Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Chèche konn ènmi w lan

Chèche konn ènmi w lan

“Nou konn plan [Satan].” — 2 KOR. 2:11, nòt.

KANTIK: 150, 32

1. Nan jaden Edenn nan, ki enfòmasyon Jewova te bay konsènan ènmi nou an?

SA KLÈ, Adan te konnen sèpan pa konn pale. Donk, li dwe te sipoze se yon kreyati espirityèl ki te sèvi ak sèpan an pou l pale ak Èv (Jen. 3:1-6). Adan ak Èv te prèske pa konn anyen konsènan kreyati espirityèl sa a. Aktout sa, Adan te chwazi vire do bay Papa l ki nan syèl la ki gen lanmou, e l te fè menm jan ak etranje sa a ki te kanpe kont volonte Bondye (1 Tim. 2:14). San pèdi tan, Jewova te kòmanse bay kèk enfòmasyon konsènan ènmi sa a ki te kòwonp Adan ak Èv, e l te pwomèt mechan sa a t ap gen pou l detwi. Men, Jewova te fè konnen tou, pandan yon tan, kreyati espirityèl ki te sèvi ak sèpan an pou l pale a t ap gen pouvwa pou l opoze ak moun ki renmen Bondye yo. — Jen. 3:15.

2, 3. Poukisa sanble se yon tikras enfòmasyon yo te bay sou Satan anvan Mesi a te vin parèt?

2 Antanke yon Bondye ki gen sajès, Jewova pa janm di nou non zanj ki te rebele kont li a *. Epitou, Bondye te chwazi pou l pa menm bay siyifikasyon non ènmi sa a pandan anviwon 2 500 an apre premye rebelyon an (Jòb 1:6). Anfèt, se sèlman twa nan Liv ki te ekri ann ebre yo ki site non Satan ki vle di “Opozan”, e liv sa yo se 1 Kwonik, Jòb ak Zakari. Poukisa se yon tikras enfòmasyon yo te bay sou ènmi nou an anvan Mesi a te vin parèt?

3 Sanble se paske Jewova pa t vle bay Satan twòp enpòtans ki fè l pa rezève yon gwo pati nan Liv ki te ekri ann ebre yo pou l pale de Satan ak sa Satan ap fè. Prensipal rezon ki fè Jewova te pouse kèk moun ekri pati sa a ki nan Ekriti yo se te pou idantifye Mesi a epi pou mennen pèp Bondye a bay Mesi a (Lik 24:44; Gal. 3:24). Lè sa te akonpli epi Mesi a te vin parèt, Jewova te sèvi avè l ansanm ak disip li yo pou l bay pifò enfòmasyon nou konnen sou Satan ak zanj ki te suiv li yo *. Se yon bagay ki nòmal, piske se ak Jezi ansanm ak moun ki pral dirije ak Jezi yo Jewova pral sèvi pou kraze Satan ak moun k ap suiv Satan yo. — Wom. 16:20; Rev. 17:14; 20:10.

4. Poukisa n pa dwe bay tèt nou twòp pwoblèm konsènan Dyab la?

4 Apot Pyè te pale de Satan Ledyab kòm “yon lyon k ap gwonde” e Jan te di li se yon “sèpan” e l se yon “dragon”. (1 Pyè 5:8; Rev. 12:9.) Men, nou pa bezwen ap bay tèt nou twòp pwoblèm konsènan Dyab la paske pisans li gen limit. (Li Jak 4:7.) Jewova ak Jezi ansanm ak zanj ki fidèl yo ap soutni nou. Grasa èd yo, nou ka reziste kont ènmi nou an. Aktout sa, nou bezwen jwenn repons pou twa kesyon enpòtan: Jis ki kote enfliyans Satan rive? Ki jan l eseye enfliyanse moun? Epi, ki limit pouvwa l la genyen? Toutpandan n ap egzamine kesyon sa yo, n ap konsidere leson nou ka aprann ladan yo tou.

JIS KI KOTE ENFLIYANS SATAN RIVE?

5, 6. Ki sa k fè gouvènman lèzòm yo pa ka pote chanjman lèzòm plis bezwen yo?

5 Gen yon gwo kantite zanj ki te vin met ak Satan nan rebelyon l lan. Yon ti tan anvan delij la, Satan te pouse omwen kèk nan yo pou yo gen relasyon imoral ak pitit fi lèzòm yo. Pou Labib esplike verite sa a, yon fason senbolik, li fè konnen dragon an te rale yon tyè nan zetwal ki nan syèl la vin jwenn li (Jen. 6:1-4; Jid 6; Rev. 12:3, 4). Lè zanj sa yo te vire do bay fanmi Bondye a, yo te met tèt yo anba kontwòl Satan. Sepandan, rebèl sa yo pa t aji senpleman tankou yon foul moun k ap simen latwoublay. Satan tabli yon wayòm ki sanble ak Wayòm Bondye a kote se li menm ki wa. Nan monn envizib la, Satan òganize demon yo an plizyè gouvènman, li ba yo otorite e l mete yo dirije monn nan. — Efe. 6:12.

6 Satan sèvi ak òganizasyon l lan pou l egzèse otorite sou tout gouvènman lèzòm yo. Sa te parèt byen klè lè Satan te montre Jezi “tout wayòm ki sou tè a” epi l te di l: “M ap ba w tout pouvwa sa a ak tout glwa wayòm sa yo genyen, paske yo ban mwen pouvwa sa a e mwen bay moun mwen vle l.” (Lik 4:5, 6). Aktout Satan gen move enfliyans sou gouvènman yo, gen anpil ladan yo ki rive fè kèk bon bagay pou sitwayen yo. Epi, gen dirijan ki ka gen bon entansyon. Men, pa gen okenn gouvènman lèzòm ni okenn dirijan ki ka rive pote chanjman lèzòm plis bezwen yo. — Sòm 146:3, 4; Rev. 12:12.

7. Ki fason Satan sèvi nonsèlman ak gouvènman yo, men tou, ak fo relijyon ansanm ak sistèm komèsyal la? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

7 Nonsèlman Satan ak demon yo sèvi ak gouvènman yo, men tou, yo sèvi ak fo relijyon ansanm ak sistèm komèsyal la pou yo twonpe “lemonnantye”. (Rev. 12:9.) Satan sèvi ak fo relijyon pou l simaye manti sou Jewova. Anplis de sa, sanble Dyab la detèmine pou l fè kantite moun li kapab bliye non Bondye (Jer. 23:26, 27). Kòm konsekans, gen anpil moun sensè ki panse y ap adore Bondye alòske se demon y ap adore (1 Kor. 10:20; 2 Kor. 11:13-15). Mete sou sa, Satan sèvi ak sistèm komèsyal la pou l gaye manti. Pa egzanp, byen souvan, sistèm sa a anseye moun yo pi bon fason pou yo gen kè kontan se lè yo chèche fè lajan e lè yo gen anpil byen (Pwo. 18:11). Moun ki kwè nan manti sa a pase tout vi yo kòm esklav “Lajan” olye yo sèvi Bondye (Mat. 6:24). Finalman, lanmou yo gen pou bagay materyèl ka toufe kèlkeswa lanmou yo te gen pou Bondye. — Mat. 13:22; 1 Jan 2:15, 16.

8, 9. a) Ki de leson nou ka aprann nan istwa Adan ak Èv ansanm ak zanj rebèl yo? b) Ki avantaj nou genyen lefètke n konn ki kote enfliyans Satan rive?

8 Egzanp Adan ak Èv ansanm ak zanj rebèl yo aprann nou omwen de leson enpòtan. Premyèman, se sèlman de kan ki genyen, e nou dwe chwazi youn. Se swa nou ret fidèl ak Jewova oswa n al nan kan Satan an (Mat. 7:13). Dezyèmman, se sèlman kèk avantaj moun ki pran pozisyon pou Satan yo jwenn. Adan ak Èv te gen posiblite pou yo tabli pwòp prensip yo konsènan sa ki byen ak sa ki mal, e demon yo rive gen enfliyans sou gouvènman lèzòm yo (Jen. 3:22). Sepandan, konsekans yo toujou depase kèlkeswa swadizan avantaj Satan ka ofri. — Jòb 21:7-17; Gal. 6:7, 8.

9 Ki avantaj nou genyen lefètke n konn ki kote enfliyans Satan rive? Sa ede n gen yon pwennvi ekilibre sou otorite yo e sa motive n nan travay predikasyon nou an. Nou konprann Jewova vle n respekte otorite ki nan gouvènman yo (1 Pyè 2:17). Epi, li atann pou n obeyi lwa gouvènman lèzòm yo toutotan lwa sa yo pa an kontradiksyon ak prensip li yo (Wom. 13:1-4). Men, nou rann nou kont nou dwe kenbe netralite nou, nou pa dwe janm panse yon pati politik oswa yon dirijan pi bon pase yon lòt (Jan 17:15, 16; 18:36). Piske n wè sa Satan ap eseye fè ak non Jewova ansanm ak repitasyon Jewova, nou santi n pi chofe pou n anseye lòt moun laverite sou Bondye nou an. Nou fyè pou n pote non l e pou n sèvi ak non sa a paske n konnen lanmou n gen pou li a ap fè n jwenn plis avantaj lontan pase lanmou pou lajan oswa pou bagay materyèl. — Eza. 43:10; 1 Tim. 6:6-10.

KI JAN SATAN ESEYE ENFLIYANSE MOUN?

10-12. a) Ki jan petèt Satan te sèvi ak pyèj pou l kòwonp zanj parèy li yo? b) Ki leson nou aprann nan istwa zanj sa yo ki te vire do bay Bondye?

10 Satan sèvi ak yon seri metòd ki efikas pou l enfliyanse moun. Pa egzanp, li sèvi ak pyèj pou l rale yo vin fè sa l vle. Anplis de sa, li konn eseye fè presyon sou yo pou l fè yo soumèt devan l.

11 Ann wè jis nan ki pwen Satan te byen sèvi ak pyèj pou l fè anpil zanj parèy li vire do bay Bondye. Li dwe te konn byen suiv yo depi yon bon kantite tan anvan l te pran yo nan pyèj pou l fè yo pran pozisyon pou li. Lè omwen kèk nan zanj sa yo te pran nan pyèj la e yo te gen relasyon imoral ak yon seri medam, yo te vin fè yon ras moun ki pa nòmal ki t ap toupizi lèzòm (Jen. 6:1-4). Petèt lè Satan t ap tante zanj ki pa fidèl yo li pa t sèlman di yo y ap gen opòtinite fè imoralite seksyèl, men tou, sanble l te pwomèt yo l ap ba yo pouvwa sou lèzòm. Sanble objektif li se te anpeche ‘desandans fi a’ Bondye te pwomèt la vin parèt (Jen. 3:15). Antouka, Jewova te anpeche tout konplo sa yo rive nan bout yo lè l te fè delij la, yon bagay ki te kontrekare tout efò Satan ak zanj rebèl yo t ap fè nan moman sa a.

Satan eseye sèvi ak imoralite, fyète ki pa kòrèk ak bagay ki gen rapò ak movèzespri pou l pran nou nan pyèj. (Gade paragraf 12, 13.)

12 Ki leson nou ka aprann nan istwa sa a? Nou pa dwe janm souzestime jis nan ki pwen imoralite ka rale moun oswa jan egoyis se yon danje. Zanj ki te pran pozisyon pou Satan yo t ap fè sèvis yo devan Bondye pandan yon kantite tan nou pa ka konte. Sepandan, menm lè yo te nan yon bon anviwònman konsa, anpil nan yo te kite move dezi pran rasin epi grandi nan yo. Menm jan an tou, nou ka gen plizyè dizèn ane depi n ap sèvi nan pati òganizasyon Bondye a ki sou tè a. Epoutan, menm nan yon anviwònman espirityèl ki pwòp konsa, move dezi ka pran rasin nan nou (1 Kor. 10:12). Se pa ti enpòtan l enpòtan pou n toujou ap egzamine kè n, pou n rejte tout panse ki imoral ak tout fyète ki pa kòrèk! — Gal. 5:26; li Kolosyen 3:5.

13. Ki lòt pyèj Satan konn itilize ki efikas, e ki jan n ka evite pyèj sa a?

13 Yon lòt pyèj Satan konn itilize ki efikas se kiryozite konsènan bagay ki gen rapò ak movèzespri. Jodi a, nonsèlman Satan sèvi ak fo relijyon pou l fè moun enterese nan demon, men tou, li fè sa pa mwayen endistri divètisman yo. Fim yo, jwèt elektwonik yo ak lòt medya yo fè bagay ki gen rapò ak movèzespri parèt atiran. Ki jan n ka evite tonbe nan pyèj sa a? Nou pa dwe atann pou òganizasyon Bondye a vin ak yon lis divètisman ki akseptab oswa ki pa akseptab. Se nou chak ki bezwen fòme konsyans nou pou l vin ann amoni ak prensip Bondye yo (Ebre 5:14). Sepandan, n ap rive fè bon chwa si n suiv konsèy Bondye te pouse apot Pòl ekri ki mande pou lanmou nou gen pou Bondye a “pa gen ipokrizi ladan l”. (Wom. 12:9.) Nou ka mande tèt nou: ‘Èske divètisman m chwazi yo ap fè m sanble ak yon moun ki ipokrit? Si moun m ap etidye Labib avèk yo oswa moun m al vizite yo wè divètisman mwen chwazi yo, èske y ap panse m pratike sa m ap preche a?’ Plis pawòl nou ann amoni ak fason n aji, se plis li ka pi fasil pou n pa pran nan pyèj Satan yo. — 1 Jan 3:18.

Satan eseye sèvi ak entèdiksyon gouvènman yo, presyon kamarad lekòl nou ak opozisyon nan fanmi nou pou l ban nou brimad. (Gade paragraf 14)

14. Ki jan Satan ka eseye fè presyon sou nou, e ki jan n ka fè fas ak sa?

14 Anplis pyèj Satan tann pou nou yo, li eseye fè presyon sou nou pou n fè konpwomi ak fidelite nou devan Jewova. Pa egzanp, li ka manipile gouvènman yo pou yo entèdi travay predikasyon nou an. Oswa l ka pouse kòlèg travay nou oubyen kamarad lekòl nou pase nou nan rizib paske n vle kite prensip moral ki nan Bib la dirije lavi nou (1 Pyè 4:4). Mete sou sa, li ka enfliyanse moun nan fanmi nou ki gen bon entansyon pou yo dekouraje n asiste reyinyon yo (Mat. 10:36). Ki jan n ka fè fas ak sa? Toudabò, nou dwe atann n ap jwenn kalite atak dirèk sa yo, paske Satan ap fè lagè kont nou (Rev. 2:10; 12:17). Ansuit, nou bezwen chèche wè pi gwo kesyon ki kache dèyè pwoblèm sa yo, sètadi Satan fè konnen se sèlman lè sa fasil n ap sèvi Jewova. Li fè konnen n ap vire do bay Bondye si n jwenn presyon (Jòb 1:9-11; 2:4, 5). Pou fini, nou dwe konte sou Jewova pou n jwenn fòs pou n fè fas ak pwoblèm nan. Sonje sa, li pap janm abandone nou. — Ebre 13:5.

KI LIMIT POUVWA SATAN GENYEN?

15. Èske Satan ka fòse n fè sa n pa vle fè? Esplike.

15 Satan pa ka fòse moun fè sa yo pa vle fè (Jak 1:14). Gen anpil moun ki aji ann amoni ak objektif Satan san yo pa menm rann yo kont. Men, apre yo fin aprann laverite, yo chwazi kiyès y ap sèvi (Tra. 3:17; 17:30). Si n pran detèminasyon pou n fè volonte Bondye, Satan pap ka fè anyen pou l kraze entegrite nou. — Jòb 2:3; 27:5.

16, 17. a) Ki lòt limit Satan ak demon yo genyen? b) Poukisa n pa dwe pè priye Jewova awotvwa?

16 Satan ak demon yo gen lòt limit ankò. Pa egzanp, pa gen okenn kote nan Ekriti yo ki montre yo ka li nan kè ak nan lespri moun. Se sèl Jewova ak Jezi Bib la di ki gen kapasite sa a (1 Sam. 16:7; Mak 2:8). Men, ki sa n ka di konsènan lè yon moun ap pale oswa l ap priye awotvwa? Èske n ta dwe pè pou Dyab la oswa demon yo pa tande priyè nou yo epi pou yo aji kont nou? Repons lan se non. Sa k fè sa? Menmsi n konnen Dyab la ka wè nou, nou pa pè fè bon aksyon nan sèvis n ap bay Jewova. Menm jan an tou, nou pa dwe pè priye awotvwa senpleman paske n panse Dyab la ka tande nou. Anfèt, Bib la chaje ak egzanp moun ki t ap sèvi Bondye ki te konn priye awotvwa, e pa gen okenn kote ki montre moun sa yo te pè pou Dyab la pa tande yo (1 Wa 8:22, 23; Jan 11:41, 42; Tra. 4:23, 24). Si n fè tout sa n kapab pou n pale e pou n aji ann amoni ak volonte Bondye, nou kapab gen asirans Jewova pap kite Dyab la fè n okenn mal ki pa ka repare. — Li Sòm 34:7.

17 Nou bezwen chèche konn ènmi nou an, men, nou pa dwe pè l. Avèk èd Jewova, menm moun ki enpafè ka pot laviktwa sou Satan (1 Jan 2:14). Si n opoze avè l, l ap kouri kite nou (Jak 4:7; 1 Pyè 5:9). Sanble se jèn yo Satan plis vize. Ki bagay presi jèn yo ka fè pou yo kenbe tèt ak Dyab la? Nou pral reponn kesyon sa a nan atik ki vin apre a.

^ § 2 Bib la fè konnen omwen gen kèk zanj ki gen non pa yo (Jij 13:18; Dàn. 8:16; Lik 1:19; Rev. 12:7). Piske Jewova bay chak zetwal yon non (Sòm 147:4), li rezonab pou n panse tout pitit li yo ki zanj, san wete zanj ki te vin tounen Satan an, gen non pa yo tou.

^ § 3 Yo site non Satan 18 fwa sèlman nan Liv ki te ekri ann ebre yo, alòske yo site l plis pase 30 fwa nan Liv ki te ekri an grèk yo.