Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lapè: Ki jan nou ka jwenn li?

Lapè: Ki jan nou ka jwenn li?

PISKE n ap viv nan yon monn ki chaje ak pwoblèm, nou dwe fè anpil efò pou n gen lapè. Epitou, menm lè n gen lapè nan yon sèten sans, souvan nou lite pou n kenbe l. Ki sa Pawòl Bondye a di ki ka ede n jwenn lapè toutbon an e k ap dire? Anplis de sa, ki jan n ka ede lòt moun fè sa?

KI SA K NESESÈ POU N GEN LAPÈ TOUTBON?

Pou n ka jwi vrè lapè a, nou dwe santi n an sekirite e nou dwe santi n byen. Epitou, nou bezwen chèche gen bonjan amitye ak lòt moun. Sa k pi enpòtan an, pou n ka jwenn lapè k ap dire a, nou dwe chèche vin bon zanmi Bondye. Ki jan n ka fè sa?

Tètchaje ki gen nan lavi a fè anpil moun pa gen lapè.

Lè n obeyi kòmandman ak prensip Jewova bay yo ki jis, nou montre nou gen konfyans nan Jewova e nou ta renmen gen yon relasyon pezib avè l (Jer. 17:7, 8; Jak 2:22, 23). Yon lòt bò, li pwoche bò kote nou e l beni nou lè l fè n santi n anpè. Men sa Ezayi 32:17 di: “Grasa bagay ki dwat toutbon moun yo ap fè, ap gen lapè. Grasa bagay ki dwat toutbon moun yo ap fè, ap gen kè poze ak sekirite nètale.” Nou kapab gen lapè toutbon lè n obeyi Jewova ak tout kè n. — Eza. 48:18, 19.

Anplis de sa, nou jwenn èd pou n ka vin gen lapè k ap dire a grasa yon kado estrawòdinè Papa nou ki nan syèl la ban nou, sètadi lespri sen l. — Tra. 9:31.

LESPRI SEN BONDYE EDE N VIN GEN LAPÈ

Apot Pòl te site lapè kòm twazyèm aspè nan “fwi lespri a”. (Gal. 5:22, 23.) Piske se lespri sen Bondye ki fè nou gen lapè toutbon, nou dwe soumèt nou anba direksyon lespri sen pou n ka gen lapè toutbon. Ann egzamine de fason lespri sen Bondye ka ede n jwenn lapè.

Premyèman, nou jwenn èd pou n ka vin gen lapè lè n li Pawòl Bondye te enspire a regilyèman (Sòm 1:2, 3). Toutpandan n ap medite sou mesaj ki nan Bib la, lespri sen Bondye ede n konprann fason Jewova panse sou anpil bagay. Pa egzanp, nou wè fason l renmen fè lapè ak rezon ki fè lapè gen tout enpòtans sa a pou li. Lè n aplike leson sa yo ki nan Pawòl Bondye a, nou vin gen plis lapè nan lavi nou. — Pwo. 3:1, 2.

Dezyèmman, nou dwe priye pou n ka gen lespri sen Bondye (Lik 11:13). Jewova pwomèt si n chèche jwenn èd li, “lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou ak lespri nou pa mwayen Kris Jezi”. (Flp. 4:6, 7.) Lè n priye Jewova regilyèman e nou mande l lespri sen l, Bondye nou an fè nou vin gen yon lapè se sèlman moun ki gen bonjan amitye avè l ki genyen l. — Wom. 15:13.

Ki jan kèk moun te suiv konsèy sa a Bib la bay la e ki jan yo te fè chanjman yo te dwe fè yo, sa ki te pèmèt yo kontinye ret anpè ak Jewova, ak tèt yo e ak lòt moun?

FASON YO TE JWENN LAPÈ K AP DIRE A

Nan kongregasyon an jodi a, gen kèk moun ki te “gen tandans fè kòlè”, men kounye a, yo reflechi plis anvan yo aji, yo pi janti, yo gen plis pasyans e yo pi pezib nan fason yo boule ak lòt moun * (Pwo. 29:22). Remake jan sa te rive nan ka de pwoklamatè Wayòm nan ki te jwenn èd pou yo sispann fè kòlè e pou yo viv anpè ak lòt moun.

Lè n suiv prensip ki nan Bib la e n priye Bondye pou l ban nou lespri sen, sa ap ede n jwenn lapè.

Move tanperaman David te genyen te gen efè sou pawòl li. Anvan l te vwe Bondye lavi l, byen souvan, li te renmen kritike lòt moun e l te konn pale di ak fanmi l. Rive yon lè, David te wè l nesesè pou l chanje e pou l vin yon moun ki pezib. Ki jan l te jwenn lapè? Men sa l di: “M te kòmanse suiv prensip biblik yo nan lavi m, e kòm rezilta, te vin gen plis respè ant mwen menm ak fanmi m.”

Fason Rachel te leve te gen enfliyans sou tanperaman l. Men sa l fè konnen: “Jis kounye a, m ap lite ak santiman pou m fè kòlè paske m te grandi nan yon kay kote moun te renmen fè kòlè.” Ki sa k ede l vin pi pezib? Men repons li bay: “M priye Jewova e m konte sou li.”

Egzanp David ak Rachel se jis de egzanp ki montre nou kapab jwenn lapè lè n suiv prensip ki nan Bib la e lè n konte sou lespri sen Bondye pou ede n. Sa klè, malgre n ap viv nan yon monn ki pa vle wè n, nou ka gen lapè k ap ede n gen amoni ak fanmi nou ansanm ak kretyen parèy nou yo. Epitou, Jewova mande n pou n “anpè ak tout moun”. (Wom. 12:18.) Èske sa posib toutbon, e ki byenfè n ap jwenn lè n fè efò pou n fè lapè?

KONTINYE VIV ANPÈ AK LÒT MOUN

Grasa travay predikasyon n ap fè a, nou envite moun yo jwenn byenfè nan mesaj lapè n ap bay konsènan Wayòm Bondye a (Eza. 9:6, 7; Mat. 24:14). Erezman, gen anpil moun ki byen reyaji. Konsa, yo sispann santi yo dekouraje oswa yo sispann fè kòlè akoz bagay yo wè k ap pase toutotou yo. Olye de sa, kounye a, yo gen yon espwa toutbon pou lavni e yo santi yo pouse pou yo ‘chèche lapè e pou yo fè tout sa yo kapab pou yo jwenn li’. — Sòm 34:14.

Sepandan, se pa tout moun ki byen reyaji devan mesaj nou an, omwen yo pa fè sa premye fwa a (Jan 3:19). Malgre sa, lespri sen Bondye ede n ba yo bon nouvèl la nan lapè e avèk respè. Konsa, nou suiv enstriksyon Jezi te bay pou travay predikasyon an ki nan Matye 10:11-13 la, kote l te bay konsèy sa a: “Lè n ap antre nan yon kay, salye moun nan kay la. Si moun nan kay la byen akeyi nou, se pou lapè nou swete yo a vin sou yo. Men, si yo pa byen akeyi nou, se pou lapè nou an retounen vin jwenn nou.” Lè n suiv konsèy Jezi a, nou kapab ale ak lapè nou an entak e n gen posiblite pou n ede moun nan yon lòt lè.

Mete sou sa, nou kontribye pou gen lapè lè n pale ak fonksyonè nan gouvènman yo avèk respè, san wete moun ki ka opoze ak travay nou an. Pa egzanp, akoz prejije, gen yon gouvènman nan yon peyi ann Afrik ki te refize ban nou pèmisyon pou n konstwi Sal Wayòm. Nan lide pou n rezoud pwoblèm nan nan lapè, gen yon frè ki te misyonè yon lè nan peyi Afrik sa a ki te gen misyon pou l al vizite responsab Wo Komisarya peyi sa a nan vil Lonn, nan peyi Angletè. Li te dwe pale ak fonksyonè a konsènan travay pezib Temwen Jewova yo ap fè nan peyi l. Ki jan vizit la te pase?

Men sa l rakonte: “Lè m te rive nan saldatant lan, fason moun ki akeyi m nan te abiye te fè m panse li te soti nan yon tribi ki pale yon lang mwen te aprann. Se sa k fè m te salye l nan pwòp lang li. Sa te fè l sezi, li te mande m: ‘Ki rezon vizit ou a?’ Avèk respè, m te di l mwen ta renmen wè komisè an chèf la. Li te rele l nan telefòn, epi l te soti vin kote m, li te salye m nan lang yo pale a. Apre sa, li te koute m avèk atansyon pandan m t ap esplike l aktivite pezib Temwen yo ap fè yo.”

Esplikasyon frè a te bay avèk respè te chase move konpreyansyon ak prejije komisè a te genyen konsènan travay nou an. Kèk tan annapre, gouvènman nan peyi Afrik sa a te leve entèdiksyon pou n konstwi a. Se pa ti kontan frè yo te kontan dèske bagay yo te fini nan lapè! Vrèmanvre, lè n aji ak lòt moun avèk respè sa bay anpil bon rezilta, san wete lapè.

JWI LAPÈ POU TOUTAN

Jodi a, pèp Jewova a nan yon paradi espirityèl ki chaje ak lapè. W ap kontribye pou gen plis lapè toujou lè w fè efò pou w vin gen aspè sa a ki nan fwi lespri a nan lavi w. Sa k pi enpòtan an, w ap gen apwobasyon Jewova e w ap jwenn lapè ann abondans e k ap dire pou toutan nan monn nouvo Bondye a. — 2 Pyè 3:13, 14.

^ § 13 N ap analize byenveyans nan yon lòt atik ki gen pou parèt nan seri sa a ki baze sou fwi lespri sen Bondye a.