Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Rezon ki fè n “kontinye bay anpil fwi”

Rezon ki fè n “kontinye bay anpil fwi”

“Papa m jwenn glwa lè nou kontinye bay anpil fwi e lè nou montre nou se disip mwen.” — JAN 15:8.

KANTIK: 53, 60

1, 2. a) Yon ti tan anvan Jezi te mouri, ki enfòmasyon l te bay disip li yo? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Poukisa l enpòtan pou n kenbe rezon ki fè n ap preche a nan lespri n? c) Ki sa nou pral egzamine?

NAN dènye nuit anvan Jezi te mouri a, li te gen yon konvèsasyon byen long ak apot li yo kote l te ba yo asirans li renmen yo anpil. Epitou, li te ba yo yon egzanp konsènan yon pye rezen, jan n te wè sa nan atik ki vin anvan an. Pa mwayen egzanp sa a, Jezi te ankouraje disip li yo pou yo “kontinye bay anpil fwi”, sa vle di pou yo kontinye preche mesaj Wayòm nan. — Jan 15:8.

2 Sepandan, nonsèlman Jezi te di disip li yo ki sa yo bezwen fè, men tou, li te di yo rezon ki fè yo dwe fè l. Li te ba yo plizyè rezon ki fè yo dwe kontinye fè travay predikasyon an. Poukisa l enpòtan pou n egzamine rezon sa yo? Lè n kenbe rezon ki fè n bezwen kontinye preche a nan lespri n, n ap santi n pouse pou n kontinye bay “yon temwayaj pou tout nasyon”. (Mat. 24:13, 14.) Kidonk, ann egzamine kat rezon Bib la bay pou n preche. Mete sou sa, nou pral egzamine kat bagay Jewova ban nou ki ede n kontinye bay fwi.

NOU BAY JEWOVA GLWA

3. a) Ki rezon nou genyen pou n preche nou jwenn nan Jan 15:8? b) Ki sa rezen ki nan egzanp Jezi te bay la reprezante, e poukisa konparezon sa a apwopriye?

3 Pi gwo rezon ki fè n patisipe nan travay predikasyon an se pou n bay Jewova glwa e pou n fè non l vin sen devan lèzòm. (Li Jan 15:1, 8.) N ap remake Jezi te konpare Jewova, Papa l, ak yon kiltivatè, oswa yon moun ki konn fè jaden, k ap plante rezen. Jezi te konpare tèt li ak yon pye rezen, epi disip li yo ak branch yo (Jan 15:5). Se sa k fè, li apwopriye pou rezen yo reprezante fwi Wayòm nan disip Kris yo bay. Men sa Jezi te di apot li yo: “Papa m jwenn glwa lè nou kontinye bay anpil fwi.” Menm jan yon pye rezen ki bay bon rezen fè yon kiltivatè jwenn onè, se konsa tou, nou fè Jewova jwenn onè ak glwa lè n sèvi ak tout kapasite n pou n preche mesaj Wayòm nan. — Mat. 25:20-23.

4. a) Ki fason nou fè non Bondye vin sen? b) Ki jan w santi w konsènan privilèj ou genyen pou w fè non Bondye vin sen?

4 Ki fason travay predikasyon nou an fè non Bondye vin sen? Nou pa ka fè non Bondye vin pi sakre. Li deja sakre, oswa sen, nan tout sans. Men, gade sa pwofèt Ezayi te fè konnen: “Ou dwe sonje se Jewova, Chèf lame yo, sèlman ki sen.” (Eza. 8:13). Youn nan fason nou fè non Bondye vin sen se lè n mete l apa parapò ak tout lòt non e lè n ede lòt moun konsidere l kòm yon non ki sen. (Mat. 6:9, nòt.) Pa egzanp, lè n fè lòt moun konnen verite konsènan bèl kalite Jewova genyen yo ak objektif li genyen pou limanite, yon objektif ki pap chanje, nou defann non Bondye kont manti ak vèni Satan lage sou li (Jen. 3:1-5). Anplis de sa, nou fè non Bondye vin sen lè n fè tout sa n kapab pou n ede moun nan tèritwa nou yo yon fason pou yo ka wè Jewova merite “resevwa glwa, onè ak pisans”. (Rev. 4:11.) Men sa Rune, ki gen 16 an depi l pyonye, fè konnen: “Lefètke m konnen Kreyatè linivè a ban m posiblite pou m vin yon temwen l, sa fè m gen rekonesans. Sa ban m anvi pou m kontinye preche.”

NOU RENMEN JEWOVA AK PITIT GASON L LAN

5. a) Ki rezon nou genyen pou n preche nou jwenn nan Jan 15:9, 10? b) Ki jan Jezi te met aksan sou nesesite pou n gen andirans?

5 Li Jan 15:9, 10. Lanmou sensè nou gen pou Jewova ak Jezi se yon lòt rezon enpòtan ki fè n preche mesaj Wayòm nan (Mak 12:30; Jan 14:15). Jezi te di disip li yo nonsèlman pou yo la nan lanmou l, men tou, pou yo “rete nan lanmou [l]”. Poukisa? Se paske sa mande andirans pou yon moun viv antanke vrè disip Kris ane apre ane. Jezi te met aksan sou nesesite pou n gen andirans lè l te sèvi ak divès fòm mo “rete” a genyen pandan plizyè fwa nan pasaj tou kout ki nan Jan 15:4-10 la.

6. Ki fason n montre nou vle rete nan lanmou Kris?

6 Ki fason n montre nou vle rete nan lanmou Kris e n vle kontinye gen apwobasyon l? Se lè n obeyi kòmandman Jezi te bay yo. Yon fason senp, Jezi di nou: ‘Se pou nou obeyi m.’ Konsa, Jezi annik mande n fè sa li menm li te fè, paske men sa l te ajoute: “Menm jan mwen menm, mwen obeyi kòmandman Papa a e mwen rete nan lanmou l.” Jezi kite yon egzanp pou nou. — Jan 13:15.

7. Ki relasyon ki gen ant obeyisans ak lanmou?

7 Konsènan relasyon ki gen ant obeyisans ak lanmou, men sa Jezi te di apot li yo anvan sa: “Moun ki konnen kòmandman m yo e ki obeyi yo, se li ki renmen m.” (Jan 14:21). Mete sou sa, lè n obeyi kòmandman Jezi te bay pou n al preche a, nou menm tou nou montre n renmen Bondye paske kòmandman Jezi bay yo reflete panse Papa l (Mat. 17:5; Jan 8:28). Piske nou montre nou gen lanmou pou Jewova ak Jezi, yo fè n rete nan lanmou yo.

NOU AVÈTI MOUN YO

8, 9. a) Ki lòt rezon nou genyen pou n preche? b) Poukisa pawòl Jewova di ki nan Ezekyèl 3:18, 19 ak nan chapit 18:23 yo ankouraje n kontinye preche?

8 Nou gen yon lòt rezon ankò pou n kontinye fè travay predikasyon nou an. Nou preche pou n bay yon avètisman. Bib la fè konnen Noye se “yon moun ki t ap preche”. (Li 2 Pyè 2:5.) Se sèten, travay predikasyon l t ap fè anvan delij la te gen ladan l yon avètisman konsènan destriksyon ki t ap gen pou vini an. Ki sa k fè n di sa? Note pawòl Jezi te di: “Paske, menm jan nan epòk anvan delij la, moun yo t ap manje, yo t ap bwè, mesye yo t ap marye e moun t ap marye pitit fi yo, jiskaske jou pou Noye antre nan lach la rive, yo pa t remake anyen jiskaske delij la vini e li pote yo tout ale, se konsa prezans Pitit lòm nan ap ye.” (Mat. 24:38, 39). Malgre moun yo pa t enterese, Noye te preche mesaj avètisman Bondye te ba l la fidèlman.

9 Jodi a, nou preche mesaj Wayòm nan pou n ka bay moun yo posiblite pou yo aprann konn volonte Bondye pou lèzòm. Menm jan ak Jewova, nou swete ak tout kè n pou moun yo ta aksepte mesaj sa a e pou yo “kontinye viv”. (Eze. 18:23.) Anmenmtan, lè n ap preche kay an kay ak nan lari, nou fè plis moun posib konnen Wayòm Bondye a ap vin detwi monn sa a ki pa gen respè pou Bondye. — Eze. 3:18, 19; Dàn. 2:44; Rev. 14:6, 7.

NOU RENMEN PWOCHEN NOU

10. a) Ki rezon nou genyen pou n preche nou jwenn nan Matye 22:39? b) Rakonte jan Pòl ak Silas te ede yon gadyen prizon nan vil Filip.

10 Men yon lòt rezon enpòtan nou genyen pou n kontinye nan travay predikasyon nou an: Nou preche paske nou renmen pwochen nou (Mat. 22:39). Se lanmou sa a ki pouse n kontinye fè travay sa a, paske nou konnen kè moun yo ka chanje lè sikonstans yo chanje. Fè yon ti reflechi sou eksperyans apot Pòl ansanm ak konpayon l, Silas, te fè. Nan vil Filip, opozan yo te mete yo nan prizon. Annapre, nan mitan nuit lan, bridsoukou, gen yon tranblemanntè ki souke prizon an epi pòt yo ouvri. Gadyen prizon an te pè paske l te panse prizonye yo sove e l t apral touye tèt li. Men Pòl te di l byen fò: “Pa fè tèt ou mal!” Gadyen prizon an te boulvèse e l te mande: “Ki sa pou m fè pou m ka sove?” Yo di l: “Kwè nan Seyè Jezi, e [w] ap sove.” — Tra. 16:25-34.

Lanmou nou gen pou Jewova, pou Jezi e pou pwochen nou pouse n preche. (Gade paragraf 5, 10.)

11, 12. a) Ki rapò istwa gadyen prizon an genyen ak travay predikasyon nou an? b) Ki sa nou dispoze fè?

11 Ki rapò istwa gadyen prizon an genyen ak travay predikasyon nou an? Note sa: Se sèlman apre tranblemanntè a fin fèt kè gadyen an te chanje e l te mande èd. Menm jan an tou, gen moun jodi a ki pa enterese nan mesaj ki nan Bib la, men, kè yo ka vin chanje e yo ka mande èd apre yon evènman fin souke lavi yo bridsoukou tankou yon tranblemanntè. Pa egzanp, gen kèk moun nan tèritwa nou an ki ka pèdi yon travay yo te gen depi byen lontan sanzatann e sa ka fè yon chòk sou yo. Gen lòt ki ka ap soufri akoz maryaj yo fèk kraze. Gen lòt moun toujou ki ka pa konn sa pou yo fè apre yo fin aprann yo fè yon maladi grav, oswa yo ka chagren apre yon moun pa yo fin mouri. Lè bagay sa yo rive, gen kèk moun ki boulvèse ki gendwa ap mande ki sans lavi a, yon kesyon yo te ka pa t konn poze anvan sa. Petèt yo ka menm mande: ‘Ki sa pou m fè pou m ka sove?’ Lè n rankontre moun sa yo, yo ka vle tande mesaj espwa n ap bay la pou premye fwa nan lavi yo.

12 Kidonk, lè n kontinye nan travay predikasyon nou an fidèlman, nou asire n n ap toujou disponib pou n bay moun konsolasyon nan yon moman yo ka pare pou yo aksepte l (Eza. 61:1). Men sa Charlotte, ki gen 38 an nan sèvis aplentan, fè konnen: “Moun yo jodi a pa konn sa pou yo fè. Yo bezwen gen yon chans pou yo tande bon nouvèl la.” Men sa Ejvor, ki gen 34 an depi l pyonye, remake: “Jodi a, plis pase kèlkeswa lòt epòk, anpil moun santi moral yo ba. Mwen vrèman ta renmen ede yo. Sa motive m pou m preche.” Vrèmanvre, lanmou pou pwochen se yon bon rezon pou n kontinye nan sèvis nou an!

KÈK BAGAY KI EDE N ANDIRE

13, 14. a) Sou ki sa Jan 15:11 pale? b) Ki jan n ap fè vin gen kè kontan menm jan ak Jezi? c) Ki efè lajwa gen sou sèvis nou?

13 Nan dènye nuit Jezi te pase anvan l te mouri a, li te pale ak apot li yo tou sou plizyè bagay ki t ap ede yo kontinye bay fwi. Ki bagay sa yo, e ki jan n ka jwenn byenfè nan yo?

14 Kè kontan. Èske kòmandman Jezi te bay pou n preche a se yon kòmandman ki lou pou moun obeyi? Okontrè. Apre Jezi te fin bay egzanp pye rezen an, li te fè konnen, antanke moun k ap preche mesaj Wayòm nan, n ap gen kè kontan. (Li Jan 15:11.) Anfèt, li te ban nou asirans n ap gen kè kontan li genyen an. Ki fason? Jan n te di sa anvan sa, Jezi te konpare tèt li ak yon pye rezen e disip li yo ak branch yo. Se pye rezen an ki kenbe branch yo. Toutotan branch yo ret kole nan pye rezen an, yo jwenn dlo ak manje k ap sikile nan pye rezen an. Menm jan an tou, toutotan nou ret ann inyon ak Kris lè n suiv tras li pye pou pye, n ap gen menm kè kontan li genyen lè l ap fè volonte Papa l (Jan 4:34; 17:13; 1 Pyè 2:21). Men sa Hanne, ki gen plis pase 40 an depi l pyonye, fè konnen: “Kè kontan m toujou genyen apre m sot preche ankouraje m pou m kontinye nan sèvis Jewova a.” Vrèmanvre, yon jwa ki pwofon ban nou fòs pou n kontinye preche menm nan tèritwa ki difisil yo. — Mat. 5:10-12.

15. a) Sou ki sa Jan 14:27 pale? b) Ki sa k fè lapè ede n kontinye bay fwi?

15 Lapè. (Li Jan 14:27.) Anvan sa, nan dènye nuit Jezi te pase anvan l te mouri a, men sa l te di apot li yo: “Mwen ban nou lapè mwen genyen an.” Ki jan lapè Jezi bay la ede n bay fwi? Toutpandan n ap andire, n ap kontinye gen yon lapè nan kè nou paske nou konnen nou gen apwobasyon Jewova ak Jezi (Sòm 149:4; Wom. 5:3, 4; Kol. 3:15). Men sa Ulf, ki pase 45 an nan sèvis aplentan, di: “Travay predikasyon an fè m fatige, men li fè m gen vrè satisfaksyon an e li bay lavi m yon vrè sans.” Se pa ti rekonesans nou genyen dèske nou kontinye santi nou anpè e se yon benediksyon sa ye!

16. a) Sou ki sa Jan 15:15 pale? b) Ki jan apot yo t ap fè ret zanmi Jezi?

16 Zanmi. Apre Jezi te fin fè konnen li ta renmen pou apot li yo gen kè “kontan nèt”, li te esplike yo enpòtans sa genyen pou yo demontre lanmou ki mache ak sakrifis la (Jan 15:11-13). Apre sa, li te di: “Mwen rele nou zanmi.” Ala yon kado ki gen anpil valè nou kapab genyen: pou n vin zanmi Jezi! Ki sa apot yo te dwe fè pou yo te ret zanmi l? Yo te dwe “kontinye bay fwi”. (Li Jan 15:14-16.) Anviwon dezan anvan sa, men enstriksyon Jezi te bay apot li yo: “Toutpandan nou prale, preche. Men sa pou nou di: ‘Wayòm syèl la vin pi pre.’” (Mat. 10:7). Se sa k fè, nan dènye nuit sa a, li te ankouraje yo pou yo andire nan travay yo te kòmanse a (Mat. 24:13; Mak 3:14). Li pa t fasil pou yo te obeyi lòd Jezi te ba yo a, men yo te ka reyisi fè sa, e konsa, yo te ka ret zanmi l. Ki jan? Grasa èd yon lòt bagay yo te genyen.

17, 18. a) Sou ki sa Jan 15:16 pale? b) Ki jan sa t apral ede disip Jezi yo? c) Ki bagay ki ban n fòs jodi a?

17 Repons priyè yo. Men sa Jezi te di: “Papa a [ap] ban nou kèlkeswa sa nou mande l nan non m.” (Jan 15:16). Se pa ti ankouraje pwomès sa a dwe te ankouraje apot yo *! Byenke yo pa t fin byen konprann sans pawòl sa a, Gid yo a ki sou tè a t apral mouri talè konsa, men li pa t ap kite yo san èd. Jewova te pare pou l reponn priyè yo fè pou kèlkeswa èd yo te bezwen pou yo te ka kontinye obeyi kòmandman ki mande pou yo preche mesaj Wayòm nan. Vrèmanvre, yon ti tan annapre, yo te wè jan Jewova te reponn priyè yo te fè pou yo mande l èd. — Tra. 4:29, 31.

Nou mèt gen asirans Jewova reponn priyè nou fè pou n mande l èd. (Gade paragraf 18.)

18 Se menm bagay la tou jodi a. Toutpandan nou kontinye bay fwi, nou se zanmi Jezi. Mete sou sa, nou ka gen asirans Jewova pare pou l reponn priyè nou fè pou n mande l èd pou n venk obstak nou ka jwenn pandan n ap preche bon nouvèl Wayòm nan (Flp. 4:13). Se pa ti rekonesans nou genyen dèske Bondye reponn priyè nou e dèske nou se zanmi Jezi! Bagay sa yo Jewova ban nou yo ban n fòs pou n kontinye bay fwi. — Jak 1:17.

19. a) Poukisa nou kontinye patisipe nan travay predikasyon an? b) Ki sa k ede n fin fè travay Bondye a?

19 Jan n te wè sa nan atik sa a, nou kontinye patisipe nan travay predikasyon an pou n bay Jewova glwa e pou n fè non l vin sen, pou n demontre lanmou nou gen pou Jewova ak Jezi, pou n bay bonjan avètisman, e pou n montre nou renmen pwochen nou. Mete sou sa, piske nou gen kè kontan, nou gen lapè, nou gen zanmi, e nou jwenn repons priyè nou yo, sa ban n fòs pou n fin fè travay Bondye a. Se pa ti kontan Jewova ap kontan lè l wè nou fè tout sa n kapab pou n “kontinye bay anpil fwi”!

^ § 17 Pandan Jezi t ap pale ak apot li yo, pandan plizyè fwa li te ba yo asirans Bondye t ap reponn priyè yo. — Jan 14:13; 15:7, 16; 16:23.