Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Si yon gason ak yon fi ki pa marye youn ak lòt ta pase nuit ansanm nan sikonstans ki pa apwopriye, èske sa t ap yon peche ki merite pou gen yon komite disiplin?

Wi, si pa gen okenn sikonstans ki te oblije sa, y ap fòme yon komite disiplin akoz gen bonjan prèv pou te gen imoralite seksyèl. — 1 Kor. 6:18.

Gwoup ansyen an ap byen egzamine chak sitiyasyon pou yo wè èske yo dwe fòme yon komite disiplin. Pa egzanp: Èske moun yo renmen youn ak lòt? Èske yo te deja jwenn konsèy anrapò ak konduit youn dwe genyen anvè lòt? Ki sitiyasyon ki te lakòz yo pase nuit ansanm? Èske yo te planifye pou yo fè sa? Èske yo te gen yon lòt chwa, oswa èske gen sikonstans ki te oblije sa, petèt se yon evènman yo pa t prevwa oubyen te gen yon gwo ijans ki te lakòz yo oblije pase nuit ansanm (Ekl. 9:11)? Ki kote yo chak te dòmi? Piske chak sitiyasyon pa menm, kapab gen lòt bagay ansyen yo ap konsidere.

Apre gwoup ansyen an fin gen tout enfòmasyon yo, y ap deside si konduit moun sa yo merite pou gen yon komite disiplin.