pawòl li yo t ap gen sou Mat.

12, 13. Ki bon fason nou ka aplike konsèy ki nan Filipyen 2:1-4 la?

12 Men konsèy Pòl te bay tout moun ki te fè pati kongregasyon ki te nan vil Filip la: “Si nan mitan nou gen ankourajman nan Kris, gen konsolasyon nan lanmou, youn montre li gen sousi pou lòt, gen afeksyon ki sot nan fon kè e gen konpasyon, fè kè m kontan nèt lè nou gen menm panse, menm lanmou, lè nou byen ini, lè nou kenbe yon sèl panse nan lespri nou. Pa fè anyen nan polemik, ni paske nou vle bay tèt nou twòp enpòtans, men, avèk imilite, konsidere lòt moun yo siperyè nou lè nou pa chèche enterè pa nou sèlman, men lè nou chèche enterè pa lòt moun tou.” — Flp. 2:1-4.

13 Vrèmanvre, nou tout dwe fè efò pou n chèche enterè lòt moun, pou n ba yo “konsolasyon nan lanmou”, pou n gen “sousi [youn] pou lòt”, pou n gen “afeksyon ki sot nan fon kè” n e pou n gen “konpasyon” yon fason pou n ka ankouraje frè n ak sè n yo.

KÈK BAGAY KI BAY ANKOURAJMAN

14. Ki sa k ka ban nou ankourajman?

14 Lè n aprann jan moun nou te ede nan tan lontan kontinye ret fidèl, sa ka ban nou bonjan ankourajman, menm jan sa te ye pou apot Jan ki te ekri: “Pa gen anyen ki fè m pi kontan pase lè m tande pitit mwen yo kontinye ap mache nan laverite.” (3 Jan 4). Anpil pyonye ka di jan sa ankouraje yo lè yo aprann kèk nan moun yo te ede sa gen plizyè ane kontinye ret fidèl nan laverite e petèt yo menm ap sèvi kòm pyonye. Lè yon moun annik fè yon pyonye ki dekouraje sonje jwa l te genyen nan tan lontan, sa ka bay pyonye a bonjan konsolasyon.

15. Ki youn nan fason nou ka ankouraje sèvitè fidèl Bondye yo?

15 Anpil siveyan sikonskripsyon fè konnen jan yo menm ak madanm yo santi yo ankouraje apre yo fin resevwa yon ti nòt tou kout ki montre jan frè ak sè yo gen rekonesans pou vizit yo te fè nan kongregasyon an. Se menm bagay la tou pou ansyen yo, misyonè yo, pyonye yo ak Betelit yo lè yo resevwa yon ti mo ki demontre rekonesans pou sèvis fidèl y ap bay la.

FASON NOU TOUT KA BAY ANKOURAJMAN

16. Sa sa mande pou n ankouraje lòt moun?

16 Nou t ap fè yon erè si n ta panse nou pa ka bay ankourajman paske n pa twò fò nan kominike ak lòt moun. Sa pa mande anpil bagay pou n ankouraje yon moun, petèt nou ka annik ba l yon bèl souri lè n ap salye l. Si moun nan pa souri avè n, sa ka vle di l gen yon pwoblèm, e si n jis koute l, sa ka fè l jwenn konsolasyon. — Jak 1:19.

17. Ki jan yon jèn frè te jwenn èd nan moman detrès?

17 Gen yon jèn frè ki rele Henri ki te tris anpil lè fanmi pwòch li, san wete papa l ki te yon ansyen moun te respekte, te kite laverite. Henri te jwenn ankourajman apre yon siveyan sikonskripsyon te mennen l yon kote pou yo bwè yon tas kafe e l te pèmèt li di sa k te nan kè l. Henri te rann li kont sèl fason pou l ede fanmi l retounen nan laverite se lè l kontinye ret fidèl. Li te jwenn bonjan konsolasyon lè l te li Sòm 46, Sofoni 3:17 ak Mak 10:29, 30.

Nou tout ka fòtifye youn lòt e nou ka ankouraje youn lòt. (Gade paragraf 18.)

18. a) Ki remak wa Salomon te fè? b) Ki sijesyon apot Pòl te fè?

18 Egzanp Mat ak Henri montre nou ka ankouraje yon frè oswa yon sè ki bezwen konsolasyon. Men sa wa Salomon te ekri: “Lè yon moun di yon pawòl nan moman l dwe di l la, se pa ti bon sa bon! Yon moun ki kontan wè w fè kè w kontan. Yon bon nouvèl bay moun fòs.” (Pwo. 15:23, 30). Anplis de sa, lè yon moun ki dekouraje li enfòmasyon ki nan Toudegad ak sou sit Entènèt nou an, sa ka ba l fòs. Pòl montre lè n chante yon kantik Wayòm ansanm sa ka ban nou ankourajman. Men sa l te ekri: “Se pou youn kontinye anseye lòt e se pou youn kontinye ankouraje lòt ak sòm, ak louwanj pou Bondye, ak chante espirityèl nou chante avèk rekonesans, se pou nou chante ak tout kè nou pou Jewova.” — Kol. 3:16; Tra. 16:25.

19. Poukisa l ap vin pi enpòtan toujou pou youn ankouraje lòt nan jou k ap vini yo, e ki sa n dwe fè?

19 Li vin pi enpòtan toujou pou youn ankouraje lòt piske nou wè “se pwoche jou [Jewova] a ap pwoche”. (Ebre 10:25.) Menm jan Pòl te di kretyen parèy li yo nan epòk li a, nou menm tou “se pou youn kontinye ankouraje lòt e se pou youn kontinye fòtifye lòt, menm jan nou deja ap fè sa”. — 1 Tes. 5:11.

^ § 11 Yo chanje non moun yo.